Zakari
7 Nan katriyèm ane rèy wa Dariyis la, Jewova te pale ak Zakari+ nan katriyèm jou nan nevyèm mwa a, sètadi mwa Kislèv*. 2 Moun ki abite Betèl yo te voye Charezè, Regèmelèk ansanm ak mesye l yo al fè siplikasyon pou yo jwenn favè* Jewova. 3 Yo te voye di prèt yo ki te nan kay* Jewova, Chèf lame yo, ansanm ak pwofèt yo: “Èske nou ta dwe kriye nan senkyèm mwa a+ e èske nou ta dwe fè jèn*, jan nou te fè sa pandan yon pakèt ane?”
4 Epi, Jewova, Chèf lame yo, te vin pale avè m ankò, li te di m: 5 “Di tout pèp la ki nan peyi a ansanm ak prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn e nou te pase 70 an+ ap kriye nan senkyèm mwa yo ak nan setyèm mwa yo+, èske se pou mwen nou te fè jèn vre? 6 Epi, lè n t ap manje e nou t ap bwè, èske se pa tèt pa nou nou t ap fè plezi? 7 Èske nou pa t dwe obeyi pawòl Jewova te voye pwofèt tan lontan yo vin di nou yo+, lè Jerizalèm ak vil ki ozalantou l yo te gen moun ladan yo toujou e yo t ap viv anpè, epi lè te gen moun ki te rete nan Negèb ak nan Chefela toujou?’”
8 Men pawòl Jewova te di Zakari ankò: 9 “Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: ‘Se pou n jije yon fason ki kòrèk e ki dwat+. Se pou n aji youn ak lòt yon fason ki montre nou gen lanmou ki fidèl+ ak mizèrikòd. 10 Pinga nou eksplwate ni vèv yo ni timoun ki pa gen papa* yo+, ni etranje yo+ ni pòv yo+. Pinga nou fè move plan nan kè nou youn kont lòt+.’ 11 Men, moun yo te fè tèt di*+ e yo te fèmen zòrèy yo pou yo pa tande+. 12 Yo te fè kè yo di kou wòch*+, e yo pa t obeyi lwa* ak pawòl Jewova, Chèf lame yo, te bay ansyen pwofèt yo pa mwayen lespri l pou yo te di yo+. Se sa k fè Jewova, Chèf lame yo, te vin fache anpil+.”
13 “Jewova, Chèf lame yo, di: ‘Menm jan yo pa t koute lè m* te rele yo a+, se konsa tou, mwen pap koute yo lè yo rele m+. 14 Mwen te fè yon van tanpèt gaye yo nan tout nasyon yo pa t konnen yo+, e peyi a te ret vid lè yo te fin ale, pèsonn pa t pase ladan l oswa retounen ladan l+. Paske, yo te fè bon peyi a vin tounen yon kote ki bay laperèz.’”