BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w23 novanm p. 2-7
  • Jewova bay garanti l ap fè tè a vin yon paradi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova bay garanti l ap fè tè a vin yon paradi
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI SA JEWOVA PWOMÈT?
  • JEWOVA BAY GARANTI PWOMÈS LI FÈ A AP REYALIZE
  • “GADE! KOUNYE A, M AP FÈ TOUT BAGAY VIN TOUNÈF”
  • “PAWÒL SA YO FIDÈL E YO SE LAVERITE. […] YO REYALIZE!”
  • “MWEN SE ALFA AK OMEGA”
  • FASON N KA VIN GEN PLIS KONFYANS NAN PWOMÈS JEWOVA FÈ KONSÈNAN PARADI A
  • Kiyès oswa ki sa ki “Alfa ak Omega” a?
    Repons Bib la bay
  • Ki objektif Bondye gen pou lèzòm?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ki objektif Bondye gen pou tè a?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • “N a wè nan Paradi a!”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
w23 novanm p. 2-7

ATIK ETID 46

Jewova bay garanti l ap fè tè a vin yon paradi

“Nenpòt moun k ap chèche jwenn benediksyon nan peyi a, Bondye verite a ap beni l.” — EZA. 65:16.

KANTIK 3 Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou

SA NOU PRAL WÈa

1. Ki mesaj pwofèt Ezayi te bay Izrayelit yo?

PWOFÈT Ezayi te fè konnen Jewova se “Bondye verite a”. Mo lè yo tradui l yo met “verite” pou li a vle di literalman “amèn”. (Eza. 65:​16, nòt.) “Amèn” vle di “se konsa pou sa ye”, oswa “se sèten”. Nan Bib la, lè yo itilize mo “amèn” nan anrapò ak Jewova oswa Jezi, sa bay garanti kèlkeswa sa yo di se laverite. Donk, mesaj Ezayi te bay Izrayelit yo te klè: Lè Jewova anonse yon bagay, li toujou fèt. Anfèt, Jewova toujou kenbe pwomès li fè.

2. Poukisa nou kapab kwè nan pwomès Jewova fè ki gen rapò ak avni nou, e ki kesyon nou pral egzamine?

2 Èske nou ka gen konfyans tou pwomès Jewova fè konsènan lavni yo ap reyalize? Prèske 800 an apre epòk Ezayi a, apot Pòl te esplike rezon ki fè pwomès Bondye yo toujou reyalize. Pòl te di: “Li enposib pou Bondye bay manti.” (Ebre 6:18). Menm jan yon sous pa ka bay dlo dous ak dlo sale anmenmtan, se konsa tou, Jewova, antanke Sous laverite, pa ka bay manti. Se sa k fè nou kapab gen yon konfyans total nan tout sa Jewova di, san wete tout pwomès li fè ki gen rapò ak avni nou. Nan atik sa a, nou pral egzamine kesyon ki vin annapre yo: Ki sa Jewova pwomèt l ap ban nou alavni? E ki garanti Jewova bay pou montre pwomès li fè ap reyalize?

KI SA JEWOVA PWOMÈT?

3. a) Ki pwomès ki gen anpil valè pou sèvitè Bondye yo? (Revelasyon 21:​3, 4). b) Ki jan kèk moun reyaji lè nou pale sou pwomès sa a avèk yo?

3 Pwomès nou pral egzamine la a gen anpil valè pou tout sèvitè Bondye toupatou sou tè a. (Li Revelasyon 21:​3, 4.) Jewova pwomèt yon lè “pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”. Anpil nan nou konn sèvi ak pawòl ankourajan sa yo ki nan Bib la pou n pale konsènan lavi nan Paradi a lè n ap preche lòt moun. Ki jan kèk moun reyaji lè n pataje pwomès sa a ak yo? Yo konn di: “Sa w di a vrèman bèl. Men, ou kwè sa ap fèt vre?”

4. a) Ki sa Jewova te konnen e ki sa l te gentan anonse? b) Apa pwomès Jewova fè a, ki sa l fè ankò?

4 Nòmalman, lè Jewova te pouse apot Jan ekri pwomès sa a konsènan lavi nan Paradi a, Li te konnen nou t ap gen pou n pataje esperans sa a jodi a ak lòt moun lè n ap preche mesaj Wayòm nan. Jewova te deja konnen tou li t ap difisil pou anpil moun kwè nan pwomès ki fè konnen pral gen “nouvo bagay” la (Eza. 42:9; 60:2; 2 Kor. 4:​3, 4). Donk, ki jan nou ka ede lòt moun pou yo gen konviksyon benediksyon nou jwenn nan Revelasyon 21:​3, 4 yo ap reyalize? E ki jan nou menm nou kapab vin gen plis konfyans nan pwomès sa a? Nonsèlman Jewova fè bèl pwomès sa a, men tou, li ban nou bonjan rezon ki fè nou ka fè pwomès sa a konfyans. Ki rezon li bay?

JEWOVA BAY GARANTI PWOMÈS LI FÈ A AP REYALIZE

5. Ki rezon n genyen pou n kwè nan pwomès Bondye fè konsènan Paradi a, e nan ki vèsè nou jwenn rezon sa yo?

5 Nou jwenn plizyè rezon pou n kwè nan pwomès Jewova fè anrapò ak Paradi a nan vèsè ki vin apre yo. Men sa nou li: “Sila a ki chita sou twòn nan di: ‘Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.’ Li di tou: ‘Ekri sa, paske pawòl sa yo fidèl e yo se laverite.’ Epi li di m: ‘Yo reyalize! Mwen se Alfa ak Omega, kòmansman an ak finisman an.’” — Rev. 21:​5, 6a.

6. Sa k fè asirans nou jwenn nan Revelasyon 21:​5, 6 yo fè nou vin gen plis konfyans nan pwomès Bondye fè a?

6 Poukisa pasaj sa a nan Bib la fè n gen plis konfyans nan pwomès Bondye fè? Men sa liv La Révélation: le grand dénouement est proche! di konsènan vèsè sa yo: “Se kòmsi Jewova te siyen yon papye ak men l bay moun ki fidèl yo pou ba yo garanti y ap jwenn benediksyon sa yo alavni.b” Pwomès Bondye fè a ekri nan Revelasyon 21:​3, 4. Men, nan vèsè 5 ak vèsè 6, se kòmsi nou jwenn siyati Jewova ki bay garanti pwomès li fè a ap reyalize. Ann chèche pi byen konprann pawòl Jewova te di nan garanti l bay la.

7. Ki sa ki espesyal nan premye pawòl Bondye te di lè l t ap bay garanti a, e poukisa enfòmasyon sa a gen anpil enpòtans?

7 Men premye pawòl Bondye te di lè l t ap bay garanti a: “Sila a ki chita sou twòn nan di.” (Rev. 21:5a). Sa a se youn nan twa kote Jewova pale nan vizyon nou jwenn nan liv Revelasyon an. Donk, garanti sa a, se pa yon zanj pisan ki bay li, se pa menm Jezi apre l fin resisite ki bay li, se Jewova menm ki bay li! Enfòmasyon sa a montre nou ka fè pawòl li di annapre yo konfyans je fèmen. Poukisa? Paske Jewova “pa ka bay manti”. (Tit 1:2.) Deklarasyon sa a montre pawòl nou li nan Revelasyon 21:​5, 6 yo ap reyalize kanmenm.

“GADE! KOUNYE A, M AP FÈ TOUT BAGAY VIN TOUNÈF”

8. Ki sa Jewova di pou l montre pwomès li ap reyalize? (Ezayi 46:10).

8 Kounye a, ann egzamine mo “Gade!” a (Rev. 21:5). Yo itilize mo grèk lè yo tradui l yo mete “gade!” pou li a souvan nan liv Revelasyon an. Gen yon liv ki fè konnen pwen esklamasyon ki apre mo sa a se “yon fason pou yo atire atansyon moun k ap li a sou pawòl ki vin annapre a”. Ki sa Bondye di apre sa? Men sa l di: “Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Se vre Jewova ap pale konsènan yon seri chanjman ki gen pou fèt alavni, men, li tèlman sèten pwomès sa a ap reyalize, li pale konsènan chanjman sa yo kòmsi yo te deja fèt. — Li Ezayi 46:10.

9. a) Ki sans pawòl ki di “m ap fè tout bagay vin tounèf” la genyen? b) Ki sa k pral rive “syèl” ak “tè” ki la kounye a?

9 Jewova di: “M ap fè tout bagay vin tounèf.” Ki sa pawòl sa yo vle di? Nan chapit sa a nan Bib la, pawòl sa yo fè referans ak de bagay Jewova ap fè: l ap ranplase e l ap repare. Toudabò, ki sa Jewova ap ranplase? Men sa nou li nan Revelasyon 21:1: “Ansyen syèl la ak ansyen tè a disparèt.” “Ansyen syèl la” gen rapò ak gouvènman yo Satan ak demon l yo ap enfliyanse (Mat. 4:​8, 9; 1 Jan 5:19). Nan Bib la, mo “tè” a kapab gen rapò ak moun ki abite sou tè a (Jen. 11:1; Sòm 96:1). Kidonk, “ansyen tè a” reprezante moun ki mechan yo nan epòk nou an. Jewova pap annik chanje oswa repare “syèl” ak “tè” ki la kounye a, okontrè, l ap elimine yo nèt. L ap retire syèl ak tè ki la kounye a, e l ap met “yon syèl tounèf ak yon tè tounèf” nan plas yo, sa vle di yon nouvo gouvènman pral dirije moun ki jis yo.

10. Ki sa Jewova pral fè vin tounèf?

10 Apre sa, nan Revelasyon 21:​5, Jewova pale konsènan bagay li pral fè vin tounèf yo. Remake Jewova pa di: “M ap fè lòt bagay nèf.” Okontrè, li di: “M ap fè tout bagay vin tounèf.” Jewova pral fè tè a ak lèzòm vin tounèf, sa vle di l ap fè yo vin pafè. Jan Ezayi te deja anonse sa, Jewova pral fè tout tè a vin bèl menm jan ak jaden Edenn. L ap fè nou vin tounèf, oswa l ap repare chak moun. Moun ki enfim nan pye, moun ki avèg ak moun ki bèbè pral geri, e menm moun ki mouri pral retounen viv ankò. — Eza. 25:8; 35:​1-7.

“PAWÒL SA YO FIDÈL E YO SE LAVERITE. […] YO REYALIZE!”

11. Ki lòd Jewova te bay Jan, e poukisa l te ba l lòd sa a?

11 Ki bagay ankò Bondye di nan garanti li bay la? Men sa Jewova te di Jan: “Ekri sa, paske pawòl sa yo fidèl e yo se laverite.” (Rev. 21:5). Jewova pa t jis bay lòd “ekri” pawòl sa yo. Li te bay yon rezon tou. Men sa l te di: “Paske pawòl sa yo fidèl e yo se laverite.” Sa vle di, nou ka fè tout sa Bondye di konfyans. Nou kontan lefètke Jan te obeyi lòd Jewova te ba li pou l “ekri” a. Konsa, nou vin konnen pwomès Bondye te fè konsènan Paradi a, e nou kapab medite sou bèl benediksyon k ap tann nou.

12. Poukisa Jewova te kapab di: “Yo reyalize!”?

12 Ki sa Bondye di apre sa? “Yo reyalize!” (Rev. 21:6). Kounye a, Jewova pale yon fason ki montre se kòmsi tout bagay li te di konsènan Paradi li pwomèt la deja reyalize. E Jewova gen dwa pou l pale konsa, paske pa gen anyen ki ka anpeche l reyalize objektif li. Jewova di yon lòt bagay ki ban nou bonjan asirans pwomès li fè a ap reyalize kanmenm. Ki sa l di?

“MWEN SE ALFA AK OMEGA”

13. Poukisa Jewova te di: “Mwen se Alfa ak Omega”?

13 Jan n te di sa pi wo a, Jewova pale twa fwa nan vizyon Jan te resevwa yo (Rev. 1:8; 21:​5, 6; 22:13). Nan chak okazyon sa yo, Jewova di menm pawòl la: “Mwen se Alfa ak Omega.” Alfa se premye lèt nan alfabè grèk la, e omega se dènye a. Lefètke Jewova di li se “Alfa ak Omega”, sa montre lè l kòmanse yon bagay, l ap fini l kanmenm.

Foto ki ansanm: Objektif Jewova k ap reyalize. 1. “Alfa.” Adan ak Èv ki nan jaden Edenn nan. 2. Konsekans rebelyon an, yo montre Satan antanke yon zanj ki mechan, Adan ak Èv ki granmoun, gwo bilding Babèl la, yon simityè, sòlda, yon cha degè, avyon degè, izin k ap lage vye lafimen nan lè a ak moun k ap fè manifestasyon. Anmenmtan, gen de lòt foto ki montre objektif Jewova k ap vanse: Jezi ki sou yon poto soufrans, sa ki montre dispozisyon ki te pran pou bay ranson an. Sèvitè Jewova nan tan lontan ak nan epòk pa nou an, sa ki montre desandan Adan ak Èv ki jis yo. 3. “Omega.” Moun k ap travay ak kè kontan nan Paradi a.

Lè Jewova kòmanse yon bagay, l ap fini l kanmenm. (Gade paragraf 14, 17.)

14. a) Esplike ki lè nan yon sans Jewova te di “Alfa”, e ki lè nan yon sans li pral di “Omega”. b) Ki garanti nou jwenn nan Jenèz 2:​1-3?

14 Apre Jewova te fin kreye Adan ak Èv, li te fè yo konnen objektif li genyen pou lèzòm ak tè a. Labib di: “Bondye te beni yo e li te di yo: ‘Fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun, epi se pou nou gen pouvwa sou tè a.’” (Jen. 1:28). Nan moman sa a, se kòmsi Jewova te di: “Alfa.” Li te fè konn objektif li aklè: Gen yon lè k ap vini tè a pral plen ak desandan Adan ak Èv ki pafè e ki obeyisan, e y ap fè l vin yon paradi. Lè moman sa a rive, nan yon sans Jewova pral di: “Omega.” Apre Jewova te fin kreye “syèl la ak tè a ak tout sa k ladan yo”, li te bay yon garanti. Nou jwenn li nan Jenèz 2:​1-3. (Li vèsè yo.) Jewova te deklare setyèm jou a sakre. Ki sa sa vle di? Sa vle di li te met setyèm jou a apa pou l reyalize objektif li genyen pou lèzòm e pou tè a. Donk, lè l te deklare setyèm jou a sakre, se kòmsi l te di objektif li t ap fin reyalize nèt nan fen setyèm jou a.

15. Sa k fè Satan te ka panse li kapab anpeche Bondye reyalize objektif li gen pou lèzòm?

15 Apre Adan ak Èv te fin fè rebèl, yo te vin pechè e yo te kite peche ak lanmò kòm eritaj pou desandan yo t ap vin genyen yo (Wom. 5:12). Sa te parèt kòmsi Satan te kraze objektif Bondye te genyen pou l plen tè a ak moun ki pafè e k ap obeyi l. Se kòmsi Satan te fè l enposib pou Jewova ta di “Omega”. Satan te ka panse pa gen anpil bagay Jewova te ka fè ankò. Sèl sa l te ka fè, se touye Adan ak Èv epi kreye de lòt moun pafè pou l reyalize objektif Li gen pou lèzòm nan. Men, si Bondye te fè sa, Dyab la t ap akize l kòmkwa li se yon mantè. Poukisa? Paske selon Jenèz 1:​28, Jewova te di Adan ak Èv desandan yo t ap vin genyen yo t ap ranpli tè a.

16. Sa k fè Satan te ka panse li kapab akize Jewova kòmkwa li pa ka reyalize objektif li?

16 Ki lòt bagay Satan te ka panse Bondye t ap fè? Petèt Satan te panse Jewova t ap kite Adan ak Èv fè pitit ki enpafè ki pa t ap janm ka vin pafè (Ekl. 7:20; Wom. 3:23). Nan ka sa a, se sèten Dyab la t ap akize Jewova, li t ap fè konnen Li echwe. Poukisa? Paske desizyon sa a pa t ap pèmèt Bondye reyalize objektif li, sa vle di pou tè a vin yon paradi ki ranpli ak desandan Adan ak Èv ki pafè e ki obeyisan.

17. Ki jan Jewova te rezoud pwoblèm rebelyon Satan ak premye moun yo te fè a, e alafen ki sa k pral rive? (Gade foto a tou.)

17 Jewova te rezoud pwoblèm rebelyon Satan an ak premye moun li te kreye yo yon fason ki dwe te fè Satan sezi anpil (Sòm 92:5). Jewova te kite Adan ak Èv fè pitit, e konsa pawòl li te di yo te reyalize. Jewova pa echwe, okontrè, li pot laviktwa. Li te veye pou objektif li reyalize lè l te bay yon “desandans” ki t ap sove desandan Adan ak Èv ki obeyisan yo (Jen. 3:15; 22:18). Dispozisyon Jewova te pran pou l bay ranson an dwe te fè Satan sezi anpil! Poukisa? Paske se yon dispozisyon ki montre Jewova renmen nou toutbon (Mat. 20:28; Jan 3:16). Satan pa gen kalite sa a lakay li, paske li egoyis. Donk, ki sa k pral fèt grasa ranson an? Nan fen Rèy mil an an, desandan Adan ak Èv ki pafè e ki obeyisan yo pral abite nan yon paradi sou tè a, jan Jewova te vle sa depi okòmansman. Lè sa a, se kòmsi Jewova pral di: “Omega.”

FASON N KA VIN GEN PLIS KONFYANS NAN PWOMÈS JEWOVA FÈ KONSÈNAN PARADI A

18. Bay twa asirans Bondye ban nou. (Gade kare ki gen tit “Twa rezon pou n kwè nan pwomès Jewova fè a”.)

18 Selon sa nou sot wè la a, ki asirans nou kapab bay moun ki gen dout pwomès Bondye fè konsènan Paradi a pral reyalize? Premyèman, se Jewova li menm ki fè pwomès la. Men sa liv Revelasyon an fè konnen: “Sila a ki chita sou twòn nan di: ‘Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.’” Li gen sajès, li gen pisans e li vle reyalize pwomès li fè a. Dezyèmman, Jewova tèlman sèten l ap reyalize pwomès li, pou li menm, se kòmsi li deja reyalize. Se sa k fè li di: “Pawòl sa yo fidèl e yo se laverite. [...] Yo reyalize!” Twazyèmman, lè Jewova kòmanse yon bagay, l ap fini l kanmenm, jan sa parèt nan pawòl ki di: “Mwen se Alfa ak Omega.” Jewova ap montre Satan se yon mantè ki pa ka anpeche l reyalize objektif li.

Twa rezon pou n kwè nan pwomès Jewova fè a

Yon twòn ki gen yon limyè ki klere anpil k ap sot ladan l ki reprezante Jewova.
  • “Sila a ki chita sou twòn nan di: ‘Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.’” — Rev. 21:5.

Apot Jan k ap ekri nan yon pachemen.
  • “Li di tou: ‘Ekri sa, paske pawòl sa yo fidèl e yo se laverite. [...] Yo reyalize!’” — Rev. 21:​5, 6.

Alfa ak omega, de lèt grèk.
  • “Mwen se Alfa ak Omega.” — Rev. 21:6.

19. Lè moun gen dout sou pwomès Bondye fè konsènan Paradi a, ki sa w ka fè?

19 Sonje, chak fwa ou fè moun ou rankontre nan travay predikasyon an konn garanti Jewova bay la, ou vin gen plis konfyans nan pwomès li fè yo. Donk, pwochèn fwa w li bèl pwomès ki nan Revelasyon 21:4 konsènan Paradi ki gen pou vini an pou yon moun, e moun nan ta di: “Sa w di a vrèman bèl. Men, ou kwè sa ap fèt vre?” Ki sa w ka fè? Ou kapab li vèsè 5 ak vèsè 6 la, epi esplike l yo. Montre l garanti Jewova bay pou pwomès li fè a, kòmsi l te siyen anba l. — Eza. 65:16.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Lefètke se Jewova menm ki pwomèt Paradi a, poukisa sa ankouraje nou?

  • Ki sa Bondye di ki ban nou asirans pwomès li fè a ap reyalize?

  • Ki jan nou ka vin gen plis konfyans nan pwomès Bondye fè a?

KANTIK 145 Bondye pwomèt yon paradi

a Nan atik sa a, nou pral wè garanti Jewova bay pou l ban nou asirans pwomès li fè anrapò ak Paradi a pral reyalize. Chak fwa nou pale ak lòt moun konsènan garanti sa a, nou vin gen plis konfyans nan pwomès Jewova yo.

b Gade liv La Révélation: le grand dénouement est proche!, paj 303-304, paragraf 8-9.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje