CHAPIT 35
Ki jan m ka vin zanmi Bondye?
Eksperyans Jeremy te fè te ede l konprann enpòtans pou l gen yon relasyon solid ak Bondye. Li di: “Lè m te gen 12 an, papa m te kite kay la. Gen yon nuit, pandan m t ap kriye, mwen te sipliye Jewova pou l fè papa m tounen.”
Pandan Jeremy te nan gwo lapenn, li te kòmanse li Bib la. Lè l te vin tonbe sou Sòm 10:14, sa te touche l anpil. Men sa vèsè sa a di de Jewova: “Se ou menm viktim yo vin jwenn. Se ou menm ki ede timoun ki pa gen papa yo.” Jeremy di: “Mwen te santi Jewova ap pale avè m e li t ap fè m konnen se li k ap ede m, li se Papa m. Se pi bon papa mwen te ka genyen!”
KIT ou nan yon sitiyasyon ki sanble ak pa Jeremy an kit sitiyasyon w diferan, Labib fè konnen Jewova vle w zanmi l. Anfèt Labib di: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” (Jak 4:8). Panse ak sa pawòl sa yo vle di: Byenke w pa ka wè Jewova, e se sèten li pa nan menm nivo avèk ou ditou, li envite w vin zanmi l.
Men pou w vin zanmi Bondye, sa mande pou w fè efò. Ann pran yon egzanp: Si w gen yon plant, ou konnen li pap rete konsa l grandi. Pou l grandi, fòk ou wouze l regilyèman e fò w mete l yon kote k ap ede l grandi. Se menm bagay la pou amitye ak Bondye. Ki jan w ka fè amitye a grandi?
Li enpòtan pou w etidye
Amitye gen ladan l kominikasyon nan de sans, sa vle di toude moun yo gen pou yo pale e toude gen pou yo koute. Se menm bagay la pou amitye ak Bondye. Lè w li Labib e w etidye l se koute w koute sa Bondye ap di w. — Sòm 1:2, 3.
Se vre, ou ka pa renmen etidye. Gen anpil jèn ki pi renmen gade televizyon, jwe jwèt elektwonik oswa pase tan ak zanmi. Men, si w vle vin zanmi Bondye, pa gen wout pa bwa. Ou bezwen koute l lè w etidye Pawòl li.
Men, pa enkyete w. Etidye Labib pa oblije vin yon pwa lou pou ou. Ou ka vin renmen sa, menmsi w panse ou pa moun ki renmen etidye. Premye bagay ou bezwen fè se chwazi yon moman pou w etidye Labib. Gen yon jèn fi ki rele Lais ki di: “Mwen gen yon pwogram. Premye bagay mwen fè lematen se li yon chapit nan Bib la.” Maria ki gen 15 an fè l yon lòt fason. Li di: “Mwen li yon ti pati nan Bib la chak swa anvan m al dòmi.”
Pou w kòmanse ak pwòp pwogram etid ou, gade kare ki nan paj 292 la. Epi, ekri yon lè ou panse w ap ka fè omwen 30 minit ap etidye Bib la.
․․․․․
Fè yon pwogram se yon kòmansman. Men lè w kòmanse etidye toutbon, w ap vin wè Bib la pa toujou fasil pou w li. Ou ka dakò ak sa Jezreel, yon tigason ki gen 11 an ki di: “Gen kèk pati nan Bib la ki mande anpil konsantrasyon pou w rive konprann yo e ki pa twò enteresan.” Si w santi w menm jan an, pa bay vag. Chak fwa w pral etidye Bib la, toujou sonje se yon tan ou pral pran pou w tande Jewova, zanmi w lan, k ap pale avè w. Anfèt, pou etid Labib la enteresan e pou w jwenn byenfè ladan l sa depann de efò w ap fè.
Li esansyèl pou w priye
Lapriyè se fason nou pale ak Bondye. Reflechi pou w wè jan lapriyè se yon gwo kado: Ou ka pale ak Jewova nenpòt lè, lajounen kou lannuit. Li toujou disponib. Epitou, li dispoze koute w. Se poutèt sa Labib ankouraje w pou w “fè Bondye konnen demann [ou] yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan [w] ap di l mèsi”. — Filipyen 4:6.
Jan Bib la di sa, gen anpil bagay ou ka pale ak Jewova sou yo. Ou ka pale l sou pwoblèm ou ak tètchaje ou genyen. Ou ka pale sou bagay ou gen rekonesans pou yo. Lè zanmi w fè bon bagay pou ou, èske w pa di yo mèsi pou sa? Ou ka fè menm bagay la pou Jewova, li menm ki fè plis bagay pou ou pase tout lòt zanmi. — Sòm 106:1.
Pi ba a, ekri kèk bagay ou vle di Jewova mèsi pou yo.
․․․․․
Pa gen dout gen anpil bagay ki fè w pè e ki ba w tètchaje detanzantan. Sòm 55:22 di: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w. Li pap janm kite moun ki jis la tonbe.”
Nan liy ki pi ba yo, ekri tout bagay ki enkyete w ou ta renmen priye sou yo.
․․․․․
Eksperyans pèsonèl
Gen yon lòt aspè nan amitye w ak Bondye ou pa dwe bliye. David, youn nan moun ki te ekri liv Sòm yo, di: “Goute e n a wè jan Jewova bon.” (Sòm 34:8). Lè David te ekri 34yèm Sòm nan, li te fèk fin fè yon eksperyans ki te fè l pè anpil. Li te nan mawon akoz wa Sayil ki te dèyè touye l! Se yon eksperyans ki vrèman difisil. Men, li te oblije al kache nan mitan Filisten yo ki te ènmi l. Lè David te vin nan yon sitiyasyon kote l te wè lanmò, li te pran pòz moun fou l e se sa ki te pèmèt li chape. — 1 Samyèl 21:10-15.
David pa t panse se paske li entèlijan ki fè l te rive chape. Li te rekonèt se Jewova ki te fè l chape. Nan sòm nou te pale de li pi wo a, li te ekri: “Mwen te rele Jewova e li te reponn mwen, li te delivre m anba tout sa ki t ap fè m pè yo.” (Sòm 34:4). Se eksperyans pèsonèl David te fè ak Jewova ki fè l te ka di lòt moun pou yo ‘goute pou yo wè jan Jewova bon’a.
Èske w sonje yon eksperyans ou te fè nan lavi w ki ba w prèv Jewova gen sousi pou ou? Si se wi, ekri eksperyans lan pi ba a. Men yon bagay k ap ede w: Eksperyans lan pa oblije yon bagay ki grav. Eseye reflechi sou benediksyon ou jwenn chak jou e ou ta ka pa pran pou anyen.
․․․․․
Petèt paran w te etidye Labib avè w. Si se sa, se yon benediksyon sa ye. Men, ou bezwen vin gen amitye pèsonèl ak Bondye. Si w poko fè sa, ou ka sèvi ak chapit sa a pou ede w kòmanse. Jewova ap beni efò w fè yo. Labib di: “Kontinye mande, e y ap ban nou. Kontinye chèche, e n ap jwenn.” — Matye 7:7.
LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 1, CHAPIT 38 AK 39.
Èske w twouve l difisil pou w pale de Jewova ak lòt moun? Ann wè ki jan w ka defann kwayans ou.
[Nòt anba paj]
a Gen kèk tradiksyon Labib ki mete “dekouvri pou tèt ou”, “chèche wè pou tèt ou” oswa “fè eksperyans lan w a wè” nan plas “goute e n a wè”. — Contemporary English Version, Today’s English Version, ak The Bible in Basic English.
VÈSÈ KLE
“Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” — Matye 5:3.
MEN YON IDE
Si w annik li kat paj nan Bib la chak jou, w ap fin li tout Bib la nan anviwon ennan.
ÈSKE W TE KONNEN?
Lefètke w ap li liv sa a e w suiv konsèy ki ladan l ki baze sou Bib la, sa montre Jewova enterese nan ou pèsonèlman. — Jan 6:44.
SA M KONTE FÈ
Men sa m ap fè pou m jwenn plis byenfè nan etid Labib mwen ․․․․․
Men sa m ap fè pou m priye pi regilyèman ․․․․․
Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․
KI SA W PANSE?
● Ki jan w ka fè pou w pran plis plezi nan etid Labib w ap fè?
● Poukisa Jewova vle koute priyè moun ki enpafè?
● Ki jan w ka amelyore kalite priyè w yo?
[Antrefilè nan paj 291]
“Lè m te piti, mwen te konn repete menm bagay yo nan priyè m. Kounye a, mwen eseye priye sou bon bagay ak move bagay ki te pase chak jou. Kòm pa janm gen de jou ki egzakteman menm jan, sa ede m pou m pa plede repete menm bagay yo.” — Eve.
[Kare/Foto nan paj 292]
Chèche konn Bib ou
1. Chwazi yon istwa nan Bib la ou ta renmen li. Priye pou Bondye ede w konprann sa w pral li a.
2. Li istwa a avèk atansyon. Pran san w. Pandan w ap li a, imajine bagay yo. Eseye wè sa k ap pase a, tande vwa moun k ap pale yo, pran sant bagay ki nan lè a, pran gou manje yo, eksetera. Fè istwa a vin vivan nan lespri w!
3. Reflechi ak sa w sot li a. Poze tèt ou yon seri kesyon, tankou sa ki annapre yo:
● Poukisa Jewova te fè ekri istwa sa a nan Pawòl li?
● Kiyès nan moun nan istwa sa a ou ka imite, e kiyès ki dwe sèvi avètisman pou ou?
● Ki leson ou aprann nan istwa sa a?
● Ki sa istwa sa a aprann mwen sou Jewova ak fason li aji?
4. Fè yon priyè tou kout. Di Jewova sa w te aprann nan etid Labib la ak fason w planifye aplike sa w aprann nan nan lavi w. Toujou di Jewova mèsi pou Labib, Pawòl li a, li ba w kòm kado!
[Foto]
“Pawòl ou se yon lanp pou pye m e li se yon limyè pou wout mwen.” — Sòm 119:105.
[Kare/Foto nan paj 294]
Met bagay ki pi enpòtan yo anvan
Ou santi w twò okipe pou w priye? Ou pa gen tan pou w etidye Labib? Byen souvan, sa rive akoz fason w fè sa w gen pou w fè yo.
Eseye fè eksperyans sa a: Pran yon bokit epi mete plizyè gwo wòch ladan l. Kounye a, fin plen bokit la nèt ak sab. Ou gen yon bokit ki plen ak wòch e ak sab.
Kounye a, vide bokit la, men pa jete ni wòch yo ni sab la. Eseye mete yo lanvè, sa vle di mete sab la anvan epi eseye mete wòch yo nan bokit la. Èske w jwenn plas pou wòch yo? Rezon an se paske fwa sa a ou te mete sab la nan bokit la anvan.
Leson an? Labib di: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” (Filipyen 1:10). Si w mete bagay ki pa enpòtan anvan, tankou detant, w ap toujou gen enpresyon ou pa gen ase tan pou w fè sa k pi enpòtan yo, tankou aktivite espirityèl yo. Men, si w suiv konsèy Bib la, w ap jwenn tan ni pou bagay espirityèl yo ni pou yon ti detant. Tout bagay depann de sa w mete anvan an!
[Foto nan paj 290]
Menm jan ak yon plant, ou bezwen nouri amitye w genyen ak Bondye a pou l grandi.