-
Bagay mistik atire moun!Reveye n! — 2017 | No. 2
-
-
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI SA K KACHE DÈYÈ BAGAY MISTIK?
Bagay mistik atire moun!
“Anvan sa, se te vanpi, lougawou ak zonbi, kounye a, se zafè demon k ap antre nan moun ak retire demon sou moun.” — The Wall Street Journal.
KÈK nan bagay mistik nou jwenn anpil nan liv, nan fim ak nan jwèt videyo, se timoun ak granmoun k ap fè maji, bèl fi ki sòsyè ak bèl gason ki vanpi. Ki sa k fè bagay sa yo atire moun konsaa?
Gen yon pwofesè sosyoloji ki rele Claude Fischer ki di: “Nan plizyè dizèn ane ki sot pase yo, vin gen plis Ameriken ki kwè nan mò. Anvan sa, sou chak dis Ameriken te gen youn nan yo sèlman ki te kwè nan mò, kounye a, se sou chak twa Ameriken gen youn ki kwè nan sa. Li pi fasil pou yon moun jwenn de fwa plis jèn pase granmoun ki di yo te al wè moun ki konn pale ak movèzespri, ki kwè nan mò e ki kwè nan kay ki ante.”
Sa pa etone nou pou n wè jan istwa ki gen rapò ak movèzespri ki antre nan moun ap retounen ak fòs. Men sa yon jounalis ki rele Michael Calia fè konnen: “Rezon ki fè anpil moun jodi a vin fanatik istwa kote demon ap antre nan moun, se paske sa gen dizan, se zafè zonbi, lougawou ak vanpi ki te alamòd.”
Selon sa yon rapò fè konnen, “nan kèlkeswa peyi sou tè a, 25 pousan rive 50 pousan nan moun yo kwè nan mò, e sa parèt anpil nan literati pifò peyi sa yo”. Gen yon etid Christopher Bader ak Carson Mencken, de pwofesè sosyoloji, te fè Ozetazini ki montre “sa vrèman etonan dèske gen 70 pousan rive 80 pousan Ameriken ki kwè toutbon nan omwen yon bagay mistik”.
Èske nou ta dwe pran zafè pran kontak ak movèzespri ansanm ak pratike bagay mistik pou jwèt?
a Yo defini bagay mistik kòm bagay “ni lasyans ni lwa ki anplas nan lanati yo pa ka esplike”. — Merriam-Webster’s Learner’s Dictionary.
-
-
Ki sa Labib anseye sou bagay ki gen rapò ak movèzespri?Reveye n! — 2017 | No. 2
-
-
Jodi a, menmsi nan divètisman yo yo prezante yon seri pwogram ak moun ki patisipe nan pwogram sa yo ki gen rapò ak movèzespri kòm bèl bagay, nou bezwen fè atansyon pou n pa pran nan pyèj ki makònen ak yo.
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI SA K KACHE DÈYÈ BAGAY MISTIK?
Ki sa Labib di sou bagay ki gen rapò ak movèzespri?
SE VRE gen anpil moun ki pa fin kwè nan bagay mistik ak bagay ki gen rapò ak movèzespri, men, Labib pa wè sa konsa. Moun sa yo panse bagay sa yo se jwèt oswa se moun ki gen anpil imajinasyon pou yo fè fim ki envante yo. Sepandan, Labib bay bonjan avètisman sou pratik ki gen rapò ak movèzespri. Pa egzanp, men sa l fè konnen: “Pa dwe gen okenn moun nan mitan nou [...] k ap fè divinò, ni moun k ap fè maji, ni moun k ap chèche konnen sa k pral rive demen, ni moun k ap fè wanga dèyè moun, ni moun k al wè moun ki kapab fè yo pran kontak ak movèzespri, ni moun k ap fè moun konnen sa k pral rive yo, ni moun ki konn chèche pale ak mò.” Poukisa Bib la bay avètisman sa yo? Men ki sa li di apre sa: “Moun ki fè bagay sa yo, se moun ki bay Jewova degoutans [...]. Nou dwe san repwòch devan Jewova, Bondye nou an.” — Detewonòm 18:10-13.
Poukisa Labib kondane bagay ki gen rapò ak movèzespri yo konsa?
KOTE YO SOTI A BAY DEGOUTANS
Labib fè konnen depi byen lontan anvan Bondye te fòme tè a, li te kreye plizyè milyon kreyati espirityèl, yo rele yo zanj tou (Jòb 38:4, 7; Revelasyon 5:11). Chak zanj sa yo te fèt ak libète pou yo chwazi, sa vle di kapasite pou yo fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal. Kèk nan yo te chwazi rebele kont Bondye e yo te abandone plas yo te gen nan syèl la pou yo vin bay pwoblèm sou tè a. Se poutèt sa, “tè a te [vin] chaje ak vyolans”. — Jenèz 6:2-5, 11; Jid 6.
Labib fè konnen zanj mechan sa yo gen gwo enfliyans sou plizyè milyon moun e y ap twonpe moun sa yo (Revelasyon 12:9). Yo menm rive sèvi ak dezi nou gen lakay nou tou natirèlman pou n chèche konnen lavni pou yo twonpe nou. — 1 Samyèl 28:5, 7; 1 Timote 4:1.
Se vre, gen kèk fòs mistik ki parèt ap ede moun (2 Korentyen 11:14). Men, an reyalite, sa zanj mechan sa yo ap eseye fè se bouche lespri moun pou yo pa konn laverite sou Bondye. — 2 Korentyen 4:4.
Kidonk, jan Labib fè konn sa, zafè pran kontak ak espri mechan yo se pa yon jwèt. Se sa k fè, gen kèk moun ki te vin disip Jezi, lè yo te vin aprann laverite sou kesyon sa a, men ki sa Labib aprann nou yo te fè: “Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo.” Byenke sa te fè yo pèdi yon pakèt kòb. — Travay 19:19, Bib la.
“Yon bagay ki gendwa fè anpil jèn fi ki nan adolesans yo vin ap kwè nan maji se kapab lè yo wè nan televizyon, nan fim oswa nan liv anpil sòsyè ki vrèman bèl e ki atiran.” — Gallup Youth Survey, 2014.
Menm jan an tou, anpil moun jodi a chwazi pou yo pa gen okenn kontak ak aktivite oswa divètisman ki gen rapò ak movèzespri. Pa egzanp, lè Mariaa te gen 12 an, sanble li te gen kapasite pou l anonse kèk danje oswa lòt bagay ki gen pou rive. Li te konn pase kat pou kamarad ki te nan menm klas ansanm avè l yo. E lè li te wè sa li di yo reyalize toutbon, sa te fè l vin pi renmen bagay mistik.
Maria te panse se te yon don Bondye te ba li ki te pèmèt li ede lòt moun. Sepandan, men sa l te konstate: “Gen yon bagay ki te deranje m. Mwen te kapab pase kat pou lòt moun, men mwen pa t kapab fè sa pou tèt mwen menm lè m te vle konnen pwòp avni m.”
Etandone Maria pa t ka jwenn repons pou anpil kesyon li te genyen, li te priye Bondye, e annapre, Temwen Jewova yo te pran kontak avè l e yo te kòmanse etidye Labib avè l. Maria te vin aprann nan Bib la se pa Bondye ki te ba l kapasite l te genyen pou l anonse sa k gen pou rive alavni an. Li te vin aprann tou, pou l vin zanmi Bondye, li te dwe jete tout bagay li te genyen ki gen rapò ak movèzespri (1 Korentyen 10:21). Ki sa k te pase? Maria te jete tout ekipman li te konn itilize anrapò ak bagay mistik yo, san wete liv li yo tou. Kounye a, l ap pataje bonjan verite li te aprann nan Bib la ak lòt moun.
Lè Michael te yon adolesan, li te renmen li liv syans fiksyon ki montre moun yo gen pouvwa majik. Men sa l te di: “Mwen renmen met tèt mwen nan plas ewo yo pale de yo ki gen menm laj avè m ki t al dekouvri monn ki pa egziste toutbonvre yo.” Ofiramezi, Michael te vin pran abitid li liv ki gen rapò ak maji e ki gen rapò ak yon seri seremoni kote moun ap antre an kontak ak Satan. Men sa l te ajoute: “Anvi m te genyen pou m konn plis bagay te vin fè m li liv epi gade fim ki te gen rapò ak bagay sa yo.”
Men, etandone Michael te vin ap etidye Labib, sa te pouse l pran san l pou l byen egzamine liv li t ap li yo. Men sa l di: “Mwen te fè yon lis tout sa m te genyen ki te gen rapò ak movèzespri e m te elimine yo tout. Mwen te aprann yon leson enpòtan nan 1 Korentyen 10:31 kote Bib la di: ‘Fè tout bagay pou glwa Bondye.’ Donk, mwen konn poze tèt mwen kesyon: ‘Èske liv m ap li a ap fè m fè yon seri bagay ki kont glwa Bondye?’ Si se sa, mwen sispann li l.”
Se ak rezon yo konpare Labib ak yon lanp. Se sèl kote yo montre aklè ki sa pratik ki gen rapò ak movèzespri ye toutbon (Sòm 119:105). Men Labib ale pi lwen toujou, li fè nou yon bèl pwomès pou n viv nan yon monn ki pap anba pouvwa espri mechan yo. Sa pral gen gwo efè sou limanite. Pa egzanp, men sa nou li nan Sòm 37:10, 11: “Talè konsa, mechan yo pap la ankò, w ap gade kote yo te ye yo, ou pap jwenn yo. Men, moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total.”
a Yo chanje non moun yo nan atik sa a.
-