BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • hf seksyon 5 kesyon 1-2
  • Fason pou w toujou anpè ak fanmi w

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou w toujou anpè ak fanmi w
  • Fanmi w ka gen kè kontan
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • 1 KONTINYE GEN YON BON PWENNVI SOU FANMI W
  • 2 OU DWE FÈM LÈ SA NESESÈ
  • Se pou nou fidèl youn ak lòt
    Fanmi w ka gen kè kontan
  • Bondye ka fè w gen kè kontan nan maryaj ou
    Fanmi w ka gen kè kontan
  • Montre respè pou konjwen w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Apre jou maryaj la
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
Gade plis
Fanmi w ka gen kè kontan
hf seksyon 5 kesyon 1-2
Yon bèlmè ki montre li pa fin dakò ak metòd bèlfi l itilize pou l fè manje.

SEKSYON 5

Fason pou w toujou anpè ak fanmi w

“Abiye nou [...] ak bonte, imilite, dousè ak pasyans.” — Kolosyen 3:12.

Lè yon moun marye, li vin gen yon nouvo fanmi. Byenke w ap toujou renmen paran w e w ap toujou gen respè pou yo, kounye a, moun ou marye avè l la se moun ki pi enpòtan pou ou sou tè a. Sa gendwa difisil pou kèk moun nan fanmi w aksepte sa. Men, prensip biblik yo ka ede w fè ekilib yon fason pou w ka toujou anpè ak fanmi w, toutpandan w ap travay di pou w bati yon bon relasyon ak nouvo fanmi w vin genyen an.

1 KONTINYE GEN YON BON PWENNVI SOU FANMI W

Yon koup marye k ap pase tan ak paran yo.

MEN SA BIB LA DI: “Onore papa w ak manman w.” ​(Efezyen 6:2). Kèlkeswa laj ou, ou dwe toujou onore paran w, e w dwe respekte yo. Ou dwe rekonèt tou, moun ou marye avè l la gen responsablite, antanke pitit gason oswa pitit fi, pou l bay paran l atansyon. Etandone “lanmou pa jalou sò moun”, ou pa dwe janm konsidere relasyon l gen ak paran l kòm yon menas pou ou. — 1 Korentyen 13:4; Galat 5:26.

SA W KA FÈ:

  • Evite fè yon seri kòmantè tankou: “Fanmi w toujou ap rabese m” oubyen “Manman w pa janm renmen sa m fè”.

  • Fè efò pou w wè bagay yo menm jan ak moun ou marye avè l la.

2 OU DWE FÈM LÈ SA NESESÈ

MEN SA BIB LA DI: “Se poutèt sa yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e y ap vin yon sèl chè.” ​(Jenèz 2:24). Lè w marye, paran w yo gendwa toujou santi yo gen responsablite pou yo pran swen w, e yo gendwa vle enplike nan maryaj ou depase limit.

Se ou menm ak moun ou marye avè l la ki dwe konn ki limit n ap bay paran nou, e avèk jantiyès, nou dwe fè yo konn limit sa yo. Ou kapab di yo sa w panse, epi w ka pale klè san w pa oblije pale di ak yo (Pwovèb 15:1). Lè w gen imilite, dousè ak pasyans, sa ap ede w gen bon relasyon ak fanmi w e sa ap pèmèt “youn [kontinye] sipòte lòt nan lanmou”. — Efezyen 4:2.

Yon koup marye k ap pale youn ak lòt. Yo pote yon kado pou paran yo.

SA W KA FÈ:

  • Si w twouve fanmi w ak fanmi moun ou marye avè l la enplike twòp nan lavi w, pale sou sa ak moun ou marye avè l la lè nou toule de kalm.

  • Se pou nou toule de antann nou sou fason n ap jere sitiyasyon sa yo.

ESEYE KONPRANN YO

Li enpòtan pou w konprann santiman paran w ak fason yo wè bagay yo. Se pa move entansyon yo genyen ki fè yo enterese nan maryaj ou. Yo vrèman gen sousi pou ou. Li ka difisil pou paran w konsidere ou menm ak moun ou marye avè l la kòm de moun ki ka responsab tèt nou poukont nou antanke fanmi. Yo gendwa menm santi w abandone yo. Sepandan, lè w suiv prensip biblik yo e lè w di sa w panse, w ap toujou kapab onore paran w toutpandan w ap met maryaj ou anvan.

MANDE TÈT OU...

  • Ki sa k fè l nòmal pou paran moun mwen marye avè l la enterese nan maryaj nou?

  • Ki jan m ka met moun mwen marye avè l la anvan toutpandan m ap demontre respè pou paran m?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje