Oze
Nou menm, moun Izrayèl, koute byen,
E nou menm, moun ki lakay wa a, koute,
Paske yo pral jije nou.
Paske nou se yon pyèj pou Mispa
E nou se yon filè yo lage sou Tabò+.
3 Mwen konnen Efrayim,
E Izrayèl pa ka kache pou mwen.
Paske, ou menm Efrayim, kounye a, ou lage kò w nan fè sèks ak plizyè moun*.
Izrayèl sal tèt li+.
4 Fason yo aji yo pa pèmèt yo retounen vin jwenn Bondye yo a,
Paske sa ki nan lespri moun yo se lage kò yo nan pwostitisyon*+,
E yo pa bay Jewova regle anyen pou yo.
5 Ògèy Izrayèl genyen an kondane l*+.
Izrayèl ak Efrayim tonbe nan peche,
E Jida tonbe ansanm avèk yo+.
6 Yo t al ak twoupo mouton ak twoupo bèf yo genyen yo pou y al chèche Jewova,
Men, yo pa t ka jwenn li.
Li t al kache pou yo+.
7 Yo trayi Jewova+,
Paske yo fè pitit ak fi lòt nasyon.
Kounye a, nan yon mwa y ap detwi yo* ansanm ak eritaj* yo genyen yo.
8 Sonnen kòn nan+ Gibeya e sonnen twonpèt nan Rama+!
Fè gwo rèl nan Bètavenn+ tankou moun ki nan lagè! O Benjamen, n ap suiv ou.
9 O Efrayim, w ap vin tounen yon bagay ki bay laperèz nan jou pinisyon an+.
Mwen anonse sa k pral rive san mank nan tribi Izrayèl yo.
10 Chèf nan Jida yo tankou moun k ap deplase bòn tè+.
M ap vide kòlè m sou yo tankou dlo.
11 Moun te toupizi Efrayim, yo te gen rezon kraze l
Paske li te deside suiv ènmi l lan+.
12 Se sa k fè mwen te manje Efrayim tankou mit k ap manje bwa,
E m ap fè Jida vin tankou yon bwa pouri.
13 Lè Efrayim te gade maladi l genyen an e Jida te gade maleng li an,
Efrayim t al Asiri+ e li te voye yon seri mesaje kot yon gran wa*.
Men, wa sa a pa t ka geri nou
E li pa t ka geri maleng nou an.