BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Rezon ki fè mechanste egziste toujou
    Toudegad — 2007 | 1ye oktòb
    • Bib la di nou sa k pase annapre. Satan Ledyab pwoche bò kot Èv, li sèvi ak yon sèpan pou l pale avè l. Li di l : “ Èske se vre Bondye te di nou pa dwe manje nan tout pyebwa ki nan jaden an ? ” Apre Èv fin repete kòmandman Bondye te bay la, Satan di l : “ Nou pap mouri pyès. Paske Bondye konnen lejou nou manje ladan l, je nou pap manke pa ouvri, e san mank, n ap vin tankou Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal. ” Sa te vin fè pyebwa a tèlman parèt bèl nan je Èv, ‘ li te pran nan fwi ki ladan l epi li te manje l. ’ Bib la di : “ Apre sa li bay mari l ladan l tou lè l vin ansanm avè l epi li [Adan] manje l. ” ​(Jenèz 3:1-6). Konsa, Adan ak Èv te mal itilize libète yo te genyen pou yo deside. Lefètke yo te dezobeyi Bondye, yo te peche kont li.

      Èske w wè jan sa k te pase a se yon bagay ki serye ? Dyab la te kontredi sa Bondye te di Adan an. Nan pawòl Satan te di yo, li te fè konprann Adan ak Èv pa t ap bezwen Jewova pou yo deside sa ki byen ak sa ki mal nan lavi yo. Konsa, Satan te konteste dwa Jewova genyen pou l dirije lèzòm e li te konteste dominasyon l kòmkwa dominasyon sa a pa t jis. Kidonk, kesyon Satan te soulve a, ki gen anpil enpòtans, gen rapò ak dwa Jewova genyen pou l dirije limanite. Ki jan vrè Dye a te reyaji fas ak kontestasyon sa a ?

  • Rezon ki fè mechanste egziste toujou
    Toudegad — 2007 | 1ye oktòb
    • Satan te di Èv tou : “ Bondye konnen lejou nou manje [nan pyebwa li entèdi nou manje ladan l lan], je nou pap manke pa ouvri, e san mank, n ap [Adan ak Èv] vin tankou Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal. ” ​(Jenèz 3:5). Avèk pawòl sa yo Satan te di pou l twonpe yo, li te fè yo konprann yo te kapab dirije tèt yo poukont yo. Konsa, li te fè konprann sa t ap pi bon pou lèzòm si yo vin endepandan parapò ak Bondye. Èske se vre ?

      Nan tout listwa, gen anpi ki parèt e ki disparèt. Lèzòm eseye dirije tèt yo ak tout kalite fòm gouvènman ou ta ka imajine. Sepandan, toujou gen bagay tèrib k ap frape limanite. Sa gen 3 000 an depi yon ekriven biblik te tire konklizyon sa a ki saj : “ Lòm domine sou lòm pou fè l ditò. ” ​(Eklezyas 8:9). Pwofèt Jeremi bò kote pa l te ekri : “ Sa pa nan men lòm k ap mache pou l dirije pa l. ” ​(Jeremi 10:23). Menm pwogrè lèzòm fè nan domèn teknik pa ka demanti deklarasyon sa yo. Tan ki pase a fè lèzòm rive konstate aklè deklarasyon sa yo se verite.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje