BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bhs chap. 6 p. 62-70
  • Lè nou mouri, ki kote n ale?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè nou mouri, ki kote n ale?
  • Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Li nan Sa Labib anseye
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • LÈ NOU MOURI, KI KOTE N ALE?
  • SA JEZI TE DI KONSÈNAN LANMÒ
  • POUKISA NOU MOURI?
  • LAVERITE LIBERE NOU
  • Poukisa nou vyeyi epi nou mouri?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Yo te koute Satan: Ki rezilta sa bay?
    Koute Bondye pou w viv pou toutan
  • Ki espwa ki genyen pou moun nou yo ki mouri ?
    Ki espwa ki genyen pou moun nou yo ki mouri?
  • Yo kòmanse pase mizè
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Ki sa Labib kapab anseye nou?
bhs chap. 6 p. 62-70

CHAPIT SIS

Lè nou mouri, ki kote n ale?

1-3. Ki kesyon moun konn poze sou lanmò, e ki repons kèk relijyon bay pou kesyon sa yo?

LABIB pwomèt nou yon jou “pap gen lanmò ankò”. (Revelasyon 21:4.) Nan chapit 5 lan, nou te aprann grasa ranson an li posib pou nou gen lavi ki pap janm fini an. Men, moun kontinye mouri (Eklezyas 9:5). Se sa k fè, youn nan gwo kesyon nou konn poze se: Ki sa k rive nou lè nou mouri?

2 Repons kesyon sa a enpòtan sitou lè nou gen yon moun pa nou ki mouri. Nou ka ap mande tèt nou: ‘Ki kote l ale? Èske l ap gade nou? Èske l ka ede nou? Èske n ap janm wè l ankò?’

3 Relijyon yo reponn kesyon sa yo divès fason. Genyen ki anseye si w se yon bon moun, ou pral nan syèl e si w se yon move moun ou pral boule nan lanfè. Gen lòt ki di lè w mouri ou tounen yon espri, w al viv ak fanmi w ki deja mouri. Gen lòt ankò ki di, apre w fin mouri epi yo jije w, w ap refèt ankò oswa w ap retounen viv nan yon lòt kò, swa antanke yon lòt moun oswa menm antanke yon bèt.

4. Ki ide jeneral relijyon yo anseye sou lanmò?

4 Ansèyman relijyon yo bay yo pa sanble ditou. Men, prèske yo tout anseye yon sèl ide jeneral. Yo anseye lè yon moun mouri, gen yon pati nan li ki kontinye viv. Èske se vre?

LÈ NOU MOURI, KI KOTE N ALE?

5, 6. Ki sa k rive nou lè nou mouri?

5 Jewova konnen sa k rive nou lè nou mouri e li fè nou konnen lè yon moun mouri, li sispann viv. Lanmò se kontrè lavi. Kidonk, lè yon moun mouri, santiman l ak memwa l pa kontinye viv yon lòt kotea. Lè nou mouri, nou pa kapab ni wè, ni tande, ni reflechi ankò.

6 Men sa wa Salomon te ekri: “Moun ki mouri yo pa konn anyen ditou.” Moun ki mouri yo pa ka ni renmen ni rayi e “pa gen ni travay, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Tonm” nan. (Li Eklezyas 9:5, 6, 10.) Nan Sòm 146:4, Labib fè nou konnen lè yon moun mouri “panse” l mouri.

SA JEZI TE DI KONSÈNAN LANMÒ

Yon mari ak madanm li ki chita nan yon jaden e k ap admire yon flè.

Jewova te kreye lèzòm pou yo viv pou toutan sou tè a.

7. Ki sa Jezi te di konsènan lanmò?

7 Lè Laza, yon bon zanmi Jezi, te mouri, Jezi te di disip li yo: “Laza, zanmi nou an, ap dòmi.” Men Jezi pa t vle di Laza t ap repoze. Jezi te kontinye pou l di: “Laza mouri.” ​(Jan 11:11-14). Donk, Jezi te konpare lanmò ak dòmi. Li pa t di Laza te nan syèl la oswa li te avèk moun nan fanmi l ki mouri. E li pa t di li t ap soufri nan lanfè oswa li te refèt nan yon lòt kò moun oswa nan yon bèt. Non, se kòmsi Laza te nan pwofon somèy. Gen lòt vèsè nan Labib ki konpare lanmò ak yon somèy ki pwofon. Labib di, lè yo te touye Etyèn, “li [te] dòmi nan lanmò”. (Travay 7:60.) Epitou, apot Pòl te ekri konsènan kèk kretyen “k ap dòmi nan lanmò”. — 1 Korentyen 15:6.

8. Ki jan nou fè konnen Bondye pa t kreye lèzòm pou yo mouri?

8 Èske Bondye te kreye Adan ak Èv pou yo te mouri yon lè? Non! Jewova te kreye yo pou yo te viv pou toutan e pou yo te gen yon sante pafè. Lè Jewova te fè lèzòm, li te mete dezi nan yo pou yo viv pou toutan (Eklezyas 3:11). Paran yo pa ta renmen wè pitit yo vin granmoun epi pou yo mouri. Se menm bagay la Jewova santi anrapò ak nou. Men, si Bondye te kreye nou pou nou viv pou toutan, ki rezon ki fè nou mouri?

POUKISA NOU MOURI?

9. Poukisa lòd Jewova te bay Adan ak Èv la te rezonab?

9 Nan jaden Edenn nan, Jewova te di Adan: “Ou mèt manje nan fwi tout pyebwa ki nan jaden an jan w vle. Men, ou pa dwe manje nan fwi pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, paske jou w manje ladan l, w ap mouri san mank.” ​(Jenèz 2:9, 16, 17). Lòd klè sa a pa t difisil pou Adan ak Èv obeyi e Jewova te gen dwa di yo sa ki byen ak sa ki mal. Si yo te obeyi Jewova, yo t ap montre l yo respekte otorite l. Yo t ap montre tou jis nan ki pwen yo gen rekonesans pou tout sa li te ba yo.

10, 11. a) Kòman Satan te pouse Adan ak Èv dezobeyi Bondye? b) Poukisa pa gen okenn eskiz pou sa Adan ak Èv te fè a?

10 Malerezman Adan ak Èv te chwazi dezobeyi Jewova. Satan te di Èv: “Èske se vre Bondye di nou pa dwe manje fwi nan okenn pyebwa ki nan jaden an?” Èv reponn: “Nou gen dwa manje fwi nan pyebwa ki nan jaden an. Men, kanta pou fwi pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye te di: ‘Nou pa dwe manje ladan l, non, nou pa dwe manyen l. Si nou fè sa, n ap mouri.’” — Jenèz 3:1-3.

11 Epi, Satan di: “Nou pap mouri pyès. Paske, Bondye konnen jou nou manje fwi pyebwa sa a je n ap ouvri e n ap vin menm jan ak Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal.” ​(Jenèz 3:4-6). Satan te vle Èv panse li kapab deside sa ki byen ak sa ki mal pou tèt li. Anmenmtan, li te bay manti konsènan sa k t ap rive si Èv te dezobeyi. Satan te di Èv pa t ap mouri, se sa k fè Èv te manje nan fwi a, apre sa, li te bay mari l ladan l. Adan ak Èv te konnen Jewova te di yo pou yo pa manje fwi a. Lè yo te manje l la, yo te chwazi dezobeyi yon lòd ki klè e ki rezonab. Lefètke yo te manje l, yo te montre yo pa respekte Papa yo ki nan syèl la ki gen lanmou. Pa gen okenn eskiz pou sa yo te fè a!

12. Poukisa se yon gwo desepsyon sa ye lefètke Adan ak Èv te dezobeyi Jewova?

12 Se pa ti desepsyon sa ye lefètke premye paran nou yo pa t gen okenn respè pou Kreyatè yo a! Ki jan w t ap santi w si w te travay di pou w leve yon pitit gason ak yon pitit fi, apre sa, yo fè rebèl avè w, e sa w mande yo fè, se pa sa yo fè? Èske sa pa t ap fè w mal anpil?

Adan nan epòk kreyasyon an.

Adan te soti nan pousyè, e li te retounen nan pousyè.

13. Ki sa Jewova te vle di lè l te di “w ap retounen nan pousyè”?

13 Lè Adan ak Èv te dezobeyi, yo te pèdi posiblite pou yo viv pou toutan. Men sa Jewova te di Adan: “Piske se pousyè w ye, w ap retounen nan pousyè.” ​(Li Jenèz 3:19.) Sa vle di Adan t ap tounen pousyè ankò, se tankou li pa t janm fèt (Jenèz 2:7). Apre Adan fin peche, li mouri e li pa egziste ankò.

14. Poukisa nou mouri?

14 Si Adan ak Èv te obeyi Bondye, yo t ap toujou vivan jodi a. Men, lè yo te dezobeyi Bondye a, yo te peche, e rive yon lè yo te mouri. Peche tankou yon maladi grav nou eritye nan premye paran nou yo. Nou tout fèt ak peche, e se poutèt sa nou mouri (Women 5:12). Men, se pa objektif sa a Bondye gen pou lèzòm. Bondye pa t janm vle pou moun mouri, e Labib rele lanmò yon “ènmi”. — 1 Korentyen 15:26.

LAVERITE LIBERE NOU

15. Ki jan laverite sou lanmò libere nou?

15 Laverite konsènan lanmò libere nou anba anpil ide ki pa kòrèk. Labib anseye nou moun ki mouri yo pa santi doulè e yo pa nan lapenn. Nou pa ka pale ak yo e yo pa ka pale ak nou. Nou pa ka ede moun ki mouri yo e moun ki mouri yo pa ka ede nou. Yo pa ka fè nou mal, se sa k fè nou pa bezwen pè yo. Men, gen anpil relijyon ki fè konnen moun ki mouri yo ap viv yon kote e nou kapab ede yo si nou peye prèt yo oswa lòt chèf relijye yo. Sepandan, lè nou konnen laverite sou lanmò, nou pa pran nan manti sa yo.

16. Ki manti anpil relijyon anseye konsènan mò yo?

16 Satan sèvi ak fo relijyon pou l ban nou manti e pou l fè nou panse mò yo toujou vivan. Pa egzanp, gen kèk relijyon ki anseye lè yon moun mouri gen yon pati nan li k al viv yon lòt kote. Èske relijyon w lan anseye w sa, oswa èske l anseye w sa Labib di konsènan mò yo? Satan sèvi ak manti pou l fè moun vire do bay Jewova.

17. Poukisa ide ki fè konprann moun pral boule nan dife lanfè a se yon mank dega pou Jewova?

17 Sa anpil relijyon anseye se bagay ki terib. Pa egzanp, gen kèk ladan yo ki fè konnen moun k ap fè sa k mal yo pral boule nan lanfè pou toutan. Manti sa a se yon mank dega pou Jewova. Li pa t ap janm kite moun soufri nan fason sa a! (Li 1 Jan 4:8.) Ki jan w t ap santi w si w ta wè yon moun met men yon timoun nan dife pou l pini l? Ou t ap panse yon moun konsa vrèman mechan! Ou pa t ap vle chèche konnen l. Se egzakteman fason sa a Satan vle nou konsidere Jewova!

18. Poukisa nou pa dwe pè mò?

18 Gen kèk relijyon ki fè konnen lè moun mouri, yo tounen espri. Relijyon sa yo anseye nou dwe gen respè pou espri sa yo paske yo kapab vin zanmi nou ki gen pisans e nou dwe menm pè yo paske yo kapab vin gwo ènmi pou nou. Anpil moun kwè nan manti sa a. Yo pè mò, se sa k fè yo adore yo olye yo adore Jewova. Pa bliye mò yo pa ka santi anyen, donk nou pa dwe pè yo. Jewova se Kreyatè nou. Li se vrè Dye a, se li menm sèl nou dwe adore. — Revelasyon 4:11.

19. Lefètke n konnen laverite sou lanmò, ki jan sa ede nou?

19 Lè nou konnen laverite sou lanmò, nou libere anba manti relijyon yo bay. E verite sa a ede nou konprann bèl pwomès Jewova fè konsènan lavi nou ak avni nou.

20. Ki sa nou pral aprann nan chapit ki vin apre a?

20 Sa gen lontan depi Jòb, yon sèvitè Bondye, te mande: “Si yon moun mouri, èske l ka tounen viv ankò?” ​(Jòb 14:14). Èske li posib toutbonvre pou yon moun mouri reviv ankò? Repons Bondye ban nou nan Labib fè kè nou kontan anpil. Nou pral wè sa nan chapit ki vin apre a.

a Gen kèk moun ki kwè gen yon nanm oswa yon espri ki kontinye viv apre yon moun fin mouri. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade nòt 17 ak nòt 18.

REZIME

VERITE NO 1: LÈ YON MOUN MOURI, LI SISPANN VIV

“Moun ki mouri yo pa konn anyen ditou.” — Eklezyas 9:5.

Ki sa k rive nou lè nou mouri?

  • Sòm 146:3, 4; Eklezyas 9:6, 10

    Lè nou mouri, nou pa kapab ni wè, ni tande, ni reflechi.

  • Jan 11:11-14

    Jezi te konpare lanmò ak dòmi.

VERITE NO 2: JEWOVA PA T JANM VLE MOUN MOURI

“Ou pa dwe manje nan fwi pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, paske jou w manje ladan l, w ap mouri san mank.” — Jenèz 2:17.

Poukisa nou mouri?

  • Jenèz 3:1-6

    Satan te bay manti konsènan sa k t ap rive Èv si Èv te dezobeyi lòd Bondye te bay la. Lè Adan ak Èv te dezobeyi Jewova, yo te peche, e annapre yo mouri.

  • Jenèz 3:19

    Apre Adan fin mouri, li pa egziste ankò.

  • Women 5:12

    Peche tankou yon maladi terib nou eritye nan premye paran nou yo. Nou tout fèt ak peche, e se poutèt sa nou mouri.

  • 1 Korentyen 15:26

    Labib rele lanmò yon ènmi.

VERITE NO 3: LAVERITE SOU LANMÒ LIBERE NOU

“Si yon moun mouri, èske l ka tounen viv ankò? M ap ret tann [...] jiskaske delivrans mwen rive.” — Jòb 14:14.

Ki jan lè nou konnen laverite sou lanmò sa libere nou anba ide ki pa kòrèk?

  • 1 Jan 4:8

    Ansèyman sou lanfè a se yon mank dega pou Jewova. Jewova pa t ap janm pèmèt moun soufri konsa.

  • Revelasyon 4:11

    Anpil moun pè mò. Kòm yo pè mò, yo adore yo olye yo adore Jewova. Jewova se vrè Dye a e se li menm sèl nou dwe adore.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje