Zakari
14 “Gade! Jou a rive, jou Jewova a rive, kote yo pral pran bagay ou* genyen yo nan lagè e y ap separe yo devan w. 2 M ap rasanble tout nasyon yo pou yo vin fè lagè ak Jerizalèm. Y ap pran vil la, y ap piye kay moun yo e y ap vyole medam yo. Mwatye moun nan vil la pral ann egzil, men yo pap retire rès pèp la nan vil la.
3 “Jewova ap soti pou l al fè lagè avèk nasyon sa yo+ menm jan l te konn batay ak ènmi l yo nan tan lontan+. 4 Jou sa a, l ap met pye l sou Mòn Oliv+ ki anfas Jerizalèm, nan direksyon lès. Epi, Mòn Oliv ap fann de bò, soti nan lès* al nan lwès*, ap vin gen yon vale ki gwo anpil nan mitan l, mwatye nan mòn nan pral nan direksyon nò e lòt mwatye a pral nan direksyon sid. 5 N ap kouri al nan vale ki nan mòn mwen yo, paske vale ki nan mòn yo ap rive sou tout wout ki mennen Azèl yo. N ap oblije kouri menm jan nou te kouri akoz tranblemanntè ki te pase nan epòk Ozyas, wa Jida a+. Epi, Jewova, Bondye m nan, ap vini, e tout zanj yo* ap avè l+.
6 “Jou sa a, pa gen limyè k ap klere+, bagay yo ap vin jele*. 7 Epi, jou sa a ap vin yon jou y ap konnen ki pou Jewova+. Pap gen ni lajounen ni lannuit. Lannuit ap tankou gwo lajounen. 8 Jou sa a, dlo ki ka bay lavi+ pral koule sot Jerizalèm+. Mwatye ladan yo prale nan lanmè ki nan direksyon lès la*+ e lòt mwatye a prale nan lanmè ki nan direksyon lwès la*+. Sa ap rive nan sezon ete ak nan sezon livè. 9 Epi, Jewova ap vin Wa sou tout tè a+. Jou sa a, se Jewova sèlman tout moun ap rekonèt, se li y ap adore+, e se non l sèlman y ap louwe+.
10 “Tout peyi a ap vin tankou Vale Araba+, soti Geba+ rive Rimon+ ki nan sid Jerizalèm. Jerizalèm ap kanpe menm kote l te ye a, e moun ap abite ladan l+, soti nan Pòtay Benjamen+ pou rive jis nan zòn Premye Pòtay, jis nan Pòtay Kwen an, soti nan Fò Ananèl+ pou jis nou rive nan tout wout ki mennen nan près diven ki pou wa a. 11 Moun ap abite Jerizalèm, yo pap janm kondane l pou l detwi ankò+, e moun k ap abite ladan l yo ap an sekirite+.
12 “Men malè Jewova pral lage sou tout pèp k ap fè lagè ak Jerizalèm+: Vyann sou kò yo ap pouri pandan yo kanpe sou de pye yo, je yo ap pouri nan twou je yo, e lang yo ap pouri nan bouch yo.
13 “Jou sa a, Jewova ap lage latwoublay nan mitan yo tout nèt. Chak moun ap met men sou moun parèy li, e youn ap atake lòt+. 14 Moun Jida yo ap patisipe tou nan lagè k ap fèt nan Jerizalèm nan. Y ap ranmase richès tout nasyon ki ozalantou yo, ap gen yon pakèt lò ak ajan ak rad+.
15 “Se yon malè konsa k ap tonbe sou cheval yo, milèt yo, chamo yo, bourik yo e sou tout bèt ki nan kan sa yo.
16 “Tout moun ki rete nan tout nasyon ki vin atake Jerizalèm yo ap monte Jerizalèm chak ane+ pou yo vin pwostène devan* Wa a, Jewova, Chèf lame yo+, e y ap fete fèt Tonèl* yo+. 17 Men, si yon moun nan fanmi ki sou tè a pa monte Jerizalèm pou l pwostène devan Wa a, Jewova, Chèf lame yo, li pap jwenn lapli+. 18 Si moun Ejip yo pa monte e yo pa antre nan vil la, yo pap jwenn lapli. Okontrè, y ap jwenn malè Jewova te lage sou nasyon ki pa t monte pou yo fete fèt Tonèl yo. 19 Se pinisyon sa a y ap jwenn pou peche Ejip la ak peche tout nasyon ki pa t monte pou yo fete fèt Tonèl yo.
20 “Jou sa a, men sa y ap ekri sou klòch cheval yo: ‘Jewova sen+!’ Epi, chodyè* y ap kuit manje+ nan kay Jewova yo ap vin tankou bòl+ ki devan lotèl yo. 21 Epi, chak chodyè yo kuit manje nan Jerizalèm ak Jida ap vin sakre e y ap pou Jewova, Chèf lame yo, e tout moun k ap fè sakrifis yo ap vini e y ap itilize kèk ladan yo pou yo bouyi vyann. Jou sa a, pap gen moun Kanaran* ankò nan kay Jewova, Chèf lame yo+.”