BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 44
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Pòtay ki bay nan direksyon lès la dwe ret fèmen (1-3)

      • Lwa konsènan etranje yo (4-9)

      • Lwa pou Levit yo ak prèt yo (10-31)

Ezekyèl 44:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 43:1
  • +Eze 46:1

Ezekyèl 44:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 43:2

Ezekyèl 44:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 12:5, 7
  • +Eze 46:2

Ezekyèl 44:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 6:1-3; Eze 10:4
  • +Eze 1:27, 28; 3:23

Ezekyèl 44:5

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “fikse kè w”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 40:4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 147

Ezekyèl 44:7

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 149

Ezekyèl 44:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 22:2; Nb 18:2, 3

Ezekyèl 44:9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Wayòm Bondye a ap dirije!, p. 113-114

Ezekyèl 44:10

Nòt anba paj

  • *

    Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 23:8, 9; 2Kw 29:1, 5; Ne 9:34; Jr 23:11; Eze 8:5

Ezekyèl 44:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 26:1

Ezekyèl 44:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 9:16; Mal 2:8

Ezekyèl 44:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 18:2, 4

Ezekyèl 44:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 2:35; Eze 40:46
  • +Eze 48:9, 11
  • +Le 3:14-16
  • +Le 17:6

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 150

Ezekyèl 44:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 41:21, 22
  • +Nb 18:7

Ezekyèl 44:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 28:39, 42; 39:27, 28; Le 16:4

Ezekyèl 44:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 28:40, 42

Ezekyèl 44:19

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “chanm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 6:10; Eze 42:14
  • +Eze 42:13

Ezekyèl 44:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 21:1, 5; Dt 14:1

Ezekyèl 44:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 10:9

Ezekyèl 44:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 21:7
  • +Le 21:10, 14

Ezekyèl 44:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mal 2:7

Ezekyèl 44:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 17:9
  • +1Kw 23:3, 4; 2Kw 19:8
  • +Le 23:2

Ezekyèl 44:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 21:1-3

Ezekyèl 44:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 4:3

Ezekyèl 44:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 18:20; Dt 18:1; Joz 13:14; Eze 45:4

Ezekyèl 44:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 2:3
  • +Le 6:17, 18; 7:1, 6; 1Ko 9:13
  • +Le 27:21; Nb 18:14

Ezekyèl 44:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:19; Nb 18:8, 12, 26, 27; Dt 18:4
  • +Nb 15:20; Ne 10:35-37
  • +Pw 3:9, 10; Mal 3:10

Ezekyèl 44:31

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 22:31; Le 22:3, 8

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 44:1Eze 43:1
Eze. 44:1Eze 46:1
Eze. 44:2Eze 43:2
Eze. 44:3Dt 12:5, 7
Eze. 44:3Eze 46:2
Eze. 44:4Eza 6:1-3; Eze 10:4
Eze. 44:4Eze 1:27, 28; 3:23
Eze. 44:5Eze 40:4
Eze. 44:8Le 22:2; Nb 18:2, 3
Eze. 44:102Wa 23:8, 9; 2Kw 29:1, 5; Ne 9:34; Jr 23:11; Eze 8:5
Eze. 44:111Kw 26:1
Eze. 44:12Eza 9:16; Mal 2:8
Eze. 44:14Nb 18:2, 4
Eze. 44:151Wa 2:35; Eze 40:46
Eze. 44:15Eze 48:9, 11
Eze. 44:15Le 3:14-16
Eze. 44:15Le 17:6
Eze. 44:16Eze 41:21, 22
Eze. 44:16Nb 18:7
Eze. 44:17Eg 28:39, 42; 39:27, 28; Le 16:4
Eze. 44:18Eg 28:40, 42
Eze. 44:19Le 6:10; Eze 42:14
Eze. 44:19Eze 42:13
Eze. 44:20Le 21:1, 5; Dt 14:1
Eze. 44:21Le 10:9
Eze. 44:22Le 21:7
Eze. 44:22Le 21:10, 14
Eze. 44:23Mal 2:7
Eze. 44:24Dt 17:9
Eze. 44:241Kw 23:3, 4; 2Kw 19:8
Eze. 44:24Le 23:2
Eze. 44:25Le 21:1-3
Eze. 44:27Le 4:3
Eze. 44:28Nb 18:20; Dt 18:1; Joz 13:14; Eze 45:4
Eze. 44:29Le 2:3
Eze. 44:29Le 6:17, 18; 7:1, 6; 1Ko 9:13
Eze. 44:29Le 27:21; Nb 18:14
Eze. 44:30Eg 23:19; Nb 18:8, 12, 26, 27; Dt 18:4
Eze. 44:30Nb 15:20; Ne 10:35-37
Eze. 44:30Pw 3:9, 10; Mal 3:10
Eze. 44:31Eg 22:31; Le 22:3, 8
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 44:1-31

Ezekyèl

44 Li fè m tounen bò pòtay tanp lan, sa ki deyò a, ki bay nan direksyon lès+, men pòtay la te fèmen+. 2 Apre sa, Jewova di m: “Pòtay sa a ap ret fèmen. Yo pa dwe ouvri l e okenn moun pap pase ladan l, paske Jewova, Bondye Izrayèl la, te pase ladan l+. Se sa k fè li dwe ret fèmen. 3 Men, chèf la ap chita nan pòtay la pou l manje pen devan Jewova+, paske se yon chèf li ye. Lè l ap antre, l ap pase sou galri pòtay la, e se la l ap pase tou lè l ap soti+.”

4 Apre sa, li fè m pase nan pòtay ki bay nan direksyon nò a pou m al devan tanp lan. Lè m gade, mwen wè glwa Jewova te ranpli tanp Jewova a+. Lè sa a, mwen tonbe fas atè+. 5 Epi, Jewova di m: “Pitit lòm, byen suiv*, byen gade epi byen koute tout sa m ap di w konsènan kòmandman ak lwa ki gen rapò ak tanp Jewova a. Byen gade antre tanp lan ak tout kote moun pase pou yo soti ladan l+. 6 Men sa pou w di moun Izrayèl yo ki se yon bann rebèl: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Li lè pou nou sispann pratike bagay ki bay degoutans n ap fè yo, o nou menm moun Izrayèl yo. 7 Lè nou fè etranje antre nan tanp mwen an alòske yo pa sikonsi e kè yo pa sikonsi, yo sal li. N ap ofri m pen, grès bèt ak san alòske nou vyole alyans mwen fè avèk nou an lè n ap pratike bagay ki bay degoutans. 8 Nou pa pran swen bagay sakre m yo+. Men, nou met lòt moun fè travay ki dwe fèt nan tanp mwen an.”’

9 “‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Okenn etranje ki gen kè yo ki pa bon e ki pa sikonsi k ap viv ann Izrayèl pa dwe antre nan tanp mwen an.”’

10 “‘Men, Levit ki te ale lwen m+, lè moun Izrayèl yo te ale lwen m pou yo sèvi zidòl yo ki bay degoutans*, ap sibi konsekans erè yo te fè a. 11 Apre sa, y ap sèvi nan tanp mwen an. Y ap veye pòtay tanp lan+ e y ap fè lòt sèvis ankò. Y ap touye bèt moun nan pèp la bay kòm sakrifis yo boule nèt yo ansanm ak bèt yo bay pou lòt sakrifis e y ap kanpe devan moun yo pou yo sèvi yo. 12 Kòm yo te sèvi moun Izrayèl yo devan zidòl yo ki bay degoutans, kòm yo te fè yo tonbe nan peche+, se sa k fè mwen leve men m e mwen fè sèman y ap sibi konsekans erè yo te fè a.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. 13 ‘Yo pa gendwa pwoche devan m pou yo sèvi m antanke prèt, yo pa gendwa pwoche bò kot okenn nan bagay ki sakre oubyen ki sakre anpil yo. Se pou yo wont poutèt bagay ki bay degoutans yo te fè yo. 14 Men, m ap ba yo kèk responsablite nan tanp lan pou yo fè sèvis yo ladan l e pou yo fè tout travay ki dwe fèt ladan l+.’

15 “‘Kanta pou Levit ki prèt yo, pitit gason Zadòk yo+, ki te ret travay nan tanp mwen an lè moun Izrayèl yo te ale lwen m yo+, y ap pwoche kote m pou yo sèvi m e y ap kanpe devan m pou yo ofri m grès+ bèt ak san+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. 16 ‘Se yo menm k ap antre anndan tanp mwen an. Y ap pwoche bò kot tab mwen an pou yo sèvi m+, y ap fè travay yo gen pou yo fè pou mwen yo+.

17 “‘Men, lè yo antre nan pòtay lakou ki anndan an, se pou yo gen rad len yo sou yo+. Lè y ap sèvi m nan pòtay lakou ki anndan an oswa nan lakou ki anndan an, yo pa dwe gen rad lenn sou yo. 18 Se ak mouchwa len pou yo mare tèt yo e se kalson len yo dwe gen sou yo+. Yo pa dwe mete anyen sou yo k ap fè yo swe. 19 Anvan yo soti al nan lakou ki deyò a, lakou kote pèp la ye a, yo dwe retire rad yo te genyen sou yo pandan yo t ap sèvi m nan+ e yo dwe mete yo nan salamanje* ki sen yo+. Apre sa, y ap met lòt rad sou yo yon fason pou yo pa fè pèp la vin sen grasa rad ki sou yo. 20 Yo pa dwe kale tèt yo+ ni yo pa dwe kite cheve ki nan tèt yo vin long. Se pou yo byen fè cheve yo. 21 Prèt yo pa dwe bwè diven anvan yo antre nan lakou ki anndan an+. 22 Yo pa dwe marye ak yon vèv oswa ak yon fi ki divòse+. Men yo kapab marye ak yon vyèj pami desandan Izrayèl yo oswa ak yon vèv ki te madanm yon prèt+.’

23 “‘Yo dwe fè pèp mwen an konnen diferans ki genyen ant sa ki sen ak sa ki pa sen e yo dwe fè yo konnen diferans ki genyen ant sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp+. 24 Yo dwe sèvi kòm jij+ e yo dwe jije selon kòmandman m yo+. Se pou yo suiv lwa m yo ak kòmandman mwen bay konsènan tout fèt mwen yo+ e se pou yo konsidere saba m yo kòm bagay ki sakre. 25 Yo pa dwe pwoche pre kadav yon moun. Si yo fè sa, y ap vin pa pwòp. Men, yo ka aksepte pou yo vin pa pwòp pou papa yo, manman yo, pitit gason yo, pitit fi yo, frè yo oswa yon sè yo ki pa marye+. 26 Apre yon prèt vin pwòp ankò, y ap kite sèt jou pase anvan l rekòmanse fè sèvis li. 27 Jou li antre nan kote ki sakre a, nan lakou ki anndan an, pou l fè sèvis li nan kote ki sakre a, l ap vini ak bèt l ap ofri pou tèt li kòm sakrifis pou peche a+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.

28 “‘Prèt yo ap gen yon eritaj. Se mwen menm ki eritaj yo+, nou pa dwe ba yo anyen kòm byen pa yo ann Izrayèl, paske se mwen menm yo genyen kòm eritaj pa yo. 29 Se yo menm k ap manje manje angren moun yo ofri yo+, sakrifis pou peche yo ak sakrifis moun ofri poutèt yo koupab yo+. Tout sa moun Izrayèl yo met apa pou yon sèvis sakre, se pou yo bagay sa yo ap ye+. 30 Premye danre nou ofri ki pi bon yo ak tout kalite ofrann nou fè se pou prèt yo y ap ye+. Nou dwe bay prèt yo premye grenn nou moulen yo+. Sa ap fè moun lakay nou jwenn benediksyon+. 31 Prèt yo pa dwe manje okenn zwazo ak lòt bèt yo jwenn ki tou mouri oswa yon bèt sovaj te dechire+.’

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje