BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Annou apresye wòl san parèy Jezi jwe nan objektif Bondye a
    Toudegad — 2008 | 15 desanm
    • “ Desandans ” yo te anonse a

      18. Ki pwofesi Bondye te bay apre Adan te fin peche, e ki sa Bib la te vin revele konsènan pwofesi sa a ?

      18 Nan jaden Edenn nan, lè limanite sanble te pèdi tout bagay, sètadi bonjan relasyon avèk Bondye, lavi etènèl, kè kontan ak paradi a, Jewova Dye te predi li t ap bay yon Sovè. Li te pale de Sovè sa a kòm “ desandans ” lan (Jen. 3:15, NW). Pandan plizyè syèk, se de desandans sa a yon kantite pwofesi biblik te pale. Li t ap desandan Abraram, Izarak ak Jakòb. Li te gen pou l soti nan fanmi David tou. — Jen. 21:12 ; 22:16-18 ; 28:14 ; 2 Sam. 7:12-16.

      19, 20. a) Ki moun ki desandans yo te pwomèt la ? b) Sa k fè nou ka di apa Jezi gen lòt moun ki fè pati desandans yo te anonse a ?

      19 Ki moun desandans sa a yo te pwomèt la ye ? Nou jwenn repons kesyon sa a nan Galat 3:16. (Li l.) Men, pi devan nan menm chapit sa a, men sa apot Pòl di kretyen wen yo ankò : “ Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit [“ desandans ”, NW] Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la. ” ​(Gal. 3:29). Piske Kris se desandans yo te pwomèt la, kòman fè gen lòt moun ki vin fè pati desandans sa a ansanm ak li ?

      20 Gen plizyè milyon moun ki fè konprann yo se desandans Abraram. Genyen menm ki aji kòm pwofèt. Gen kèk relijyon ki fè konprann pwofèt yo genyen yo se desandans Abraram, e sa gen anpil enpòtans pou yo. Men, èske tout moun sa yo se desandans yo te pwomèt la ? Non. Apot Pòl, ki te anba enspirasyon, montre se pa tout desandan Abraram ki ka di yo se desandans yo te pwomèt la. Jewova pa t sèvi ak desandan lòt pitit Abraram yo pou l beni limanite. Desandans ki t ap gen pou bay benediksyon an t ap soti nan Izarak sèlman (Ebre 11:18). Finalman, Bib la montre nou se sèlman yon gason, Jezi Kris, ki soti nan fanmi Abraram, ki prensipal desandans yo te pwomèt lac. Tout lòt moun ki vin fòme pati segondè desandans Abraram nan vin fè pati desandans lan paske yo “ se moun Kris la ”. Wi, wòl Jezi jwe nan akonpli pwofesi sa a se yon wòl ki vrèman san parèy.

  • Annou apresye wòl san parèy Jezi jwe nan objektif Bondye a
    Toudegad — 2008 | 15 desanm
    • c Menm lè Juif yo nan premye syèk la te panse se yo menm, antanke desandan Abraram, ki te pèp Bondye chwazi a, yo te kanmenm ap tann yon moun ki pou vini antanke Mesi a, sètadi Kris la. — Jan 1:25 ; 7:41, 42 ; 8:39-41.

  • Annou apresye wòl san parèy Jezi jwe nan objektif Bondye a
    Toudegad — 2008 | 15 desanm
    • ◼ Desandans yo te pwomèt la (Jen. 3:15). Se yon sèl moun ki pati prensipal desandans yo te anonse ki te gen pou vini an. Moun sa a se Jezi Kris. Tout lòt moun ki vin tounen pati segondè desandans Abraram nan annapre “ se moun Kris ” yo ye. — Gal. 3:29.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje