BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 46
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Ofrann pou yo fè nan kèk sikonstans (1-15)

      • Enstriksyon konsènan eritaj chèf la (16-18)

      • Kote pou yo bouyi vyann sakrifis yo (19-24)

Ezekyèl 46:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 40:32
  • +Eze 44:1, 2
  • +Eg 20:9

Ezekyèl 46:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Ofrann lapè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 44:3

Ezekyèl 46:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 81:3; Eza 66:23

Ezekyèl 46:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 28:9, 10; Eze 45:17

Ezekyèl 46:5

Nòt anba paj

  • *

    Gade Apendis B14.

  • *

    Gade Apendis B14.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 46:11

Ezekyèl 46:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 28:11-15

Ezekyèl 46:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 46:2

Ezekyèl 46:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:14; Dt 16:16
  • +Eze 40:20
  • +Eze 40:24

Ezekyèl 46:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 45:21, 24; 46:6, 7

Ezekyèl 46:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 1:3
  • +Eze 45:17
  • +Eze 46:1, 2

Ezekyèl 46:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 29:38; Nb 28:3, 5

Ezekyèl 46:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 25:10

Ezekyèl 46:19

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “chanm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 42:9
  • +Eze 42:1

Ezekyèl 46:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 2:4, 5
  • +Eze 44:19

Ezekyèl 46:22

Nòt anba paj

  • *

    Y ap pale de koude ki long nan. Gade Apendis B14.

  • *

    Yo toule kat ansanm ak sa yo konstwi nan kwen yo te menm gwosè.

Ezekyèl 46:23

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon seri ranje”.

Ezekyèl 46:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 35:13

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 46:1Eze 40:32
Eze. 46:1Eze 44:1, 2
Eze. 46:1Eg 20:9
Eze. 46:2Eze 44:3
Eze. 46:3Sm 81:3; Eza 66:23
Eze. 46:4Nb 28:9, 10; Eze 45:17
Eze. 46:5Eze 46:11
Eze. 46:6Nb 28:11-15
Eze. 46:8Eze 46:2
Eze. 46:9Eg 23:14; Dt 16:16
Eze. 46:9Eze 40:20
Eze. 46:9Eze 40:24
Eze. 46:11Eze 45:21, 24; 46:6, 7
Eze. 46:12Le 1:3
Eze. 46:12Eze 45:17
Eze. 46:12Eze 46:1, 2
Eze. 46:13Eg 29:38; Nb 28:3, 5
Eze. 46:17Le 25:10
Eze. 46:19Eze 42:9
Eze. 46:19Eze 42:1
Eze. 46:20Le 2:4, 5
Eze. 46:20Eze 44:19
Eze. 46:242Kw 35:13
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 46:1-24

Ezekyèl

46 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Pòtay lakou ki anndan an ki bay nan direksyon lès la+ dwe ret fèmen+ pandan sis jou travay yo+, men, se pou yo ouvè l nan jou saba a ak nan jou nouvèl lin nan. 2 Lè chèf la ap antre nan pòtay la, l ap antre sou bò kote galri a+ ye a e l ap kanpe bò kot chanbrann pòtay la. Prèt yo ap ofri sakrifis chèf la ap boule nèt la ansanm ak sakrifis kominyon* l yo. Chèf la ap pwostène nan espas ki nan antre pòtay la epi apre sa l ap soti. Men, se lè l aswè yo dwe fèmen pòt la. 3 Moun yo nan peyi a tou ap pwostène devan Jewova nan antre pòtay sa a nan jou saba yo ak nan jou nouvèl lin yo+.

4 “‘Nan jou saba a, se sis ti mal mouton ki pa gen okenn domaj ak yon gwo mal mouton ki pa gen okenn domaj chèf la ap prezante devan Jewova kòm sakrifis l ap boule nèt+. 5 Pou gwo mal mouton an, l ap ofri yon efa* manje angren. Pou ti mal mouton yo, l ap ofri kantite manje angren li kapab. Mete sou sa, pou chak efa manje angren l ap ofri, l ap ofri yon hin* luil+. 6 Nan jou nouvèl lin nan, chèf la ap ofri yon jenn towo bèf, sis ti mal mouton ak yon gwo mal mouton. Bèt sa yo pa dwe gen okenn domaj+. 7 Pou jenn towo bèf la, l ap ofri yon efa manje angren. Pou gwo mal mouton an, l ap ofri yon efa manje angren. Pou ti mal mouton yo, kòm manje angren, l ap ofri sa l kapab. Pou chak efa manje angren l ap ofri, li dwe ofri yon hin luil.

8 “‘Lè chèf la ap antre nan pòtay la, l ap antre sou bò kote galri a ye a. Se sou bò sa a tou l ap soti+. 9 Lè moun yo nan peyi a vin devan Jewova nan epòk fèt yo+, moun ki pase nan pòtay ki bay nan direksyon nò a+ lè y ap antre pou yo adore dwe soti nan pòtay ki bay nan direksyon sid la+. E moun ki pase nan pòtay ki bay nan direksyon sid la dwe soti nan pòtay ki bay nan direksyon nò a. Pèsonn pa dwe tounen al pase nan pòtay yo te antre a lè y ap soti. Se pou yo soti nan pòtay ki anfas pòtay yo te antre a. 10 Chèf ki nan mitan yo a ap antre avèk yo lè y ap antre e l ap soti avèk yo lè y ap soti. 11 Pandan fèt yo e pandan epòk ki gen fèt yo, l ap ofri yon efa manje angren pou jenn towo bèf la, yon efa manje angren pou gwo mal mouton an ak kantite manje angren li kapab pou ti mal mouton yo. L ap ofri yon hin luil pou chak efa manje angren li ofri+.

12 “‘Si chèf la ap ofri Jewova yon sakrifis yo boule nèt+ oswa l ap ofri l sakrifis kominyon paske kè l pouse l fè sa, y ap ouvri pòtay ki bay nan direksyon lès la pou li. L ap ofri sakrifis pou yo boule nèt la ansanm ak sakrifis kominyon l yo menm jan l fè sa nan jou saba a+. Lè l soti l ale, y ap fèmen pòtay la+.

13 “‘Chak jou, se pou w bay yon ti mal mouton ki gen ennan kòm sakrifis y ap boule nèt pou Jewova+, e w ap fè sa chak maten. 14 Chak maten, se pou w bay yon sizyèm efa manje angren ansanm avè l kòm ofrann e se pou w bay yon tyè hin luil pou wouze farin bon kalite a. Se yon manje angren ou dwe ofri Jewova regilyèman. Se yon kòmandman k ap la pandan lontan. 15 Se pou yo pote ti mal mouton an, manje angren y ap bay kòm ofrann nan ak luil la chak maten. Se yon sakrifis yo dwe boule nèt regilyèman.’

16 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Si chèf la fè chak pitit gason l kado yon eritaj, eritaj sa a ap rete pou pitit gason l yo. Se eritaj pa yo l ap ye. 17 Men, si chèf la fè youn nan sèvitè l yo kado yon pòsyon nan eritaj li, sa l fè sèvitè l la kado a ap pou sèvitè a jiskaske Ane Liberasyon an rive+. Lè sa a sèvitè a ap remèt chèf la pòsyon chèf la te ba li nan eritaj li a. Se sèlman eritaj chèf la bay pwòp pitit gason l yo k ap rete pou pitit gason l yo pou toutan. 18 Chèf la pa dwe met okenn moun deyò sou tè yo genyen pou l ka pran tè sa yo kòm byen pa l. Se tè pa l li dwe bay pitit gason l kòm eritaj. Konsa, li pap mete okenn moun nan pèp mwen an deyò sou tè yo.’”

19 Apre sa, li fè m pase nan antre+ ki mennen nan salamanje prèt yo, salamanje* ki sen ki nan direksyon nò a+, bò pòtay la. Pandan m la, mwen wè yon kote ki pa dèyè nèt nan direksyon lwès. 20 Epi, li di m: “Se la prèt yo ap bouyi vyann sakrifis moun yo ofri poutèt yo koupab ak vyann sakrifis pou peche yo. Se la tou y ap kuit manje angren moun yo bay kòm ofrann yo+. Konsa, yo pap bezwen pote anyen al nan lakou ki deyò a e yo pap fè moun ki nan pèp la vin sen+.”

21 Apre sa, li mennen m nan lakou ki deyò a epi li fè m pase bò kot kat kwen lakou a. Nan chak kwen lakou ki deyò a, mwen te wè yon ti lakou. 22 Ti lakou ki te nan chak kwen yo te mezire 40 koude* longè sou 30 koude lajè. Toule kat te menm gwosè*. 23 Te gen yon seri ti miray* ki antoure chak ti lakou sa yo e nan pye ti miray yo te gen kote pou yo bouyi vyann bèt moun yo ofri. 24 Apre sa, li di m: “Se nan kote sa yo moun k ap sèvi nan tanp lan bouyi vyann bèt pèp la bay kòm sakrifis yo+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje