Ezekyèl
5 “Kanta pou ou, pitit lòm, pran yon epe ki byen file, sèvi avè l tankou se te yon razwa kwafè. Kale tèt ou epi grate bab ou, pran yon balans pou w peze cheve yo, e apre sa, fè yo fè twa pòsyon ki egal. 2 W ap boule yon pòsyon anndan vil la lè jou pou w ansèkle vil la rive nan bout yo+. Apre sa, w ap pran yon lòt pòsyon, w ap frape l ak yon epe toutotou vil la+. Twazyèm pòsyon an, w ap gaye l nan van an. Men, m ap rale yon epe e m ap pousuiv li+.
3 “Mete sou sa, w ap pran kèk branch cheve nan twazyèm pòsyon an epi w ap vlope yo nan rad ou. 4 Apre sa, w ap pran kèk ankò, epi w ap voye yo nan dife pou w boule yo. Dife sa a ap gaye nan tout Izrayèl+.
5 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Sa a se Jerizalèm. Mwen mete l nan mitan nasyon yo, e gen peyi toutotou l. 6 Men, li pa obeyi lwa m yo ak kòmandman m yo e li aji pi mal pase nasyon ak peyi ki toutotou l yo+. Paske, li rejte lwa m yo e li pa mache selon kòmandman m yo.’
7 “Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Piske nou bay plis pwoblèm pase nasyon ki toutotou nou yo, nou pa t mache selon lwa m yo, selon kòmandman m yo e nou te pito suiv lwa nasyon ki toutotou nou yo+, 8 men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “O ou menm vil sa a, mwen kont ou+ e m ap pini w devan je nasyon yo+. 9 Sa m ap fè nan mitan w lan se yon bagay mwen potko janm fè e se yon bagay mwen pap janm fè ankò. M ap fè sa akoz vye bagay ki bay degoutans n ap fè yo+.
10 “‘“Paran ap manje pitit e pitit ap manje paran+. M ap pini nou e m ap gaye moun ki rete pami nou yo nan tout direksyon*+.”’
11 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Kidonk, menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman, piske nou te derespekte kote mwen genyen ki sakre a ak zidòl nou yo, yon seri zidòl ki bay degoutans, e ak move bagay nou t ap fè yo+, mwen menm tou, m ap voye nou jete*, mwen pap gen pitye pou nou e mwen pap gen konpasyon pou nou+. 12 Yon premye pòsyon nan nou ap mouri akoz maladi oswa akoz grangou. Yon dezyèm pòsyon ap tonbe anba kout epe pa deyò vil la+. Twazyèm pòsyon an menm, m ap gaye l nan tout direksyon*, m ap rale yon epe e m ap pousuiv li+. 13 Apre sa, mwen pap an kòlè ankò, wi, kòlè m ap desann e m ap satisfè+. Lè m fin vide kòlè m sou yo, lè sa a y ap konnen, mwen menm, Jewova, mwen te pale avèk yo, paske mwen se yon Dye ki egzije pou yo atache avè m sèlman+.
14 “‘M ap fè w tounen yon kote ki depafini, m ap fè nasyon ki toutotou w yo ak tout moun k ap pase bò kote w yo pale w mal+. 15 Wi, nasyon ki toutotou w yo ap pale w mal, y ap pase w nan rizib+, w ap sèvi kòm yon avètisman pou yo, y ap pè lè yo wè jan m pini w avèk kòlè, jan m pini w avèk raj. Se mwen menm, Jewova, ki di sa.
16 “‘M ap fè nou vin grangou e grangou sa a ap detwi nou tankou se kout flèch nou te pran+. M ap fini ak rezèv pen nou yo* pou m ka fè grangou a vin pi rèd pou nou+. 17 M ap fè nou vin grangou. M ap voye bèt sovaj vin atake nou+ e y ap touye pitit nou. Maladi ap touye nou, m ap fè san nou koule, m ap touye nou ak kout epe+. Se mwen menm, Jewova, ki di sa.’”