BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 11 p. 30-p. 31 par. 14
  • Jan ki konn batize moun nan prepare chemen an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan ki konn batize moun nan prepare chemen an
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Jan ap prepare chemen an
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Jan fè konnen Mesi a ap vini
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jezi vin tounen Mesi a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jezi batize
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 11 p. 30-p. 31 par. 14
Jan ki konn batize moun nan ap preche moun yo pou yo repanti.

CHAPIT 11

Jan ki konn batize moun nan prepare chemen an

MATYE 3:1-12 MAK 1:1-8 LIK 3:1-18 JAN 1:6-8, 15-28

  • JAN VINI, LI PRECHE E LI BATIZE MOUN

  • ANPIL MOUN BATIZE, MEN SE PA TOUT

Sa gen 17 an depi Jezi te ret nan tanp lan ap poze anseyan yo kesyon. Lè sa a, li te gen 12 an. Nou nan prentan ane 29 epòk nou an, e tout moun ap pale de Jan, fanmi Jezi a, k ap preche nan tout zòn ki nan lwès Rivyè Jouden an.

Jan se yon moun ki enpresyonan nonsèlman nan aparans li men tou nan pawòl li. Rad li fèt ak plim chamo. Li gen yon sentiwon ki fèt an kui nan tay li, e li manje krikèt ak siwo myèl li jwenn nan bwa. Ki mesaj l ap preche? Men sa l ap di: “Se pou nou repanti, paske Wayòm syèl la vin pi pre.” — Matye 3:2.

Mesaj Jan an touche kè moun k ap koute l yo. Anpil moun vin konprann yo bezwen repanti pou peche yo, sa vle di yo bezwen chanje mantalite yo ak fason y ap viv la ki pa bon. Se konsa, moun te soti nan “Jerizalèm, nan tout Jide ak nan tout zòn ki ozalantou Rivyè Jouden an” pou y al jwenn li (Matye 3:5). Anpil nan moun ki te vin jwenn li yo te repanti. Pou l batize yo, li plonje yo nan dlo ki nan Rivyè Jouden an. Poukisa li batize yo?

Juif ki repanti yo vin kot Jan pou l batize yo.

Li batize moun yo kòm senbòl ki montre yo repanti ak tout kè yo poutèt yo pa t obeyi Lwa Bondye a (Travay 19:4). Malgre sa, se pa tout ki kalifye pou batize. Lè kèk chèf relijye Farizyen ak Sadiseyen vin kote l, Jan rele yo “ras vipè”. Men sa l di yo: “Se pou nou fè aksyon ki montre nou repanti. E pinga nou konprann pou n ap di nan kè nou: ‘Se Abraram ki papa nou.’ Paske, m ap di nou sa: Bondye kapab fè pitit sot nan wòch sa yo pou Abraram. Rach la deja nan rasin pyebwa a. Kidonk, tout pyebwa ki pa bay bon fwi, y ap koupe yo e y ap jete yo nan dife.” — Matye 3:7-10.

Lefètke moun yo ap pale anpil de Jan e lefètke mesaj li a pisan e l ap batize anpil moun, prèt yo ak Levit yo voye mande l: “Kiyès ou ye?”

Jan reponn byen klè: “Se pa mwen menm ki Kris la.”

Yo mande l: “Ki moun ou ye menm? Èske w se Eli?”

Li reponn yo: “Mwen pa Eli.”

Yo di l: “Èske w se Pwofèt la?” Yo te vle pale konsènan gran Pwofèt Moyiz te di ki te gen pou vini an. — Detewonòm 18:15, 18.

Jan reponn: “Non.”

Yo ensiste epi yo di: “Kiyès ou ye menm? Di nou pou nou ka bay moun ki voye nou yo yon repons. Kiyès ou di w ye?” Jan di yo: “Mwen se moun k ap di byen fò nan dezè a: ‘Fè chemen an dwat pou Jewova’, jan pwofèt Ezayi te di sa.” — Jan 1:19-23.

Yo mande l: “Ebyen, si w pa ni Kris la, ni Eli, ni Pwofèt la, poukisa w ap batize moun?” Li ba yo yon repons ki gen anpil siyifikasyon: “Mwen batize moun nan dlo. Men, gen yon moun ki nan mitan nou, yon moun nou pa konnen, k ap vin apre m.” — Jan 1:25-27.

Wi, Jan fè konnen l ap prepare chemen an lè l ede moun yo met kè yo nan bon kondisyon pou yo aksepte Mesi yo te anonse a, li menm k ap gen pou vin Wa. Men sa li di konsènan moun sa a: “Moun k ap vini apre m nan, moun mwen pa menm merite pou m ta retire sandal li a, pi pisan pase m.” ​(Matye 3:11). Anfèt, Jan te menm di yo: “Moun k ap vin apre m nan pran devan m, paske l te egziste anvan m.” — Jan 1:15.

Konsa, mesaj Jan t ap bay ki fè konnen pou moun “repanti, paske Wayòm syèl la vin pi pre” a te byen tonbe (Matye 3:2). Mesaj sa a te pèmèt tout moun wè travay predikasyon Wa Jewova voye a, anpalan de Jezi Kris, t apral kòmanse.

  • Ki jan de moun Jan ye, e ki sa l ap fè?

  • Poukisa Jan ap batize moun?

  • Ki mesaj Jan ap bay, e poukisa mesaj sa a byen tonbe?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje