Oze
10 “Moun Izrayèl yo se yon pye rezen ki depafini* k ap bay fwi+.
Tank l ap bay plis fwi, se tank l ap ogmante kantite lotèl li yo+.
Tank tè kote l ye a bay rannman, se tank poto sakre li genyen ki fèt an wòch yo vin pi bèl+.
Kounye a, moun ap wè yo koupab.
Y ap kraze lotèl yo genyen yo e y ap detwi poto sakre ki fèt an wòch yo.
3 Kounye a, yo pral di: ‘Nou pa gen wa+, paske nou pa gen lakrentif pou Jewova.
Epi, ki sa yon wa t ap ka itil nou?’
4 Yo pale pawòl ki san valè, yo fè fo sèman+ e yo fè yon pakèt alyans.
Se sa k fè jijman y ap jwenn nan tankou yon plant ki gen pwazon ki pouse nan yon jaden yo fin raboure+.
5 Moun ki rete Samari yo ap pè pou estati ti towo bèf ki nan Bètavenn nan+.
Moun sa yo pral nan lapenn pou estati a.
Se konsa prèt fo dye l yo pral ye tou, yo menm ki te kontan pou li e pou glwa li genyen,
Paske l ap kite yo pou l al ann egzil.
6 Yo pral Asiri ak estati a pou yo fè yon gran wa kado+.
Y ap fè Efrayim wont,
E Izrayèl ap wont akoz konsèy li te koute a+.
7 Samari ansanm ak wa l la pral peri* san mank+,
Menm jan ak yon ti moso bwa ki kase e k ap flote sou dlo.
8 Yo pral detwi+ kote yo konn adore fo dye nan Bètavenn yo+, anpalan de peche Izrayèl te fè a+.
Se pikan ak chadwon ki pral leve sou lotèl yo genyen yo+.
Moun yo ap di mòn yo: ‘Kouvri nou!’
E y ap di ti mòn yo: ‘Tonbe sou nou+!’
9 O Izrayèl, ou te peche depi sa k te pase nan Gibeya a+.
Ou kontinye fè menm peche a.
Mechan ki nan Gibeya yo pa t mouri* nan lagè.
10 Lè m vle, mwen pral disipline mechan sa yo tou.
Moun pral rasanble pèp yo pou yo fè lagè avèk yo
Lè yo mare toule de peche yo te fè yo sou yo*.
11 Efrayim te yon ti gazèl bèf yo te drese ki renmen raboure tè,
Se sa k fè m pa t met anyen sou kou l.
Kounye a, mwen pral fè yon moun met yon sèl sou do Efrayim pou fè l raboure tè+.
Jida pral raboure tè. Jakòb pral vire tè pou moun sa a.
12 Plante sa ki dwat, epi rekòlte lanmou ki fidèl.
Raboure tè ki bay bon rannman an+
Pandan nou kapab chèche m toujou, mwen menm, Jewova+,
Jiskaske m vin aprann nou fè sa ki dwat+.
13 Men, se sa ki mal nou plante,
E se sa k pa dwat nou rekòlte+.
N ap peye poutèt nou twonpe tèt nou,
Paske nou te kwè nan tèt nou
Ak nan pakèt sòlda nou genyen pou n fè lagè yo.