BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 22 p. 58-p. 59 par. 6
  • Gen kat nan disip li yo ki vin pechè moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Gen kat nan disip li yo ki vin pechè moun
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Li envite kat nan disip li yo vin suiv li
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Li te konbat dout ak laperèz
    Annou imite lafwa yo
  • Jezi parèt devan pechè pwason yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • “ Ale epi fè disip ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 22 p. 58-p. 59 par. 6
Jezi ap pale ak Pyè, Andre, Jak ak Jan bò Lanmè Galile.

CHAPIT 22

Gen kat nan disip li yo ki vin pechè moun

MATYE 4:13-22 MAK 1:16-20 LIK 5:1-11

  • JEZI ENVITE DISIP LI YO POU YO SUIV LI NÈTALE

  • GEN MESYE KI TE PECHÈ PWASON KI VIN TOUNEN PECHÈ MOUN

Apre moun Nazarèt yo te eseye touye Jezi, Jezi al nan vil Kapènawòm, toupre lanmè Galile yo rele “Lak Jenezarèt la” tou (Lik 5:1). Sa vin akonpli pwofesi ki nan liv Ezayi a ki fè konnen pèp Galile a, pèp ki abite bò lanmè a, t ap wè yon gwo limyè. — Ezayi 9:1, 2.

Pandan Jezi Galile, li kontinye anonse “Wayòm syèl la vin pi pre”. (Matye 4:17.) Jezi jwenn kat nan disip li yo. Mesye sa yo te vwayaje avè l anvan sa, men yo te retounen nan biznis lapèch yo a lè yo te retounen sot Jide ak Jezi (Jan 1:35-42). Kounye a, moman an rive pou yo rete avèk Jezi yon fason pou l ka ba yo fòmasyon pou yo ka kontinye fè travay predikasyon an apre l fin ale.

Pandan Jezi ap mache bò lanmè a, li wè Simon Pyè ak frè l la, Andre, ansanm ak konpayon l yo k ap prepare filè yo. Jezi al jwenn yo, li monte nan bato Pyè a epi li mande l pou l antre plis nan lanmè a. Lè yo rive nan yon distans, Jezi chita nan bato a epi li kòmanse pale ak foul moun ki te rasanble bò lanmè a konsènan verite sou Wayòm nan.

Apre sa, Jezi di Pyè: “Avanse kote dlo a fon, epi lage filè nou pou nou peche.” Pyè reponn: “Anseyan, nou pase tout nuit lan ap travay di e nou pa pran anyen. Men, kòm se ou ki ban nou lòd, m ap lage filè yo.” — Lik 5:4, 5.

Andre, Jak ak Jan ap fè gwo efò pou yo rale filè yo nan bato a; Pyè tonbe devan pye Jezi.

Lè yo lage filè yo, yo tèlman pran anpil pwason, filè yo kòmanse chire. Menm kote a, mesye yo mande asosye yo ki nan yon bato ki toupre pou yo vin ede yo. Nan yon ti moman, toule de bato yo vin tèlman plen ak pwason yo kòmanse fè fon. Lè Pyè wè sa, li met ajenou nan pye Jezi, li di: “Seyè, pa rete pre m, paske mwen fè anpil peche.” Jezi reponn: “Ou pa bezwen pè ankò. Apati kounye a, se moun ou pral pran tou vivan.” — Lik 5:8, 10.

Jezi di Pyè ak Andre: “Vin suiv mwen, e m ap fè nou vin pechè moun.” ​(Matye 4:19). Jezi envite de lòt pechè pwason, anpalan de Jak ak Jan, pitit gason Zebede yo, pou yo suiv li, e yo menm tou yo suiv li lamenm. Se konsa toule kat mesye sa yo kite biznis lapèch yo a e yo vin kat premye disip ki te toujou ansanm ak Jezi.

  • Ki kalite moun Jezi te envite ki pou toujou avè l, e kiyès yo te ye?

  • Ki mirak ki fè Pyè panike?

  • Nan ki kalite aktivite lapèch Jezi envite kat nan disip li yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje