BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 11
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Yo kondane chèf ki mechan yo (1-13)

        • Yo konpare vil la ak yon chodyè (3-12)

      • Bondye pwomèt pèp la ap retounen nan peyi a (14-21)

        • Bondye ap fè yo “panse yon lòt jan” (19)

      • Glwa Bondye deplase kite Jerizalèm (22, 23)

      • Ezekyèl retounen nan peyi Kalde nan yon vizyon (24, 25)

Ezekyèl 11:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 10:19
  • +Eza 1:23; Eze 22:27

Ezekyèl 11:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “kont”.

Ezekyèl 11:3

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Li”. Anpalan de Jerizalèm, vil kote Juif yo te panse yo t ap jwenn pwoteksyon an.

  • *

    Oswa: “se chodyè bouch li men lajè a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 12:27
  • +Eze 24:3

Ezekyèl 11:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 3:17; 20:46; 21:2

Ezekyèl 11:5

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “konn ki sa ki monte nan lespri nou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2P 1:21

Ezekyèl 11:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 7:23; 22:3, 4

Ezekyèl 11:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 24:6

Ezekyèl 11:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 38:19

Ezekyèl 11:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 39:6, 7; 52:24-27

Ezekyèl 11:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 25:18-21; 2Kw 36:17
  • +2Wa 14:25; Jr 52:27
  • +Eze 6:13

Ezekyèl 11:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Esd 9:7; Ne 9:34
  • +Dt 12:29-31; 2Kw 28:1, 3; Sm 106:34-36

Ezekyèl 11:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 9:8

Ezekyèl 11:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 24:14, 15; Jr 24:5
  • +Le 26:44

Ezekyèl 11:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 11:11, 12; Jr 30:10, 11; Eze 34:13, 14; Am 9:14, 15

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 101, 105-106

Ezekyèl 11:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 37:23

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 100

Ezekyèl 11:19

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “M ap ba yo yon kè”.

  • *

    Sa vle di yon kè ki dispoze fè sa Bondye di.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 24:7; 31:33; 32:39
  • +Sm 51:10; Eze 36:31
  • +Za 7:12
  • +Eze 36:26

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 102, 107

Ezekyèl 11:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 1:19
  • +Eze 10:18, 19

Ezekyèl 11:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 9:3; 10:4
  • +Za 14:4

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 11:1Eze 10:19
Eze. 11:1Eza 1:23; Eze 22:27
Eze. 11:3Eze 12:27
Eze. 11:3Eze 24:3
Eze. 11:4Eze 3:17; 20:46; 21:2
Eze. 11:52P 1:21
Eze. 11:6Eze 7:23; 22:3, 4
Eze. 11:7Eze 24:6
Eze. 11:8Jr 38:19
Eze. 11:9Jr 39:6, 7; 52:24-27
Eze. 11:102Wa 25:18-21; 2Kw 36:17
Eze. 11:102Wa 14:25; Jr 52:27
Eze. 11:10Eze 6:13
Eze. 11:12Esd 9:7; Ne 9:34
Eze. 11:12Dt 12:29-31; 2Kw 28:1, 3; Sm 106:34-36
Eze. 11:13Eze 9:8
Eze. 11:162Wa 24:14, 15; Jr 24:5
Eze. 11:16Le 26:44
Eze. 11:17Eza 11:11, 12; Jr 30:10, 11; Eze 34:13, 14; Am 9:14, 15
Eze. 11:18Eze 37:23
Eze. 11:19Jr 24:7; 31:33; 32:39
Eze. 11:19Sm 51:10; Eze 36:31
Eze. 11:19Za 7:12
Eze. 11:19Eze 36:26
Eze. 11:22Eze 1:19
Eze. 11:22Eze 10:18, 19
Eze. 11:23Eze 9:3; 10:4
Eze. 11:23Za 14:4
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 11:1-25

Ezekyèl

11 Apre sa, gen yon fòs ki leve m epi li mennen m nan pòtay kay Jewova a ki bay nan direksyon lès la+. Nan antre pòtay la, mwen te wè 25 gason. Yo te chèf nan mitan pèp la. Pami yo te gen Jayazànya, pitit gason Azou, ak Pelatya, pitit gason Benaya+. 2 Lè sa a, Bondye di m: “Pitit lòm, se mesye sa yo k ap fè konplo pou yo fè sa ki mal e k ap bay move konsèy nan* vil sa a. 3 Y ap di: ‘Èske se pa bon moman pou nou bati kay+? Vil la* se chodyè a*+ e nou menm nou se vyann nan.’

4 “Kidonk, pitit lòm, se pou w pwofetize kont yo. Wi, se pou w pwofetize kont yo+.”

5 Apre sa, lespri Jewova vin sou mwen+ epi Bondye di m: “Men sa pou w di: ‘Jewova di: “O nou menm, moun Izrayèl, sa nou di a se sa e mwen konn sa n panse*. 6 Nou lakòz anpil moun mouri nan vil sa a, e nou plen tout lari l yo ak kadav+.”’” 7 “Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Kadav nou te lage toupatou nan vil la, se yo menm ki vyann nan, e vil la se chodyè a+. Men nou menm, y ap retire nou ladan l.’”

8 “‘Nou pè lagè+, men se lagè m ap fè frape nou.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. 9 ‘M ap fè nou soti ladan l, m ap lage nou anba men etranje e m ap pini nou+. 10 Y ap touye nou ak kout epe+. M ap pini nou sou fwontyè Izrayèl la+ e n ap konnen mwen se Jewova+. 11 Vil la pap tankou yon chodyè pou nou e nou pap tankou vyann ki ladan l. M ap pini nou sou fwontyè Izrayèl 12 e n ap konnen mwen se Jewova. Paske, nou pa t mache selon kòmandman m yo e nou pa t obeyi lwa m yo+, men nou te obeyi lwa nasyon ki toutotou nou yo+.’”

13 Mwen annik fin pwofetize, Pelatya, pitit gason Benaya a, mouri. Lè sa a, mwen tonbe fas atè epi m kòmanse rele. Mwen t ap di: “Elas! O Jewova, Seyè ki Souvren an! Èske w ap fin detwi tout moun Izrayèl ki rete yo nèt+?”

14 Jewova pale avè m ankò, li di m: 15 “Pitit lòm, men sa moun ki abite Jerizalèm yo di frè w yo, frè w ki gen dwa pou yo rachte a, ansanm ak tout moun Izrayèl yo: ‘Se pou nou rete lwen Jewova. Peyi a se pou nou, nou te resevwa l kòm byen pa nou.’ 16 Kidonk, se pou w di: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Menmsi mwen voye yo ann egzil byen lwen nan nasyon yo e mwen gaye yo nan plizyè peyi+, m ap tounen yon kote ki sakre pou yo pandan yon ti tan, nan peyi kote yo ye yo+.”’

17 “Kidonk, se pou w di: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Mwen pral chèche nou nan mitan pèp ak peyi kote m te gaye nou yo e m ap ban nou peyi Izrayèl+.” 18 “Y ap retounen nan peyi a, y ap detwi tout bagay ki bay degoutans yo e y ap sispann pratike tout vye bagay yo t ap pratike yo+. 19 M ap fè yo fè yon sèl*+, m ap fè yo panse yon lòt jan+, m ap retire kè yo gen anndan yo ki di kou wòch la+ e m ap ba yo yon kè ki sansib*+ 20 pou yo ka suiv kòmandman m yo ak lwa m yo, pou yo respekte yo e pou yo obeyi yo. Lè sa a, y ap retounen vin pèp mwen e m ap vin Bondye yo.”’

21 “‘“Men, kanta pou moun ki byen deside pou yo ret atache ak bagay ki bay degoutans yo e pou yo kontinye pratike vye bagay y ap pratike yo, m ap fè yo peye pou sa.” Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.’”

22 Epi, cheriben yo leve zèl yo. Wou yo te bò kote yo+, e glwa Bondye Izrayèl la te anlè tèt yo+. 23 Apre sa, glwa Jewova+ monte sot nan vil la e l al rete pa anlè mòn ki alès vil la+. 24 Epi, nan yon vizyon Bondye ban mwen, gen yon fòs ki leve m e ki mennen m nan peyi Kalde, nan mitan moun ki ann egzil yo. Epitou, vizyon an fini. 25 Apre sa, mwen kòmanse rakonte moun ki ann egzil yo tout bagay Jewova te montre m yo.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje