BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 45
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Yon pòsyon tè ki sakre ak pòsyon tè pou vil la (1-6)

      • Pòsyon tè chèf la (7, 8)

      • Chèf yo dwe aji yon fason ki onèt (9-12)

      • Kontribisyon pèp la; kontribisyon chèf la (13-25)

Ezekyèl 45:1

Nòt anba paj

  • *

    Y ap pale de koude ki long nan. Gade Apendis B14.

  • *

    Oswa: “Tout anndan limit li yo nèt”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 14:1, 2; Eze 47:21, 22
  • +Eze 48:20
  • +Eze 48:8, 9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 219-220

Ezekyèl 45:2

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “500 pa 500”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 42:20
  • +Joz 21:1, 2

Ezekyèl 45:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 48:10, 11
  • +Eze 40:46

Ezekyèl 45:5

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “chanm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 48:13
  • +Eze 40:17

Ezekyèl 45:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 48:15

Ezekyèl 45:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 48:21

Ezekyèl 45:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 32:1; 60:17; Jr 22:17; 23:5; Eze 22:27; 46:18; Mi 3:1-3
  • +Joz 11:23

Ezekyèl 45:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 22:3; Mi 6:8; Za 8:16
  • +Mi 2:2

Ezekyèl 45:10

Nòt anba paj

  • *

    Gade Apendis B14.

  • *

    Gade Apendis B14.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 19:36; Pw 11:1; Am 8:5; Mi 6:10, 11

Ezekyèl 45:11

Nòt anba paj

  • *

    Gade Apendis B14.

Ezekyèl 45:12

Nòt anba paj

  • *

    Gade Apendis B14.

  • *

    Gade Apendis B14.

  • *

    Oswa: “yon min”. Gade Apendis B14.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 30:13

Ezekyèl 45:13

Nòt anba paj

  • *

    Se yon kalite manje angren.

Ezekyèl 45:14

Nòt anba paj

  • *

    Gade Apendis B14.

Ezekyèl 45:15

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ofrann lapè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 2:1
  • +Le 1:10
  • +Le 3:1
  • +Le 1:4; 6:30; Eb 9:22

Ezekyèl 45:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 30:14

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/3/2010, p. 26

    9/2017, p. 1

Ezekyèl 45:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 16:2; 2Kw 30:24
  • +1Wa 8:64
  • +2Kw 35:7
  • +Eza 66:23
  • +Dt 16:16; 2Kw 8:12, 13; 31:3

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/3/2010, p. 26

Ezekyèl 45:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 16:16

Ezekyèl 45:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 41:21

Ezekyèl 45:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 4:27, 28
  • +Le 16:20

Ezekyèl 45:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 23:5
  • +Eg 12:18

Ezekyèl 45:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 4:13, 14

Ezekyèl 45:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 23:8

Ezekyèl 45:24

Nòt anba paj

  • *

    Gade Apendis B14.

Ezekyèl 45:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 23:34; Dt 16:13; 2Kw 7:8; Za 14:16

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 45:1Joz 14:1, 2; Eze 47:21, 22
Eze. 45:1Eze 48:20
Eze. 45:1Eze 48:8, 9
Eze. 45:2Eze 42:20
Eze. 45:2Joz 21:1, 2
Eze. 45:4Eze 48:10, 11
Eze. 45:4Eze 40:46
Eze. 45:5Eze 48:13
Eze. 45:5Eze 40:17
Eze. 45:6Eze 48:15
Eze. 45:7Eze 48:21
Eze. 45:8Eza 32:1; 60:17; Jr 22:17; 23:5; Eze 22:27; 46:18; Mi 3:1-3
Eze. 45:8Joz 11:23
Eze. 45:9Jr 22:3; Mi 6:8; Za 8:16
Eze. 45:9Mi 2:2
Eze. 45:10Le 19:36; Pw 11:1; Am 8:5; Mi 6:10, 11
Eze. 45:12Eg 30:13
Eze. 45:15Le 2:1
Eze. 45:15Le 1:10
Eze. 45:15Le 3:1
Eze. 45:15Le 1:4; 6:30; Eb 9:22
Eze. 45:16Eg 30:14
Eze. 45:171Kw 16:2; 2Kw 30:24
Eze. 45:171Wa 8:64
Eze. 45:172Kw 35:7
Eze. 45:17Eza 66:23
Eze. 45:17Dt 16:16; 2Kw 8:12, 13; 31:3
Eze. 45:18Le 16:16
Eze. 45:19Eze 41:21
Eze. 45:20Le 4:27, 28
Eze. 45:20Le 16:20
Eze. 45:21Le 23:5
Eze. 45:21Eg 12:18
Eze. 45:22Le 4:13, 14
Eze. 45:23Le 23:8
Eze. 45:25Le 23:34; Dt 16:13; 2Kw 7:8; Za 14:16
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 45:1-25

Ezekyèl

45 “‘Lè n ap separe peyi a+, nou dwe retire yon pòsyon nan tè a pou n ofri Jewova. Pòsyon tè sa a ap sakre+. Longè l se ap 25 000 koude* e lajè l se ap 10 000 koude+. Tout pòsyon tè a nèt* ap sakre. 2 N ap retire yon moso tè nan pòsyon tè sa a pou tanp lan. Moso tè sa a ap kare, l ap mezire 500 koude longè sou 500 koude lajè*+. L ap gen 50 koude tè sou chak bò pou sèvi kòm patiraj+. 3 Apre sa, w ap mezire pòsyon tè ki mezire 25 000 koude longè sou 10 000 koude lajè a. Se sou li tanp lan ap ye. Tanp lan se yon kote ki sen anpil. 4 Se ap yon pòsyon tè ki sakre nan peyi a e se pou prèt yo l ap ye+, yo menm k ap sèvi nan tanp lan e k ap pwoche devan Jewova pou yo sèvi l+. Se la y ap gen kay yo e se la tanp lan ap ye. Se ap yon kote ki sakre.

5 “‘Ap gen yon pòsyon tè 25 000 koude longè sou 10 000 koude lajè+ pou Levit yo k ap sèvi nan tanp lan. E Levit yo ap gen 20 salamanje*+ kòm byen pa yo.

6 “‘N ap kite yon pòsyon tè pou vil la. L ap mezire 25 000 koude longè (fas pou fas ak pòsyon tè ki sakre a) sou 5 000 koude lajè+. Pòsyon tè sa a ap pou pèp Izrayèl la.

7 “‘Ap gen yon pòsyon tè pou chèf la tou. Pòsyon tè sa a ap touche pòsyon tè ki sakre a ak pòsyon tè ki pou vil la sou de bò. L ap kòtakòt ak pòsyon tè ki sakre a ak pòsyon tè ki pou vil la. Yon pòsyon nan tè sa a ap sou bò lwès e lòt la ap sou bò lès. Soti nan fwontyè ki sou bò lwès la rive nan fwontyè ki sou bò lès la, tè a ap menm longè ak youn nan pòsyon tè tribi yo+. 8 Tè sa a se ap byen pa l ann Izrayèl. Chèf mwen yo pap maltrete pèp mwen an ankò+ e y ap separe peyi a bay moun Izrayèl yo dapre tribi yo+.’

9 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Nou fè twòp atò, nou menm chèf ki ann Izrayèl yo!’

“‘Sispann fè vyolans, sispann toupizi moun, epi fè sa ki jis ak sa ki dwat+. Sispann pran tè moun ki nan pèp mwen an+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. 10 ‘Se pou nou sèvi ak bon balans, ak efa* ki egzak e ak bat* ki egzak+. 11 Ni efa a ni bat la se mezi ki pa dwe chanje. Ni bat la ni efa a dwe dis fwa pi piti pase homè* a. Se homè a ki dwe sèvi kòm mezi ofisyèl. 12 Chekèl*+ la dwe egal ak 20 gera*. Epi, 20 chekèl plis 25 chekèl plis 15 chekèl dwe egal ak yon mane*.’

13 “‘Men kontribisyon pou nou bay la: Sou chak homè ble, nou dwe bay yon sizyèm efa ble, e sou chak homè lòj* nou dwe bay yon sizyèm efa lòj. 14 Kanta pou luil n ap bay la, se ak bat la pou nou mezire l. Bat la dis fwa pi piti pase yon kò* e li dis fwa pi piti pase yon homè, paske dis bat egal ak yon homè. 15 Nan twoupo ki ann Izrayèl yo, sou chak 200 mouton, nou dwe bay youn. Bagay sa yo n ap bay la ap pou ofrann manje angren+, sakrifis y ap boule nèt+ ak sakrifis kominyon*+ n ap fè pou pèp la jwenn padon pou peche l+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.

16 “‘Tout moun ki nan peyi a dwe bay+ moun ki chèf ann Izrayèl la bagay sa yo. 17 Men, chèf la li menm ap bay bèt y ap ofri kòm sakrifis yo boule nèt yo+, ofrann manje angren yo+ ak bwason y ap ofri kòm ofrann pandan fèt yo+, nouvèl lin yo, saba yo+ ak tout lòt fèt pèp Izrayèl la dwe fè yo+. Se li menm k ap bay sakrifis pou peche a, ofrann manje angren an, sakrifis yo boule nèt la ak sakrifis kominyon yo yon fason pou pèp Izrayèl la ka jwenn padon pou peche l.’

18 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Nan premye mwa a, nan premye jou nan mwa a, w ap pran yon jenn towo bèf nan twoupo a ki pa gen okenn domaj e w ap pirifye tanp lan avè l+. 19 Prèt la ap pran enpe nan san sakrifis pou peche a e l ap mete l sou chanbrann pòt tanp lan+, sou kat kwen pati ki pi ba fwaye lotèl la e sou chanbrann pòtay lakou ki anndan an. 20 W ap fè menm bagay la nan setyèm jou nan mwa a pou nenpòt moun ki peche san se pa espre l fè oswa san l pa konnen+. E w ap pirifye tanp lan+.

21 “‘Nan premye mwa a, nan 14yèm jou nan mwa a, n ap selebre fèt Pak la+. Pandan sèt jou se pen san ledven nou dwe manje+. 22 Jou sa a, chèf la ap bay yon jenn towo bèf kòm sakrifis pou peche pa l e pou peche tout moun ki nan peyi a+. 23 Pandan sèt jou n ap selebre fèt la+, chak jou l ap bay sèt jenn towo bèf ki pa gen okenn domaj ak sèt mal mouton ki pa gen okenn domaj kòm sakrifis y ap boule nèt pou Jewova, e l ap bay yon bouk kabrit chak jou kòm sakrifis pou peche. 24 Epitou, se pou l bay yon efa farin kòm ofrann manje angren pou chak jenn towo bèf ansanm ak yon efa farin pou chak mal mouton. Mete sou sa, l ap bay yon hin* luil pou chak efa farin.

25 “‘Nan setyèm mwa a, nan 15yèm jou nan mwa a, pandan sèt jou fèt la+, l ap bay menm bagay sa yo kòm sakrifis pou peche, kòm sakrifis yo boule nèt, kòm ofrann manje angren e l ap bay menm kantite luil la.’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje