BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Maryaj ki onorab nan je Bondye e nan je lèzòm
    Toudegad — 2006 | 1ye novanm
    • Maryaj ki onorab nan je Bondye e nan je lèzòm

      “ Gen yon festen maryaj ki te fèt nan Kana [...]. Yo te envite Jezi ak disip li yo tou nan festen maryaj la. ” — JAN 2:1, 2.

      1. Sou ki sa sa ki rapòte sou Jezi lè li te Kana a atire atansyon nou ?

      JEZI, manman l ak kèk nan disip li yo te konnen jwa yon maryaj onorab ka pote pami pèp Bondye a. Kris te menm kontribye pou l rann yon maryaj eksepsyonèl, lè l te akonpli premye mirak li, e sa te fè evènman an pi agreyab toujou (Jan 2:1-11). Sandout ou deja asiste maryaj kretyen ki vle sèvi Jewova ak kè kontan antanke koup marye e sa te rejwi w. Oubyen, petèt ou ka anvizaje pou w marye oswa pou w ede yon zanmi w pou maryaj li ka byen pase. Ki sa nou bezwen fè pou sa ?

      2. Ki enfòmasyon Labib bay sou maryaj ?

      2 Kretyen yo twouve konsèy ki nan Pawòl Bondye enspire a itil anpil lè yon gason ak yon fi ap fè pwojè pou yo marye (2 Timote 3:16, 17). Se vre, Labib pa detaye fason pou yon maryaj kretyen fèt. Nou ka konprann sa, paske koutim ak egzijans legal yo varye selon zòn nan e selon epòk la. Pa egzanp, nan Izrayèl tan lontan an, pa t vrèman gen yon seremoni maryaj. Jou maryaj la, lemarye mennen lamarye lakay pa l oswa lakay papa l (Jenèz 24:67 ; Izayi 61:10 ; Matye 1:24). Se aksyon sa a tout moun te ka wè ki te maryaj la, san pa t gen yon seremoni jan sa fèt nan anpil maryaj jodi a.

      3. Nan ki evènman nan Kana Jezi te kontribye pou bay plis kè kontan ?

      3 Se etap sa a Izrayelit yo te konsidere kòm maryaj la. Petèt yo te konn fè yon festen annapre pou selebre moman an, jan nou wè sa nan Jan 2:1. Gen anpil vèsyon Labib ki tradui vèsè sa a konsa : “ Te gen yon seremoni maryaj nan Kana. ” Men, yo byen tradui mo ki soti nan lang orijinal la lè yo mete “ festen maryaj ” oswa “ bankè maryaj ”a. (Matye 22:2-10 ; 25:10 ; Lik 14:8.) Sa ki rapòte a montre aklè Jezi te la e li te kontribye pou bay kè kontan nan festen yon maryaj juif. Sepandan, yon pwen ki enpòtan, sèke fason yon maryaj te konn fèt nan epòk sa a diferan ak fason moun abitye fè sa jodi a.

      4. Ki sa kèk kretyen konn chwazi fè pou maryaj yo, e poukisa ?

      4 Jodi a, nan anpil peyi, kretyen ki vle marye yo dwe ranpli sèten egzijans legal. Yonfwa yo fin ranpli egzijans sa yo, yo ka fè maryaj la nenpòt ki fason ki ann akò ak lalwa. Se kapab yon seremoni byen senp, e moun k ap selebre l la se kapab yon jij, yon majistra oswa yon selebran relijye leta bay otorizasyon. Gen kèk moun ki chwazi marye konsa, petèt yo ka mande kèk moun nan fanmi yo ak kèk zanmi kretyen pou yo la antanke temwen legal oswa senpleman pou yo pataje lajwa ki gen nan moman enpòtan sa a (Jeremi 33:11 ; Jan 3:29). Konsa tou, kèk lòt kretyen ka chwazi pa fè yon gwo festen maryaj, sètadi yon gwo resepsyon, ki ta ka mande pou yo fè anpil planifikasyon ak anpil depans. Yo ka prefere fè aranjman pou yo pran yon repa avèk kèk zanmi entim. Kèlkeswa sa nou prefere pèsonèlman nan domèn sa a, nou dwe rekonèt lòt kretyen ki gen matirite ka pa gen menm pwennvi avèk nou. — Women 14:3, 4.

      5. Poukisa anpil kretyen vle pou gen yon diskou maryaj ki fèt lè y ap marye, e ki sa ki gen nan diskou a ?

      5 Pifò koup kretyen chwazi pou gen yon diskou ki baze sou Labib nan maryaj yob. Yo rekonèt se Jewova ki etabli maryaj e li bay konsèy ki saj nan Pawòl li sou fason pou yon maryaj reyisi e sou fason li ka pote kè kontan (Jenèz 2:22-24 ; Mak 10:6-9 ; Efezyen 5:22-33). E pifò koup yo vle pou zanmi kretyen yo genyen ak fanmi yo patisipe nan evènman sa a ki pote kè kontan. Toutfwa, ki jan nou ta dwe konsidere kantite egzijans legal, pwosedi legal e menm lòt pratik lokal moun yo gen koutim respekte ? Atik sa a pral konsidere fason bagay yo fèt nan divès rejyon. Gen kèk koutim ki ka diferan nèt parapò ak sa w konnen oswa ak sa yo abitye fè nan zòn bò lakay ou. Sepandan, ou ka note kèk prensip jeneral oswa kèk aspè ki enpòtan pou sèvitè Bondye yo.

      Yon maryaj ki onorab se yon maryaj ki legal

      6, 7. Poukisa nou ta dwe enterese nan aspè legal maryaj la, e kòman nou ka montre sa ?

      6 Byenke se Jewova ki etabli maryaj, gouvènman lèzòm yo gen yon sèten kontwòl sou aksyon moun k ap marye yo. Se nòmal. Men sa Jezi te di : “ Remèt Seza sa k pou Seza, men remèt Bondye sa k pou Bondye. ” ​(Mak 12:17). Nan menm sans lan, apot Pòl te bay egzòtasyon sa a : “ Se pou tout nanm soumèt devan otorite siperyè yo, paske pa gen otorite eksepte si Bondye bay. Otorite ki egziste yo se Bondye ki mete yo nan pozisyon yo youn parapò ak lòt. ” — Women 13:1 ; Tit 3:1.

      7 Nan pifò peyi, se Seza, sètadi otorite sivil yo, ki detèmine kiyès ki gen dwa marye. Se sa k fè, lè de kretyen ki lib pou yo marye selon Labib chwazi fè sa, yo obeyi lwa kote y ap viv la kòrèkteman. Pa egzanp, yo ka bezwen chèche jwenn yon otorizasyon, yo ka bezwen yon moun Leta otorize pou fè maryaj la, e yo ka bezwen anrejistre maryaj ki fin fèt la. Lè Seza Ogis te mande pou moun yo fè yo “ anrejistre ”, Mari ak Jozèf te obeyi, yo te travèse al Betleyèm ‘ pou y al fè yo anrejistre ’. — Lik 2:1-5.

      8. Nan ki pwen maryaj la se yon angajman, e ki sa Temwen Jewova yo fè ki montre yo konprann sa ?

      8 Lè de kretyen marye yon fason ki legal, nan je Bondye inyon sa a se yon angajman. Se poutèt sa, Temwen Jewova yo pa refè yon maryaj pa mwayen plizyè seremoni legal, ni yo pa renouvle ve maryaj yo ankò, tankou jan kèk koup konn fè sa sou 25 an oswa sou 50 an maryaj (Matye 5:37). (Gen kèk legliz ki pa aksepte maryaj sivil lalwa rekonèt, yo pretann se pa yon maryaj ki valab toutotan yon prèt oswa yon chèf relijye pa fè yon seremoni oswa yo pa deklare de moun yo se mari ak madanm.) Nan anpil peyi, gouvènman yo otorize yon minis asèmante Temwen Jewova pou selebre maryaj. Si sa posib, l ap fè yon diskou maryaj nan yon Sal Wayòm lè l ap selebre maryaj la. Sal Wayòm nan se kote ki la pou vrè adorasyon an e se yon andwa apwopriye pou yo fè yon diskou anrapò ak dispozisyon sa a Jewova Dye mete anplas la.

      9. a) Ki sa yon koup kretyen ka deside fè si se yon maryaj sivil y ap fè ? b) Ki jan ansyen yo ka patisipe nan planifikasyon maryaj la ?

      9 Nan kèk lòt peyi, lalwa mande pou koup yo marye nan yon biwo Leta, yon meri pa egzanp, oswa devan yon ofisye d eta sivil ki la pou sa. Souvan, kretyen yo ka deside pou gen yon diskou ki fèt nan yon Sal Wayòm apre etap legal sa a, swa menm jou a, swa nan demen. (Yo pap kite anpil jou pase ant seremoni legal la ak diskou biblik la, paske legalman yo marye devan Bondye e devan lèzòm, donk devan kongregasyon kretyen an tou.) Si yon koup ki pral fè yon maryaj sivil ta vle pou gen yon diskou ki fèt nan yon Sal Wayòm, toudabò yo ta dwe chèche jwenn pèmisyon nan men ansyen ki fòme komite sèvis kongregasyon an. Nonsèlman siveyan sa yo pral asire yo koup la gen bon repitasyon, men tou yo pral veye pou lè maryaj la pa tonbe nan lè reyinyon yo, ni nan lè yon lòt aktivite ki konn fèt nan sal la (1 Korentyen 14:33, 40). Anplis, si koup la ta mande yon preparasyon kèlkonk pou sal la, y ap egzamine si preparasyon yo konvnab e y ap deside si pou yo fè yon anons konsènan itilizasyon sal la.

      10. Si se yon maryaj sivil ki te fèt, ki jan sa ap afekte diskou maryaj la ?

      10 Ansyen k ap fè diskou maryaj la pral fè efò pou diskou a fèt sou yon ton ki amikal, ki edifyan espirityèlman e ki diy. Si koup la te fè yon maryaj sivil anvan sa, l ap bezwen di aklè yo deja marye selon lwa Seza. Si yo pa t fè ve maryaj nan seremoni sivil la, petèt koup la ka vle fè sa pandan diskou ac. Si seremoni sivil la te gen ve ladan l, men nouvo koup la ta vle pwononse ve yo devan Jewova e devan kongregasyon an, y ap bezwen pwononse yo o pase, konsa y ap montre yo deja “ anba menm jouk ”. — Matye 19:6 ; 22:21.

      11. Ki jan maryaj fèt nan kèk zòn, e ki jan yo pral fè diskou maryaj la anrapò ak sa ?

      11 Nan kèk zòn, lalwa ka pa mande de moun k ap marye yo fè okenn seremoni, e yo ka pa menm mande pou yo marye devan yon ofisye d eta sivil. Maryaj la fèt lè yo annik prezante yon fòmilè anrejistreman maryaj ki siyen bay yon moun gouvènman an otorize. Apre sa, y ap ba yo yon sètifika maryaj ki anrejistre. Lè sa a, yo tou konsidere de moun yo kòm mari ak madanm, e se jou sa a ki tou vin dat maryaj yo. Jan nou te wè sa pi wo a, koup ki fin marye a ka vle pou gen yon diskou maryaj ki baze sou Labib nan yon Sal Wayòm tousuit apre yo fin anrejistre maryaj yo. Frè ki gen matirite espirityèl yo chwazi pou fè diskou a ap fè tout moun nan asistans lan konnen de moun yo deja marye, paske maryaj yo fèk anrejistre. Kèlkeswa ve y ap fè, yo ta dwe fè yo ann akò ak sa ki di nan paragraf 10 la ak nòt ki mache ak paragraf 10 la. Moun k ap asiste nan Sal Wayòm nan ap rejwi ak koup la e y ap tire pwofi nan konsèy ki soti nan Pawòl Bondye a. — Chan Salomon 3:11.

      Maryaj koutimye ak maryaj sivil

      12. Ki sa yon maryaj koutimye ye, e ki sa li saj pou moun yo fè apre yon maryaj konsa ?

      12 Nan kèk peyi, moun yo fè sa yo rele maryaj koutimye (oswa maryaj tribal). Sa pa fè referans ak de moun ki jis ap viv ansanm, ni sa pa fè referans ak pratik yo rekonèt nan kèk zòn kote de moun ini yo, men inyon sa a pa gen menm valè ak yon maryaj legald. La a n ap pale de maryaj yo fè selon koutim yon tribi oswa yon zòn, koutim moun yo aksepte nan zòn nan. Sa ka egzije pèyman yon dòt pou fi ki pral marye a, e konsa, de moun yo marye ni legalman ni selon Ekriti yo. Leta rekonèt maryaj koutimye sa yo kòm maryaj ki legal e ki angaje moun yo nèt. Apre sa, souvan li posib pou yo anrejistre maryaj koutimye ki te fèt la, e lè moun yo fin fè sa, yo ka resevwa yon sètifika ofisyèl. Lè yo anrejistre maryaj la, sa ka yon pwoteksyon pou koup la, pou madanm nan si l ta vin vèv, e pou timoun ki ta vin fèt. Kongregasyon an ta dwe ankouraje moun ki fè yon maryaj koutimye pou yo anrejistre maryaj yo osito sa posib. Li enteresan pou nou note sou Lwa Moyiz la, sanble yo te konn anrejistre maryaj ak nesans. — Matye 1:1-16.

      13. Ki sa k apwopriye pou yo fè lè y ap bay yon diskou maryaj apre yon maryaj koutimye ?

      13 Yon koup ki ini legalman grasa yon maryaj koutimye tounen mari ak madanm lè maryaj sa a fèt. Jan nou te wè sa pi wo a, kretyen ki fè yon maryaj konsa ka vle pou gen yon diskou maryaj ki fèt e pou yo pwononse ve maryaj yo nan yon Sal Wayòm. Si se sa y ap fè, oratè a ap fè konnen de moun yo deja marye ann amoni ak lwa Seza yo. Se jis yon diskou y ap fè. Gen yon sèl maryaj, e nan ka sa a se maryaj lalwa rekonèt la, maryaj koutimye a (oswa maryaj tribal la), e gen yon sèl diskou ki baze sou Labib. Lè nou fè yon fason pou de aspè sa yo fèt youn apre lòt san nou pa kite anpil tan pase, si posib nan menm jou a, se yon fason pou nou onore maryaj kretyen an nan kominote a.

      14. Ki sa yon kretyen ka fè si gen posiblite pou l fè swa yon maryaj koutimye swa yon maryaj sivil ?

      14 Nan kèk peyi kote yo konsidere maryaj koutimye kòm legal, gen dispozisyon tou pou gen maryaj sivil (e ki legal). Souvan yo fè maryaj sivil yo devan yon ofisye gouvènman an rekonèt, e lè sa a yo ka tou pwononse ve yo e yo ka siyen nan yon rejis. Gen kèk koup kretyen ki pito fè maryaj sivil sa a olye yo fè yon maryaj koutimye. Legalman li pa nesesè pou yo fè toule de, paske yo chak yo valab sou plan legal. Nan ka sa a tou, nou ka aplike sa ki di nan paragraf 9 ak 10 la konsènan diskou maryaj la ak ve yo. Sa k pi enpòtan an, sèke de moun yo marye yon fason ki onorab nan je Bondye e nan je lèzòm. — Lik 20:25 ; 1 Pyè 2:13, 14.

      Manifeste onè nan maryaj la

      15, 16. Ki jan onè ta dwe jwe yon wòl esansyèl nan yon maryaj ?

      15 Te gen yon pwoblèm ki te soulve nan maryaj yon wa nan peyi Pès. Lè sa a, yon konseye an chèf ki te rele Memoukàn te bay yon konsèy ki te ka gen yon efè pozitif, li te di : ‘ Tout madanm dwe bay mari yo onè. ’ ​(Estè 1:20). Nan maryaj kretyen yo, konsèy sa a se pa yon wa imen ki pou bay li sou fòm yon dekrè, paske madanm yo vle onore mari yo. Menm jan an tou, mari kretyen yo ‘ bay konjwen yo onè ’ e yo louwe yo (Pwovèb 31:11, 30 ; 1 Pyè 3:7). Nou pap tann yon pakèt ane pase pou nou manifeste onè nan maryaj nou. Onè sa a ta dwe parèt aklè depi okòmansman, wi, depi nan jou maryaj la.

      16 Se pa sèl gason an ak fi a, sètadi mari a ak madanm nan, ki ta dwe demontre onè nan jou maryaj yo. Si yon ansyen ap fè yon diskou maryaj, sa ta dwe fèt yon fason ki demontre onè tou. Se ak koup la y ap pale nan diskou sa a. Oratè a ka onore yo, lè li pa bay blag sou yo e lè l pa plede ap site pwovèb. Li pa ta dwe fè remak ki twò pèsonèl, etandone remak konsa ka anbarase ni koup la ni moun k ap koute yo. Depreferans, l ap eseye fè diskou a yon fason ki amikal, ki edifyan, toutpandan l ap mete aksan sou Sila ki etabli maryaj la e sou konsèy Li bay. Wi, diskou maryaj ansyen an ap fè yon fason ki diy pral kontribye pou maryaj la onore Jewova Dye.

      17. Poukisa gen yon aspè legal nan selebrasyon maryaj kretyen yo ?

      17 Sandout ou te remake anpil pwen nan atik sa a konsènan detay sou fòmalite legal ki gen nan yon maryaj. Kèk aspè ka pa aplikab dirèkteman nan zòn kote w ap viv la. Sepandan, nou tout nou ta dwe byen konnen ki jan li enpòtan pou fason maryaj k ap fèt pami Temwen Jewova yo demontre respè pou lwa nan zòn nan, sètadi pou egzijans Seza yo (Lik 20:25). Pòl te fè nou egzòtasyon sa a : “ Se pou nou bay tout moun sa nou dwe ba yo : sa ki egzije enpo, ba li enpo, sa ki egzije kontribisyon, ba li kontribisyon, [...] sa ki egzije onè, ba li onè. ” ​(Women 13:7). Wi, li apwopriye pou kretyen yo onore dispozisyon Bondye mete anplas pou kounye a depi nan jou maryaj la.

      18. Ki aspè ki pa obligatwa nan yon maryaj nou bezwen egzamine, e ki kote nou ka jwenn enfòmasyon sou kesyon sa a?

      18 Apre anpil maryaj kretyen, konn gen yon aktivite an gwoup, se ka yon festen maryaj, yon dine oswa yon resepsyon. N ap sonje Jezi te aksepte patisipe nan yon festen konsa. Si gen yon aktivite konsa k ap fèt, ki jan konsèy ki nan Bib la ka ede nou pou nou gen asirans moman sa a li menm tou ap onore Bondye e l ap gen bon efè sou nouvo marye yo e sou kongregasyon kretyen an ? Atik ki vin apre a pral egzamine kesyon sa ae.

  • Demontre nou gen lafwa nan fason n ap viv
    Toudegad — 2006 | 1ye novanm
    • Demontre nou gen lafwa nan fason n ap viv

      “ Lafwa, depi pa gen zèv ki mache avè l, li mouri an li menm. ” — JAK 2:17.

      1. Poukisa premye kretyen yo te veye ni sou lafwa yo ni sou aksyon yo ?

      ANTANKE gwoup, premye kretyen yo te montre yo gen lafwa nan fason yo t ap viv. Men ki egzòtasyon disip Jak te bay kretyen yo : “ Se pou nou tounen pratikan pawòl la, e non pa moun k ap koute sèlman. ” Li te ajoute : “ Menm jan kò ki san espri a mouri, se menm jan an tou, lafwa ki san zèv la mouri. ” ​(Jak 1:22 ; 2:26). Anviwon 35 an apre disip Jak te fin ekri pawòl sa yo, anpil kretyen te kontinye demontre yo gen lafwa pa mwayen aksyon ki apwopriye yo te fè. Men malerezman, gen kèk kretyen ki pa t fè sa. Pa egzanp, Jezi te felisite kongregasyon Smin, sepandan, men sa l te di anpil moun nan kongregasyon Sad : “ Mwen konnen sa w fè. Mwen konnen ou pote non moun ki vivan, men ou mouri. ” — Revelasyon 2:8-11 ; 3:1.

      2. Ki kesyon kretyen yo ta dwe poze tèt yo konsènan lafwa yo ?

      2 Se pou rezon sa a, Jezi te ankouraje moun Sad yo — pakonsekan, tout moun ki t ap gen pou yo li pawòl sa yo annapre — pou yo manifeste premye lanmou yo te gen pou laverite e pou yo reveye nan sans espirityèl (Revelasyon 3:2, 3). Nou chak nou ka mande tèt nou : ‘ E aksyon pa m ? Èske yo montre aklè m ap fè tout efò m pou m demontre lafwa mwen nan tout sa m ap fè, menm nan domèn ki pa gen yon rapò dirèk avèk predikasyon oswa reyinyon yo ? ’ ​(Lik 16:10). Nou ta ka konsidere anpil aspè nan lavi a, men ann konsidere yon sèl : aktivite an gwoup pou detant, sa gen ladan l resepsyon ki fèt byen souvan apre seremoni maryaj kretyen yo.

      Aktivite pou detant ki pa fèt ak anpil moun

      3. Ki sa Labib di konsènan aktivite an gwoup pou detant ?

      3 Pifò nan nou byen renmen lè yo envite nou nan yon moman detant ant kretyen. Jewova se “ Bondye ki gen kè kontan an ”, e li vle pou sèvitè l yo gen kè kontan. (1 Timote 1:11.) Li te fè Salomon mete reyalite sa a nan Bib la : “ E mwen menm mwen fè elòj pou lajwa, paske lèzòm pa gen anyen ki pi bon anba solèy la pase manje, bwè ak rejwi yo, e pou sa akonpaye yo nan travay di y ap fè pandan jou lavi yo. ” ​(Eklezyas 3:1, 4, 13 ; 8:15). Nou ka jwenn yon jwa konsa nan yon repa familyal oswa nan lòt moman detant ant vrè adoratè kote pa gen anpil moun ki la. — Jòb 1:4, 5, 18 ; Lik 10:38-42 ; 14:12-14.

      4. Ki sa yon moun k ap prepare yon aktivite pou detant ta dwe veye ?

      4 Si w ap òganize yon aktivite pou detant konsa e se ou menm k ap responsab li, ou ta dwe byen reflechi sou sa w planifye fè, menm lè se kèk kretyen sèlman ou envite pou nou pataje yon repa e pou nou gen konvèsasyon amikal (Women 12:13). W ap bezwen veye pou “ tout bagay fèt yon fason ki konvnab ”, e pou se “ sajès ki soti anlè a ” ki dirije tout bagay (1 Korentyen 14:40 ; Jak 3:17). Apot Pòl te ekri : “ Kit n ap manje, kit n ap bwè, oswa nenpòt lòt bagay n ap fè, fè tout bagay pou glwa Bondye. Veye pou nou pa vin lakòz [pèsonn] trebiche. ” ​(1 Korentyen 10:31, 32). Sou ki aspè konsa li t ap bon pou nou veye ? Lè w reflechi sou sa depi alavans, w ap ka gen asirans ni aksyon w ni aksyon envite w yo pral demontre ou gen yon fwa ki ann aksyon. — Women 12:2.

      Ki jan aktivite pou detant lan ap ye ?

      5. Poukisa yon moun k ap òganize yon moman detant dwe byen reflechi pou l konnen si l ap sèvi bwason alkolik e si l ap pase mizik ?

      5 Anpil moun k ap òganize moman detant mande tèt yo si yo ta dwe sèvi bwason alkolik. Bwason sa yo pa nesesè pou yon moman konsa edifyan. N ap sonje Jezi te bay yon foul moun ki te vin kote l manje, lè sa a li te miltipliye pen ak pwason. Bib la pa di li te fè yon mirak pou l te bay diven, kwak nou konnen li te kapab fè sa (Matye 14:14-21). Si w ta deside sèvi bwason alkolik nan yon moman detant, se pou w modere nan kantite k ap disponib la, e se pou w veye pou gen lòt bon bwason ki pa gen alkòl ki disponib tou pou moun ki ta prefere sa (1 Timote 3:2, 3, 8 ; 5:23 ; 1 Pyè 4:3). Fè tout posib ou pou w pa fè pèsonn santi yo oblije bwè yon bagay ki ka mòde “ tankou yon sèpan ”. (Pwovèb 23:29-32.) Ki sa nou ka di konsènan mizik ak chante ? Si ap gen mizik nan moman detant sa a, se sèten w ap seleksyone chante yo, lè w konsidere ni mizik la ni pawòl yo (Kolosyen 3:8 ; Jak 1:21). Gen anpil kretyen ki twouve lè yo pase Mélodies du Royaume yo oswa lè yo chante kantik sa yo ansanm, sa pèmèt gen yon bon anbyans (Efezyen 5:19, 20). Epi, natirèlman, toujou veye sou volim nan pou mizik la pa ni toufe konvèsasyon enteresan nou genyen ni deranje vwazen yo. — Matye 7:12.

      6. Ki jan yon moun k ap òganize yon moman detant ka demontre li gen yon lafwa ki vivan nan sa ki gen rapò ak konvèsasyon oswa lòt aktivite ?

      6 Nan yon aktivite pou detant, kretyen yo ka pale de divès kalite sijè, yo ka li kèk bagay awotvwa, oswa yo ka rakonte kèk eksperyans enteresan. Si konvèsasyon an vle kite kad prensip kretyen yo, moun ki òganize moman detant lan ka redrese sitiyasyon an avèk tak. Li ta dwe veye tou pou pèsonn pa domine konvèsasyon an. Si l ta wè sa gen tandans rive, avèk tak, li kapab pran lapawòl pou l fè lòt moun patisipe nan konvèsasyon an. Li ka fè sa lè l envite timoun yo pale oswa lè l lanse yon sijè k ap pèmèt anpil moun fè kòmantè. Ni moun ki jèn ni sa k pi aje ap renmen aspè sa a nan moman detant lan. Si, antanke òganizatè, ou dirije bagay yo avèk sajès e avèk tak, moun ki la yo ap ‘ konnen w kòm moun ki rezonab ’. (Filipyen 4:5.) Y ap santi ou gen yon fwa ki vivan, yon fwa ki enfliyanse tout aspè nan lavi w.

      Maryaj ak resepsyon maryaj

      7. Poukisa nou bezwen reflechi lè n ap planifye maryaj ak resepsyon maryaj ?

      7 Yon okazyon espesyal kote moun ka gen lajwa, se maryaj kretyen yo. Sèvitè Bondye nan tan lontan yo, Jezi ak disip li yo ladan l tou, te konn patisipe san pwoblèm nan moman kè kontan sa yo, tankou nan resepsyon ki akonpaye yo a (Jenèz 29:21, 22 ; Jan 2:1, 2). Sepandan, sèjousi nou ka remake aklè planifye resepsyon maryaj mande pou nou fè yon efò espesyal si nou ta vle yo demontre nou se kretyen ki rezonab e ki ekilibre. Toutfwa, moman sa yo fè pati lavi a e yo bay yon kretyen opòtinite pou l manifeste lafwa li.

      8, 9. Ki jan kèk pratik ki konn genyen nan anpil maryaj reflete sa nou jwenn nan 1 Jan 2:16, 17 la ?

      8 Anpil moun, swa ki pa konn prensip biblik yo, swa ki meprize yo, konsidere maryaj kòm yon moman pou yo fè eksè, oswa kòm yon moman kote si yo fè eksè, pèsonn pap di anyen. Men sa yon fi ki te fèk marye te di nan yon peryodik Ewopeyen konsènan maryaj li pou li ki te yon maryaj “ wayal ” : ‘ Nou te nan yon kawòs deliks yo itilize pou fè parad ki te gen kat cheval ap rale l, e dèyè l, te gen 12 ti kawòs ki te gen cheval k ap rale yo e te gen yon gwo cha ki te gen yon òkès k ap jwe mizik sou li. Apre sa nou te gen bon manje ak bèl mizik. Se te ekselan. Mwen te santi m rèn jou a, egzakteman jan mwen te vle l la. ’

      9 Koutim yo ka diferan selon peyi a, men pawòl sa yo reflete aklè sa apot Jan te ekri, li te di : “ Tout sa ki nan monn nan — dezi lachè ak dezi je ak egzibisyon mwayen yon moun genyen pou l viv — pa soti nan Papa a, men yo soti nan monn nan. ” Èske w ta ka imajine de kretyen ki gen matirite k ap fè yon maryaj “ wayal ” ak yon resepsyon estravagan ? Sa y ap planifye a ta dwe montre depreferans yo sonje “ moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan ”. — 1 Jan 2:16, 17.

      10. a) Poukisa planifikasyon se yon bagay ki enpòtan anpil pou yon maryaj ki rezonab ? b) Kòman yo ta dwe pran desizyon anrapò ak moun y ap envite yo ?

      10 Koup kretyen yo vle reyalis e rezonab, e Labib ka ede yo nan sans sa a. Jou maryaj la gen anpil enpòtans, men yo konnen se jis kòmansman yon vi ansanm nan kad maryaj kote de kretyen yo gen lavi etènèl devan yo. Li pa obligatwa pou yo fè yon gwo festen maryaj. Si yo ta chwazi fè yon resepsyon, yo ta dwe kalkile depans y ap bezwen fè pou sa e yo ta dwe reflechi sou ki kalite fèt y ap fè (Lik 14:28). Selon Labib, nan lavi yo ansanm antanke kretyen, se mari a k ap chèf (1 Korentyen 11:3 ; Efezyen 5:22, 23). Donk, se lemarye an premye ki responsab resepsyon maryaj la. Men, avèk amou, l ap pale ak fiyanse li sou sijè tankou kiyès y ap envite e ki kantite moun yo ka envite nan resepsyon an. Petèt li pap posib pou yo envite tout zanmi ak tout fanmi yo nèt, se pou sa gen kèk desizyon y ap oblije pran yo avèk modesti. Koup la dwe kapab gen asirans si yo pa kapab envite kèk konpayon kretyen, konpayon sa yo ap ka konprann sa e yo pap ofanse pou sa. — Eklezyas 7:9.

      Yon “ direktè festen ”

      11. Ki wòl yon “ direktè festen ” jwe nan yon maryaj ?

      11 Si yon koup ta chwazi fè resepsyon pou maryaj yo, ki jan yo ka gen asirans tout bagay ap fèt avèk diyite ? Depi plizyè dizèn ane, Temwen Jewova yo rekonèt ki jan li saj lè yo imite yon aspè yo mansyone anrapò ak resepsyon Jezi te asiste nan Kana a. Te gen yon “ direktè festen ”, asireman se te yon konpayon kwayan ki gen sans responsablite (Jan 2:9, 10). Konsa tou, yon frè k ap marye ki saj ap chwazi yon frè kretyen ki gen matirite pou okipe wòl enpòtan sa a. Lè direktè festen an fin konn sa frè a ta renmen e li fin konn gou li, l ap ka okipe detay yo ni anvan ni pandan resepsyon an.

      12. Ki sa frè k ap marye a ta dwe konsidere anrapò ak sèvi bwason alkolik ?

      12 Ann amoni ak sa ki te di nan paragraf 5 lan, gen kèk koup ki chwazi pa sèvi bwason alkolik nan resepsyon maryaj yo, yon fason pou eksè nan bwason sa yo pa gate kè kontan ak reyisit moman an (Women 13:13 ; 1 Korentyen 5:11). Toutfwa, si yo ta deside sèvi bwason alkolik, frè k ap marye a ta dwe veye pou yo sèvi bwason sa yo avèk moderasyon. Te gen diven nan maryaj Jezi te asiste nan Kana, e li te founi diven bon kalite. Yon bagay ki enteresan, sèke direktè festen an te fè kòmantè sa a : “ Tout lòt moun mete bon diven an deyò anvan, e lè moun yo sou, yo mete diven ki enferyè a deyò. Ou menm, ou te rezève bon diven an pou jis kounye a. ” ​(Jan 2:10). Nou sèten, Jezi pa t ankouraje moun pou yo sou, paske li te konsidere sa kòm yon bagay ki pa bon (Lik 12:45, 46). Pandan direktè festen an t ap eksprime sezisman li lè l te wè kalite diven an, li te tou montre aklè gen okazyon kote li te wè kèk moun yo envite nan maryaj ki vin sou (Travay 2:15 ; 1 Tesalonisyen 5:7). Se sa k fè, ni frè k ap marye a, ni kretyen ki responsab li chwazi kòm direktè festen an ta dwe sèten tout moun ki la yo suiv direktiv klè sa a : “ Pa soule nou ak diven, gen debòch ladan l. ” — Efezyen 5:18 ; Pwovèb 20:1 ; Ocheya 4:11.

      13. Ki sa yon koup ta dwe konsidere si yo planifye pou gen mizik nan festen maryaj yo, e poukisa ?

      13 Menm jan ak nan nenpòt lòt fèt, si ta dwe gen mizik, yo ta dwe veye volim nan yon fason pou pèmèt moun yo fè konvèsasyon fasilman. Men yon remak yon ansyen fè : “ Tank nuit la ap avanse, nan moman kote konvèsasyon yo vin plis anime oswa nan moman kote gen moun ki kòmanse danse, pafwa yo monte volim mizik la. Mizik yo te kòmanse pase tou ba ka kòmanse vin fò anpil e mizik la ka anpeche konvèsasyon fèt. Yon resepsyon maryaj se yon okazyon pou youn pwofite konpayi lòt yon fason ki agreyab. Sa ta tris si yon mizik ki fò anpil ta rive gate opòtinite sa a. ” Nan domèn sa a tou, frè k ap marye a ansanm ak direktè festen an bezwen aji yon fason responsab, e yo pap kite responsablite pou veye sou volim nan ak chwa mizik yo nan men moun ki responsab mizik la, kit se yon moun yo peye pou sa ou non. Pòl te ekri : “ Kèlkeswa sa n ap fè an pawòl oswa ann aksyon, fè tout bagay nan non Seyè Jezi. ” ​(Kolosyen 3:17). Lè envite yo al lakay yo apre yon festen maryaj (oswa yon resepsyon), èske y ap sonje mizik yo te pase yo se te mizik ki demontre koup la t ap fè tout bagay nan non Jezi ? Se konsa sa ta dwe ye.

      14. Ki souvni agreyab kretyen yo ta dwe genyen konsènan yon maryaj ?

      14 Wi, yon maryaj ki byen òganize ap kite bèl souvni nan lespri moun. Adam ak Edyta, ki marye depi 30 an, te fè kòmantè sa yo konsènan yon maryaj : “ Nou te ka wè anbyans kretyen an. Te gen mizik ki louwe Jewova, men te gen lòt bèl aktivite ki amizan tou. Se pa t ni danse ni mizik ki te pi enpòtan. Anbyans lan te agreyab e li te edifyan, e tout bagay te ann amoni ak prensip biblik yo. ” Li klè, gen anpil bagay lemarye ak lamarye ka fè pou yo montre yo manifeste lafwa yo pa mwayen aksyon yo.

      Kado maryaj

      15. Ki konsèy biblik ki aplikab anrapò ak kado maryaj ?

      15 Nan anpil peyi, souvan zanmi ak fanmi bay moun k ap marye yo kado. Ki sa w ta dwe sonje si w ta chwazi fè sa ? Ebyen ou ka sonje sa apot Jan te di konsènan “ egzibisyon mwayen yon moun genyen pou l viv ”. Li te konekte egzibisyon sa a, non pa ak kretyen ki manifeste lafwa yo pa mwayen aksyon, men ak ‘ monn nan k ap pase ’. (1 Jan 2:16, 17.) Lè nouvo marye yo konsidere sa Jan te di sou enspirasyon an, èske yo ta dwe fè tout moun konnen kiyès ki te bay kado yo ? Kretyen Masedwàn ak kretyen Akayi yo te fè kontribisyon pou frè nan Jerizalèm yo, men pa gen anyen ki endike yo te pibliye non yo (Women 15:26). Anpil kretyen ki bay yon kado maryaj ta prefere yo pa site non yo olye pou yo ta atire atansyon sou yo menm san nesesite. Nan sans sa a, reflechi sou konsèy Jezi te bay ki nan Matye 6:1-4 la.

      16. Nan sa ki gen rapò ak kado maryaj, ki jan moun ki fèk marye yo ka evite blese santiman lòt moun ?

      16 Lè yo fè konnen kiyès ki te bay kado yo, sa ka pwovoke “ konpetisyon ” kanta ki kado ki pi bon oswa ki kado ki pi chè. Poutèt sa, kretyen ki fèk marye ki saj yo ap evite site non moun ki bay kado yo an piblik. Lè yo site non moun ki bay kado yo, sa ka anbarase lòt moun ki petèt pa t gen mwayen pou yo bay yon kado (Galat 5:26 ; 6:10). Natirèlman, se pa yon bagay ki mal si moun k ap marye yo ta konnen kiyès ki te ba yo yon kado. Petèt yo kapab konn sa grasa yon kat ki akonpaye kado a, men yo pap li kat sa a devan tout moun. Lè n ap achte kado maryaj, lè n ap bay yo oswa lè n ap resevwa yo, nou tout nou gen yon opòtinite pou nou montre lafwa nou gen yon efè sou aksyon nou, menm nan jan de kesyon prive sa yoa.

      17. Ki objektif kretyen yo ta dwe genyen konsènan lafwa yo ak aksyon yo ?

      17 Demontre lafwa nou mande plis pase viv yon fason ki pwòp moralman, asiste reyinyon yo, epi patisipe nan predikasyon. Se pou nou chak nou manifeste yon fwa vivan ki gen efè sou tout sa n ap fè. Wi, nou ka demontre lafwa nou pa mwayen aksyon ki “ fin akonpli nèt ”, sa gen ladan l aksyon nou fè nan kèk aspè nan lavi nou, jan nou te wè sa pi wo a. — Revelasyon 3:2.

      18. Ki jan pawòl nou jwenn nan Jan 13:17 la aplike nan maryaj kretyen yo ak nan aktivite pou detant ?

      18 Apre Jezi te fin kite yon bèl egzanp pou apot fidèl li yo lè li te aji avèk imilite e li te lave pye yo, men sa l te di : “ Si nou konnen bagay sa yo, nou byennere si nou fè yo. ” ​(Jan 13:4-17). Kote n ap viv jodi a, petèt li pa nesesè ni li pa nòmal pou nou lave pye yon lòt moun, pa egzanp yon moun nou ta envite lakay nou. Sepandan, jan nou te wè sa nan atik sa a, gen lòt aspè nan lavi nou kote nou ka manifeste lafwa nou pa mwayen aksyon ki demontre lanmou ak konsiderasyon, sa gen ladan l aktivite pou detant ak maryaj kretyen yo. Nou ka fè sa ni lè se nou menm k ap marye ni lè se envite yo envite nou nan yon maryaj oswa nan yon resepsyon maryaj, kote kretyen ki gen kè kontan vle manifeste lafwa yo pa mwayen aksyon yo.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje