BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 7
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Lafen an rive (1-27)

        • Yon sèl malè (5)

        • Y ap voye lajan nan lari (19)

        • Y ap derespekte tanp lan (22)

Ezekyèl 7:3

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 68, 70

Ezekyèl 7:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 5:11
  • +Jr 16:18; Eze 16:43
  • +Eze 6:13

Ezekyèl 7:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 21:12; Dn 9:12

Ezekyèl 7:6

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “reveye”.

Ezekyèl 7:7

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “Kouwòn flè a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sf 1:14

Ezekyèl 7:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 34:21
  • +Jr 7:20; Eze 5:13

Ezekyèl 7:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 13:14
  • +Eza 66:6; Eze 33:29

Ezekyèl 7:10

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “Kouwòn flè a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sf 1:14

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 66

Ezekyèl 7:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 59:6; Jr 6:7; Mi 6:12

Ezekyèl 7:12

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di ni moun ki achte tè yo ni moun ki vann tè yo pap benefisye, paske destriksyon ap tonbe sou tout moun.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sf 1:18

Ezekyèl 7:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 4:5
  • +Jr 7:20; 12:12

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 68, 69-70

Ezekyèl 7:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:25
  • +Jr 14:18; Eze 5:12

Ezekyèl 7:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 59:11

Ezekyèl 7:17

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di y ap pipi sou yo tèlman y ap pè.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 21:7

Ezekyèl 7:18

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di y ap raze cheve yo poutèt y ap nan lapenn.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 3:24
  • +Eza 22:12

Ezekyèl 7:19

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Nanm yo”.

  • *

    Anpalan de ajan ak lò yo genyen yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 11:4; Sf 1:18

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 69-70

Ezekyèl 7:20

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de bagay yo genyen ki fèt ak lò ak ajan.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 21:1, 7; Jr 7:30

Ezekyèl 7:21

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de lò ak ajan yo itilize pou yo fè zidòl yo.

Ezekyèl 7:22

Nòt anba paj

  • *

    Sanble y ap pale de chanm ki pi anndan nan tanp Jewova a.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 18:17
  • +2Kw 36:19; Lm 1:10

Ezekyèl 7:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 39:6, 7; Lm 3:7
  • +2Wa 21:16; 24:3, 4; Jr 2:34; Eze 9:9
  • +Eza 59:6; Mi 2:2

Ezekyèl 7:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 28:48-51; Eze 21:31; Ab 1:6
  • +Jr 6:12; Lm 5:2
  • +Eze 21:2

Ezekyèl 7:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 57:21; Jr 8:15

Ezekyèl 7:26

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pap bay enstriksyon”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 21:1, 2; 37:17
  • +Sm 74:9; Lm 2:9; Eze 20:3

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 66, 70

Ezekyèl 7:27

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ap tris”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 52:10
  • +Eze 6:13

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 7:4Eze 5:11
Eze. 7:4Jr 16:18; Eze 16:43
Eze. 7:4Eze 6:13
Eze. 7:52Wa 21:12; Dn 9:12
Eze. 7:7Sf 1:14
Eze. 7:82Kw 34:21
Eze. 7:8Jr 7:20; Eze 5:13
Eze. 7:9Jr 13:14
Eze. 7:9Eza 66:6; Eze 33:29
Eze. 7:10Sf 1:14
Eze. 7:11Eza 59:6; Jr 6:7; Mi 6:12
Eze. 7:12Sf 1:18
Eze. 7:14Jr 4:5
Eze. 7:14Jr 7:20; 12:12
Eze. 7:15Le 26:25
Eze. 7:15Jr 14:18; Eze 5:12
Eze. 7:16Eza 59:11
Eze. 7:17Eze 21:7
Eze. 7:18Eza 3:24
Eze. 7:18Eza 22:12
Eze. 7:19Pw 11:4; Sf 1:18
Eze. 7:202Wa 21:1, 7; Jr 7:30
Eze. 7:22Jr 18:17
Eze. 7:222Kw 36:19; Lm 1:10
Eze. 7:23Jr 39:6, 7; Lm 3:7
Eze. 7:232Wa 21:16; 24:3, 4; Jr 2:34; Eze 9:9
Eze. 7:23Eza 59:6; Mi 2:2
Eze. 7:24Dt 28:48-51; Eze 21:31; Ab 1:6
Eze. 7:24Jr 6:12; Lm 5:2
Eze. 7:24Eze 21:2
Eze. 7:25Eza 57:21; Jr 8:15
Eze. 7:26Jr 21:1, 2; 37:17
Eze. 7:26Sm 74:9; Lm 2:9; Eze 20:3
Eze. 7:27Jr 52:10
Eze. 7:27Eze 6:13
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 7:1-27

Ezekyèl

7 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 2 “Ou menm, pitit lòm, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di peyi Izrayèl: ‘Lafen an rive! Lafen an rive sou kat kwen peyi a. 3 Kounye a, lafen an rive sou ou. M ap vide kòlè m sou ou. M ap jije w pou sa w fè e m ap fè w rann kont pou tout vye aksyon w fè yo. 4 Mwen pap gen pitye pou ou, ni mwen pap gen konpasyon pou ou+. Paske, m ap fè w peye pou sa w fè, w ap sibi konsekans vye aksyon w te fè yo+ e w ap konnen mwen se Jewova+.’

5 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Gade! Gen yon malè k ap vini, yon sèl malè a+. 6 Lafen an ap vini, wi, lafen an ap vini. L ap vini* sou ou bridsoukou. Gade! L ap vini. 7 Tou pa w* rive kounye a, ou menm ki abite nan peyi a. Lè a ap vini, jou a toupre+. Se konfizyon ki gen nan mòn yo, pa gen moun k ap rele ak kè kontan.

8 “‘Nan yon ti tan ankò, m ap vide kòlè m sou ou+, wi, m ap lage tout kòlè m nèt sou ou+. M ap jije w pou sa w fè e m ap fè w rann kont pou tout vye aksyon w fè yo. 9 Mwen pap gen pitye pou ou, ni mwen pap gen konpasyon pou ou+. M ap fè w peye pou sa w fè, w ap sibi konsekans vye aksyon w te fè yo e w ap konnen se mwen menm, Jewova, k ap frape w+.

10 “‘Gade, jou a ap vini+! Wi, l ap vini! Tou pa w* rive kounye a. Baton pou m bay pinisyon an pare, ènmi an vin gen plis ògèy. 11 Vyolans tounen yon baton pou pini mechanste+. Ni yo menm, ni richès yo, ni foul moun yo, ni glwa yo genyen an ap peri. 12 Lè a ap vini, wi, jou a ap rive. Pinga moun k ap achte a rejwi e pinga moun k ap vann nan nan lapenn, paske kòlè Bondye kont yo tout*+. 13 Paske, moun k ap vann nan pap tounen pou l jwenn sa l te vann nan, menmsi li ta chape vivan, paske, vizyon an konsène yo tout. Pa gen pèsonn k ap tounen. Akoz peche li fè yo, pa gen yon moun k ap rete vivan.

14 “‘Yo sonnen twonpèt la+ e tout moun pare, men pa gen pèsonn ki al nan batay la. Paske, mwen an kòlè kont yo tout+. 15 Pa deyò se epe+, pa anndan se maladi ak grangou. Tout moun ki nan savann nan, se epe k ap touye yo, e tout moun ki anndan vil la ap mouri anba grangou ak maladi+. 16 Moun ki rive chape yo ap kouri al nan mòn e y ap plenn tankou toutrèl ki nan vale yo poutèt peche yo fè yo+. 17 Tout moun ap rete ak men yo pandye, e dlo ap degoute nan jenou yo tout*+. 18 Y ap met twal sak sou yo+ e yo tout ap pran tranble. Tout moun ap wont, tout tèt ap vin chòv*+.

19 “‘Y ap voye ajan yo genyen yo nan lari e y ap gen degoutans pou lò yo posede yo. Ni ajan yo genyen yo ni lò yo genyen yo pap ka sove yo nan jou kòlè Jewova a+. Yo* pap satisfè ni yo pap plen vant yo, paske, yo* tounen yon obstak ki fè yo peche. 20 Yo te gonfle lestomak yo poutèt bèl dekorasyon yo te genyen yo e se avèk bagay sa yo* yo te fè yon seri vye zidòl, zidòl ki bay degoutans+. Se poutèt sa m ap fè yo gen degoutans pou ajan ak lò yo genyen yo. 21 M ap fè etranje vòlè yo*, m ap fè mechan ki sou tè a pran yo e y ap aji san respè avèk yo.

22 “‘M ap vire tèt mwen pou m pa gade yo+ e y ap derespekte kote mwen genyen ki kache a*. Vòlè ap antre ladan l e y ap derespekte l+.

23 “‘Fè chenn+, paske, nan tout peyi a, moun ap mouri akoz move jijman k ap fèt+ e vil la chaje ak vyolans+. 24 M ap fè nasyon ki pi mal la vini+ e moun nan nasyon sa a ap pran kay yo+. M ap fè moun ki gen fòs yo sispann gen ògèy, e y ap derespekte kote yo genyen ki sakre yo+. 25 Lè y a kòmanse soufri, y a chèche lapè, men yo pap jwenn li+. 26 Malè ap vini youn apre lòt e nouvèl ap vini youn apre lòt. Moun pral chèche vizyon nan men pwofèt+. Prèt yo pap anseye lalwa* ankò e ansyen yo ki nan pèp la pap bay konsèy ankò+. 27 Wa a ap nan lapenn+ e chèf la ap pèdi espwa*. Men, tout moun nan peyi a ap pran tranble tèlman y ap pè. M ap aji avèk yo selon fason yo aji, m ap jije yo jan yo jije lòt moun e y ap konnen mwen se Jewova+.’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje