Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
6-12 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 1-2
“Jewova kreye lavi sou tè a”
it-1-F 563
Kreyasyon
Nan premye jou a, lè Bondye te di: “Se pou limyè parèt”, li klè, limyè te travèse nyaj yo e l te gaye nan tout direksyon, menmsi yo pa t ka wè sous limyè a detan sou tè a. Sanble sa te fèt tikras pa tikras, jan sa parèt nan tradiksyon J. W. Watts fè a kote l di: “E tikras pa tikras limyè te vin egziste.” (Jen 1:3, A Distinctive Translation of Genesis). Bondye fè yon separasyon ant limyè ak fènwa, li rele limyè a lajounen e l rele fènwa a lannuit. Sa montre tè a t ap fè wonn tèt li ak wonn solèy la anmenmtan, sa ki pèmèt zòn lès ak lwès te kapab gen limyè ak fènwa. — Jen 1:3, 4.
Nan dezyèm jou a, Bondye te fè yon espas lè l te fè yon separasyon “ant dlo ak dlo”. Yon kantite dlo te ret sou tè a, men yon lòt gwo kantite te ret byen wo anlè sifas tè a, e te vin gen yon espas nan mitan yo toule de. Bondye te rele espas la syèl, men se te parapò ak tè a, piske yo pa di zetwal yo oubyen lòt planèt yo te anndan dlo ki te rete anlè espas la. — Jen 1:6-8; gade ÉTENDUE.
Nan twazyèm jou a, grasa yon mirak, kokennchenn pisans Bondye ki te ann aksyon te fè tout dlo sou tè a te vin fè yon sèl, e tè sèk te vin parèt. Bondye rele tè sèk ki te vin parèt la Tè. Se nan jou sa a tou Bondye te met prensip lavi a nan atòm yo, konsa zèb, plant ak pyebwa ki bay fwi te vin egziste. Sa pa t fèt konsa konsa, ni pa mwayen yon evolisyon. Chak nan twa kategori sa yo te gen kapasite pou yo repwodui selon “gwoup” yo ye a. — Jen 1:9-13.
it-1-F 563-564 § 7-10
Kreyasyon
Li enpòtan pou nou note nan Jenèz 1:16, yo pa itilize vèb ebre bara ki vle di “kreye”, men pito yo itilize asa ki vle di “fè”. Piske solèy la, lalin nan ak zetwal yo fè pati syèl yo pale de li nan Jenèz 1:1 an, Bondye te kreye bagay sa yo byen lontan anvan katriyèm jou a. Nan katriyèm jou a, Bondye te fè bagay li kreye yo ki nan syèl la vin etabli yon kontak ant sifas tè a ak espas ki anlè tè a. Lè Bib la di “Bondye te mete yo nan syèl la pou klere tè a”, sa vle di kounye a yo te vin ka wè yo nenpòt kote sou tè a, kòmsi yo te nan espas la. Epitou, limyè yo “ap sèvi kòm siy ni pou sezon, ni pou jou, ni pou ane”, sa ki t apral sèvi kòm gid pou lèzòm divès fason. — Jen 1:14.
Nan senkyèm jou a, Bondye te kreye premye kategori bèt sou tè a. Bondye pa t annik kreye yon bèt pou l evolye pou l tounen plizyè lòt fòm, men li te itilize pouvwa l pou l kreye yon dividal gwoup bèt vivan. Bib la di: “Bondye te kreye gwo bèt ki nan lanmè yo ak tout bèt vivan k ap fè mouvman e ki anpil nan dlo yo, selon gwoup yo ye a, ak tout kalite bèt ki gen zèl e ki ka vole, selon gwoup yo ye a.” Bondye te wè tout sa li te kreye yo te bon, li te beni yo, an reyalite, li te di yo pou yo “vin anpil”, sa ki te posib, paske Bondye te bay kreyati sa yo ki nan yon bann ak yon pakèt gwoup diferan kapasite pou yo repwodui “selon gwoup yo ye a”. — Jen 1:20-23.
Nan sizyèm jou a, “Bondye te kontinye fè bèt nan bwa ki sou tè a selon gwoup yo ye a, bèt ki viv bò kote moun selon gwoup yo ye a ak tout kalite bèt k ap rale sou vant sou tè a, selon gwoup yo ye a”. Tout sa Bondye te kreye nan jou sa a te bon menm jan ak sa li te kreye deja yo. — Jen 1:24, 25.
Nan fen sizyèm jou kreyasyon an, Bondye te vin fè yon nouvo kalite kreyati ki siperyè ak bèt yo e ki pi ba pase zanj yo. Kreyati sa a se lòm ki fèt pòtre ak Bondye e ki sanble avè l. Jenèz 1:27 senpleman di “[Bondye] te kreye gason ak fi”, e nan Jenèz 2:7-9 ki pale de menm istwa a yo montre Jewova te fè lòm ak pousyè ki sot nan tè a e li te soufle souf lavi a nan twou nen l, e lòm te vin tounen yon moun vivan, ki te nan yon bèl paradi kote ki gen manje. Nan ka sa a, Jewova te itilize bagay ki fè pati tè a pou l fè gason, apre sa, li te itilize youn nan kòt Adan yo pou l fè fi (Jen 2:18-25). Lè l te fin kreye fi, lòm te vin yon “gwoup” tou. — Jen 5:1, 2.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 16-17
Jezi Kris
Li pa t yon Kreyatè tou. Pitit la te patisipe nan travay kreyasyon an, men sa pa t fè l yon Kreyatè tou bò kote Papa l. Se nan Bondye pouvwa pou kreye a soti pa mwayen lespri sen l, sa vle di fòs aktif li (Jen 1:2; Sm 33:6). E piske Jewova se Sous tout lavi, se li ki pèmèt tout kreyati vin egziste, kit se sa nou ka wè, kit se sa nou pa ka wè (Sm 36:9). Olye Pitit la te yon Kreyatè tou bò kote Papa l, li te yon zouti Jewova, Kreyatè a, te itilize pou l kreye. Jezi te rekonèt se Bondye ki kreye tout bagay, jan Ekriti yo fè konn sa. — Mt 19:4-6; gade CRÉATION.
13-19 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 3-5
“Move konsekans premye manti a pote”
w00-F 15/11 25-26
Sa nou ka aprann nan men premye koup la
Èske Èv te ka evite peche l te fè a? Wi! Mete w nan plas Èv. Sèpan an di l yon bagay ki depaman nèt ak sa ni Bondye ni Adan te di. Ki jan w t ap santi w si yon etranje di w yon pil bagay malonèt sou yon moun ou renmen e w fè konfyans? Èv te dwe reyaji yon lòt fason, li te dwe montre degoutans ak endiyasyon, li te dwe menm refize koute. Dayè, kiyès sèpan an te ye pou l ap mete jistis Bondye ak pawòl mari l te di yo an dout? Si Èv te respekte prensip otorite a, li ta dwe chèche konsèy anvan li pran yon desizyon. Se sa nou dwe fè lè nou jwenn enfòmasyon ki kontrè ak enstriksyon Bondye yo, nou dwe chèche konsèy. Èv te vle deside sa ki bon ak sa ki mal, konsa li te vin kwè Tantatè a. Plis li te kite ide a jwe nan lespri l, se plis li te vin parèt atiran pou li. Se te yon gwo erè Èv te fè lè l te nouri vye dezi li te genyen an olye l rejte l oubyen pale sou sa ak chèf fanmi an! — 1 Korentyen 11:3; Jak 1:14, 15.
Adan te koute vwa madanm li
Tousuit apre, Èv te rale Adan vin jwenn li nan peche li a. Ki jan n ka esplike lefètke Adan te annik aksepte fè sa madanm li te di l la (Jenèz 3:6, 17)? Adan te dwe chwazi ak kiyès l ap rete fidèl. Èske l ap obeyi Kreyatè l la, ki te ba li tout bagay, e ki te menm ba li Èv, madanm li renmen anpil la? Èske Adan t ap chèche direksyon Bondye sou sa li te dwe fè nan moman an? Oubyen li t ap pito suiv madanm li? Adan te byen konnen sa madanm li te swete jwenn, lè l te manje fwi nan pyebwa Bondye te bay lòd pou l pa t manje a, pa t ap janm reyalize. Men ki sa Jewova te enspire apot Pòl pou l ekri: “Se pa Adan yo te twonpe, men se fi a yo te twonpe nèt, e konsa, li vin tonbe nan dezobeyisans.” (1 Timote 2:14). Donk, se Adan menm ki te chwazi dezobeyi Jewova. Li klè, laperèz li te genyen pou l pa separe ak madanm li an te pi fò lontan pase lafwa l nan kapasite Bondye genyen pou l ranje bagay yo.
w04-F 1/1 29 § 2
Pwen enteresan ki nan liv Jenèz la — I
3:17 — Nan ki sans tè a te modi, e pou konbyen tan? Malediksyon Bondye te lage sou tè a te vle di li t ap vin difisil anpil nan moman an pou yo travay li. Tèlman desandan Adan yo te santi konsekans modi tè a te modi a ak tout pikan ak chadwon li te genyen yo, Lamèk, papa Noye, te pale konsènan ‛mizè y ap pase akoz Jewova te lage malediksyon sou tè a’. (Jenèz 5:29.) Apre delij la, Jewova te beni Noye ak pitit gason l yo e l te fè yo konnen objektif li se pou yo plen tè a ak moun (Jenèz 9:1). Sanble Bondye te leve malediksyon li te lage sou tè a. — Jenèz 13:10.
it-2-F 672
Doulè tranche
Soufrans moun jwenn lè y ap fè pitit. Apre Èv, premye fi a te fin peche, Bondye te di l ki konsekans li t ap jwenn lè l ap fè pitit. Si l te ret obeyisan, Bondye t ap kontinye beni l, e kè kontan moun jwenn lè y ap fè pitit pa t ap gen doulè ladan l, paske “se benediksyon Jewova bay ki fè moun rich, e li pa bay okenn doulè avè l”. (Pw 10:22.) Men, an jeneral, fason kò a ki vin enpafè kounye a t apral fonksyone t ap lakòz doulè. Se sa k fè Bondye te di (etandone byen souvan bagay Bondye pèmèt yo, yo di se li ki lakòz yo): “M ap ogmante soufrans ou anpil lè w ansent, w ap soufri lè w ap fè pitit. W ap santi w bezwen mari w anpil e li menm l ap domine sou ou.” — Jen 3:16.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 105 § 8
Lamèk
Pwezi Lamèk te ekri pou madanm li yo montre vyolans ki te egziste nan epòk li a (Jen 4:23, 24). Men sa Lamèk di nan pwezi a: “Koute vwa m, nou menm madanm Lamèk yo. Tande sa m ap di: Mwen te touye yon nonm poutèt li te blese m, wi, yon jèn gason poutèt li te frape m. Si moun ki ta touye Kayen an ta dwe peye sa 7 fwa, ebyen, moun ki ta touye Lamèk la ta dwe peye sa 77 fwa.” Pa gen dout, sitiyasyon Lamèk rakonte nan pwezi a se yon sitiyasyon kote l t ap chèche defann tèt li. Li fè kwè, kontrèman ak Kayen, li pa t touye moun sa a paske l te vle. Lamèk di se pandan l t ap defann tèt li, li touye mesye ki te frape l e ki te blese l la. Se sa k fè nan pwezi Lamèk te ekri a, li t ap mande pou yo pwoteje l kont nenpòt moun ki te vle tire revanj pou mesye li te touye a.
it-1-F 352 § 5
Blasfèm
Anvan delij la, nan epòk Enòch la, lè yo di “moun te kòmanse envoke non Jewova” a, sanble yo pa t sèvi ak non Bondye yon fason ki kòrèk, jan yo te dwe fè sa, piske, byen lontan anvan sa, pa gen dout Abèl te sèvi ak non Bondye pou l pale avè l (Jen 4:26; Eb 11:4). Si lè moun yo t ap envoke non Jewova, yo te mal sèvi ak non sa a e yo te itilize non Jewova yon fason ki pa kòrèk pou yo pale de moun oubyen de yon seri bagay yo te konn adore, jan kèk biblis fè konn sa, aksyon sa a yo te poze a t ap yon blasfèm. — Gade ÉNOSH.
20-26 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 6-8
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w04-F 1/1 29 § 7
Pwen enteresan ki nan liv Jenèz la — I
7:2 — Sou ki baz yo te fè diferans ant bèt ki pwòp ak bèt ki pa pwòp? Li klè, baz ki te sèvi pou fè diferans ant bèt ki pwòp ak bèt ki pa pwòp se pa t si yo te kapab manje yo oubyen si yo pa t kapab manje yo, men se si yo te ka itilize bèt sa yo kòm sakrifis nan kad adorasyon yo t ap bay Jewova. Anvan delij la, moun yo pa t konn manje vyann. Ekspresyon “pwòp” ak “pa pwòp” nan kesyon manje a te vin egziste sèlman avèk Lwa Moyiz la, e yo te vin pa valab ankò lè Lwa a te aboli (Travay 10:9-16; Efezyen 2:15). Sanble Noye te konnen ki bèt ki te apwopriye pou l itilize kòm sakrifis nan kad adorasyon li t ap bay Jewova a. Menm kote li soti nan lach la, li te “fè yon lotèl pou Jewova, li pran kèk nan tout bèt ki pwòp yo ak kèk nan tout bèt ki konn vole ki pwòp yo e li boule yo nèt kòm sakrifis sou lotèl la”. — Jenèz 8:20.
w04-F 1/1 29 § 8
Pwen enteresan ki nan liv Jenèz la — I
7:11 — Ki kote tout dlo ki te lakòz delij ki te fèt sou tè a te soti? Pandan dezyèm “jou” a, oswa dezyèm peryòd kreyasyon an, lè Jewova te fè “espas” atmosfè a ki antoure tè a, te gen dlo “ki te anba espas la” epi te gen dlo “ki te anlè l”. (Jenèz 1:6, 7.) Dlo ki te “anba” yo se sa ki te deja sou tè a. Dlo ki te “anlè” yo se te gwo kantite vapè dlo ki te rete byen wo anlè tè a, e se yo menm ki te fòme “sous dlo nan syèl la”. Se dlo sa yo ki te tonbe sou tè a nan epòk Noye a.
27 JANVYE–2 FEVRIYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 9-11
“Tout tè a te pale yon sèl lang”
it-1-F 255
Gran Babilòn nan
Karakteristik ansyen Babilòn nan. Lè lèzòm te eseye konstwi gwo gwo bilding Babèl la, fondasyon pou vil Babilòn te vin egziste nan plèn Chineya yo te tou poze (Jen 11:2-9). Prensipal rezon ki te pouse moun yo konstwi vil la ak bilding nan, se pa t pou yo te bay non Bondye glwa, men yo te fè l nan objektif “pou moun ka vin konnen” yo. Gen moun ki dekouvri yon seri bilding yo rele zigoura nonsèlman nan dekonm Babilòn yo, men tou lòt kote nan Mezopotami, e sanble sa montre premye bilding nan te gen rapò ak relijyon, kèlkeswa fason bilding sa a te ye oubyen fòm li te genyen. Desizyon fèm sa a Jewova te pran pou l kanpe konstriksyon tanp sa a montre aklè se paske yo te kòmanse pratike fo relijyon ladan l. Babèl, non ebre yo bay vil la, vle di “Konfizyon”, alòske non yo te ba li nan lang yo te pale nan rejyon ki te rele Simè a (Kadingira) ak lang Akadyen yo (Babilou) vle di “Pòtay Bondye”. Konsa, moun ki te toujou rete nan vil la te chanje fòm non l pou yo elimine siyifikasyon li te genyen okòmansman an, yon siyifikasyon ki te gen rapò ak yon kondanasyon, men nouvo fòm yo bay non an oswa fòm ki ranplase sa k te la a toujou asosye vil la ak relijyon.
it-2-F 111 § 6
Lang
Liv Jenèz la rakonte apre delij ki te fèt sou tè a, yon pati nan moun ki t ap viv nan epòk la te met tèt yo ansanm pou yo reyalize yon pwojè ki pa t ann amoni ak sa Bondye te di Noye ak pitit gason l yo (Jen 9:1). Olye pou yo te gaye tout kote e pou yo te ‘plen tè a ak moun’, yo te detèmine pou yo fè tout moun sou tè a ret yon sèl kote nan zòn yo te vin rele plèn Chineya yo, nan Mezopotami. Epitou, li klè, zòn sa a te vin tounen yon kote moun pratike adorasyon, ki te gen yon gwo gwo bilding ki te pèmèt yo fè sa. — Jen 11:2-4.
it-2-F 111 § 7
Lang
Bondye toupisan an te kanpe pwojè sa a moun yo te genyen an lè l te detwi inite yo te genyen pou yo akonpli move plan yo a; li te bwouye lang yo pale a. Sa te vin fè l enposib pou yo òganize travay y ap fè a, e konsa yo te vin gaye sou tout tè a. Epitou, lang moun yo ki te bwouye a t ap bloke oubyen ralanti pwogrè ki t ap gen pou fèt nan yon move direksyon alavni, yon direksyon ki pa t ap ann amoni ak volonte Bondye. Paske sa t apral fè l vin difisil pou lezòm mete kapasite entèlektyèl yo ak kapasite fizik yo ansanm pou yo reyalize gwo pwojè, epitou li t ap difisil pou yo itlize konesans diferan gwoup moun yo t ap genyen an, yon konesans yo pa t ap rive jwenn grasa Bondye, men pito grasa pwòp eksperyans ak rechèch yo fè. (Konpare ak Ekl 7:29; Dt 32:5). Donk, diferan lang ki vin parèt yo se youn nan bagay ki divize lèzòm, men anmenmtan, sa bay yon gwo avantaj, paske sa anpeche yo reyalize yon seri objektif ki pa bon e ki danjere pou limanite (Jen 11:5-9; Konpare ak Eza 8:9, 10). Si nou konsidere sèlman kèk pwogrè lèzòm rive fè nan epòk pa nou an grasa tout konesans yo vin genyen ak move fason yo itilize yo, sa ap ede n konprann sa Bondye te gentan wè byen lontan alavans ki t apral rive, si l te kite moun Babèl yo kontinye travay yo a.
it-2-F 375
Nasyon
Piske lang vin tounen yon baryè ki separe pèp yo, chak gwoup ki pale menm lang vin gen pwòp kilti l, pwòp ladrès pa l pou fè bèl bagay, pwòp abitid li ak pwòp relijyon l, e chak kilti gen pwòp fason pa l pou l fè bagay yo (Le 18:3). Lefètke pakèt pèp ki egziste yo lwen Bondye, sa fè yo envante yon bann zidòl ki reprezante yon seri dye yo imajine. — Dt 12:30; 2Wa 17:29, 33.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-1-F 421 § 4
Kam
Li pwobab pou se Kanaran ki te enplike dirèkteman nan sa k te pase a, men Kam, papa l, pa t korije l. Sepandan, Noye nan moman an ki t ap pale anba enspirasyon Bondye te gentan wè desandan Kanaran yo t apral eritye move tandans Kam genyen an, yon tandans petèt ki te deja parèt lakay Kanaran, pitit gason l. Nan yon sans, malediksyon an te reyalize lè Izrayelit yo ki desandan Sèm te domine sou moun Kanaran yo. Moun Izrayelit yo pa t detwi yo (pa egzanp, moun Gabawon yo [Joz 9]) te vin tounen esklav yo. Plizyè syèk annapre, malediksyon an te jwenn yon lòt akonplisman lè desandan Kanaran yo, pitit Kam nan, te vin anba dominasyon pisans moun Medi ak Pès, Lagrès ak Wòm, ki te desandan Jafèt.
it-2-F 403
Nimwod
Okòmansman, se te vil Babèl, Erèk, Akad ak Kalne, ki te nan peyi Chineya, ki te fè pati wayòm Nimwod la (Jen 10:10). Se poutèt sa, sanble se anba direksyon l yo te kòmanse konstriksyon Babèl ak gwo gwo bilding li an. Pawòl sa yo ale nan menm sans ak sa Juif yo konn panse. Men sa Jozèf te ekri: “Tikras pa tikras, [Nimwod] te transfòme sistèm nan pou fè l tounen yon sistèm bout di, li te panse sèl mwayen pou l anpeche moun yo gen lakrentif pou Bondye, se te kenbe yo anba kontwòl li nètale. Li te fè konnen ak tout fòs li li t ap fè yon revanj kont Bondye, si Bondye ta deside fè yon delij sou tè a ankò. Se sa k fè li t ap konstwi yon gwo gwo bilding ki te pi wo pase nivo dlo yo ka rive pou l vanje pou destriksyon zansèt li yo. Moun yo te chofe pou yo suiv konsèy sa a [Nimwod] te ba yo a, e yo te konsidere se yon esklavaj sa ye pou yo soumèt devan Bondye. Konsa, yo te kòmanse konstwi gwo gwo bilding nan [...], e konstriksyon an te fèt ak yon vitès moun pa menm ka imajine.” — Antiquités judaïques, I, 114, 115 (iv, 2, 3).