BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Poukisa nou dwe priye?
    Toudegad — 2010 | 1ye oktòb
    • 1 Poukisa nou dwe priye?

      LAPRIYÈ. Pa gen anpil sijè nan Labib ki pi enterese moun pase lapriyè. Ann konsidere sèt kesyon moun konn poze sou lapriyè, epi ann egzamine ki repons Labib bay sou kesyon sa yo. Objektif atik ki vin apre yo se ede nou priye oswa ede nou amelyore fason nou konn priye.

      NAN lemonnantye, nan kèlkeswa kilti a oswa relijyon an, moun lapriyè. Yo fè sa lè yo poukont yo oswa lè yo an gwoup. Yo priye nan legliz, nan tanp, nan sinagòg, nan moske ak lòt kote moun konsidere ki sakre. Yo konn sèvi ak tapi ki fèt pou sa, ak chaplè, ak silenn y ap vire ki gen kopi priyè anndan yo, ak zidòl oswa senbòl, ak liv priyè, oswa ak priyè ki ekri sou yon moso planch yo pandye sou yon etajè.

      Lapriyè se youn nan bagay ki fè moun diferan parapò ak lòt kreyati ki vivan sou tè a. An reyalite, gen anpil bagay ki fè nou pa twò diferan ak bèt yo. Menm jan ak yo, nou bezwen manje, lè pou n respire ak dlo, nou fèt, nou viv lavi nou epi nou mouri (Eklezyas 3:19). Men, se sèlman nou menm ki priye. Pou ki rezon?

      Petèt repons ki pi senp lan sèke nou bezwen sa. Jeneralman, anpil moun konsidere lapriyè kòm yon mwayen pou yo pwoche bò kote yon bagay yo konsidere ki sen, oswa ki sakre, e ki la pou toutan. Labib montre nou fèt ak bezwen sa a (Eklezyas 3:11). Yon lè, Jezi Kris te di: “Byennere moun ki rann yo kont yo bezwen Bondye.” —Matye 5:3.

      Ki jan nou ta kapab esplike rezon ki fè gen tout batiman relijye sa yo ak tout objè moun fè ki gen rapò ak adorasyon, san konte tout kantite tan moun pase ap lapriyè, si yo pa t santi yo “bezwen Bondye”? Anpil moun konte sou tèt yo oswa sou moun parèy yo pou yo satisfè bezwen sa a. Men, èske w pa santi lèzòm pa kalifye pou yo bay bonjan èd nan domèn sa a? Nou frajil anpil, lavi nou kout, e nou pa wè lwen ase. Se sèlman yon moun ki gen plis sajès pase nou, yon moun ki gen plis fòs pase nou, e ki viv pi lontan pase nou ki ka ban nou sa nou bezwen. Ki sa nou bezwen konsa nan men Bondye ki pouse nou priye?

      Fè yon ti reflechi. Èske sa pa janm rive w pou w ap chèche direksyon, sajès, oswa repons pou kesyon lèzòm sanble pa ka reponn akoz konesans yo ki limite? Èske w pa janm santi w bezwen konsolasyon apre lanmò ale ak yon moun ou renmen anpil? Èske w pa konn bezwen konsèy lè w gen yon gwo desizyon pou w pran? Oubyen, èske w pa janm santi w bezwen padon lè konsyans ou ap kale w?

      Dapre Labib, tout bezwen sa yo se bonjan rezon pou nou priye. Nan kesyon lapriyè a, Labib se liv nou ka fè plis konfyans, e li gen yon pakèt priyè ladan l yon seri gason ak fi ki te fidèl te fè. Yo te priye pou yo jwenn konsolasyon, direksyon, padon, e pou kesyon ki te twò difisil pou yo reponn. —Sòm 23:3; 71:21; Dànyèl 9:4, 5, 19; Abakouk 1:3.

      Byenke priyè sa yo te diferan youn ak lòt, gen yon bagay ki parèt nan tout. Moun ki t ap priye yo te konnen sekrè pou priyè yo egzose, yon sekrè moun nan monn nan pa konnen oswa yo pa bay valè. Sekrè a sèke yo te konnen ki moun pou yo priye.

  • 2 Kiyès pou nou priye?
    Toudegad — 2010 | 1ye oktòb
    • 2 Kiyès pou nou priye?

      ÈSKE tout priyè al yon sèl kote kèlkeswa moun nou priye a? Nan monn n ap viv jodi a, moun yo gen tandans panse konsa. Moun ki vle pou tout relijyon met tèt yo ansanm e ki kwè yo tout bon nan je Bondye, malgre yo diferan youn ak lòt, panse sa tou. Men, èske sa yo panse a se sa?

      Labib montre gen yon pakèt moun ki pa priye moun yo dwe priye a. Nan epòk yo te ekri Labib, se yon bagay ki te kouran pou moun yo priye imaj taye. Sepandan, Bondye li menm te toujou kondane sa. Pa egzanp, gade sa Sòm 115:4-6 di sou zidòl yo: “Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande.” Si se sa, poukisa pou w priye yon dye ki pap janm ka tande w?

      Gen yon bèl istwa nan Labib ki ede nou pi byen konprann sa. Vrè pwofèt Bondye a, Eliya, te bay pwofèt Baal yo yon defi. Yo t ap gen pou yo priye dye pa yo a e pwofèt Bondye a, li menm, t ap gen pou l priye Bondye. Eliya te di yo vrè Dye a ap reponn, men fo dye a pap reponn. Pwofèt Baal yo te aksepte defi a, yo te mete tout yo menm nan priyè byen long yo t ap fè a, yo te menm rele byen fò, men anyen pa t mache! Men sa nou li nan istwa a: “Men, ankenn vwa pa reponn! Anyen pa pati.” ​(1 Wa 18:29). Men, kòman sa te pase pou Eliya?

      Kou Eliya fin priye, Bondye te reponn li san pèdi tan, li te fè dife soti nan syèl la tonbe sou sakrifis Eliya te prepare a. Ki sa k fè Dye Eliya a te tande priyè l la? Gen yon bagay nan priyè Eliya a, priyè nou jwenn nan 1 Wa 18:36, 37 la, ki montre poukisa. Nan lang Eliya te priye a, lang ebre a, priyè l la te kout anpil, li te gen anviwon 30 mo ladan l sèlman. Epoutan, Eliya te site non Bondye, Jewova, twa fwa.

      Baal se dye Kananeyen yo, non sa a vle di “pwopriyetè” oswa “mèt”. Nan chak zòn nan tèritwa Kananeyen yo te gen yon Baal diferan. Sepandan, non Jewova a, se yon sèl Dye nan tout linivè ki pote l. Dye sa a te di pèp li a: “Mwen se Jewova. Sa se non mwen. E mwen pap bay pèsonn glwa mwen.” —Izayi 42:8, NW.

      Èske priyè Eliya a ak priyè pwofèt Baal yo te ale yon sèl kote? Moun ki t ap adore Baal yo te pratike pwostitisyon nan adorasyon yo t ap ba li a e sa te rabese yo. Yo te menm konn ofri moun parèy yo kòm sakrifis. Yon lòt bò, adorasyon pèp Izrayèl te konn bay Jewova a te leve nivo moralite yo e li te libere yo anba vye pratik sal sa yo. Donk, fè yon ti reflechi, si w ta ekri yon zanmi yon lèt, yon zanmi ou respekte anpil, èske w t ap atann pou se yon lòt moun ki pa gen menm non avè l yo bay lèt la, yon moun ki pa gen bon repitasyon ditou e ki pa suiv menm prensip wo nivo li suiv yo? Non!

      Defi Eliya te bay pwofèt Baal yo montre byen klè tout priyè pa ale menm kote.

      Si se Jewova ou priye, se ak Kreyatè a w ap pale, Papa tout mouna. Pwofèt Izayi te di nan yon priyè: “Ou menm, O Jewova, ou se Papa nou.” ​(Izayi 63:16, NW). Se de Jewova menm Jezi t ap pale lè l te di disip li yo: “M ap monte kot Papa m, ki Papa nou tou, kot Bondye m, ki Bondye nou tou.” ​(Jan 20:17). Jewova se Papa Jezi. Li se Bondye Jezi te konn priye a e se li menm Jezi te anseye disip li yo pou yo priye. —Matye 6:9.

      Èske Labib anseye nou pou nou priye Jezi, Mari, sen yo oswa zanj yo? Non. Se sèl Jewova nou dwe priye. Ann analize de rezon ki montre sa. Premyèman, lapriyè se yon fòm adorasyon, e Labib di se sèl Jewova nou dwe adore (Egzòd 20:5). Dezyèmman, Labib fè nou konnen li se Moun ki “tande lè y’ap lapriyè” a (Sòm 65:2). Byenke Jewova bay kreyati l yo fè yon seri bagay ki anba responsablite l, men li pa janm bay pèsonn lòt moun tande lapriyè nan plas li. Li se Bondye ki pwomèt l ap tande priyè nou yo pèsonèlman.

      Donk, si w ta renmen Bondye tande priyè w, pa bliye konsèy sa a nou jwenn nan Labib: “Tout moun ki envoke non Jewova ap sove.” ​(Travay 2:21). Men, èske Jewova tande kèlkeswa priyè a? Oubyen, èske gen lòt bagay nou ta dwe konnen si nou ta renmen Jewova tande priyè nou?

      a Nan kèk relijyon, yo fè konnen li pa bon pou moun site bon non Bondye menm lè y ap priye. Sepandan, non sa a parèt anviwon 7 000 fwa nan lang orijinal yo te ekri Bib la, e anpil fwa se nan priyè ak nan sòm sèvitè fidèl Jewova yo li te parèt.

  • 3 Ki jan pou nou priye?
    Toudegad — 2010 | 1ye oktòb
    • 3 Ki jan pou nou priye?

      NAN kesyon priyè a, anpil relijyon mete aksan sou aspè fizik yo, tankou pozisyon yon moun pran, pawòl li di oswa yon seri jès li dwe fè lè l ap priye. Sepandan, Labib pa konsantre sou aspè sa yo, men li konsantre sou lòt aspè ki pi enpòtan tankou: “Ki jan pou nou priye?”

      Labib montre sèvitè fidèl Bondye yo te konn priye nan tout kalite sitiyasyon e yo te konn priye nan diferan pozisyon. Yo te konn priye an silans oswa yo te konn fè sa awotvwa, selon sikonstans yo. Yo te konn priye pandan yo t ap gade syèl la oubyen pandan yo te pwostène sou fas yo. Olye yo te sèvi ak imaj, chaplè oubyen liv priyè lè yo t ap priye, yo te priye ak tout kè yo, ak pawòl pa yo. Ki sa k fè Bondye te koute priyè yo?

      Jan sa te parèt nan atik anvan an, yo te priye yon sèl Dye, Jewova. Gen yon lòt bagay enpòtan ki fè Bondye te koute priyè yo. Men sa nou li nan 1 Jan 5:14: “Men asirans nou gen nan Bondye: kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” Nou dwe priye ann amoni ak volonte Bondye. Sa sa vle di?

      Pou nou priye ann amoni ak volonte Bondye, nou bezwen konnen volonte l. Se sa k fè li enpòtan pou nou etidye Labib. Èske sa vle di Bondye pap koute nou si nou pa yon biblis, sa vle di yon moun ki fè gwo etid sou Labib? Non. Men, Bondye vle nonsèlman pou nou chèche konnen volonte l, men tou pou nou chèche konprann volonte sa a epi aji selon sa nou aprann sou volonte l (Matye 7:21-23). Priyè nou yo dwe ann amoni ak sa nou aprann yo.

      Bondye koute priyè moun fè ki ann amoni ak volonte l, ki montre moun k ap priye a gen lafwa nan li e ki fèt nan non Jezi.

      Pou Bondye koute priyè nou, li enpòtan tou pou n gen lafwa. Toutpandan n ap aprann konnen sa volonte Jewova ye, se plis lafwa nou ap ogmante. Men sa Jezi te di: “Tout bagay nou mande nan lapriyè, depi nou gen lafwa, n ap resevwa yo.” ​(Matye 21:22). Gen lafwa pa vle di kwè nenpòt sa yo di nou. Men, sa vle di kwè nan yon bagay byenke nou pa wè l, paske gen bonjan prèv ki montre nou gen rezon pou n kwè ladan l (Ebre 11:1). Labib chaje ak prèv ki montre Jewova, Bondye nou pa ka wè a, reyèl, nou kapab konte sou li, e li dispoze koute priyè moun ki gen lafwa nan li yo. Sa k pi bèl la, nonsèlman nou kapab toujou mande Jewova pou l fè nou gen plis lafwa, men tou, li pran plezi ban nou sa nou bezwen. —Lik 17:5; Jak 1:17.

      Men yon lòt aspè enpòtan nan kesyon ki jan pou nou priye a. Jezi te di: “Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” ​(Jan 14:6). Donk, Jezi se mwayen pou moun pwoche bò kote Papa a, Jewova. Se sa k fè l te di disip li yo se pou yo priye nan non l (Jan 14:13; 15:16). Sa pa vle di pou nou priye Jezi. Men, nou priye nan non Jezi toutpandan n ap sonje se grasa li ki fè nou kapab pwoche bò kote Papa nou ki pafè e ki sen.

      Gen yon lè disip ki pi pwòch Jezi yo te mande l: “Seyè, montre nou ki jan pou nou priye.” ​(Lik 11:1). Sa klè, yo pa t ap pale konsènan bagay nou te mansyone anvan yo. An reyalite, yo te vle konnen ki sa pou yo mande nan priyè yo.

  • 4 Sou ki sa pou nou priye?
    Toudegad — 2010 | 1ye oktòb
    • 4 Sou ki sa pou nou priye?

      YO KONSIDERE priyè Jezi te bay disip li yo kòm modèl la, priyè yo rele Nòtrepè a, kòm priyè kretyen yo plis resite nan tout priyè yo fè. Kit se vre, kit se pa vre, priyè sa a se youn nan priyè moun plis pa konprann. Plizyè milyon moun resite priyè sa a chak jou, e pafwa yo fè sa plizyè fwa pandan jounen an, san yo pa konprann anyen ladan l. Men, Jezi pa t janm bay priyè sa a pou yo itilize l konsa. Kòman nou fè konn sa?

      Anvan Jezi te bay priyè sa a kòm modèl, men sa l te di: “Lè n ap priye, pinga nou plede repete menm bagay yo.” ​(Mat. 6:7). Èske Jezi t ap kontredi tèt li pou l ta bay disip li yo yon priyè pou yo aprann pa kè e pou yo repete? Non! Okontrè, Jezi t ap anseye ki sa pou yon moun mande nan lapriyè, e li t ap bay yon seri bagay ki dwe gen priyorite pou yon moun lè l ap priye. Annou egzamine sa l te di nan Matye 6:9-13 yo pi byen.

      “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.”

      Lè Jezi te di pawòl sa yo, li t ap fè disip li yo sonje se Jewova, Papa l, tout moun dwe priye. Men, èske w konnen pou ki rezon non Bondye enpòtan konsa e poukisa l dwe vin sen?

      Depi nan kòmansman listwa lèzòm, yo te sal non Bondye ki sakre ak manti. Satan, ènmi Jewova a, te di Jewova se yon mantè, yon Dirijan ki egoyis e ki pa gen okenn dwa pou l gouvène kreyati l yo (Jenèz 3:1-6). Anpil moun montre yo dakò ak Satan lè yo anseye Bondye se yon moun ki pa enterese nan moun, ki mechan anpil, ki renmen fè vanjans, e yo montre sa tou lè yo nye Bondye kòm Kreyatè. Gen lòt moun se non Bondye menm yo atake, yo retire non Jewova a nan tradiksyon Labib yo e yo entèdi moun sèvi avè l.

      Labib fè konnen Bondye pral korije tout enjistis sa yo (Ezekyèl 39:7). Konsa, l ap tou rezoud tout pwoblèm ou yo epi l ap ba w tout sa w bezwen. Ki jan sa pral fèt? Sa Jezi te di annapre nan priyè l la bay repons lan.

      “Se pou Wayòm ou an vini.”

      Jodi a, anseyan relijye yo pa antann yo sou ki sa Wayòm Bondye a ye. Sepandan, jan moun ki t ap tande Jezi yo te konn sa, depi byen lontan, pwofèt Bondye yo te gentan anonse Mesi a, Sovè Bondye chwazi a, t ap gen pou l Wa nan Wayòm ki t apral chanje monn nan (Izayi 9:6, 7; Dànyèl 2:44). Li gen pou l fè non Bondye vin sen lè l fè tout manti Satan yo vin parèt klè epi l kraze Satan ak tout zèv li yo. Wayòm Bondye a pral fè lagè sispann. Maladi, grangou e menm lanmò pral disparèt (Sòm 46:9; 72:12-16; Izayi 25:8; 33:24). Lè w ap priye pou Wayòm Bondye a vini, se priye w ap priye pou tout pwomès sa yo reyalize.

      “Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.”

      Pawòl Jezi yo fè konprann volonte Bondye pral fèt sou tè a menm jan li deja fèt nan syèl la, kote Bondye rete a. Anyen pa t ka anpeche volonte Bondye fèt nan syèl la. Se nan syèl la Pitit gason Bondye a te fè lagè ak Satan ak tout akolit li yo, e li te pimpe yo sou tè a (Revelasyon 12:9-12). Menm jan ak de premye demann Jezi te fè nan priyè l la, twazyèm demann nan ede nou sonje sa ki pi enpòtan an se volonte Bondye, se pa volonte pa nou. Se volonte Bondye ki toujou pote pi gwo byenfè pou tout kreyasyon an. Se sa k fè, menm Jezi, antanke moun pafè, te di Papa l: “Se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa w.” —Lik 22:42.

      “Ban nou pen nou bezwen pou jounen an.”

      Annapre, Jezi te montre nou pa oblije bliye tèt nou nèt lè n ap priye. Pa gen anyen ki mal pou nou priye Bondye pou sa nou bezwen chak jou. An reyalite, lè nou fè sa, sa fè n sonje se Jewova “ki bay tout moun lavi ak souf ak tout bagay”. (Travay 17:25.) Labib fè nou konnen li se yon Papa ki renmen pitit li e ki pran plezi ba yo sa yo bezwen. Sepandan, menm jan ak yon bon papa, li pap bay pitit li yo bagay yo mande l ki pa bon pou yo.

      “Padone peche nou.”

      Èske nou vrèman bezwen pou Bondye padone peche nou? Anpil moun jodi a pa konn sa peche ye e yo pa wè peche kòm yon bagay ki grav. Men, Labib anseye se peche ki lakòz tout pwoblèm lèzòm genyen ki pi grav yo e se peche ki lakòz moun mouri. Piske nou tout fèt nan peche, sa fè nou peche souvan, e sèl espwa nou genyen pou nou viv pou toutan se si Bondye padone peche nou (Women 3:23; 5:12; 6:23). Nou santi nou soulaje lè nou aprann Labib di: “Senyè, ala bon ou bon! Ou [“dispoze”, NW] padonnen peche nou yo.” —Sòm 86:5.

      “Delivre nou anba Mechan an.”

      Èske w rann ou kont jis nan ki pwen ou bezwen pwoteksyon Bondye? Anpil moun pa vle kwè “Mechan an”egziste, anpalan de Satan. Men Jezi te anseye Satan se yon moun reyèl, li te menm rele l “chèf monn nan”. (Jan 12:31; 16:11.) Satan pouri monn sa a l ap dirije a nèt e se pa ti anvi li anvi fè w menm bagay la tou, yon fason pou l anpeche w vin gen yon relasyon sere ak Jewova, Papa w (1 Pyè 5:8). Men, Jewova pi pisan lontan pase Satan e l pran plezi pwoteje moun ki renmen l.

      Ti rezime nou sot fè sou pwen enpòtan ki gen nan priyè Jezi te bay kòm modèl la pa pale sou tout sa nou ka priye pou yo. Pa bliye sa 1 Jan 5:14 di sou Bondye: “Kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” Donk, pinga w panse pwoblèm ou yo pa gen ase enpòtans pou w mete yo devan Bondye. —1 Pyè 5:7.

      Men, ki kote pou n priye e ki lè pou n fè sa? Èske detay sa yo enpòtan?

  • 5 Ki kote pou n priye e ki lè pou n fè sa?
    Toudegad — 2010 | 1ye oktòb
    • 5 Ki kote pou n priye e ki lè pou n fè sa?

      SANDOUT ou remake kòman pifò òganizasyon relijye yo bay bèl kote pou moun lapriyè anpil enpòtans e yo bay lè fiks pandan jounen an pou moun priye. Èske Labib di ki kote pou n priye e ki lè pou n fè sa?

      Labib montre gen moman ki apwopriye pou nou priye. Pa egzanp, anvan Jezi te manje ak disip li yo, li te konn priye pou l di Jewova mèsi (Lik 22:17). Lè disip Jezi yo te konn reyini pou yo adore Jewova, yo te konn priye ansanm nan moman sa yo. Konsa, yo te kontinye suiv yon abitid Juif yo te genyen pou yo priye nan sinagòg yo ak nan tanp lan ki Jerizalèm. Bondye te vle pou tanp lan se “yon kay priyè pou tout nasyon”. —Mak 11:17.

      Lè sèvitè Bondye yo reyini e yo priye, Bondye tande priyè yo. Sa fè Bondye plezi lè gwoup moun ki reyini an gen menm panse e priyè ki fèt la ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Priyè a kapab pouse Jewova fè yon bagay li te ka pa fè si yo pa t priye l pou sa (Ebre 13:18, 19). Temwen Jewova yo priye regilyèman nan reyinyon yo fè yo. Temwen Jewova ki nan zòn bò lakay ou yo ap byen kontan akeyi w nan Sal Wayòm nan kote w ap ka tande priyè sa yo ak de zòrèy ou.

      Sepandan, Labib pa di ni a ki lè, ni ki kote yon moun dwe priye. Nan Labib, nou jwenn egzanp sèvitè Bondye ki te konn priye nenpòt ki lè e nenpòt ki kote. Jezi te di: “Lè w ap priye, antre nan chanm ou, epi lè w fin fèmen pòt ou, priye Papa w moun pa ka wè a, e Papa w ki wè sa k fèt an sekrè a ap rekonpanse w.” —Matye 6:6.

      Nou ka priye nenpòt ki lè e nenpòt ki kote.

      Ala yon bèl envitasyon! Ou kapab pwoche bò kote Jewova, Souvren linivè a, nenpòt ki lè, poukont ou, san pèsonn pa ka tande sa w ap di, e ou ka gen asirans l ap tande w. Nou ka konprann sa k fè, byen souvan, Jezi te chèche yon kote apa poukont li pou l priye! Yon lè, Jezi te pase tout yon nuit ap priye Bondye, paske li t ap chèche direksyon pou l te ka pran yon gwo desizyon. —Lik 6:12, 13.

      Labib pale de yon pakèt lòt gason ak fi ki te priye lè yo te gen gwo desizyon pou yo pran oswa lè yo t ap fè fas ak gwo eprèv. Pafwa yo te priye awotvwa e pafwa tou yo te konn fè sa an silans. Yo te konn priye ni lè yo ak gwoup moun, ni lè yo poukont yo. Sa k te enpòtan sèke yo te priye. Bondye menm envite sèvitè l yo pou yo “priye toutan”. (1 Tesalonisyen 5:17.) Jewova toujou dispoze tande priyè moun k ap fè volonte l. Èske envitasyon sa a pa montre ki jan Jewova renmen nou?

      Nan monn sinik n ap viv ladan l lan, anpil moun ap mande tèt yo ki valè lapriyè genyen. Petèt ou konn mande tèt ou: ‘Ou kwè lapriyè ap ede m?’

  • 6 Èske sa ka ede nou?
    Toudegad — 2010 | 1ye oktòb
    • 6 Èske sa ka ede nou?

      ÈSKE lè yon moun priye sa ede l? Dapre Labib, lè sèvitè Bondye ki fidèl yo priye l, yo jwenn byenfè (Lik 22:40; Jak 5:13). An reyalite, lapriyè ka ede nou anpil ni nan domèn espirityèl, ni nan domèn afektif, ni nan domèn sante. Ki jan?

      Pa egzanp, ann di ou gen yon pitit ki resevwa yon kado. Èske w t ap aprann li sa k enpòtan se annik gen rekonesans nan kè l pou moun ki ba l kado a? Oubyen, èske w t ap aprann li pou l montre li gen rekonesans? Lè nou di sa nou santi nan kè nou, nonsèlman sa fè nou reflechi sou santiman nou genyen yo, men sa ka menm fè yo vin pi fò. Èske sa vrè tou lè se ak Bondye n ap pale? Sètènman! Ann pran kèk egzanp.

      Priyè pou di Bondye mèsi. Lè nou remèsye Papa nou ki nan syèl la pou bon bagay ki rive nou, sa ede nou konsantre sou benediksyon nou jwenn. Sa ka fè nou gen plis rekonesans, plis kè kontan, e nou kapab vin pi pozitif. —Filipyen 4:6.

      Egzanp: Jezi te montre li gen rekonesans pou Papa l paske Papa l te konn koute priyè l e li te konn reponn yo. —Jan 11:41.

      Priyè pou nou mande padon. Lè nou mande Bondye padon, sa fè konsyans nou fonksyone pi byen, nou vin pi regrèt sa nou te fè a e nou vin rann nou kont pi plis jan sa nou te fè a grav. Epitou, kòm nou pa santi nou koupab ankò, nou pa santi nou gen chay sou do nou ankò.

      Egzanp: David te priye pou l di jan l regrèt sa l te fè a e pou l te eksprime tristès li. —Sòm 51.

      Priyè pou nou jwenn direksyon ak sajès. Lè nou priye Jewova pou l gide nou oubyen pou l ban nou sajès nou bezwen pou nou pran bon desizyon, sa ka ede nou gen bonjan imilite. Sa ka fè nou sonje nou gen limit e sa ka ede nou mete konfyans nou nan Papa nou ki nan syèl la. —Pwovèb 3:5, 6.

      Egzanp: Avèk imilite, Salomon te mande Bondye ba l direksyon ak sajès pou l dirije Izrayèl. —1 Wa 3:5-12.

      Priyè nou fè lè nou dekouraje. Si nou ouvri kè nou bay Bondye lè nou santi nou twouble, n ap santi nou soulaje, e lè nou fè sa, n ap pran abitid konte sou Jewova olye nou konte sou pwòp tèt nou. —Sòm 62:8.

      Egzanp: Wa Aza te priye lè l t ap fè fas ak yon ènmi ki danjere. —2 Kwonik 14:11.

      Priyè pou moun ki gen pwoblèm. Lè nou fè jan de priyè sa yo, sa ap ede nou konbat tandans nou ta ka genyen pou nou egoyis, sa ap ede nou gen konpasyon pou lòt moun, e n ap kapab mete nou nan plas yo.

      Egzanp: Jezi te konn priye pou disip li yo. —Jan 17:9-17.

      Priyè pou nou louwe Bondye. Lè nou louwe Jewova pou bèl bagay li fè e pou bèl kalite l yo, n ap vin gen plis respè ak apresyasyon pou li. Priyè sa yo kapab ede nou tou pou nou pwoche pi pre Jewova, Bondye nou an, Papa nou.

      Egzanp: David te louwe Bondye anpil pou sa l kreye. —Sòm 8.

      Yon lòt benediksyon nou jwenn lè nou priye se “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann”. (Filipyen 4:7.) Se pa yon bagay ki fasil pou moun jwenn nan monn tètchaje sa a. Sa gen bon efè menm sou kò nou (Pwovèb 14:30). Men, èske se grasa efò pa nou n ap rive jwenn lapè? Oubyen, èske gen yon bagay ki pi enpòtan pase nou ki jwe yon wòl nan sa?

      Lè nou priye, nou jwenn anpil byenfè nan domèn sante, nan domèn afektif, e sitou nan domèn espirityèl.

  • 7 Èske Bondye ap tande priyè nou yo, e èske l ap reponn yo?
    Toudegad — 2010 | 1ye oktòb
    • 7 Èske Bondye ap tande priyè nou yo, e èske l ap reponn yo?

      KESYON yo poze nan tit atik la se yon kesyon anpil moun poze e yo chofe pou yo jwenn repons pou li. Labib fè konnen Jewova tande priyè moun jodi a. Se nou menm ki ka fè l swa tande priyè nou swa pa tande priyè nou.

      Jezi te denonse chèf relijye nan epòk li a ki te konn priye yon fason ipokrit. Sèl sa ki te enpòtan pou yo, se fè moun wè yo se moun ki jis. Jezi te di moun sa yo t ap jwenn “tout rekonpans yo”, sa vle di sa yo te plis vle a: pou moun wè yo. Sepandan, yo pa t ap jwenn sa yo bezwen an: pou Bondye tande yo (Matye 6:5). Menm jan an tou jodi a, anpil moun pa priye selon volonte Bondye, men yo priye selon volonte pa yo. Piske yo pa suiv prensip biblik nou sot pale de yo la a, Bondye pa tande yo lè y ap priye.

      E pou ou menm? Èske Bondye ap tande priyè w yo, e èske l ap reponn yo? Sa pa depann de ras ou, nasyonalite w oswa ran sosyal ou. Men asirans Labib ban nou: “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” ​(Travay 10:34, 35). Èske se yon moun konsa ou ye? Si w gen krent pou Bondye, sa vle di ou gen gwo respè pou li e ou pa ta renmen fè anyen pou fè l fache. Si w ap chèche fè sa ki jis, ou se yon moun k ap chèche fè sa Bondye di ki dwat olye w fè sa ou menm ou vle oswa sa lòt moun vle w fè. Èske w ta renmen toutbon pou Bondye tande priyè w? Labib montre ki sa w kapab fè pou sa posib pou oua.

      Natirèlman, anpil moun ap tann pou Bondye fè yon mirak pou l reponn priyè yo. Men, menm nan tan biblik yo, Bondye se yon lè konsa li te konn fè mirak. Selon Labib, pafwa, plizyè syèk te konn pase ant lè yon mirak te fèt ak lè yon lòt mirak te vin fèt. Anplis, Labib montre epòk yo te konn fè mirak la fini depi apre epòk apot yo (1 Korentyen 13:8-10). Si se konsa, èske sa vle di Bondye pa reponn priyè moun jodi a? Okontrè! Annou egzamine kèk priyè li reponn.

      Bondye bay sajès. Jewova se pi gwo sous tout vrè sajès ki egziste. Li pa fè chich avè l, moun k ap chèche direksyon nan men l e moun ki vle viv ann amoni ak sajès sa a, li ba yo l san grate tèt. —Jak 1:5.

      Bondye bay lespri sen l ak tout avantaj sa genyen. Lespri sen se fòs aktif Bondye. Pa gen pi gwo fòs pase sa. Li ka ede nou andire anba eprèv. Lè nou twouble, li ka fè kè nou poze. Li ka ede nou kiltive lòt bèl kalite tou ki atiran (Galat 5:22, 23). Jezi te bay disip li yo asirans Bondye t ap ba yo lespri a san grate tèt. —Lik 11:13.

      Bondye ouvri entèlijans moun ki chèche l ak tout kè yo. (Travay 17:26, 27). Sou tout kò tè a, gen moun k ap chèche laverite toutbonvre. Yo vle aprann konnen Bondye, ki jan l rele, ki objektif li genyen pou tè a ak moun k ap viv sou li yo e ki jan yo kapab pwoche bò kote l (Jak 4:8). Souvan, Temwen Jewova yo jwenn moun konsa e yo byen kontan pataje repons Labib bay pou kesyon sa yo avèk yo.

      Èske se pou rezon sa a ki fè w te aksepte peryodik sa a? Èske w ap chèche Bondye? Petèt se fason sa a li reponn priyè w la.

      a Pou w jwenn plis enfòmasyon sou ki jan pou w priye pou Bondye tande w, gade chapit 17 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje