-
Poukisa Bondye pèmèt soufrans?Toudegad — 2014 | 1ye janvye
-
-
Sofya: Mèwi. “Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa: Eske Bondye te janm di piga nou manje [fwi] tout pyebwa ki nan jaden an? Fanm lan reponn sèpan an: Nou gen dwa manje [fwi] tout pyebwa ki nan jaden an. Men, kanta pou pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di: Piga nou manje ladan l, piga nou manyen l menm. Sinon, n’ap mouri. Lè sa a, sèpan an di fanm lan: Se pa vre. Nou p’ap mouri kras. Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l, je nou va louvri. N’a vin tankou Bondye, n’a konn sa ki byen ak sa ki mal.”
-
-
Poukisa Bondye pèmèt soufrans?Toudegad — 2014 | 1ye janvye
-
-
Michèl: Nan yon sans, wi. Men, te gen plis bagay nan pwovokasyon Satan an. Gade vèsè 5 lan ankò. Èske w remake ki lòt bagay Satan te di Èv?
Sofya: Li te di Èv si l manje fwi a je l ap vin ouvri.
Michèl: Wi, e li te di l ap vin ‘tankou Bondye, l ap konnen sa ki byen ak sa ki mal’. Konsa, Satan te pretann Bondye anpeche lèzòm jwenn yon bagay k ap bon pou yo.
Sofya: M konprann.
Michèl: E kesyon sa a te enpòtan tou.
Sofya: Ki sa w vle di?
Michèl: Lè Satan te di pawòl sa yo, li te vle di Èv, e nan yon sans tout moun nèt, t ap pi byen si se pa Bondye ki t ap dirije yo. Nan ka sa a tou, Jewova te konnen pi bon fason pou l rezoud pwoblèm nan, se kite pou l kite Satan pwouve sa l te di a. Se sa k fè Bondye kite Satan dirije monn nan pandan yon tan. Donk, rezon ki fè ou wè gen tout soufrans sa yo nan monn nan, se paske se Satan k ap dirije monn nan, se pa Bondyed. Men, gen yon bon nouvèl.
-