BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 20
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Istwa rebelyon pèp Izrayèl la (1-32)

      • Bondye pwomèt pèp Izrayèl la ap retounen nan peyi l (33-44)

      • Pwofesi kont direksyon sid la (45-49)

Ezekyèl 20:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 1:12, 15; Eze 14:3

Ezekyèl 20:4

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pou w ba yo santans yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 16:51; 22:2; Lk 11:47

Ezekyèl 20:5

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “te leve men m”.

  • *

    Lit.: “bay semans Jakòb la”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 7:6
  • +Eg 4:31; 6:7, 8

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/10/2012, p. 24

Ezekyèl 20:6

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Peyi sa a se te dekorasyon”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 3:8

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/10/2012, p. 24

Ezekyèl 20:7

Nòt anba paj

  • *

    Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 18:3; Dt 29:16, 17; Joz 24:14
  • +Le 20:7

Ezekyèl 20:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 32:4

Ezekyèl 20:9

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de moun Izrayèl yo.

  • *

    Anpalan de moun Izrayèl yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 14:13-16; Dt 9:27, 28; 1Sa 12:22
  • +Eg 32:11, 12; Joz 2:9, 10; 9:3, 9; 1Sa 4:7, 8

Ezekyèl 20:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 13:17, 18; 15:22

Ezekyèl 20:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 4:8
  • +Dt 8:3; 30:16

Ezekyèl 20:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:8-10; Le 23:3, 24; 25:4, 11
  • +Eg 31:13; 35:2

Ezekyèl 20:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 32:8; Nb 14:22, 23
  • +Nb 14:11, 12

Ezekyèl 20:14

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de moun Izrayèl yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 7:9; Eze 36:22

Ezekyèl 20:15

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ki se dekorasyon”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 14:30; Sm 95:11; 106:26, 27
  • +Nb 13:26, 27

Ezekyèl 20:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 32:1, 4; Nb 25:1, 2; Tr 7:42

Ezekyèl 20:17

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “je m”.

Ezekyèl 20:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 14:33
  • +Sm 78:8

Ezekyèl 20:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 4:1

Ezekyèl 20:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 17:22
  • +Eg 31:13

Ezekyèl 20:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 25:1; Dt 9:23
  • +Eza 63:10

Ezekyèl 20:22

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de moun Izrayèl yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 78:38
  • +Sm 25:11; 79:9; Jr 14:7; Dn 9:19

Ezekyèl 20:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:33; Sm 106:26, 27

Ezekyèl 20:24

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “e je yo t ap chèche”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:15, 16
  • +Jr 2:7

Ezekyèl 20:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 81:12

Ezekyèl 20:26

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pase”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 18:21; Jr 7:31

Ezekyèl 20:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 23:5
  • +Dt 12:2

Ezekyèl 20:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 16:24, 25

Ezekyèl 20:30

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ki te aji tankou pwostitye nan adorasyon y ap ban mwen”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 2:19; 2Kw 21:13; Jr 13:26, 27

Ezekyèl 20:31

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pase”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 18:10, 12; Sm 106:36-38; Jr 7:31
  • +Eza 1:15
  • +Za 7:13

Ezekyèl 20:32

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sèvi”.

  • *

    Lit.: “lespri”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 44:17

Ezekyèl 20:33

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 21:5; Eze 8:18

Ezekyèl 20:34

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 27:13; Eze 34:16

Ezekyèl 20:35

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 2:9

Ezekyèl 20:37

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 27:32; Eze 34:17

Ezekyèl 20:38

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 34:20, 21
  • +Eze 13:9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 107

Ezekyèl 20:39

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 10:14; Sm 81:12
  • +Eza 1:13; Eze 23:39

Ezekyèl 20:40

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 2:2, 3; 66:20
  • +Eza 56:7; Za 8:22
  • +Mal 3:4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 101, 106-107

Ezekyèl 20:41

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “k ap kalme m”. Lit.: “k ap ban m repo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 11:11; Jr 23:3
  • +Eza 5:16; Eze 38:23

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 107-109

Ezekyèl 20:42

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 36:23
  • +Eze 11:17

Ezekyèl 20:43

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “figi”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:40; Eze 6:9; 16:61
  • +Jr 31:18

Ezekyèl 20:44

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 79:9; Eze 36:22, 23

Ezekyèl 20:47

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 32:22; Jr 21:14
  • +Eza 66:24

Ezekyèl 20:48

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 7:20; Lm 2:17

Ezekyèl 20:49

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    7/2017, p. 3

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 20:3Eza 1:12, 15; Eze 14:3
Eze. 20:4Eze 16:51; 22:2; Lk 11:47
Eze. 20:5Dt 7:6
Eze. 20:5Eg 4:31; 6:7, 8
Eze. 20:6Eg 3:8
Eze. 20:7Le 18:3; Dt 29:16, 17; Joz 24:14
Eze. 20:7Le 20:7
Eze. 20:8Eg 32:4
Eze. 20:9Nb 14:13-16; Dt 9:27, 28; 1Sa 12:22
Eze. 20:9Eg 32:11, 12; Joz 2:9, 10; 9:3, 9; 1Sa 4:7, 8
Eze. 20:10Eg 13:17, 18; 15:22
Eze. 20:11Dt 4:8
Eze. 20:11Dt 8:3; 30:16
Eze. 20:12Eg 20:8-10; Le 23:3, 24; 25:4, 11
Eze. 20:12Eg 31:13; 35:2
Eze. 20:13Eg 32:8; Nb 14:22, 23
Eze. 20:13Nb 14:11, 12
Eze. 20:14Joz 7:9; Eze 36:22
Eze. 20:15Nb 14:30; Sm 95:11; 106:26, 27
Eze. 20:15Nb 13:26, 27
Eze. 20:16Eg 32:1, 4; Nb 25:1, 2; Tr 7:42
Eze. 20:18Nb 14:33
Eze. 20:18Sm 78:8
Eze. 20:19Dt 4:1
Eze. 20:20Jr 17:22
Eze. 20:20Eg 31:13
Eze. 20:21Nb 25:1; Dt 9:23
Eze. 20:21Eza 63:10
Eze. 20:22Sm 78:38
Eze. 20:22Sm 25:11; 79:9; Jr 14:7; Dn 9:19
Eze. 20:23Le 26:33; Sm 106:26, 27
Eze. 20:24Le 26:15, 16
Eze. 20:24Jr 2:7
Eze. 20:25Sm 81:12
Eze. 20:26Le 18:21; Jr 7:31
Eze. 20:28Joz 23:5
Eze. 20:28Dt 12:2
Eze. 20:29Eze 16:24, 25
Eze. 20:30Jj 2:19; 2Kw 21:13; Jr 13:26, 27
Eze. 20:31Dt 18:10, 12; Sm 106:36-38; Jr 7:31
Eze. 20:31Eza 1:15
Eze. 20:31Za 7:13
Eze. 20:32Jr 44:17
Eze. 20:33Jr 21:5; Eze 8:18
Eze. 20:34Eza 27:13; Eze 34:16
Eze. 20:35Jr 2:9
Eze. 20:37Le 27:32; Eze 34:17
Eze. 20:38Eze 34:20, 21
Eze. 20:38Eze 13:9
Eze. 20:39Jj 10:14; Sm 81:12
Eze. 20:39Eza 1:13; Eze 23:39
Eze. 20:40Eza 2:2, 3; 66:20
Eze. 20:40Eza 56:7; Za 8:22
Eze. 20:40Mal 3:4
Eze. 20:41Eza 11:11; Jr 23:3
Eze. 20:41Eza 5:16; Eze 38:23
Eze. 20:42Eze 36:23
Eze. 20:42Eze 11:17
Eze. 20:43Le 26:40; Eze 6:9; 16:61
Eze. 20:43Jr 31:18
Eze. 20:44Sm 79:9; Eze 36:22, 23
Eze. 20:47Dt 32:22; Jr 21:14
Eze. 20:47Eza 66:24
Eze. 20:482Kw 7:20; Lm 2:17
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
  • 36
  • 37
  • 38
  • 39
  • 40
  • 41
  • 42
  • 43
  • 44
  • 45
  • 46
  • 47
  • 48
  • 49
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 20:1-49

Ezekyèl

20 Nan setyèm ane a, nan senkyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, kèk ansyen ki nan pèp Izrayèl la te vini e yo te chita devan m pou yo poze Jewova kesyon. 2 Lè sa a, Jewova pale avè m, li di m: 3 “Pitit lòm, pale ak ansyen ki nan pèp Izrayèl la, di yo: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Èske nou vin kote m pou nou poze m kesyon? ‘Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman, mwen pap reponn nou+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”’

4 “Èske w pare pou w jije yo*? Pitit lòm, èske w pare pou w jije yo? Fè yo konnen bagay ki bay degoutans zansèt yo te fè yo+. 5 Se pou w di yo: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Jou m te chwazi Izrayèl la+, mwen te fè sèman* bay desandan Jakòb yo* e m te fè yo konnen kiyès mwen ye nan peyi Ejip+. Wi, mwen te fè sèman ba yo e m te di yo: ‘Mwen se Jewova, Bondye nou an.’ 6 Jou sa a, mwen te fè sèman mwen t ap fè yo soti nan peyi Ejip pou m mennen yo nan yon peyi mwen te chwazi pou yo, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+. Peyi sa a te pi bèl pase* tout lòt peyi yo. 7 Lè sa a, mwen te di yo: ‘Se pou nou chak jete bagay ki bay degoutans n ap sèvi yo. Pinga nou sal tèt nou ak zidòl peyi Ejip yo ki bay degoutans*+. Mwen se Jewova, Bondye nou an+.’

8 “‘“Men, yo te fè rebèl avè m e yo pa t vle koute m. Yo pa t jete zidòl yo t ap sèvi yo ki bay degoutans, yo pa t vire do bay zidòl peyi Ejip yo ki bay degoutans+. Se sa k fè mwen te pwomèt m ap lage raj mwen sou yo. Wi, mwen te pwomèt m ap lage tout kòlè m nèt sou yo nan peyi Ejip. 9 Men, mwen te aji poutèt non m, yon fason pou moun nasyon kote yo t ap viv yo pa t derespekte non m+. Paske, mwen te fè yo* konn kiyès mwen ye devan je nasyon sa yo lè m te fè yo* soti kite peyi Ejip+. 10 Vrèmanvre, mwen te fè yo soti nan peyi Ejip e m te mennen yo nan dezè a+.

11 “‘“Apre sa, mwen te ba yo kòmandman m yo ak lwa m yo+, yon fason pou moun ki obeyi yo ka gen lavi grasa yo+. 12 Mete sou sa, mwen te ba yo saba m yo+ kòm siy ant mwen menm avèk yo+, yon fason pou yo te ka konnen se mwen menm, Jewova, ki mete yo apa pou mwen.

13 “‘“Men, moun Izrayèl yo te fè rebèl avè m nan dezè a+. Yo pa t obeyi kòmandman m yo, yo te rejte lwa m yo, yon seri kòmandman ak lwa moun ki obeyi yo ap gen lavi grasa yo. Yo pa t gen okenn respè pou saba m yo. Se sa k fè mwen te pwomèt m ap lage kòlè m sou yo nan dezè a pou m elimine yo+. 14 Mwen te aji poutèt non m, yon fason pou moun nan nasyon yo ki te wè mwen fè yo* soti kite peyi a pa t derespekte non m+. 15 Epitou, mwen te fè sèman ba yo nan dezè a. Mwen te fè yo konnen mwen pa t ap fè yo antre nan peyi mwen te ba yo a+, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+ e ki pi bèl pase* tout lòt peyi yo. 16 Paske, yo te rejte lwa m yo, yo pa t obeyi kòmandman m yo e yo pa t gen respè pou saba m yo. Yo te fè sa paske nan kè yo se zidòl yo genyen ki bay degoutans yo yo te vle sèvi+.

17 “‘“Men, mwen* te gen pitye pou yo e mwen pa t detwi yo. Mwen pa t elimine yo nan dezè a. 18 Mwen te pale ak pitit yo nan dezè a+, mwen te di yo: ‘Pinga nou fè sa zansèt nou yo te konn fè yo+, pinga nou mache selon desizyon yo te pran yo ni pinga nou sal tèt nou ak zidòl yo te genyen yo ki bay degoutans. 19 Mwen se Jewova, Bondye nou an. Se kòmandman m yo pou nou obeyi, se lwa m yo pou nou kenbe, se yo pou nou obeyi+. 20 Se pou nou konsidere saba m yo kòm bagay ki sakre+. Y ap sèvi kòm yon siy ant mwen menm avèk nou. Konsa, n ap konnen mwen se Jewova, Bondye nou an+.’

21 “‘“Men, pitit yo te kòmanse fè rebèl avè m+. Yo pa t obeyi kòmandman m yo e yo te rejte lwa m yo, yon seri kòmandman ak lwa moun ki obeyi yo ap gen lavi grasa yo. Yo pa t gen respè pou saba m yo. Se sa k fè mwen te pwomèt m ap lage raj mwen sou yo. Wi, mwen te pwomèt m ap lage tout kòlè m nèt sou yo nan dezè a+. 22 Men, mwen pa t fè sa+, mwen te aji poutèt non m+, yon fason pou moun nan nasyon yo ki te wè mwen fè yo* soti kite peyi a pa t derespekte non m. 23 Mete sou sa, mwen te fè sèman ba yo nan dezè a, mwen te fè yo konnen m ap gaye yo nan mitan nasyon yo, m ap gaye yo nan peyi yo+, 24 paske yo pa t obeyi lwa m yo, yo te rejte kòmandman m yo+, yo pa t gen respè pou saba m yo e yo te sèvi* zidòl zansèt yo te genyen yo ki bay degoutans+. 25 Mete sou sa, mwen te kite yo obeyi yon seri kòmandman ki pa t bon, yon seri lwa ki pa t ap pèmèt yo gen lavi+. 26 Mwen te kite yo sal tèt yo nan boule* premye pitit yo nan dife kòm sakrifis+ pou m ka fini ak yo nèt e pou yo ka konnen mwen se Jewova.”’

27 “Kidonk, pale ak moun Izrayèl yo, o pitit lòm. Se pou w di yo: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Zansèt nou yo tou te manke m dega menm jan an. Yo pa t fidèl ak mwen. 28 Mwen te mennen yo nan peyi mwen te fè sèman mwen t ap ba yo a+. Lè yo te wè tout mòn ki wo yo ak pyebwa ki chaje fèy yo+, yo te kòmanse ofri sakrifis ak lòt ofrann, e sa te fè m fache. Yo te ofri sakrifis ki bay bon sant e yo te vide bwason kòm ofrann. 29 Se sa k fè mwen te mande yo: ‘Ki sa n al chèche nan kote ki wo nou konn fè adorasyon an? (Jis jodi a, yo rele kote sa a Kote ki wo yo konn fè adorasyon+.)’”’

30 “Kounye a, se pou w di moun Izrayèl yo: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Èske n ap sal tèt nou menm jan ak zansèt nou yo ki te montre yo pa fidèl*, ki t ap sèvi zidòl yo te genyen ki bay degoutans yo+? 31 Èske n ap kontinye sal tèt nou jodi a toujou nan ofri sakrifis bay tout zidòl nou genyen yo ki bay degoutans? Èske n ap kontinye boule* pitit gason nou yo nan dife+? O nou menm moun Izrayèl, èske m ta dwe reponn kesyon nou yo alòske n ap fè bagay sa yo+?”’

“‘Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman, mwen pap reponn kesyon nou yo.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di+. 32 ‘Nou di: “Annou vin menm jan ak nasyon yo, menm jan ak fanmi ki nan lòt peyi yo, ki adore* bwa ak wòch+”. Men, sa nou gen nan tèt* nou lè nou di sa a pap janm rive.’”

33 “‘Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman, m ap dirije nou antanke wa. M ap pini nou ak fòs ponyèt mwen, m ap vide kòlè m sou nou.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di+. 34 ‘M ap fè nou soti nan mitan pèp yo, m ap fè nou soti nan peyi kote nou te gaye yo pou m rasanble nou. M ap fè sa ak fòs ponyèt mwen. M ap vide kòlè m sou nou+. 35 M ap mennen nou nan dezè pèp yo e se la m ap jije nou fasafas+.

36 “‘Menm jan mwen te jije zansèt nou yo nan dezè peyi Ejip la, se konsa mwen gen pou m jije nou tou.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. 37 ‘M ap fè nou pase anba baton bèje a+ e m ap fè nou respekte alyans lan. 38 Men, m ap retire rebèl ki nan mitan nou yo ansanm ak moun k ap peche kont mwen yo+. Paske, m ap fè yo soti nan peyi kote y ap viv kòm etranje yo, men yo pap antre nan peyi Izrayèl+. N ap konnen mwen se Jewova.’

39 “Kanta pou nou menm moun Izrayèl yo, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Ale non, al sèvi zidòl nou yo ki bay degoutans+. Men, apre sa, si nou pa koute m, nou pap kapab sal non m ankò, yon non ki sakre, ak sakrifis n ap fè yo e ak zidòl nou genyen yo ki bay degoutans+.’

40 “‘Paske, sou mòn mwen genyen ki sakre a, yon mòn ki byen wo ann Izrayèl+,’ se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di, ‘se la tout moun Izrayèl yo nèt ap sèvi m+. N ap fè kè m kontan nan peyi a e m ap egzije pou nou ban m kontribisyon nou yo ak pi bon bagay n ap ofri m kòm ofrann yo, wi, tout bagay sakre nou yo+. 41 Lè m fè nou soti nan mitan pèp yo, lè m fè nou soti nan peyi kote nou te gaye yo pou m rasanble nou+, n ap fè kè m kontan ak ofrann nou yo k ap bay yon bon sant k ap fè m plezi*. Mete sou sa, fason m boule ak nou ap fè nasyon yo wè mwen se yon Dye ki sen+.’

42 “‘N ap konnen mwen se Jewova+ lè m mennen nou nan peyi Izrayèl+, peyi mwen te fè zansèt nou yo sèman m ap ba yo a. 43 Lè nou rive la, n ap sonje jan nou te konn viv ak tout sa nou te konn fè ki te fè nou vin pa pwòp yo+, e n ap rayi tèt* nou akoz tout move bagay nou te fè yo+. 44 Lè nou wè jan m boule ak nou poutèt non m+, lè nou wè mwen pa aji avèk nou selon sa nou merite pou mechanste nou t ap fè yo e pou tout vye bagay nou t ap fè yo, n ap konnen mwen se Jewova, o nou menm moun Izrayèl yo.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”

45 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 46 “Pitit lòm, vire fas ou nan direksyon katye ki nan sid la e men sa pou w di nan direksyon sa a. Men sa pou w pwofetize nan direksyon forè ki nan sid la. 47 Men sa pou w di forè ki nan sid la: ‘Tande sa Jewova di. Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “M ap limen yon dife kont ou+ e l ap boule tout pyebwa ki vèt ak tout pyebwa ki sèch ou gen nan mitan w. Dife a pap etenn+, tout moun ap santi chalè flanm li yo, sot nan sid rive nan nò. 48 Tout moun ap wè se mwen menm, Jewova, ki met dife ladan l, yon dife ki pap etenn+.”’”

49 Mwen te di: “Elas, o Jewova, Seyè ki Souvren an! Men sa y ap di sou mwen: ‘Èske se pa parabòl l ap bay sèlman?’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje