BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Èske espwa ede moun vre?
    Reveye n! — 2004 | avril 22
    • Èske espwa ede moun vre?

      DANIEL te gen dizan sèlman, men sa te gentan fè ennan depi l t ap goumen ak yon kansè. Ni doktè yo ni moun ki pwòch li yo te pèdi espwa. Men, Daniel te toujou gen espwa. Li te gen konviksyon li t ap viv e lè l vin gran, li t ap fè rechèch pou l jwenn yon tretman pou kansè. Sa k te plis fè l gen espwa se paske te gen yon espesyalis ki konn trete kalite kansè l genyen an ki te gen pou vin nan zòn nan. Malerezman, lè jou a te rive, doktè a te oblije anile vizit la akoz move tan. Daniel te vin dekouraje. Pou premye fwa, li te pèdi espwa. Li mouri kèk jou apre sa.

      Istwa sa a, se yon moun ki travay nan domèn lasante e ki te etidye efè espwa ak dezespwa genyen sou sante moun, ki te pale de li. Petèt ou tande istwa konsa deja. Pa egzanp, yon moun aje gendwa prèske mouri, men l ap tann pou l wè yon moun li renmen oswa pou l selebre anivèsè maryaj li. Yonfwa evènman an fin pase oswa l fin wè moun nan, li mouri. Ki sa k lakòz sa? Èske l posib vre pou espwa rive bay moun tout fòs sa a jan kèk moun kwè a?

      De jou an jou, gen plis rechèch nan domèn lamedsin ki fè konprann lè yon moun wè bagay yo yon fason pozitif, lè l gen espwa ak lòt santiman pozitif, sa gen yon gwo efè vre sou lavi l ak sante l. Men, se pa tout moun ki dakò ak sa. Gen kèk moun k ap fè rechèch ki fè konnen tout sa se lejann, se istwa ki pa chita sou lasyans. Pou yo menm, se sèlman yon bagay fizik ki lakòz yon pwoblèm fizik.

      Fò n di se pa premye fwa moun gen dout sou efè espwa genyen sou sante moun. Sa gen plizyè milye ane, yo te mande Aristòt, yon filozòf grèk, pou l bay yon definisyon pou espwa. Men sa l te di: “Se yon rèv moun fè je klè.” E pi pre nou, Benjamin Franklin, yon gwo politisyen ameriken, te di: “Moun k ap viv ak espwa ap mouri grangou.”

      Nan ka sa a, ki sa pou n kwè? Èske espwa se sèlman yon bagay yon moun swete, yon senp rèv ki pèmèt moun jwenn konsolasyon? Oswa èske gen bonjan rezon pou n kwè espwa se yon bagay nou tout bezwen, ki bon pou sante nou e ki ede n gen kè kontan, yon bagay reyèl ki gen bonjan fondman e ki pote byenfè pou nou?

  • Sa k fè nou bezwen gen espwa?
    Reveye n! — 2004 | avril 22
    • Sa k fè nou bezwen gen espwa?

      KI SA ki t ap pase si Daniel, tigason ki te mouri ak kansè nou te pale de li nan kòmansman atik anvan an, pa t pèdi espwa? Èske l t ap geri? Èske l t ap toujou vivan jodi a? Menm moun ki kwè toutbon espwa gen bon efè sou sante moun pap reponn wi pou kesyon sa yo. E sa se yon pwen enpòtan. Nou pa dwe mete espwa kote l pa ye tou. Se pa yon remèd ki geri tout maladi.

      Gen yon gwo chèn radyo televizyon ameriken ki te fè yon entèvyou ak yon doktè ki rele Nathan Cherney. Doktè a te bay kèk danje ki genyen lè moun bay espwa pouvwa li pa genyen, sitou lè y ap boule ak moun ki malad grav. Men sa l di: “Nou konn wè yon seri mari k ap repwoche madanm yo ki malad grav kòmkwa madanm nan pa medite ase oswa li pa gen ase panse ki pozitif. Fason sa a kèk moun wè bagay yo fè moun yo kwè yo ka gen kontwòl sou maladi. E lè sante moun nan deteryore, yo ka panse se paske moun nan pa t fè ase efò pou l kontwole kansè a. Yon panse konsa pa rezonab.”

      An reyalite, yon moun ki nan dènye etap yon maladi k ap touye l se yon moun k ap fè yon gwo efò, k ap mennen yon gwo konba. Lè nou fè l santi l koupab kòmkwa se fòt li si l pa rive geri, se yon chay anplis nou ba l pote. Nou pa vle fè yon moun nou renmen sa. Èske sa ta dwe fè nou panse espwa pa gen okenn enpòtans?

      Non. Dayè, menm doktè sa a se yon doktè ki espesyalize nan bay moun ki malad ki pral mouri swen pou ede yo pase dènye moman nan lavi yo yon tikras pi byen malgre maladi a, san se pa tretman yo jwenn. Doktè sa yo kwè li enpòtan pou moun ki malad yo, menm malad ki prèske mouri yo, jwenn yon tretman ki ede yo gen kè kontan. Gen bonjan prèv ki montre espwa kapab fè moun gen plis kè kontan e l gen lòt bon efè sou moun toujou.

      Enpòtans espwa genyen

      Gen yon doktè ki jounalis ki rele Dr. W. Gifford-Jones ki di: “Espwa se yon gwo terapi.” Li te egzamine plizyè etid ki te fèt pou wè jan l enpòtan pou malad ki prèske mouri yo jwenn bonjan sipò afektif. Sanble, kalite sipò sa a ede moun malad yo rete pozitif epi kenbe espwa. Nan yon etid ki te fèt an 1989, yo te wè pasyan ki te jwenn kalite sipò sa a te viv pi lontan, byenke dènye etid ki fèt yo pa montre sa klè konsa. Sepandan, etid ki fèt yo montre aklè pasyan ki jwenn sipò gen mwens tandans fè depresyon e yo gen mwens doulè pase pasyan ki pa jwenn li yo.

      Ann konsidere sa yon lòt etid yo te fè sou efè fason moun panse genyen sou maladi kè. Yo te egzamine yon gwoup ki te gen plis pase 1 300 gason pou yo gade ki jan yo wè lavi a, si se yon fason ki pozitif oswa negatif. Dizan apre, lè yo te refè etid la, yo te jwenn plis pase 12 pousan nan mesye sa yo te gen yon pwoblèm kèlkonk nan kè. Pami yo, gen prèske de fwa plis moun ki te wè lavi a yon fason ki negatif. Men sa Laura Kubzansky, yon asistan pwofesè nan domèn sante ak konpòtman sosyal nan lekòl sante piblik nan Harvard di: “Anvan sa, pifò ka kote yo te fè konnen lè yon moun panse yon fason ki pozitif sa bon pou sante l te sanble istwa. Men, etid sa a ki fèt la vin ak bonjan prèv syantifik ki montre panse konsa gen bon efè sou maladi kè.”

      Gen kèk nan etid yo fè yo ki montre moun ki panse yo gen yon bon sante te reprann yo pi byen apre yon operasyon pase moun ki panse yo pa gen yon bon sante. Yo menm rive wè moun viv pi lontan lè yo wè lavi a yon fason ki pozitif. Yo te fè yon rechèch sou jan granmoun yo reyaji selon fason moun pale de vyeyès devan yo. Lè yo te fè yo konprann laj fè yo gen plis sajès ak eksperyans, apre sa, yo te mache ak plis fòs. Anfèt, amelyorasyon ki te genyen nan fason yo ye se kòmsi yo te fè 12 semèn ap fè egzèsis!

      Sa k fè espwa ak panse yon fason ki pozitif sanble gen bon efè sou sante moun? Petèt, syantifik yo ak doktè yo poko konprann sèvo ak kò lòm ase pou yo rive jwenn yon repons klè pou kesyon sa a. Men, espesyalis k ap etidye sijè a kapab bay kèk esplikasyon ki plizoumwen egzak sou sa. Pa egzanp, men sa yon pwofesè ki etidye nè di: “Lè nou kontan e nou gen espwa, sa fè nou santi nou byen. Lè konsa, nou pa gen anpil strès e tout bagay nan kò a mache byen. Se yon bagay yon moun ka fè si l vle kontinye gen bon sante.”

      Ide sa a kapab parèt nouvo pou kèk doktè, sikològ ak syantifik, men li pa nouvo pou moun k ap etidye Labib yo. Sa gen plis pase 3 000 an, Bondye te enspire Salomon, yon wa ki te gen sajès, pou l ekri pawòl sa yo: “Kè kontan se bon remèd, men, lè yon moun dekouraje nèt, sa fè l pèdi fòs.” (Pwovèb 17:22). Gade ki jan vèsè a reyalis! Li pa di kè kontan ap geri tout maladi, men li di li se “bon remèd”.

      Anfèt, nou ka menm mande tèt nou si espwa te yon medikaman, èske gen yon doktè ki pa t ap preskri l? Anplis bon sante, espwa bay lòt avantaj ankò.

      Panse pozitif, panse negatif ak lavi w

      Gen kèk moun k ap fè rechèch ki wè lè moun panse yon fason ki pozitif, sa bon pou yo plizyè fason. Yo gen tandans bay pi bon rezilta nan lekòl, nan travay, e menm nan domèn spò. Pa egzanp, gen yon etid yo te fè sou plizyè fi ki te gen pou kouri. Antrenè yo te egzamine kapasite fizik medam yo pou konnen kiyès ki gen plis chans genyen. Men, yo te suiv medam yo pèsonèlman tou pou wè si etadespri pozitif yo genyen ap ede yo pi byen kouri. Yo te vin wè se etadespri a ki plis detèmine si moun nan ap genyen oubyen si l pap genyen. Sa k fè espwa gen gwo efè sa a?

      Syantifik yo aprann anpil bagay lè yo wè efè panse negatif genyen sou moun. Pandan ane 1960 yo, gen yon seri eksperyans yo te fè sou konpòtman bèt ki bay rezilta yo pa t ap atann e yo te vin rann yo kont gen kèk bèt ki pa t aji yon fason ki negatif anvan ki vin aprann fè sa. Yo te vin konprann tou moun kapab gen pwoblèm sa a. Pa egzanp, yo te fè eksperyans ak de gwoup moun. Yo te fè yo tande yon seri gwo bri e yo te di yo yo ka fè bri a sispann si yo peze yon seri bouton. Premye gwoup la te rive fè bri a sispann.

      Yo te di lòt gwoup moun yo menm bagay la, men yo pa t rive fè bri a sispann malgre yo te peze bouton yo. Jan w ka imajine sa, anpil moun nan dezyèm gwoup la te vin santi yo dekouraje. Nan tès yo te fè annapre, moun sa yo te vin renka pou yo aji. Yo te gen konviksyon pa gen anyen yo ka fè pou chanje sitiyasyon yo. Men, nan dezyèm gwoup sa a gen kèk moun ki te gen panse pozitif ki pa t janm pèdi espwa.

      Doktè Martin Seligman, ki te ede nan prepare kèk nan eksperyans nou sot pale de yo la a, te santi l pouse pou l etidye kesyon panse pozitif ak panse negatif la. Li te egzamine fason moun ki gen tandans santi yo sanzespwa yo panse. Li te vin konprann tandans sa a ralanti moun yo nan anpil aktivite e l ka menm fè yo rete san yo pa fè anyen. Men sa doktè Seligman te di sou fason negatif moun panse: “Apre 25 an mwen fè ap etidye moun ki gen panse negatif, mwen vin gen konviksyon si nou gen abitid kwè tout malè ki rive se fòt nou, oswa malè sa yo la pou lontan oswa tout sa nou fè ap echwe kanmenm, lè sa a malè ap rive nou pi fasil pase moun ki pa panse konsa yo.”

      Yon lòt fwa ankò, ide sa a kapab parèt yon bagay nouvo pou kèk moun jodi a, men, li pa nouvo pou moun k ap etidye Labib. Men sa yon pwovèb nan Bib la di: “Si w dekouraje nan jou malè a, w ap prèske san fòs.” (Pwovèb 24:10). Kidonk, Bib la di byen klè dekourajman, sa vle di tou panse negatif, ap fè nou pa gen fòs pou n aji. Nan ka sa a, ki sa nou ka fè pou n lite kont panse negatif, pou n panse yon fason ki pozitif e pou n gen espwa?

      [Foto nan paj 4, 5]

      Espwa ka fè anpil bon bagay pou nou.

  • Ou ka lite kont panse negatif
    Reveye n! — 2004 | avril 22
    • Ou ka lite kont panse negatif

      KI JAN W konsidere echèk ou pran? Gen anpil espesyalis ki kwè repons kesyon sa a ap ede w konnen si w se yon moun ki wè lavi a yon fason ki pozitif oswa negatif. Nou tout konn gen moman difisil nan lavi a, e gen moun ki gen plis moman difisil pase lòt moun. Men, sa k fè gen kèk moun ki leve kanpe ankò apre yo fin pran echèk, yo pare pou yo eseye ankò alòske gen lòt moun ki gen tandans bay vag e pafwa menm apre yon pwoblèm ki pa t twò difisil?

      Imajine w ap chèche travay. Ou pase entèvyou, men yo pa pran w nan travay la. Ki jan w t ap santi w apre sa? Èske sa t ap ba w anpil pwoblèm e w t ap santi sa t ap toujou konsa? Èske w t ap di tèt ou pèsonn pap janm vle bay yon moun tankou w travay? Oswa sa k pi mal la, èske w t ap kite sèl grenn echèk sa a fè w mal wè tout bagay nan lavi w, petèt pou w ta panse ou initil, ou pa vo anyen? Tout rezònman sa yo se panse negatif.

      Lite kont panse negatif

      Sa w ka fè pou w lite kont sa? Premye etap ki enpòtan anpil se pou w rive idantifye panse negatif yo. Dezyèm etap la se lite kont panse sa yo. Eseye jwenn lòt esplikasyon ki pi rezonab pou sa k rive a. Pa egzanp, èske se paske pèsonn pa bezwen w ki fè yo pa t ba w travay la? Oswa èske w pa panse petèt se paske se pa kalifikasyon sa a patwon an t ap chèche?

      lLè w reflechi sou bagay ki presi, sa ap fè w wè panse negatif sa yo egzajere. Èske se vre yon sèl echèk vle di ou se yon moun ki pa vo anyen, ki initil? Ou pa panse gen kèk aspè nan lavi a kote w plizoumwen reyisi, tankou kèk objektif espirityèl ou te rive atenn, relasyon w ak fanmi w oswa ak zanmi w? Se pou w konprann bagay mal ou panse ki ka rive yo se senpleman panse negatif. Dayè, èske w ka konnen si toutbonvre ou pap janm jwenn yon travay? Gen anpil bagay ou ka fè pou w rejte panse negatif yo.

      Panse pozitif lè nou fikse objektif

      Nan dènye ane ki pase yo, gen kèk moun k ap fè rechèch ki te vin ak yon definisyon ki enteresan pou espwa, byenke se yon definisyon ki yon ti jan limite. Yo di espwa gen ladan l konviksyon n ap rive atenn objektif nou. Jan atik ki apre a pral montre sa, se pa sa sèlman espwa gen ladan l, men definisyon sa a kapab itil nan plizyè domèn. Si nou konsantre sou aspè sa a nan definisyon an, sa ka ede nou vin pi pozitif nan fason nou panse e sa ka ede nou fikse plis objektif.

      Pou w gen konviksyon ou ka rive atenn objektif ou fikse yo, fò w abitye gen objektif e w reyalize yo. Si w gen enpresyon w poko janm fè sa, li ka bon pou w reflechi sou kalite objektif ou konn genyen yo. Pou kòmanse, èske w gen objektif? Li fasil pou nou annik fè sa n gen pou n fè san nou pa pran tan reflechi sou sa nou vle vre, sou sa k pi enpòtan pou nou. Anrapò ak kesyon detèmine ki sa ki priyorite, men yon prensip Bib la te bay sa gen lontan: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

      Yonfwa nou fin konnen sa k pi enpòtan pou nou, l ap pi fasil pou n detèmine kèk objektif nou vle reyalize ki gen rapò ak relasyon nou ak Bondye, ak fanmi nou oswa travay nou. Men, li enpòtan anpil pou n pa fikse twòp objektif okòmansman e pou chak objektif nou genyen se bagay nou kapab reyalize. Si nou gen yon objektif ki twò difisil pou nou reyalize, sa ka dekouraje nou e n ka bay vag. Se sa k fè, si nou gen yon objektif nou vle reyalize k ap pran tan, byen souvan li pi bon pou n eseye reyalize l an plizyè etap.

      Souvan, moun yo konn di depi yon moun vle fè yon bagay l ap chèche yon mwayen pou l fè l kanmenm. E sanble gen verite nan pawòl sa a. Depi nou gen objektif nou klè nan lespri nou, nou bezwen volonte, sa vle di anvi ak detèminasyon, pou n rive reyalize yo. Nou ka travay pou n vin gen plis detèminasyon lè n reflechi sou enpòtans objektif nou yo genyen e sou gwo satisfaksyon n ap jwenn lè n fin reyalize yo. Natirèlman, nou ka jwenn pwoblèm, men nou bezwen konsidere pwoblèm sa yo kòm yon seri defi nou dwe leve olye nou wè yo kòm bagay k ap bloke nou.

      Men, nou bezwen panse tou ak fason pratik nou ka reyalize objektif nou yo. Pwofesè C. Snyder, ki te etidye enpòtans espwa genyen afon, ankouraje moun pou yo chèche plizyè fason yo ka reyalize yon objektif yo genyen. Konsa, si premye fason an pa mache, yo ka pran dezyèm nan, twazyèm nan eksetera.

      Pwofesè Snyder ankouraje moun tou pou yo aprann detèmine ki lè pou yo chanje objektif. Si l vrèman enposib pou n reyalize yon objektif, ret chita ap reflechi sou li ap dekouraje nou. Yon lòt bò, si nou ranplase l ak yon lòt ki pi reyalis, n ap vin gen yon lòt rezon pou n gen espwa.

      Labib gen yon bèl egzanp nan sans sa a. Wa David te vrèman anvi bati yon tanp pou Jewova, Bondye l la. Men, Bondye te di David se Salomon, pitit gason l lan, k ap gen onè pou l bati tanp lan. David pa t kite sa dekouraje l oswa li pa t rete ap reflechi sou sa, okontrè li te chanje objektif li. Li te fè tout sa l kapab pou l fè pitit gason l lan jwenn kòb ak materyèl li t ap bezwen pou fè pwojè a. — 1 Wa 8:17-19; 1 Kwonik 29:3-7.

      Menmsi nou rive konbat tandans pou n wè lavi a yon fason negatif e nou vin gen plis espwa paske nou gen plis objektif nan lavi a, sa ka toujou rive nou dekouraje. Ki sa k fè sa? Ebyen se paske n ap viv nan yon monn kote anpil nan bagay ki fè moun dekouraje oswa sanzespwa se bagay nou pa gen kontwòl yo. Lè n ap gade kantite pwoblèm lèzòm ap fè fas tankou povrete, lagè, enjistis, maladi ak lanmò, ki sa n ka fè pou n pa pèdi espwa?

      [Foto nan paj 7]

      Si yo pa pran w nan yon travay, èske w panse ou pap janm jwenn travay?

      [Foto nan paj 8]

      Wa David te montre li kapab adapte objektif li te genyen.

  • Ki kote nou ka jwenn bonjan espwa?
    Reveye n! — 2004 | avril 22
    • Ki kote nou ka jwenn bonjan espwa?

      IMAJINE ou gen yon mont ki pa mache ankò. Lè w al bay ranje l, yo ba w yon pakèt posiblite. Yo fè yon pakèt reklam sou fason pou ranje mont, yo tout bay espwa, men pafwa yo chak di yon bagay diferan. Kounye a, imajine w vin aprann moun ki te fè mont sa a sa gen plizyè ane se youn nan vwazen w yo. Sa k pi bèl la, li dispoze ede w gratis. Ou t ap tou konn sa pou w fè, pa vre?

      Kounye a, ann konpare mont sa a ak kapasite ou genyen pou w espere a. Si w rann ou kont w ap pèdi espwa, menm jan ak yon pakèt moun nan peryòd difisil n ap viv la a, ki kote w prale pou w jwenn èd? Gen anpil moun ki fè konprann yo kapab regle pwoblèm sa a, men pafwa tout pakèt solisyon yo bay yo ka lage nou nan konfizyon e yo ka menm depaman youn ak lòt. Nan ka sa a, li t ap bon pou nou chèche èd nan men Moun ki te kreye nou ak kapasite pou nou espere a. Bib la fè konnen “li pa lwen okenn nan nou” e l pare pou l ede nou. — Travay 17:27; 1 Pyè 5:7.

      Yon definisyon espwa ki pi laj

      Bib la bay yon definisyon pou espwa ki pi laj pase sa doktè, syantifik ak sikològ yo bay jodi a. Mo orijinal yo te itilize nan Bib la yo mete “espwa” pou yo tradui l la vle di chofe ap tann epi atann bon bagay. Angwo, espwa gen de bagay ladan l. Li gen ladan l anvi bon bagay rive epi gen bonjan rezon pou w kwè bon bagay sa a ap rive vre. Espwa Bib la bay la se pa jis yon senp bagay moun swete. Li chita sou bonjan rezon ak bonjan prèv.

      Nan sans sa a, espwa sanble ak lafwa, ki dwe chita sou prèv (Ebre 11:1). Malgre sa, Bib la fè diferans ant lafwa ak espwa oswa esperans. — 1 Korentyen 13:13.

      Ann pran yon egzanp. Si w mande yon bon zanmi w pou l fè yon bagay pou ou, ou gen espwa l ap ede w. Espwa sa a ou genyen an chita sou yon baz ki solid paske w gen konfyans nan zanmi w lan. Ou konnen l byen e w deja wè ki jan l se yon bon moun e l donan. Byenke konfyans sa a ak espwa sa a mache men nan men, pafwa menm yo pran youn pou lòt, men yo pa menm. Ki jan w ka gen menm espwa sa a nan Bondye?

      Rezon pou n gen espwa

      Bondye se sous vrè espwa a. Nan epòk yo t ap ekri Bib la, yo te rele Jewova “espwa Izrayèl” la (Jeremi 14:8). Espwa solid pèp li a te genyen se li menm ki te ba yo l, se sa k fè se li ki te espwa yo. Espwa sa a se pa t yon senp anvi Izrayelit yo te genyen. Bondye te ba yo bonjan rezon pou yo gen espwa. Nan fason l te boule avèk yo pandan plizyè santèn ane, yo te vin konnen li se yon Bondye ki fè pwomès e ki kenbe pwomès li fè. Men sa Jozye, ki t ap gide pèp Izrayèl la, te di yo: “Nou konnen byen [...] pa gen yon pawòl nan tout bèl pwomès Jewova, Bondye nou an, te di nou ki pa reyalize.” — Jozye 23:14.

      Plizyè milye ane annapre, Bondye toujou gen menm repitasyon sa a. Bib la chaje ak bèl pwomès Bondye te fè e ak istwa presi sou fason li te kenbe pwomès sa yo. Pwofesi li bay yo tèlman sèten, sa fè pafwa lè y ap ekri yo, yo pale de yo kòm bagay ki deja reyalize.

      Se sa k fè nou ka di Bib la se yon liv ki bay espwa. Pandan w ap etidye fason Bondye te boule ak lèzòm, w ap vin gen plis rezon pou w gen konfyans nan li. Apot Pòl te di: “Tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo.” — Women 15:4.

      Ki espwa Bondye ban nou?

      Ki lè nou plis bezwen espwa? Èske se pa lè nou gen moun pa nou ki mouri? Pou anpil moun, se sitou nan moman yo gen moun pa yo ki mouri yo plis sanble pèdi espwa. Dayè, lanmò se bagay ki plis bay dekourajman. Pa gen nou youn ki ka chape anba l e nou pa ka fè bak lè l fin frape. Bib la gen rezon rele lanmò “dènye ènmi” an. — 1 Korentyen 15:26.

      Nan ka sa a, ki jan nou ka jwenn espwa lè lanmò frape oswa lè n devan lanmò? Ebyen, vèsè ki di lanmò se dènye ènmi an fè konnen tou yo pral “elimine” lanmò. Jewova Dye pi fò pase lanmò. Li deja pwouve sa plizyè fwa. Ki jan? Lè l resisite moun ki mouri. Labib pale de nèf okazyon kote Bondye te sèvi ak pouvwa l pou l fè moun ki te mouri tounen viv ankò.

      Nan youn nan okazyon sa yo, Jewova te bay Jezi, Pitit gason l lan, pouvwa pou l resisite Laza, yon bon zanmi Jezi ki te gentan mouri depi kat jou. Se te yon evènman estrawòdinè! E Jezi pa t fè sa an sekrè, men l te fè sa devan yon pakèt moun. — Jan 11:38-48, 53; 12:9, 10.

      Ou ka ap mande: ‘Poukisa yo te resisite moun sa yo? Èske yo pa t vin granmoun epi apre sa yo mouri ankò?’ Wi, se vre. Men, grasa istwa sa yo nou ka fè konfyans, sa fè n vin gen bonjan rezon pou n kwè moun nou genyen ki mouri yo ap retounen viv ankò. Anfèt, nou gen espwa toutbon.

      Jezi te di: “Mwen se rezirèksyon an e mwen se lavi a.” ​(Jan 11:25). Se li menm Jewova pral bay pouvwa pou resisite moun ki mouri sou tout tè a. Jezi te di: “Lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa [Kris] e y ap soti.” ​(Jan 5:28, 29). Wi, tout moun k ap dòmi nan lanmò gen espwa pou yo resisite e pou yo viv sou tè a ki pral tounen yon paradi.

      Men sa pwofèt Ezayi te di konsènan rezirèksyon an: “Moun pa ou yo ki te mouri pral leve vivan ankò. Kadav yo pral leve mache. Nou menm ki te anba tè, leve non! Chante ak kè kontan. Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Seyè a pral fè sa ki te mouri depi lontan yo leve vivan ankò.” — Ezayi 26:19, Bib la.

      Èske sa pa ankouraje w? Mò yo nan pozisyon kote ki gen plis sekirite yon moun ka imajine, menm jan yon tibebe an sekirite anndan vant manman l. Anfèt, moun ki mouri yo nan memwa Bondye Toupisan an, yon memwa ki san limit (Lik 20:37, 38). E talè konsa, yo pral tounen viv ankò. E menm jan ak yon tibebe ki fèk fèt, y ap jwenn yon fanmi ki gen lanmou k ap akeyi yo nan yon monn tounèf kote ki gen kè kontan! Donk, nou gen espwa menm lè nou devan lanmò.

      Sa espwa ka fè pou ou

      Pòl te anseye anpil bagay konsènan enpòtans espwa oswa esperans. Li pale de li kòm yon kas, yon pati enpòtan nan abiman nou antanke sòlda nan domèn espirityèl (1 Tesalonisyen 5:8). Ki sa l te vle di? Ebyen, nan epòk yo t ap ekri Bib la, lè yon sòlda pral nan lagè, li te gen yon kas an metal pa anlè yon bone an kui oswa ki fèt ak yon lòt bagay. Grasa kas la, pifò kou li t ap resevwa nan tèt t ap rebondi, yo pa t ap touye l. Ki sa Pòl te vle di? Menm jan yon kas pwoteje tèt moun, se konsa tou espwa pwoteje lespri nou, sa vle di kapasite nou genyen pou n reflechi. Si w gen yon espwa solid nan pwomès Bondye yo, ou pap panike e w pap pèdi espwa lè w devan difikilte. Ki moun ki pa bezwen yon kas konsa?

      Pòl te sèvi ak yon lòt egzanp ki vivan pou l montre espwa gen rapò ak volonte Bondye. Li te di: “Esperans sa a nou genyen an tankou yon lank batiman pou nanm nou, li sèten e anmenmtan li solid.” ​(Ebre 6:19). Pòl te byen konnen jan lank enpòtan nan yon batiman, paske batiman te fè nofraj avè l plizyè fwa. Lè gen yon tanpèt, maren yo lage lank batiman an. Si lank lan antre nan sab anba lanmè a, e li byen chita, bato a ap gen chans pou l pa fè nofraj oswa pou l pa al kraze nan wòch ki bò lanmè a.

      Menm jan an tou, pwomès Bondye fè yo se yon esperans ki “sèten e anmenmtan [ki] solid”, se yon esperans ki ka ede nou fè fas ak gwo pwoblèm ki tankou tanpèt n ap rankontre nan epòk n ap viv la. Jewova pwomèt nou talè konsa lèzòm pap fè fas ak lagè, krim, soufrans ak lanmò ankò. (Gade kare ki nan paj 10 la.) Si nou kenbe esperans sa a fèm, li ka ede nou rete lwen danje, l ap ban nou fòs nou bezwen pou n viv ann amoni ak prensip Bondye yo olye pou n ta kite lespri monn sa a ki tèt anba e ki imoral dirije nou.

      Esperans Jewova bay la konsène w pèsonèlman tou. Jewova vle w viv jan l te kreye nou pou n viv la. Li vle pou “tout kalite moun sove”. Ki jan? Toudabò, nou chak dwe “gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Timote 2:4.) Moun yo ki fè piblikasyon sa a ankouraje w chèche gen konesans sa a sou laverite ki nan Pawòl Bondye a. Konsa, esperans Bondye ap ba w la ap pi bon lontan pase kèlkeswa esperans ou te ka genyen nan monn sa a.

      Grasa esperans sa a, ou pap janm santi w sanzespwa, paske Bondye ap ba w fòs pou w reyalize kèlkeswa objektif ou genyen ki ann amoni ak volonte l (2 Korentyen 4:7; Filipyen 4:13). Èske se pa kalite esperans sa a ou bezwen? Donk, si w bezwen espwa, si w t ap chèche l, pran kouraj! Espwa sa a pa lwen. Ou ka jwenn li!

      [Kare/Foto nan paj 10]

      Rezon pou n gen espwa

      Panse sa yo ki nan Bib la kapab ede w vin gen espwa:

      ◼ Bondye pwomèt nou yon bèl avni.

      Pawòl Bondye a di tè a pral tounen yon paradi kote moun ki pral viv ladan l yo ap gen kè kontan e y ap ini. — Sòm 37:11, 29; Ezayi 25:8; Revelasyon 21:3, 4.

      ◼ Bondye pa ka bay manti.

      Li rayi tout kalite manti. Jewova sen oswa pwòp nan degre ki pi wo a, se sa k fè li enposib pou l bay manti. — Pwovèb 6:16-19; Ezayi 6:2, 3; Tit 1:2; Ebre 6:18.

      ◼ Bondye gen yon pisans ki san limit.

      Se Jewova sèl ki Toupisan. Pa gen anyen nan linivè ki ka anpeche l reyalize pwomès li yo. — Egzòd 15:11; Ezayi 40:25, 26.

      ◼ Bondye vle w viv pou toutan.

      — Jan 3:16; 1 Timote 2:3, 4.

      ◼ Lè Bondye gade nou li wè gen espwa.

      Li chwazi pa ret konsantre sou defo nou oswa erè nou fè, men pito li konsantre sou bèl kalite nou genyen ak efò n ap fè (Sòm 103:12-14; 130:3; Ebre 6:10). Li espere n ap fè sa ki byen e l kontan lè n fè sa. — Pwovèb 27:11.

      ◼ Bondye pwomèt pou l ede nou reyalize objektif nou genyen ki ann amoni ak volonte l.

      Sèvitè Bondye yo pa bezwen santi yo dekouraje. Bondye ba yo lespri sen l san grate tèt pou ede yo, e lespri sen se pi gwo fòs ki genyen. — Filipyen 4:13.

      ◼ Esperans nou gen nan Bondye a pap janm pote desepsyon.

      Nou ka gen konfyans total nan Bondye, li pap janm lage nou. — Sòm 25:3.

      [Foto nan paj 12]

      Menm jan yon kas pwoteje tèt moun, se konsa tou esperans pwoteje lespri nou.

      [Foto nan paj 12]

      Menm jan ak yon lank batiman, yon esperans ki byen chita kapab fè nou stab.

      [Kote foto yo soti]

      Koutwazi René Seindal/Su concessione del Museo Archeologico Regionale A. Salinas di Palermo

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje