Ezekyèl
21 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 2 “Pitit lòm, vire fas ou nan direksyon Jerizalèm epi fè konnen sa k gen pou rive kote ki sakre yo. Se pou w pwofetize kont peyi Izrayèl. 3 Se pou w di peyi Izrayèl: ‘Men sa Jewova di: “Mwen kont ou. M ap rale epe m nan fouwo l+ e m ap elimine ni moun ki jis, ni moun ki mechan. 4 M ap rale epe m pou m frape tout moun, paske, m ap elimine ni moun ki jis ni moun ki mechan, soti nan sid rive nan nò. 5 Tout moun ap konnen mwen menm, Jewova, mwen rale epe m nan fouwo l. Mwen pap remete l ladan l ankò+.”’
6 “Pitit lòm, kanta pou ou, se pou w plenn pandan w* ap tranble, wi, se pou w plenn devan yo+. 7 Si yo mande w: ‘Poukisa w ap plenn konsa a?’ Se pou w di yo: ‘Se akoz yon nouvèl mwen tande’. Paske, wè pa wè l ap vini e laperèz ap anvayi kè tout moun. Tout men ap rete pandye, tout moun ap dekouraje e dlo ap degoute sou chak jenou*+. ‘Gade! Sa w tande a ap vini san mank, l ap fèt kanmenm.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”
8 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 9 “Pitit lòm, pwofetize. Wi, se pou w di: ‘Men sa Jewova di: “Gen yon epe, yon epe+ ki byen file e ki byen foubi. 10 Yo file l pou yon gwo masak, yo foubi l pou l ka klere tankou yon kout zèklè.’”’”
“Èske nou pa ta dwe kontan?”
“‘Èske l* ap rejte baton wa ki pou pwòp pitit mwen an+, menm jan l rejte chak pyebwa?
11 “‘Yo bay foubi epe a pou yon moun ka pran l nan men l pou l sèvi avè l. Yo file l e yo foubi l pou yo ka mete l nan men moun k ap fè egzekisyon an+.
12 “‘Pitit lòm, se pou w rele e se pou w kriye+ paske l ap vin frape pèp mwen an, l ap vin frape tout chèf ki nan mitan Izrayèl yo+. Ni chèf yo, ni lòt moun ki nan pèp mwen an ap viktim anba epe a. Kidonk, se pou w frape kuis ou pou w montre jan w nan lapenn. 13 Paske, yo egzamine epe a+. Ki sa k ap pase si l rejte baton wa a? Enben, l* ap sispann egziste+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.
14 “Pitit lòm, kanta pou ou, pwofetize, bat men w epi pandan twa fwa se pou w di: ‘Yon epe!’ Se epe ki pral fè anpil viktim nan ki ansèkle yo, epe ki pral fè gwo masak la+. 15 Laperèz ap anvayi kè yo+ e anpil nan yo ap tonbe nan pòtay vil kote y ap viv yo. M ap fè yon masak ak epe a. Wi, li klere tankou yon kout zèklè! 16 Koupe adwat! Vire sou bò goch. Kote yo voye w la se la pou w ale! 17 M ap bat men m tou e kòlè m ap desann+. Se mwen menm, Jewova, ki di sa.”
18 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 19 “Kanta pou ou menm, pitit lòm, trase de wout kote epe wa Babilòn nan ap pase pou l antre. Toule de wout yo ap soti nan menm peyi a e nan kafou kote wout la ap separe pou al nan de vil yo, ta dwe gen yon siy* ki montre direkyon yo. 20 Youn nan wout w ap trase yo se wout kote epe a ap antre pou l al frape Raba+, vil desandan Amon yo. Lòt wout la se wout kote epe a ap pase pou l al frape Jerizalèm, ki nan Jida, vil ki byen pwoteje a+. 21 Paske, wa Babilòn nan ap kanpe nan kafou kote wout la separe pou l fè de wout la pou l ka fè maji. L ap souke flèch yo, l ap pale ak zidòl li yo* e l ap gade fwa yon bèt. 22 L ap jwenn repons pou maji l ap fè a nan men dwat li e maji a ap montre se pou l al Jerizalèm ak materyèl pou l fè lagè pou l ka fè yon masak ak epe l, pou l ka atake l ak sòlda k ap rele byen fò, pou l ka mete materyèl pou defonse pòtay yo devan pòtay yo, pou l ka ansèkle vil la ak yon ranp ak yon miray+. 23 Men, moun* ki te fè yo sèman yo ap panse maji l fè a pap itil anyen+. Men, li menm l ap sonje yo koupab e l ap pran yo kòm prizonye l+.
24 “Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Nou fè yo sonje nou koupab paske bagay nou fè ki pa bon yo parèt aklè. Nan tout aksyon nou fè, nou kite moun wè peche nou yo. Kòm yo sonje nou kounye a, y ap vin pran nou ak fòs*.’
25 “Men, jou pa w la rive, ou menm chèf Izrayèl ki blese grav e ki mechan an+. Wi, jou a rive pou yo pini w yon dènye fwa. 26 Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Retire mouchwa a, retire kouwòn nan+. Bagay yo pap ret jan yo te ye a+. Leve moun ki ba a+, desann moun ki wo a+. 27 M ap fini ak wayòm nan, m ap fini avè l, wi, m ap fini avè l. Li pap pou pèsonn jiskaske moun ki gen dwa legal la vini+. Se li menm m ap bay li+.’
28 “Ou menm pitit lòm, pwofetize, se pou w di: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di konsènan desandan Amon yo e konsènan move bagay yo t ap di yo.’ Se pou w di: ‘Gen yon epe, yon epe yo rale pou yon masak. Se yon epe ki foubi pou l ka fè ravaj e pou l ka klere tankou zèklè. 29 Vizyon yo fè sou ou yo ak sa divinò yo di sou ou yo se manti yo ye. Y ap anpile moun ou yo sou moun yo touye yo*, anpalan de moun ki mechan jou yo rive a, jou pou yo ba yo dènye pinisyon an. 30 Remete epe a nan fouwo l. M ap jije w kote w te fèt la, nan peyi ou soti a. 31 M ap lage kòlè m sou ou, m ap fè l boule w tankou yon dife, m ap lage w nan men yon seri gason ki brital ki fò nan kraze brize+. 32 W ap vin tankou chabon yo lage nan dife+. Y ap fè san w koule nan peyi a e yo pap sonje w ankò, se mwen menm, Jewova, ki di sa.’”