BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 48
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Fason yo separe peyi a (1-29)

      • Douz pòtay vil la (30-35)

        • Y ap rele vil la “Jewova la” (35)

Ezekyèl 48:1

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “rive nan antre Amat”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 19:40
  • +Nb 34:2, 8
  • +Eze 47:15-17

Ezekyèl 48:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 19:24

Ezekyèl 48:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 19:32

Ezekyèl 48:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 13:29

Ezekyèl 48:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 17:17, 18

Ezekyèl 48:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 18:7

Ezekyèl 48:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 15:1; 19:9

Ezekyèl 48:8

Nòt anba paj

  • *

    Y ap pale de koude ki long nan. Gade Apendis B14.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 45:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 220

Ezekyèl 48:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 35:2; Eze 45:3, 4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 220, 225

Ezekyèl 48:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 40:46; 44:15
  • +Jr 23:11; Eze 22:26

Ezekyèl 48:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 45:6
  • +Eze 48:35

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 219-221

Ezekyèl 48:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 45:1

Ezekyèl 48:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 45:6

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 222

Ezekyèl 48:20

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 220

Ezekyèl 48:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 45:7

Ezekyèl 48:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 48:8

Ezekyèl 48:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 18:11

Ezekyèl 48:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 19:1

Ezekyèl 48:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 19:17

Ezekyèl 48:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 19:10
  • +Jen 49:13

Ezekyèl 48:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 18:7

Ezekyèl 48:28

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de Ravin Ejip la.

  • *

    Anpalan de Lanmè Meditèrane.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 47:19
  • +Nb 20:13
  • +Jen 15:18

Ezekyèl 48:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 34:2
  • +Eze 47:13

Ezekyèl 48:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 48:16

Ezekyèl 48:35

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 3:17; Jl 3:21; Za 2:10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 221-222

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 48:1Joz 19:40
Eze. 48:1Nb 34:2, 8
Eze. 48:1Eze 47:15-17
Eze. 48:2Joz 19:24
Eze. 48:3Joz 19:32
Eze. 48:4Joz 13:29
Eze. 48:5Joz 17:17, 18
Eze. 48:6Joz 18:7
Eze. 48:7Joz 15:1; 19:9
Eze. 48:8Eze 45:1
Eze. 48:10Nb 35:2; Eze 45:3, 4
Eze. 48:11Eze 40:46; 44:15
Eze. 48:11Jr 23:11; Eze 22:26
Eze. 48:15Eze 45:6
Eze. 48:15Eze 48:35
Eze. 48:18Eze 45:1
Eze. 48:19Eze 45:6
Eze. 48:21Eze 45:7
Eze. 48:22Eze 48:8
Eze. 48:23Joz 18:11
Eze. 48:24Joz 19:1
Eze. 48:25Joz 19:17
Eze. 48:26Joz 19:10
Eze. 48:26Jen 49:13
Eze. 48:27Joz 18:7
Eze. 48:28Eze 47:19
Eze. 48:28Nb 20:13
Eze. 48:28Jen 15:18
Eze. 48:29Nb 34:2
Eze. 48:29Eze 47:13
Eze. 48:30Eze 48:16
Eze. 48:35Jr 3:17; Jl 3:21; Za 2:10
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 48:1-35

Ezekyèl

48 “Men non tribi yo ak limit tèritwa yo, soti nan pwent ki bay nan nò a: Tè tribi Dann nan+ ap pase bò wout Ètlon an ki rive Lebowamat*+, l ap pase Azarenon, toupre fwontyè Damas la, nan direksyon nò, epi l ap rive toupre Amat+. L ap soti nan fwontyè ki alès la pou l rive nan fwontyè ki alwès la. 2 Tè tribi Achè a+ ap kole ak tè tribi Dann nan depi nan fwontyè ki alès la rive nan fwontyè ki alwès la. 3 Tè tribi Neftali a+ ap kole ak tè tribi Achè a depi nan fwontyè ki alès la rive nan fwontyè ki alwès la. 4 Tè tribi Manase a+ ap kole ak tè tribi Neftali a depi nan fwontyè ki alès la rive nan fwontyè ki alwès la. 5 Tè tribi Efrayim nan ap kole ak tè tribi Manase a+ depi nan fwontyè ki alès la rive nan fwontyè ki alwès la. 6 Tè tribi Ribenn nan ap kole ak tè tribi Efrayim+ nan depi nan fwontyè ki alès la rive nan fwontyè ki alwès la. 7 Tè tribi Jida a ap kole ak tè tribi Ribenn nan+ depi nan fwontyè ki alès la rive nan fwontyè ki alwès la. 8 Nan limit tèritwa Jida a, n ap met yon pòsyon tè apa, soti nan fwontyè ki alès la rive nan fwontyè ki alwès la. L ap mezire 25 000 koude* lajè+. Longè limit pòsyon tè sa a ap egal ak longè limit tè tribi ki kole avè l yo, soti nan fwontyè ki alès la rive nan fwontyè ki alwès la. Se nan mitan pòsyon tè sa a tanp lan ap ye.

9 “N ap met yon moso tè apa pou Jewova. L ap mezire 25 000 koude longè sou 10 000 koude lajè. 10 Moso tè sa a ap sakre e l ap pou prèt yo+. L ap mezire 25 000 koude sou bò nò, 10 000 koude sou bò lwès, 10 000 koude sou bò lès ak 25 000 koude sou bò sid. Tanp Jewova a ap nan mitan moso tè sa a. 11 Moso tè sa a ap pou prèt ki desandan Zadòk yo+. Prèt sa yo apa pou mwen, paske yo te fè travay yo gen pou yo fè devan m yo e yo pa t vire do ban mwen lè moun Izrayèl yo ak Levit yo te ale lwen m nan+. 12 Y ap resevwa yon moso tè nan pòsyon tè sa a k ap apa pou yo kòm yon bagay ki sakre anpil. L ap kole ak moso tè ki pou Levit yo.

13 “Levit yo ap gen yon moso tè ki mezire 25 000 koude longè sou 10 000 koude lajè k ap tou kole ak moso tè prèt yo. (Longè total la se 25 000 koude e lajè total la 10 000 koude.) 14 Yo pa dwe ni vann, ni boukante, ni bay lòt moun okenn moso nan bon pòsyon tè sa a yo genyen nan peyi a, paske se yon bagay ki apa pou Jewova.

15 “Moso tè ki rete ki mezire 5 000 koude lajè sou 25 000 koude longè a ap pou vil la+. Moso tè sa a pap sakre. Y ap bati kay sou li e l ap sèvi kòm patiraj. Vil la ap nan mitan moso tè sa a+. 16 Men mezi vil la: Limit ki nan nò a ap 4 500 koude, limit ki nan sid la ap 4 500 koude, limit ki alès la ap 4 500 koude e limit ki alwès la ap 4 500 koude. 17 Sou chak bò vil la ap gen yon moso tè k ap sèvi kòm patiraj pou vil la. Lajè ni sa ki nan direksyon nò a, ni sa ki nan direksyon sid la, ni sa ki nan direksyon lès la, ni sa ki nan direksyon lwès la ap 250 koude.

18 “Pòsyon tè ki rete a ap menm longè ak pòsyon tè ki sakre a+, l ap gen 10 000 koude nan direksyon lès ak 10 000 koude nan direksyon lwès. L ap menm longè ak pòsyon tè ki sakre a, e sa yo rekòlte ladan l yo se moun k ap sèvi nan vil la k ap manje yo. 19 Moun k ap sèvi nan vil la, k ap soti nan tout tribi Izrayèl yo, ap fè jaden ladan l+.

20 “Tout pòsyon tè n ap mete apa a ap mezire 25 000 koude sou chak bò. Se pou nou mete pòsyon tè ki sakre a apa ansanm ak pòsyon tè ki pou vil la.

21 “Moso tè ki rete sou toule de bò pòsyon tè ki sakre a ak pòsyon tè ki pou vil la ap pou chèf la+. Moso tè sa yo ap kole ak limit pòsyon tè n ap mete apa a e ki mezire 25 000 koude ni sou bò lès ni sou bò lwès. Longè limit moso tè sa a ap egal ak longè limit tè tribi ki kole avè l yo e l ap pou chèf la. Pòsyon tè ki sakre a ak tanp lan ap nan mitan l.

22 “Moso tè ki pou Levit yo ak sa ki pou vil la ap nan mitan pòsyon tè ki pou chèf la. Pòsyon tè ki pou chèf la ap ant pòsyon tè tribi Jida a+ ak pòsyon tè tribi Benjamen an.

23 “Men nan ki pozisyon rès tribi yo ap ye: Tè tribi Benjamen an ap soti depi nan fwontyè ki alès la pou rive nan fwontyè ki alwès la+. 24 Tè tribi Simeyon an ap kole ak tè tribi Benjamen an+ depi nan fwontyè ki alès la rive nan fwontyè ki alwès la. 25 Tè tribi Isaka a+ ap kole ak tè tribi Simeyon an depi nan fwontyè ki alès la rive nan fwontyè ki alwès la. 26 Tè tribi Zabilon an ap kole ak tè tribi Isaka a+ depi nan fwontyè ki alès la rive nan fwontyè ki alwès la+. 27 Tè tribi Gad la ap kole ak tè tribi Zabilon an+ depi nan fwontyè ki alès la rive nan fwontyè ki alwès la. 28 Fwontyè ki nan direksyon sid la ki nan limit tè tribi Gad la ap soti Tama+ pou l rive nan dlo Meribat Kadèch yo+, e l ap kontinye pou l rive nan Ravin nan*+ epi nan Gwo Lanmè a*.

29 “Se peyi sa a n ap pataje kòm eritaj pou tribi Izrayèl yo+ e se pòsyon tè sa yo chak tribi ann Izrayèl ap resevwa kòm pòsyon tè pa yo+.” Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.

30 “Vil la ap gen plizyè pòtay. Limit nò vil la ap mezire 4 500 koude+.

31 “Y ap bay pòtay yo menm non ak tribi Izrayèl yo. Nan limit nò vil la, ap gen twa pòtay: youn pou Ribenn, youn pou Jida ak youn pou Levi.

32 “Limit ki alès la ap mezire 4 500 koude longè e ap gen twa pòtay sou bò sa a: youn pou Jozèf, youn pou Benjamen ak youn pou Dann.

33 “Limit ki nan direksyon sid la ap mezire 4 500 koude e ap gen twa pòtay sou bò sa a: youn pou Simeyon, youn pou Isaka ak youn pou Zabilon.

34 “Limit ki alwès la ap mezire 4 500 koude longè e ap gen twa pòtay sou bò sa a: youn pou Gad, youn pou Achè ak youn pou Neftali.

35 “Antou, miray k ap antoure vil la ap mezire 18 000 koude longè. Apati jou sa a, y ap rele vil la: Jewova la+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje