BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 47
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Yon dlo k ap koule sot nan tanp lan (1-12)

        • Dlo a ap vin pi fon tikras pa tikras (2-5)

        • Dlo Lanmè Mòt la geri (8-10)

        • Marekaj yo ak lagon yo pa geri (11)

        • Pyebwa k ap bay manje e k ap sèvi kòm remèd (12)

      • Fwontyè peyi a (13-23)

Ezekyèl 47:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 41:2
  • +Za 13:1; 14:8; Re 22:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 202-203, 205-208

Ezekyèl 47:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 40:20
  • +Eze 40:6; 44:1, 2

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 206

Ezekyèl 47:3

Nòt anba paj

  • *

    Y ap pale de koude ki long nan. Gade Apendis B14.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 40:3; Re 21:15

Ezekyèl 47:5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 202-203, 206-208

Ezekyèl 47:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 22:1, 2

Ezekyèl 47:8

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “desann nan plèn ki nan dezè a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 4:47, 49
  • +Za 14:8

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 202-205, 209-210

Ezekyèl 47:9

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “kote de rivyè yo”.

  • *

    Oswa: “nanm”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 202, 203-207, 209-210

Ezekyèl 47:10

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de Lanmè Meditèrane.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 15:20, 62; 2Kw 20:2
  • +Nb 34:2, 6

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 203-205

Ezekyèl 47:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 29:22, 23; Sm 107:33, 34; Jr 17:6

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 203-208, 209-210

Ezekyèl 47:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 47:1
  • +Re 22:1, 2

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 202, 205-206, 207-208, 210

Ezekyèl 47:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 48:5; 1Kw 5:1; Eze 48:5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 213-215

Ezekyèl 47:14

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “kòm eritaj, chak moun tankou frè l la”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 26:3; 28:13

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 213-216

Ezekyèl 47:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 48:1
  • +Nb 34:2, 8

Ezekyèl 47:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 13:21
  • +2Sa 8:8
  • +Eze 47:18

Ezekyèl 47:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 34:2, 9
  • +Eze 48:1

Ezekyèl 47:18

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de Lanmè Mòt.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 32:1

Ezekyèl 47:19

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de Ravin Ejip la.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 32:51
  • +Eze 48:28

Ezekyèl 47:20

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “anfas antre Amat”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 34:2, 8

Ezekyèl 47:22

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 216-217

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 47:1Eze 41:2
Eze. 47:1Za 13:1; 14:8; Re 22:1
Eze. 47:2Eze 40:20
Eze. 47:2Eze 40:6; 44:1, 2
Eze. 47:3Eze 40:3; Re 21:15
Eze. 47:7Re 22:1, 2
Eze. 47:8Dt 4:47, 49
Eze. 47:8Za 14:8
Eze. 47:10Joz 15:20, 62; 2Kw 20:2
Eze. 47:10Nb 34:2, 6
Eze. 47:11Dt 29:22, 23; Sm 107:33, 34; Jr 17:6
Eze. 47:12Eze 47:1
Eze. 47:12Re 22:1, 2
Eze. 47:13Jen 48:5; 1Kw 5:1; Eze 48:5
Eze. 47:14Jen 26:3; 28:13
Eze. 47:15Eze 48:1
Eze. 47:15Nb 34:2, 8
Eze. 47:16Nb 13:21
Eze. 47:162Sa 8:8
Eze. 47:16Eze 47:18
Eze. 47:17Nb 34:2, 9
Eze. 47:17Eze 48:1
Eze. 47:18Nb 32:1
Eze. 47:19Dt 32:51
Eze. 47:19Eze 48:28
Eze. 47:20Nb 34:2, 8
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 47:1-23

Ezekyèl

47 Apre sa, li fè m tounen nan antre tanp lan+. Lè m rive la, mwen wè yon dlo k ap sot anba papòt tanp lan k ap koule nan direksyon lès+, paske, fas tanp lan te bay nan direksyon lès. Dlo a t ap koule sot anba tanp lan sou bò dwat, e li te pase sou bò sid lotèl la.

2 Apre sa, li fè m soti nan pòtay ki bay nan direksyon nò a+ epi li mennen m deyò. Epi, l al avè m nan pòtay ki bay nan direksyon lès la, sa ki deyò a+. Lè sa a, mwen wè yon ti dlo k ap koule sot sou bò dwat la.

3 Mesye a te fè nan direksyon lès avèk yon kòd pou mezire nan men l+. Apre li fin mezire yon distans 1 000 koude* apati pòtay la, li fè m travèse dlo a. Dlo a te rive nan je pye m.

4 Apre sa, li mezire 1 000 koude ankò epi li fè m travèse dlo a. Dlo a te rive nan jenou m.

Li mezire yon lòt 1 000 koude ankò, epi li fè m travèse dlo a. Dlo a te rive nan senti m.

5 Apre sa, li mezire yon lòt 1 000 koude ankò. Dlo a te tounen yon gwo rivyè e mwen pa t ka mache ladan l pou m travèse l. Dlo a te tèlman fon, yon moun pa t ka mache ladan l pou l travèse l, se naje l te dwe naje.

6 Epi, li mande m: “Pitit lòm, ou wè sa?”

Apre sa, li fè m mache tounen al sou bò rivyè a. 7 Lè m tounen, mwen wè yon pakèt pyebwa sou toude bò rivyè a+. 8 Lè sa a, li di m: “Dlo sa a desann al nan zòn ki nan direksyon lès la, li kontinye desann nan Araba*+ jiskaske l al tonbe nan lanmè. Lè l tonbe nan lanmè a+, dlo lanmè a ap geri. 9 Kèlkeswa kote dlo sa a* pase, ap gen yon pakèt bèt* k ap ka viv kote sa yo. Kote sa yo ap gen anpil pwason poutèt dlo a ap koule ladan yo. Dlo lanmè a ap geri e kèlkeswa kote dlo a pase, l ap bay lavi.

10 “Pechè pwason ap kanpe bò kot lanmè a soti Enngedi+ rive Enneglayim e ap gen yon kote pou yo seche filè yo. Lanmè a ap chaje ak tout kalite pwason, menm jan ak Gwo Lanmè a*+.

11 “Lanmè a ap gen marekaj ak lagon bò kote l, men yo menm yo pap geri. Y ap toujou chaje ak sèl+.

12 “Sou toude bò rivyè a ap gen tout kalite pyebwa k ap bay fwi pou moun manje. Fèy yo pap fennen, e pyebwa yo pap sispann donnen. Y ap bay fwi chak mwa, paske dlo ki wouze yo a soti nan tanp lan+. Fwi yo bay yo ap pou moun manje e fèy yo ap sèvi kòm remèd+.”

13 Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Se tèritwa sa a n ap separe bay 12 tribi Izrayèl yo kòm eritaj pa yo. Jozèf ap jwenn de pòsyon+. 14 N ap jwenn li kòm eritaj e pòsyon n ap resevwa yo ap menm gwosè*. Mwen te fè sèman m ap bay zansèt nou yo peyi sa a+ e kounye a mwen ban nou l kòm eritaj pa nou.

15 “Fwontyè ki nan nò a ap soti nan Gwo Lanmè a, l ap pase nan wout ki mennen Ètlon an+, li pral nan direksyon Zedad+, 16 Amat+, Bewota+ ak Sibrayim ki ant tèritwa Damas la ak tèritwa Amat la, epi li prale nan direksyon Azèratikon, ki toupre fwontyè Oran+. 17 Kidonk, fwontyè sa a ap soti depi bò lanmè a rive Azarenon+. L ap pase bò kot fwontyè Damas la nan direksyon nò e l ap pase bò kot fwontyè Amat la+. Fwontyè sa a se fwontyè ki nan nò a.

18 “Fwontyè ki alès la ap soti Oran pou l rive Damas, l ap pase bò kot Rivyè Jouden an, ant Galaad+ ak peyi Izrayèl. Nou dwe mezire sot nan fwontyè sa a rive nan lanmè ki alès la*. Fwontyè sa a se fwontyè ki alès la.

19 “Fwontyè ki nan direksyon sid la ap soti Tama pou l rive nan dlo Meribat Kadèch yo+, l ap kontinye pou l rive nan Ravin nan* epi nan Gwo Lanmè a+. Fwontyè sa a se fwontyè ki nan direksyon sid la.

20 “Gwo Lanmè a se fwontyè ki alwès la. Fwontyè sa a ap soti depi nan fwontyè ki nan sid la rive anfas Lebowamat*+. Fwontyè sa a se fwontyè ki alwès la.”

21 “Nou dwe separe tè sa a ant nou menm, 12 tribi Izrayèl yo. 22 Nou dwe separe l ant nou menm ak etranje k ap viv nan mitan nou yo ki te fè pitit nan mitan nou. N ap konsidere yo kòm Izrayelit menm jan avèk nou. Y ap resevwa yon eritaj nan mitan tribi Izrayèl yo menm jan ak nou. 23 Nou dwe bay etranje k ap viv nan mitan nou yo yon eritaj nan mitan tribi kote y ap viv la.” Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje