BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 6
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Mesaj kont mòn Izrayèl yo (1-14)

        • Bondye ap detwi zidòl ki bay degoutans yo (4-6)

        • “N ap konnen mwen se Jewova” (7)

Ezekyèl 6:4

Nòt anba paj

  • *

    Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 27:9
  • +Le 26:30

Ezekyèl 6:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 8:1, 2

Ezekyèl 6:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 2:15; 32:29; Mi 3:12
  • +Eze 16:39

Ezekyèl 6:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 14:18
  • +Eze 7:4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 77

Ezekyèl 6:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 30:10; 44:28; Eze 14:22

Ezekyèl 6:9

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “kè yo te imoral”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 30:1, 2; Sm 137:1
  • +Sm 78:40, 41; Eza 63:10
  • +Nb 15:39
  • +Eze 20:43; 36:31

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 98-100

Ezekyèl 6:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 33:29; Dn 9:12; Za 1:6

Ezekyèl 6:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 15:2; 16:4; Eze 5:12

Ezekyèl 6:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 5:13

Ezekyèl 6:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 12:15
  • +Jr 8:2
  • +Eze 20:28

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 6:4Eza 27:9
Eze. 6:4Le 26:30
Eze. 6:5Jr 8:1, 2
Eze. 6:6Jr 2:15; 32:29; Mi 3:12
Eze. 6:6Eze 16:39
Eze. 6:7Jr 14:18
Eze. 6:7Eze 7:4
Eze. 6:8Jr 30:10; 44:28; Eze 14:22
Eze. 6:9Dt 30:1, 2; Sm 137:1
Eze. 6:9Sm 78:40, 41; Eza 63:10
Eze. 6:9Nb 15:39
Eze. 6:9Eze 20:43; 36:31
Eze. 6:10Eze 33:29; Dn 9:12; Za 1:6
Eze. 6:11Jr 15:2; 16:4; Eze 5:12
Eze. 6:12Eze 5:13
Eze. 6:13Eze 12:15
Eze. 6:13Jr 8:2
Eze. 6:13Eze 20:28
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 6:1-14

Ezekyèl

6 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 2 “Pitit lòm, vire figi w nan direksyon mòn Izrayèl yo epi pwofetize kont yo. 3 Men sa pou w di: ‘O nou menm mòn Izrayèl yo, tande sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di mòn yo, ti mòn yo, rivyè yo ak vale yo: “Gade! M ap fè ènmi vin atake nou ak epe e m ap detwi kote ki wo yo konn fè adorasyon yo. 4 M ap kraze lotèl nou yo, m ap detwi lotèl pou nou boule lansan yo+ e m ap lage moun nou yo yo touye yo devan zidòl nou yo ki bay degoutans*+. 5 M ap lage kadav moun Izrayèl yo devan zidòl y ap sèvi yo ki bay degoutans e m ap gaye zo nou toutotou lotèl nou yo+. 6 Kèlkeswa kote nou rete a, m ap detwi vil yo+, m ap kraze kote ki wo nou konn fè adorasyon yo e kote sa yo ap ret vid+. M ap kraze lotèl nou yo nèt, m ap detwi zidòl nou yo ki bay degoutans, m ap detwi lotèl pou nou boule lansan yo, m ap disparèt bagay nou fè ak men nou yo. 7 Moun yo touye yo ap tonbe nan mitan nou+ e n ap konnen mwen se Jewova+.

8 “‘“Men, m ap kite yon rès nan nou, paske, gen nan nou k ap chape anba kout epe nan mitan nasyon yo lè nou fin gaye nan peyi yo+. 9 Moun ki chape yo ap sonje m nan mitan nasyon kote y ap ann egzil yo+. Y ap vin konprann kè m t ap dechire poutèt kè yo pa t fidèl*: Yo te vire do ban mwen+ e yo te vin anvi wè zidòl yo te genyen yo ki bay degoutans+. Y ap wont e y ap rayi tout mechanste ak move bagay yo te fè yo+. 10 Y ap konnen mwen se Jewova, e y ap konnen lè m te di mwen t ap lage kalamite sa a sou yo a se pa t pawòl anlè+.”’

11 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Bat men w, frape pye w, epi plenn poutèt tout mechanste ak tout move bagay Izrayèl fè yo, paske, y ap tonbe anba kout epe e y ap mouri anba grangou ak maladi+. 12 Moun ki lwen an ap mouri anba maladi, moun ki pre a ap tonbe anba kout epe e tout moun ki chape anba bagay sa yo ap mouri anba grangou. M ap lage tout kòlè m nèt sou yo+ 13 e n ap konnen mwen se Jewova+ lè kadav moun yo touye yo ap nan mitan zidòl yo genyen yo ki bay degoutans, y ap toutotou lotèl yo genyen yo+, y ap sou chak mòn ki byen wo, sou tout tèt mòn yo, anba tout gwo pyebwa e anba branch gwo pyebwa kote yo te konn fè ofrann santi bon pou kalme zidòl yo genyen yo ki bay degoutans+. 14 M ap lonje men m pou m pini yo, m ap fè peyi a tounen yon dezè, e tout kote yo abite yo ap vin pi mal pase dezè ki toupre Dibla a. Lè sa a, y ap konnen mwen se Jewova.’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje