BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Èske toutbonvre se “Bondye ki enspire” Bib la?
    Reveye n! — 2017 | No. 3
    • Yon biznismann k ap di sekretè l sa pou l ekri nan yon lèt

      SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE TOUTBONVRE BIB LA SE PAWÒL BONDYE?

      Èske toutbonvre se “Bondye ki enspire” Bib la?

      ÈSKE W kwè se Bondye ki te fè ekri Bib la? Oubyen èske w kwè se jis panse lèzòm ki ladan l?

      Gen anpil deba ki fèt sou kesyon sa a menm pami moun ki di yo se kretyen. Pa egzanp, nan ane 2014, gen yon sondaj yo te fè Ozetazini ki te fè konnen pifò moun ki di yo se kretyen yo admèt “Bib la gen yon rapò kèlkonk ak Bondye”. Yon lòt bò, sou chak senk moun ki te patisipe nan sondaj la, gen youn ki te konsidere Bib la tankou yon liv ki gen “ansyen istwa ki pa reyèl, lejann, prensip lèzòm te ekri ak istwa sou yon seri evènman”. Tout dezakò sa yo atire atansyon nou sou vrè sans mo “enspire” a genyen nan Bib la. — 2 Timote 3:16.

      NAN KI SANS SE “BONDYE KI ENSPIRE” BIB LA?

      Bib la gen 66 ti liv ladan l, e gen anviwon 40 gason ki te ekri l sou yon peryòd ki te dire anviwon 1600 ane. Men, si se lèzòm ki te ekri Bib la, ki jan fè se “Bondye ki enspire” l? Pou n esplike sa yon fason senp, ekspresyon “Bondye ki enspire” l la vle di Bondye se Moun ki te fè ekri enfòmasyon ki ladan l yo. Bib la fè konnen: “Moun te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo.” (2 Pyè 1:21). Kidonk, Bondye te itilize lespri sen ki se fòs envizib li a pou l te bay mesye ki te patisipe nan ekri liv ki nan Bib la mesaj li te vle yo transmèt la. Nou kapab konpare sa ak yon biznismann k ap di sekretè l sa pou l ekri nan yon lèt. Pawòl ki nan lèt la, se pawòl moun ki te di sa pou yo met ladan l lan, se pa pawòl moun ki te ekri l la.

      Anfèt, gen kèk mesye ki te patisipe nan ekri Bib la, se tande yo te tande mesaj la lè yon zanj te vin pale avèk yo. Gen lòt menm, se vizyon Bondye te fè yo fè. Gen kèk ka kote se nan rèv Bondye te bay moun mesaj li a. Se vre, pafwa, Bondye te pèmèt moun yo itilize pwòp mo pa yo pou yo ekri mesaj li a, sepandan, gen lòt ka kote l te di yo egzakteman sa pou yo te ekri. Kèlkeswa jan Bondye te fè sa, se panse l moun sa yo te ekri, se pa t pwòp ide pa yo.

      Ki jan nou kapab gen asirans se Bondye ki te enspire moun yo pou yo ekri Bib la? Ann wè twa prèv klè k ap ede nou gen plis konfyans sou orijin Bib la.

  • Bib la egzak nan tout domèn
    Reveye n! — 2017 | No. 3
    • Yon mesye k ap medite apre l fin li Bib la

      SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE TOUTBONVRE BIB LA SE PAWÒL BONDYE?

      Bib la egzak nan tout domèn

      Nan domèn syantifik

      MENMSI Bib la pa yon liv syantifik, li egzak lè l ap dekri bagay ki nan lanati. Ann wè ki sa k fè toujou gen dlo sou tè a epi ann wè yon egzanp konsènan jèn ki nan kò nou.

      FASON NOU RIVE GEN LAPLI

      Pou toujou gen dlo sou tè a, gen evaporasyon, kondansasyon ak presipitasyon

      FASON NOU RIVE GEN LAPLI

      Men sa Bib la di: “[Bondye] fè gout dlo yo monte anlè, yo vin tounen lapli ak bwouya. Epi, nyaj yo fè lapli tonbe.” — Jòb 36:27, 28.

      Nan vèsè sa yo, Bib la montre twa pi gwo etap Bondye itilize pou pèmèt toujou gen dlo sou tè a. Bondye, Sila a ki ban nou chalè solèy la, “fè gout dlo yo monte anlè” pa mwayen 1) evaporasyon, sa vle di solèy la chofe dlo ki nan lanmè yo e li fè yo monte sou fòm vapè. Apre sa, pa mwayen 2) kondansasyon, vapè yo vin fòme nyaj yo, epi pa mwayen 3) presipitasyon, nyaj yo, bò kote pa yo, vin pèmèt gen lapli ak lòt bagay ankò. Jiska prezan, moun ki etidye meteyo yo poko fin byen konprann fason n rive gen lapli. Sa enteresan pou n wè Bib la mande: “Èske gen moun ki ka konprann kouch nyaj yo?” (Jòb 36:29). Sepandan, Kreyatè a, bò kote pa l, byen konnen ki jan lapli fè tonbe e li te fè youn nan moun ki te patisipe nan ekri Bib la mete sa byen klè ladan l. Epi li te fè sa byen lontan anvan lèzòm te rive konprann diferan etap yo pa mwayen lasyans.

      FASON YON TIMOUN DEVLOPE NAN VANT MANMAN L

      Fason jèn ki nan kò yon timoun ki nan vant ap devlope

      JÈN KI NAN KÒ YON MOUN

      Men sa wa David, youn nan moun ki te patisipe nan ekri Bib la, te di Bondye: “Ou te wè m ak je w lè m te nan vant. Tout pati m yo te ekri nan liv ou a.” (Sòm 139:16). David te pale kòmsi li t ap fè pwezi lè l t ap esplike fason yon ti bebe ki fèk ap fòme nan vant manman l devlope selon enstriksyon li jwenn ki ekri nan yon “liv” ki te deja egziste. Sa vrèman etonan pou n konnen yo te ekri pawòl sa yo sa gen anviwon 3 000 an!

      Men, se nan mitan ane 1800 yo, Gregor Mendel, ki te soti ann Otrich e ki te yon espesyalis nan kesyon plant, te dekouvri prensip ki gen rapò ak jèn ki nan kò nou yo. Se ann avril 2003, yon seri moun ki t ap fè rechèch te fin egzamine tout sa ki nan jèn yon moun nan lòd yo ye a. Jèn sa yo gen ladan yo tout enfòmasyon ki nesesè pou vin fòme kò yon moun. Syantifik yo dekri kòd jenetik la tankou mo ki byen ranje nan yon diksyonè e mo yo fòme ak lèt ki nan yon alfabè. Mo sa yo bay tout enfòmasyon ki nan jèn ki nan kò nou yo. E se apati enfòmasyon sa yo divès pati yon ti bebe ki fèk ap fòme nan vant manman l, tankou sèvo a, kè a, poumon yo, bra yo ak pye yo devlope yon fason ki presi e egzakteman nan lè sa dwe fèt la. Se avèk rezon syantifik yo dekri tout enfòmasyon ki nan jèn ki nan kò nou yo kòm “liv lavi a”. Ki jan David te fè presi konsa nan pawòl li te di yo? Men sa l te rekonèt avèk imilite: “Jewova te mete lespri l sou mwen pou m pale. Pawòl li te sou lang mwen.a” — 2 Samyèl 23:2.

      Li anonse lavni yon fason ki egzak

      LI DIFISIL anpil, pou n pa di l enposib, pou n konnen ki lè, ki jan ak jis nan ki pwen wayòm yo ak vil yo kapab vin gen anpil pouvwa epi tonbe. Epoutan, Bib la te anonse ki jan yon seri gouvènman ak vil ki te gen anpil pouvwa t ap tonbe e li te menm bay bonjan detay sou ki jan sa t ap fèt. Annou wè de egzanp.

      BABILÒN T AP TONBE E LI T AP RET VID

      Babilòn tan lontan an te poto mitan yon anpi ki te gen anpil pouvwa, e pandan plizyè syèk, li te menm kontwole pati lwès Azi a. Pandan yon tan, se li menm ki te pi gwo vil nan monn nan. Sepandan, anviwon 200 an alavans, Bondye te fè pwofèt Ezayi, yon moun ki te patisipe nan ekri Bib la, anonse gen yon moun ki t ap rele Siris ki t ap atake Babilòn. Li t ap pot laviktwa sou Babilòn, e Babilòn t ap ret vid pou toutan (Ezayi 13:17-20; 44:27, 28; 45:1, 2). Èske se konsa sa te pase vre?

      Dekonm Babilòn tan lontan an

      LISTWA

      Nan mwa oktòb 539 anvan epòk nou an, nan yon sèl nuit, Siris Legran te ranpòte laviktwa sou Babilòn. Rive yon lè, kanal ki te konn byen wouze rejyon ki te konn pwodui anpil nan zòn nan te vin seche paske yo te neglije yo. Nan ane 200 epòk nou an, yo te fè konnen kote vil la te ye a te vid. Jodi a, Babilòn toujou yon pil dekonm. Jan Bib la te anonse sa avèk presizyon, Babilòn te “vin vid nèt”. — Jeremi 50:13.

      Ki jan moun sa a ki te patisipe nan ekri Bib la te ka anonse evènman sa yo yon fason egzak konsa? Bib la fè konnen se te “yon mesaj Ezayi, pitit gason Amòz, te tande kont Babilòn nan vizyon li te fè”. — Ezayi 13:1.

      NINIV T AP VIN “SÈCH TANKOU YON DEZÈ”

      Niniv se te kapital Anpi asiryen an. E yo te konsidere fason l te konstwi a kòm yon mèvèy. Vil la te gen jaden piblik, tanp ak gwo palè, e lari l yo te laj anpil. Sepandan, pwofèt Sofoni te anonse bèl vil sa a t ap ‘vin vid, li t ap vin sèch tankou yon dezè’. — Sofoni 2:13-15.

      Nan setyèm syèk anvan epòk nou an, Babilónyen yo ak moun Medi yo te met ansanm pou yo te detwi Niniv nèt. Selon sa yon liv referans fè konnen, “moun te vin bliye [vil sa a] pandan 2500 an”. Pandan yon tan, moun te menm doute vil Niniv te egziste toutbon yon lè! Se nan mitan 19yèm syèk la, akeyològ yo te vin jwenn restan vil Niniv. Jodi a, sa k rete a ap depafini e moun maltrete l anpil tou. Men sa yon òganizasyon fè konnen: “Restan vil Niniv la ka disparèt yon lòt fwa ankò pou toutan.” — Global Heritage Fund.

      Ki jan Sofoni te fè konn bagay sa yo ki te gen pou rive? Li te rekonèt se ‘Jewova ki te di l pawòl sa yo’. — Sofoni 1:1.

      Bib la bay repons pou kesyon enpòtan moun poze sou lavi a

      Yon mesye k ap li Bib la e k ap reflechi sou evènman ki t ap montre n ap viv nan dènye jou yo

      BIB la bay repons ki kapab satisfè nou sou kesyon enpòtan moun poze sou lavi a. Ann konsidere kesyon ki vin annapre yo.

      POUKISA GEN TOUT MECHANSTE AK SOUFRANS KONSA NAN MONN NAN?

      Bib la bay anpil esplikasyon sou rezon ki fè gen mechanste ak soufrans. Li fè konnen

      1. “Moun ap domine sou moun pou fè yo soufri.” — Eklezyas 8:9.

        Kèk konsekans dominasyon lèzòm nan pote: lagè, krim ak rate manje

        Lefètke gouvènman lèzòm yo pa gen kapasite pou yo dirije e yo kòwonpi sa pote anpil kalamite.

      2. “Move moman ak malè rive sou yo tout sanzatann.” — Eklezyas 9:11.

        Yon mesye ki sou kabann lopital

        Malè tankou maladi, aksidan ak divès kalite katastwòf ka rive sou kèlkeswa moun nan, kèlkeswa kote a ak kèlkeswa lè a.

      3. “Akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre.” — Women 5:12.

        Okòmansman lè Bondye te kreye premye gason an ak premye fi a, pa t gen enpèfeksyon ak lanmò. “Peche [te] antre nan monn nan” lè yo te fè espre yo dezobeyi Kreyatè yo a.

      Bib la pa annik ban nou rezon ki fè moun ap soufri. Li pwomèt nou tou Bondye pral elimine mechanste e li pral “siye tout dlo nan je [moun], pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” — Revelasyon 21:3, 4.

      KI SA K RIVE NOU LÈ NOU MOURI?

      Moun k ap kriye nan yon simityè

      Labib fè konnen, lè yon moun mouri li pa konn anyen menm e li pa ka fè anyen nonplis. Men sa nou li nan Eklezyas 9:5: “Moun ki vivan yo konnen y ap mouri, men moun ki mouri yo pa konn anyen ditou.” Kidonk, lè nou mouri, nou “sispann panse”. (Sòm 146:4.) Donk, sèvo a, san wete ògàn ki fè n santi nou egziste yo, sispann fonksyone lè n mouri. Se sa k fè, lè n mouri nou pa ka ni bouje, ni aji, ni panse, ni santi anyen.

      Men, Bib la pa annik di nou ki sa k rive yon moun lè l mouri, li pale tou de bèl pwomès Bondye fè pou l leve moun k ap dòmi nan lanmò yo grasa rezirèksyon an. — Oze 13:14; Jan 11:11-14.

      POUKISA N AP VIV?

      Selon Labib, se Jewova Dye ki te kreye gason ak fi (Jenèz 1:27). Se sa k fè yo pale de Adan, premye gason an, kòm “pitit Bondye”. (Lik 3:38.) Bondye te kreye gason an nan objektif pou l vin zanmi Papa l ki nan syèl la, pou l jwenn satisfaksyon nan travay l ap fè epi viv ak kè kontan pou toutan sou tè a. Se sa k fè, tout moun fèt ak kapasite pou yo gen bon relasyon ak Bondye, sa vle di yon anvi ki tou natirèl lakay yo pou yo aprann konnen l. Labib di: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” — Matye 5:3.

      Anplis de sa, Bib la di: “Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l.” (Lik 11:28). Nonsèlman Labib ede n aprann konnen Bondye, men tou, li ede n viv yon fason ki fè n gen plis kè kontan e li ban n espwa pou n viv pou toutan.

      Fason w ka vin pwòch ak Mèt Bib la

      APRE plizyè milyon moun k ap viv divès kote sou tè a te fin egzamine yon seri prèv sou Bib la, yo te vin admèt Bib la plis pase yon senp liv literati ki la depi lontan. Yo gen konviksyon Bib la se Pawòl Bondye te fè ekri a e se mwayen li itilize pou l pale ak lèzòm san wete ou menm. Ladan l w ap jwenn envitasyon Bondye fè w pou w aprann konnen l e pou w vin zanmi l. Men ki pwomès Bib la fè n: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:8.

      Lè yon moun pran tan pou l fouye nan Bib la se yon bon bagay sa ye. Ki sa sa vle di? Menm jan lè yon moun ap li yon liv sa ba l yon apèsi sou sa moun ki te ekri liv la gen nan lespri l, menm jan an tou lè yon moun ap li Labib sa ede l konnen panse ak santiman Mèt Bib la, anpalan de Bondye. Imajine sa sa ka vle di pou ou. Ou ka vin aprann konnen santiman ki lakay Kreyatè w la. Anplis de sa, Bib la fè konnen:

      • Non Bondye, kalite Moun li ye ak bèl kalite li gen lakay li.

      • Objektif li gen pou lèzòm.

      • Fason w ka vin zanmi l.

      Èske w ta renmen konn plis bagay sou Bib la? Temwen Jewova yo ap kontan ede w nan sans sa a. Yo ka pran dispozisyon pou yon moun etidye Labib avè w gratis. Sa kapab ede w vin pi pwòch ak Jewova Dye, Mèt Bib la.

      Atik sa a te pale de kèk prèv ki montre se Bondye ki te fè ekri Bib la. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 2 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a e li sou sit www.pr2711.com/ht a.

      Ou kapab gade videyo Pawòl kiyès ki nan Bib la? tou, li sou sit www.pr2711.com/ht a.

      Gade anba ribrik PIBLIKASYON > VIDEYO

      a Nan Bib la, yo fè konnen Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje