Obadya
1 Vizyon Obadya* te fè a:
Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di konsènan Edòm+:
“Nou tande yon nouvèl e se Jewova ki bay nouvèl sa a.
Gen yon moun yo voye nan mitan nasyon yo pou l di yo:
‘Leve kanpe, annou prepare nou pou nou batay avè l+.’”
2 “Gade, mwen fè w pa gen okenn enpòtans nan mitan nasyon yo.
Se pa ti meprize yo meprize w+.
3 Ou pran tèt ou pou yon pakèt afè, se sa k fè kè w twonpe w+,
Ou menm ki abite nan twou ki sou tèt mas wòch la,
Ou menm k ap viv kote ki wo a, ou menm k ap di nan kè w:
‘Kiyès ki ka fè m desann atè?’
4 Menmsi w ta al fè kay ou byen wo* tankou èg,
Oubyen ou ta fè nich ou nan mitan zetwal yo,
Mwen t ap fè w desann sot la.” Se sa Jewova di.
5 “Si vòlè ta vin lakay ou, si yo ta vin nan nuit,
(Gade jan yo pral detwi w nèt!*)
Èske se pa sa yo vle sèlman yo t ap pran?
Oubyen, si se moun k ap rekòlte rezen ki ta vin nan peyi w la,
Èske yo pa t ap kite rezen dèyè pou moun ranmase+?
6 Ala fouye yo fouye peyi Ezaou a!
Gade jan yo pran trezò li genyen ki te kache yo!
7 Yo mennen w jis nan fwontyè a.
Tout patizan w yo* twonpe w.
Mesye ki t ap viv anpè avè w yo pote laviktwa sou ou.
Moun k ap manje pen ansanm avèk ou yo ap tann yon filè pou ou,
Men ou pap menm wè sa.
8 Jou sa a,” se sa Jewova di,
“Èske mwen pap detwi tout moun save ki Edòm yo+,
Èske mwen pap detwi moun ki gen bon jijman ki nan zòn ki gen mòn ki pou Ezaou a?
9 O Teman+, sòlda w yo ap gen yon gwo laperèz+,
Paske tout moun ki nan zòn ki gen mòn ki pou Ezaou a ap peri nan masak la+.
11 Nan jou ou te annik ret kanpe sou kote ap gade a,
Lè etranje yo te fè sòlda l yo vin prizonye a+,
Lè etranje yo te antre nan pòtay li a e yo te fè tiraj osò+ pou yo separe Jerizalèm nan,
Ou te aji menm jan ak yo.
12 Lè malè te rive frè w la, ou pa t dwe kontan poutèt sa k te rive l la+.
Lè malè te rive moun Jida yo, ou pa t dwe kontan poutèt sa k te rive yo a+.
Lè yo t ap soufri a, ou pa t dwe pale avèk awogans jan w te fè a.
13 Lè malè te rive pèp mwen an, ou pa t dwe antre nan pòtay li a+.
Lè malè te rive l la, ou pa t dwe rejwi jan w te fè a.
Lè malè te rive l la, ou pa t dwe met men sou richès li yo+.
14 Ou pa t dwe kanpe nan kafou pou w touye moun k ap chape yo+.
Lè malè te rive yo a, ou pa t dwe livre moun ki chape yo+.
15 Paske, jou Jewova pral frape tout nasyon yo toupre+.
Sa w te konn fè yo se sa y ap fè w+.
Y ap aji avè w menm jan w te aji ak lòt nasyon yo.
16 Menm jan nou te bwè diven sou mòn mwen an ki sakre,
Se konsa tout nasyon yo pral bwè diven kòlè m nan san rete+.
Vrèmanvre, yo gen pou yo bwè l nèt.
Apre sa, yo pap la ankò, kòmsi yo pa t janm egziste.
17 Men, moun ki chape yo ap sou Mòn Siyon an+.
Mòn nan ap sakre+.
Tout bagay moun sa yo te genyen ap vin pou desandan Jakòb yo+.
18 Desandan Jakòb yo ap vin tankou yon dife,
Desandan Jozèf yo ap tounen yon flanm dife,
E desandan Ezaou yo ap vin tankou pay sèch.
Y ap boule yo, y ap fini ak yo nèt.
Pa gen okenn nan desandan Ezaou yo k ap chape+,
Paske se mwen menm, Jewova, ki di sa.
19 Y ap pran Negèb la ak zòn ki gen mòn ki pou Ezaou a+
Ansanm ak Chefela ak peyi moun Filisti yo+.
Y ap pran tèritwa Efrayim nan ak tèritwa Samari a+.
Benjamen ap pran Galaad.