BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 8
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Yo mennen Ezekyèl Jerizalèm nan yon vizyon (1-4)

      • Li wè bagay ki bay degoutans nan tanp lan (5-18)

        • Medam k ap kriye pou Tamouz (14)

        • Gason k ap adore solèy la (16)

Ezekyèl 8:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    2/2018, p. 3

Ezekyèl 8:2

Nòt anba paj

  • *

    Se yon melanj lò ak ajan ki klere anpil.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 7:9
  • +Eze 1:4, 27

Ezekyèl 8:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 20:2; Eze 9:2
  • +Dt 32:16

Ezekyèl 8:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 40:34
  • +Eze 1:27, 28

Ezekyèl 8:5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 53-54, 56

Ezekyèl 8:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 36:14
  • +Jr 26:4, 6

Ezekyèl 8:10

Nòt anba paj

  • *

    Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 11:10
  • +Eg 20:4, 5

Ezekyèl 8:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 22:3, 4; 25:22; Jr 26:24
  • +Eze 16:17, 18

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 54-58

Ezekyèl 8:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 29:15; Eze 9:9

Ezekyèl 8:14

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 57-58

Ezekyèl 8:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 36:14

Ezekyèl 8:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 4:9
  • +Dt 4:19; 2Wa 17:16; Jr 8:1, 2

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 57, 58-59

Ezekyèl 8:17

Nòt anba paj

  • *

    Sanble se yon branch bwa yo te konn itilize lè y ap adore zidòl.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 21:16; Jr 19:4; Eze 9:9

Ezekyèl 8:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 5:11; 7:9
  • +Eza 1:15; Mi 3:4

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 8:2Dn 7:9
Eze. 8:2Eze 1:4, 27
Eze. 8:3Jr 20:2; Eze 9:2
Eze. 8:3Dt 32:16
Eze. 8:4Eg 40:34
Eze. 8:4Eze 1:27, 28
Eze. 8:62Kw 36:14
Eze. 8:6Jr 26:4, 6
Eze. 8:10Le 11:10
Eze. 8:10Eg 20:4, 5
Eze. 8:112Wa 22:3, 4; 25:22; Jr 26:24
Eze. 8:11Eze 16:17, 18
Eze. 8:12Eza 29:15; Eze 9:9
Eze. 8:152Kw 36:14
Eze. 8:162Kw 4:9
Eze. 8:16Dt 4:19; 2Wa 17:16; Jr 8:1, 2
Eze. 8:172Wa 21:16; Jr 19:4; Eze 9:9
Eze. 8:18Eze 5:11; 7:9
Eze. 8:18Eza 1:15; Mi 3:4
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 8:1-18

Ezekyèl

8 Nan sizyèm ane a, nan sizyèm mwa a, nan senkyèm jou nan mwa a, pandan m te chita lakay mwen, pandan ansyen ki nan Jida yo te chita devan m, pisans Jewova, Seyè ki Souvren an, te desann sou mwen. 2 Pandan m t ap gade, mwen te wè fòm yon moun ki sanble ak dife. Soti nan sa m te wè ki te sanble ak senti l la desann, kò l te tankou dife+. Soti nan senti l monte, li te klere tankou lò blan*+. 3 Apre sa, li lonje yon bagay ki te sanble ak yon men epi li pran m nan cheve. Epi, nan yon vizyon Bondye ban mwen, gen yon fòs ki transpòte m ant tè a ak syèl la ki mennen m Jerizalèm. Li mennen m nan antre pòtay ki pa anndan an+ ki bay nan direksyon nò a, kote zidòl ki lakòz jalouzi a te ye a+. 4 Epi, gade! Glwa Bondye Izrayèl la te la+, tankou sa m te wè nan vale a+.

5 Apre sa, li di m: “Pitit lòm, tanpri, leve je w gade nan direksyon nò.” Vrèmanvre, mwen leve je m pou m gade nan direksyon nò. Lè m gade, nan direksyon nò parapò ak pòtay lotèl la, mwen wè zidòl ki lakòz jalouzi a nan antre a. 6 Apre sa, li di m: “Pitit lòm, èske w wè vye bagay ki bay degoutans Izrayelit yo ap fè isit la+, yon seri bagay ki fè m kanpe lwen tanp mwen an+? Men, ou gen pou w wè lòt bagay ki bay degoutans ki pi mal toujou.”

7 Apre sa, li mennen m bò kot antre lakou a. Lè m gade, mwen wè yon twou nan mi an. 8 Li di m: “Pitit lòm, tanpri, fè twou nan mi an pi gwo.” Vrèmanvre, mwen fè twou nan mi an pi gwo epi mwen wè yon kote pou m antre. 9 Li di m: “Antre pou w wè tout vye bagay ki bay degoutans y ap fè isit la.” 10 Vrèmanvre, mwen antre, mwen gade e mwen wè tout kalite imaj bèt ki rale sou vant ak bèt ki bay degoutans+ ansanm ak tout zidòl moun Izrayèl yo te fè yo, yon seri zidòl ki bay degoutans*+. Imaj sa yo te grave toupatou nan mi an. 11 Epitou, te gen 70 ansyen nan mitan pèp Izrayèl la ki te kanpe devan yo. Jayazànya, pitit gason Chafan+, te la tou nan mitan yo. Yo chak te gen ansanswa yo nan men yo e te gen yon gwo lafimen lansan santi bon ki t ap monte+. 12 Li di m: “Pitit lòm, èske w wè ki sa ansyen ki nan mitan pèp Izrayèl la ap fè nan fènwa? Èske w wè sa yo chak ap fè nan chanm ki pi anndan yo, kote yo mete zidòl yo genyen yo? Paske, yo di: ‘Jewova pa wè nou. Jewova abandone peyi a+.’”

13 Apre sa, li di m: “Ou gen pou w wè lòt bagay ki bay degoutans y ap fè ki pi mal toujou.” 14 Apre sa, li mennen m nan antre pòtay kay Jewova a ki nan nò a. Lè m rive la mwen wè yon seri medam k ap kriye pou dye yo rele Tamouz la.

15 Apre sa, li di m: “O pitit lòm, ou wè sa? Ou gen pou w wè lòt bagay ki pi mal toujou+.” 16 Apre sa, li mennen m nan lakou kay Jewova a+, lakou ki anndan an. Lè m rive la, nan antre tanp Jewova a, ant pati ki devan kay la ak lotèl la, mwen wè anviwon 25 gason ki bay tanp Jewova a do. Figi yo te bay nan direksyon lès. Yo t ap pwostène devan solèy la nan direksyon lès+.

17 Li di m: “Pitit lòm, ou wè sa? Lè moun Jida yo ap fè bagay sa yo ki bay degoutans, lè y ap fè vyolans+ nan tout peyi a e yo kontinye ap fè m fache, èske sa se yon bagay ki piti? Ou wè ki jan y ap lonje branch bwa a* devan nen m. 18 Se sa k fè m ap lage kòlè m sou yo. Mwen pap gen pitye pou yo, ni mwen pap gen konpasyon pou yo+. Menmsi yo rele byen fò nan zòrèy mwen, mwen pap koute yo+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje