Zakari
10 “Mwen menm, Jewova, se pou yo mande m pou m fè lapli tonbe nan lè lapli konn tonbe nan sezon prentan yo.
Se mwen menm, Jewova, ki fè nyaj ki lakòz tanpèt,
Ki fè lapli tonbe pou lèzòm+,
E ki fè jaden bay manje pou tout moun.
2 Paske, estati terafim yo* pale pawòl pou twonpe moun*.
Vizyon divinò yo fè se manti yo ye.
Yo rakonte rèv ki san valè,
E se pou granmesi y ap eseye konsole moun.
Se sa k fè pèp la pral monte desann tankou yon bann mouton.
Yo pral soufri, paske yo pa gen bèje.
3 Mwen an kòlè anpil kont bèje yo,
E m ap pini chèf k ap fè abi yo*.
Paske mwen menm, Jewova, Chèf lame yo, mwen vire gade twoupo m nan+, mwen vire gade moun Jida yo,
E mwen fè yo vin tankou bèl cheval ki konn al nan lagè.
4 Se nan Jida chèf la* soti.
Se nan li chèf k ap ede moun nan* soti,
Se nan li banza* sòlda ki konn fè lagè a soti.
E se nan li tout moun ki alatèt yo* soti, yo tout ansanm.
5 Y ap vin tankou sòlda
K ap pilonnen labou ki nan lari lè y ap batay.
Y ap fè lagè, paske Jewova avèk yo+,
E y ap fè moun ki sou cheval yo wont+.
6 M ap fè moun Jida yo vin gen anpil fòs,
E m ap sove fanmi Jozèf+.
M ap fè yo reviv,
Paske m ap fè yo mizèrikòd+.
Yo pral tankou moun mwen pa t janm voye jete+,
Paske mwen se Jewova, Bondye yo a, e m ap reponn yo.
7 Moun ki nan Efrayim yo dwe vin tankou yon sòlda vanyan.
Kè yo ap kontan kòmsi se diven yo te bwè+.
Pitit gason yo genyen yo ap wè sa e y ap kontan.
Kè yo ap kontan grasa Jewova+.
8 ‘M ap soufle pou m rele yo e m ap rasanble yo ansanm.
Piske m ap sove yo+, y ap vin anpil,
E y ap kontinye vin anpil.
9 Byenke mwen gaye yo pami pèp yo tankou semans moun ap simen,
Y ap sonje m pandan yo nan zòn ki byen lwen.
Yo menm ak pitit gason yo ap rejwenn fòs e y ap retounen.
10 M ap fè yo retounen sot nan peyi Ejip,
E m ap fè yo sot Asiri pou m rasanble yo+.
M ap mennen yo nan peyi Galaad+ ak nan Liban,
E pap gen ase plas pou yo rete ankò+.