BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Moun nan anpil nasyon vin kretyen
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Apot Pòl ak Banabas k ap preche Sèjiyis Polis, gouvènè Chip la.

      LESON 98

      Moun nan anpil nasyon vin kretyen

      Apot yo te obeyi lòd Jezi te bay pou yo gaye bon nouvèl la sou tout tè a. Nan ane 47 epòk nou an, frè Antyòch yo te voye Pòl ak Banabas nan yon kanpay predikasyon. De pwoklamatè zele sa yo te vwayaje nan tout Azi Minè, yo t al yon seri kote tankou Dèbe, Lis ak Ikónyòm.

      Pòl ak Banabas te preche tout moun, rich kou pòv, timoun kou granmoun. Anpil moun te aksepte laverite sou Jezi, Kris la. Lè Pòl ak Banabas t ap preche Sèjiyis Polis, gouvènè peyi Chip la, yon majisyen te eseye anpeche yo. Pòl di majisyen an: ‘Jewova ap pini w.’ Menm kote a majisyen an vin avèg. Lè gouvènè Polis wè sa, li vin kretyen.

      Pòl ak Banabas te preche tout kote, kay an kay, nan mache, nan lari ak nan sinagòg. Yo te geri yon mesye ki te bwete nan pye nan Lis. Lè moun yo wè sa, yo te panse se dye mesye yo te ye e yo t ap chèche adore yo. Men, Pòl ak Banabas fè yo sispann, yo te di yo: ‘Se Bondye sèlman pou nou adore! Se moun nou ye sèlman.’ Lè sa a gen yon seri Juif ki vini e ki monte tèt foul la kont Pòl. Foul la kalonnen l ak kout wòch, yo rale l met deyò vil la e yo kite l atè kòmsi l te mouri. Men, Pòl te vivan toujou! Lapoula, frè yo vin ede l e yo mennen l nan vil la. Annapre, Pòl retounen Antyòch.

      Nan ane 49 epòk nou an, Pòl te ale nan yon lòt kanpay predikasyon. Apre l fin vizite frè nan Azi Minè yo, li pote bon nouvèl la pi lwen toujou, anpalan de Ewòp. Li t ale Atèn, Efèz, Filip, Tesalonik ak lòt kote ankò. Silas, Lik ak yon jèn gason ki rele Timote te ale ak Pòl nan vwayaj la. Yo te travay ansanm pou gen plis kongregasyon e yo te ede kongregasyon yo vin djanm. Pòl te rete Korent pandan ennan edmi pou l fòtifye frè yo. Li te preche, li te anseye e li te ekri lèt pou anpil kongregasyon. Mete sou sa, li te konn fè tant. Rive yon lè, Pòl retounen Antyòch.

      Apot Pòl k ap preche nan yon mache.

      Annapre, nan ane 52 epòk nou an, Pòl te fè yon twazyèm kanpay predikasyon, li te kòmanse nan Azi Minè. Li te vwayaje byen lwen nan direksyon nò, li te rive jis Filip apre sa li desann Korent. Pòl te pase plizyè ane nan Efèz kote l te anseye nan kongregasyon an, li te konn geri moun ladan l e l te ede l. Mete sou sa, li te fè diskou chak jou nan oditoryòm yon lekòl. Anpil moun te koute e yo te chanje fason yo t ap viv. Alafen, apre Pòl te fin preche bon nouvèl la nan anpil peyi, li t al Jerizalèm.

      “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon.” — Matye 28:19.

      Kesyon: Èske w ka sèvi ak kat ki nan bib ou a pou w ka wè kote Pòl t ale pandan kanpay predikasyon l yo? (Gade Apendis B13 nan Tradiksyon monn nouvo a.)

      Travay 13:1–23:35.

  • Yon gadyen prizon aprann laverite
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Gadyen prizon vil Filip la ki vin jwenn pòt prizon an tou ouvè ak tout prizonye yo ladan l.

      LESON 99

      Yon gadyen prizon aprann laverite

      Te gen yon tifi nan vil Filip ki te esklav e ki te gen yon demon sou li. Demon an te sèvi ak tifi a pou l fè moun konnen sa k pral rive yo. Konsa, tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan. Lè Pòl ak Silas te vin nan vil Filip, tifi a te suiv yo toupatou pandan plizyè jou. Demon an te fè tifi a di byen fò: “Mesye sa yo se esklav Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an.” Alafen, Pòl di demon an: ‘Nan non Jezi, soti sou li!’ Epi, demon an soti sou tifi a.

      Lè mèt li yo wè yo pa ka fè lajan avè l ankò, yo vin fache anpil. Yo mennen Pòl ak Silas al devan majistra yo, yo di: ‘Mesye sa yo pa respekte lalwa e y ap fè dezòd nan tout vil la!’ Majistra yo te bay lòd pou yo bat Pòl ak Silas, e pou yo mete yo nan prizon. Gadyen prizon an te mete yo nan kacho ki pi fon nan prizon an e li met pye yo nan blòk an bwa pou yo pa ka bouje.

      Pòl ak Silas te chante louwanj pou Jewova e prizonye yo te tande yo k ap chante. Bridsoukou, nan mitan nuit lan, gen yon gwo tranblemanntè ki sakaje tout prizon an. Pòt prizon yo te ouvè, chenn ki te mare prizonye yo tonbe atè e blòk an bwa ki te nan pye yo te ouvri. Gadyen prizon an kouri antre nan prizon an e li wè pòt yo tou ouvè. Li te panse tout prizonye yo te sove, se sa k fè li te pran epe l pou l touye tèt li.

      Menm moman an, Pòl di byen fò: ‘Pa fè tèt ou mal! Nou tout la!’ Gadyen prizon an kouri antre e li met ajenou devan Pòl ak Silas. Li mande yo: “Mesye, ki sa pou m fè pou m ka sove?” Yo di l: ‘Se pou ou menm ak tout moun lakay ou kwè nan Jezi.’ Apre sa, Pòl ak Silas anseye yo pawòl Jewova e gadyen prizon an ak tout moun lakay li te batize.

      “Moun ap met men sou nou, y ap pèsekite nou, y ap livre nou nan sinagòg yo pou yo jije nou, y ap mete nou nan prizon e y ap trennen nou devan wa ak gouvènè poutèt non mwen. Sa ap ban nou okazyon pou nou bay temwayaj.” — Lik 21:12, 13.

      Kesyon: Poukisa yo te met Pòl ak Silas nan prizon? Ki jan gadyen prizon an te vin aprann laverite?

      Travay 16:16-34.

  • Pòl ak Timote
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Pòl, Silas ak Timote.

      LESON 100

      Pòl ak Timote

      Enis, Loyis ak Timote lè l te toupiti.

      Timote te yon jèn frè nan kongregasyon Lis. Papa l te Grèk e manman l te Juif. Manman l, Enis, ak granmè l, Loyis, te aprann Timote kiyès Jewova ye depi l toupiti.

      Lè Pòl te vizite Lis pandan dezyèm kanpay predikasyon l lan, li te wè Timote renmen frè yo anpil e Timote te vle ede yo. Pòl te envite Timote al avè l nan yon vwayaj li t apral fè. Tank tan t ap pase, Pòl te bay Timote fòmasyon pou l vin yon bon pwoklamatè e pou l byen anseye bon nouvèl la.

      Lespri sen te gide Pòl ak Timote tout kote yo t ale. Yon jou swa, Pòl te resevwa yon vizyon kote l te wè yon mesye ki di l pou l vin Masedwàn pou l ede yo. Se sa k fè, Pòl, Timote, Silas ak Lik t al nan zòn nan pou yo preche e pou yo fè nouvo kongregasyon.

      Nan Tesalonik, youn nan vil Masedwàn yo, te gen anpil gason ak anpil fi ki te vin kretyen. Men, gen kèk Juif ki te jalou Pòl ak moun ki te ak Pòl yo. Yo te rasanble yon gwo foul moun, yo te mennen yo bay dirijan yo, e yo t ap di byen fò: ‘Mesye sa yo se ènmi gouvènman women an!’ Pòl ak Timote te kouri al Bere nan aswè pou yo pa touye yo.

      Moun Bere yo te kontan aprann bon nouvèl la e ni Grèk ni Juif te vin kretyen. Men, lè kèk Juif te sot nan vil Tesalonik pou yo vin bay pwoblèm, Pòl t al nan vil Atèn. Timote ak Silas te rete Bere pou yo ankouraje frè yo. Rive yon lè, Pòl te fè Timote retounen Tesalonik pou l te ka ede frè yo paske yo te anba gwo pèsekisyon nan zòn sa a. Annapre, Pòl te voye Timote al vizite anpil lòt kongregasyon pou l ankouraje yo.

      Apot Pòl k ap fè Timote ekri yon lèt pou li pandan l nan prizon e li gen yon chenn ki mare l ak yon gadyen prizon.

      Pòl te di Timote: ‘Tout moun ki vle sèvi Jewova ap jwenn pèsekisyon.’ Yo te pèsekite Timote e yo te mete l nan prizon pou lafwa l. Li te kontan paske l te gen okazyon pou l montre li fidèl ak Jewova.

      Men sa Pòl te di kretyen nan vil Filip yo: ‘M ap voye Timote ban nou. Li pral montre nou ki jan yon moun k ap sèvi Jewova dwe viv, e li pral montre nou ki jan pou n fè travay predikasyon an.’ Pòl te konnen li te ka fè Timote konfyans. Yo te bon zanmi e yo te travay ansanm pandan anpil ane.

      “Mwen pa gen pèsonn ki gen menm atitid avè l, pa gen pèsonn tankou l ki gen sousi pou nou toutbon. Paske, tout lòt moun yo ap chèche pwòp enterè yo, yo pap chèche enterè Jezi Kris.” — Filipyen 2:20, 21.

      Kesyon: Kiyès Timote te ye? Sa k fè Pòl ak Timote te bon zanmi konsa?

      Travay 16:1-12; 17:1-15; Filipyen 2:19-22; 2 Timote 1:1-5; 3:12, 14, 15; Ebre 13:23.

  • Jezi voye Pòl al Wòm
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Pòl ak kèk lòt moun k ap naje, oubyen ki sou moso bato ki kraze a, ki pral sou tè bò lanmè Malt la.

      LESON 101

      Jezi voye Pòl al Wòm

      Twazyèm kanpay predikasyon Pòl la te fini nan vil Jerizalèm. Se la yo te arete l e yo te fèmen l nan prizon. Yon jou swa, Pòl te fè yon vizyon kote Jezi te di l: ‘Ou dwe al Wòm pou w preche.’ Yo te pran Pòl Jerizalèm mennen l Sezare kote li te pase dezan nan prizon. Pandan yo t ap jije Pòl devan gouvènè Festis, Pòl di: ‘Voye m Wòm pou Seza jije m.’ Festis di: “Piske w mande pou w al devan Seza, ou pral devan Seza.” Yo te mete Pòl nan yon bato ki t apral Wòm, e Lik ak Aristak, de kretyen, te ale avè l.

      Te gen yon gwo tanpèt ki te dire plizyè jou ki te bare yo sou lanmè a. Tout moun te panse yo t apral mouri. Men sa Pòl te di: ‘Mesye, gen yon zanj ki di m nan yon rèv: “Pòl, ou pa bezwen pè. W ap rive Wòm e tout moun ki avè w nan bato a ap sove.” Pran kouraj! Nou pap mouri.’

      Tanpèt la te dire 14 jou. Alafen, yo wè tè. Se te zile Malt. Bato a t al frape yon pil sab nan lanmè a e l te kraze fè plizyè moso. Men, tout 276 moun ki te nan bato a te rive atè san anyen pa t rive yo. Gen kèk nan yo ki te naje pou yo rive atè e gen lòt ki te rive sou moso bato ki te kraze a. Moun Malt yo te pran swen yo e yo te fè yon dife pou chofe yo.

      Twa mwa annapre, sòlda yo te mennen Pòl nan vil Wòm nan yon lòt bato. Lè l rive, frè yo te vin rankontre l. Kou Pòl wè yo, li di Jewova mèsi e li pran kouraj. Byenke Pòl te yon prizonye, yo te kite l viv nan yon kay yo te lwe ak yon sòlda pou veye l. Li te rete la pandan dezan. Gen moun ki te konn vin wè l, li te konn preche yo sou Wayòm Bondye a e li te anseye yo sou Jezi. Epitou, Pòl te konn ekri lèt pou kongregasyon ki nan Azi Minè ak nan Jide yo. Vrèmanvre, Jewova te sèvi ak Pòl pou l gaye bon nouvèl la nan nasyon yo.

      “Nan tout domèn, nou rekòmande tèt nou kòm sèvitè Bondye, grasa andirans nou nan anpil bagay, nan tribilasyon, nan detrès, nan difikilte.” — 2 Korentyen 6:4.

      Kesyon: Poukisa Festis te voye Pòl al Wòm? Ki sa k te rive Pòl pandan li t apral Wòm?

      Travay 21:30; 23:11; 25:8-12; 27:1–28:31; Women 15:25, 26.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje