BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr20 fevriye p. 1-4
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2020
  • Soutit
  • 3-9 FEVRIYE
  • 10-16 FEVRIYE
  • 17-23 FEVRIYE
  • 24 FEVRIYE–1YE MAS
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2020
mwbr20 fevriye p. 1-4

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

3-9 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 12-14

“Yon alyans ki konsène w”

it-1-F 78 § 6

Alyans

Alyans ak Abraram. Sanble alyans ak Abraram nan te antre an fonksyon lè Abram (Abraram) te travèse Rivyè Efrat pou l al Kanaran. Alyans Lalwa a te fèt 430 an annapre (Ga 3:17). Jewova te pale ak Abraram lè l t ap viv nan vil Ou, nan peyi Kaldeyen yo, nan Mezopotami. Li te di l pou l vwayaje al nan peyi li t apral montre l la (Tr 7:2, 3; Jen 11:31; 12:1-3). Egzòd 12:40, 41 (LXX) di nou nan fen 430 an yo te pase ann Ejip ak nan peyi Kanaran an, “nan menm jou sa a”, Izrayèl te kite peyi Ejip, kote yo te nan esklavaj la. Jou Jewova te delivre yo anba men Ejipsyen yo, se te 14 Nizan ane 1513 anvan epòk nou an, dat fèt Pak la (Eg 12:2, 6, 7). Sa ta sanble montre Abraram te travèse Rivyè Efrat pou l al Kanaran nan dat 14 Nizan 1943 anvan epòk nou an, e sa klè, se lè sa a alyans ak Abraram nan te antre an fonksyon. Apre Abraram te fin antre Kanaran rive jis Sichèm, Bondye te parèt ankò devan l e l te ba l lòt enfòmasyon anrapò ak pwomès li te fè l la lè l te di l: “M ap bay desandan w yo peyi sa a”, konsa li te montre rapò ki genyen ant alyans sa a ak pwomès ann Edenn nan, e l te fè konnen desandans lan t ap vin viv antanke yon moun, sa vle di li t ap soti nan yon liy fanmi sou tè a (Jen 12:4-7). Gen lòt enfòmasyon ankò Jewova te vin bay annapre, jan sa parèt nan Jenèz 13:14-17; 15:18; 17:2-8, 19; 22:15-18.

w89-F 1/7 3 § 4

Rezon ki fè w ta dwe konn laverite sou Abraram

Abraram te tande Jewova k ap fè l pwomès sa a omwen nan de okazyon; se te yon gwo pwomès (Jenèz 18:18; 22:18). Pou Bondye ka reyalize pwomès sa a, l ap menm resisite moun ki reprezante fanmi yo ki te mouri. Lavi moun sa yo ki resisite yo pral jwenn nan pral yon benediksyon toutbonvre, piske majorite ladan yo pral viv nan kondisyon sou tè a k ap sanble ak Paradi lèzòm te pèdi okòmansman an. Apre sa, y ap aprann yo fason pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an. — Jenèz 2:8, 9, 15-17; 3:17-23.

it-2-F 152 § 6

Lalwa

Sou baz kèk prèv istorik, gen kèk biblis ki kwè lè yo t ap vann yon tè, moun ki t ap achte a te kanpe nan yon bon pozisyon, epi yo te montre l tè a ak tout kote egzak bòn li yo te ye. Lè moun ki t ap achte a te di: “Mwen wè”, li te montre li aksepte l yon fason legal. Lè Jewova te fè Abraram pwomès pou l ba l peyi Kanaran, toudabò, li te mande Abraram pou l gade nan toule kat direksyon yo. Abraram pa t di: “Mwen wè”, petèt paske Bondye te di l se desandan l yo li t ap bay Peyi li te pwomèt la kèk tan apre (Jen 13:14, 15). Jewova te mande Moyiz, ki te reprezantan legal nasyon Izrayèl la, pou l “gade” peyi a. Donk, si sa nou sot pale pi wo a te konn fèt vre, sa t ap yon fason legal Bondye t ap montre li bay nasyon Izrayèl peyi a, yon peyi yo te pran anba direksyon Jozye (Dt 3:27, 28; 34:4; gade òf Satan te fè Jezi a tou nan Mt 4:8). Yon lòt bagay ki te fèt ki sanble gen menm sans legal sa a se lè yo t ap mache oubyen antre nan peyi a nan objektif pou yo te pran l (Jen 13:17; 28:13). Nan kèk ansyen dokiman, chak fwa moun t ap vann yon tè, yo te fè konnen ki kantite pyebwa ki sou tè a. — Konpare ak Jen 23:17, 18.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-2-F 654 § 7

Prèt

Mèlkisedèk, wa Salèm nan, te yon prèt (kohen) estrawòdinè. Bib la pa di anyen sou zansèt li, ni ki lè l te fèt, ni ki lè l te mouri. Li pa t eritye fonksyon prèt li a, e pa gen prèt ki te vin ni anvan l ni apre l. Mèlkisedèk te wa e prèt alafwa. Fonksyon prèt li a te pi enpòtan pase pa Levit yo, paske an reyalite, Levi te peye Mèlkisedèk dizyèm, piske l te toujou nan ren Abraram lè Abraram te bay Mèlkisedèk dizyèm nan epi Mèlkisedèk te beni l (Jen 14:18-20; Eb 7:4-10). Nan sans sa a, Mèlkisedèk te reprezante Jezi Kris, ki “prèt pou toutan, menm jan ak Mèlkisedèk”. — Eb 7:17.

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

w12-F 1/1 8

Yon dam ki te gen lakrentif pou Bondye e ki te gen anpil valè

Sara te marye ak yon mesye ki te gen yon lafwa estrawòdinè. Men, dam sa a ki te gen lakrentif pou Bondye, bò kote pa l, kite yon egzanp ki merite pou nou suiv. Anfèt, Bib la site non l twa fwa antanke yon egzanp pou medam ki gen lakrentif pou Bondye yo imite (Ezayi 51:1, 2; Ebre 11:11; 1 Pyè 3:3-6). Byenke Bib la pa di anpil bagay konsènan dam estrawòdinè sa a, nou ka gen yon bèl imaj sou li nan lespri nou kanmenm.

Pa egzanp, imajine premye reyaksyon Sara lè Abraram te fè l konnen Bondye mande yo kite vil Ou. Èske l t ap mande tèt li ki kote yo prale e poukisa? Èske l te kòmanse ap enkyete l konsènan sa y ap bezwen nan domèn materyèl? Èske l te santi l tris lefètke l t ap panse ak zanmi ak fanmi li t ap kite dèyè, san l pa t konnen ki lè l ap wè yo e si l ap janm wè yo ankò? Pa gen dout nan sa, tout bagay sa yo te pase nan lespri l. Malgre sa, li te dispoze kite kote l t ap viv la paske l te gen konfyans Jewova t ap beni l pou obeyisans li. — Travay 7:2, 3.

Nonsèlman Sara te yon dam ki t ap sèvi Bondye e ki te obeyi l, men tou li te yon madan marye ki estrawòdinè. Olye l te nan konpetisyon ak mari l nan chèche dirije bagay fanmi an, Sara te gen bonjan respè pou mari l, e avèk lanmou, li te soutni l nan direksyon l t ap bay fanmi an. Lefètke I te aji konsa, li te fè tèt li bèl grasa bèl kalite li te gen nan fon kè l. — 1 Pyè 3:1-6.

Èske bèl etadespri ak bèl kalite sa yo ka fè medam k ap viv jodi a jwenn byenfè? Gen yon dam ki rele Jill, ki marye depi plis pase 30 an e ki gen kè kontan, ki di: “Egzanp Sara a aprann mwen m ta dwe santi m lib pou m pale e pou m fè mari m konnen opinyon m.” Li kontinye pou l di: “Anmenmtan, antanke chèf fanmi an, se mari m ki gen responsablite pou l pran dènye desizyon an. Yonfwa li fin fè sa, se wòl pa m pou m fè sa m kapab pou desizyon an reyisi.”

Byenke Sara te bèl anpil, li pa t janm kite bote fizik li fè l pran tèt li pou yon pakèt afè, petèt se leson sa a ki plis touche n nou aprann nan men Sara (Jenèz 12:10-13). Se avèk imilite li te soutni Abraram nan bon moman kou nan move moman yo te pase ansanm nan lavi yo. Pa gen dout nan sa, Abraram ak Sara se te de moun marye ki te fidèl, ki te gen imilite e ki te renmen youn lòt. Se te de moun marye ki te vrèman fè youn lòt jwenn benediksyon.

10-16 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 15-17

“Poukisa Jewova te chanje non Abram ak Sarayi?”

it-1-F 870

Defo, Repwòch

Yon lòt bò, chemen lòm ak bagay li fè yo souvan gen defo. Adan kite peche ak erè kòm eritaj pou tout moun (Wm 5:12; Sm 51:5). Men, Jewova, li menm ki pa gen defo, “byen konnen ki jan nou fèt, li sonje se pousyè nou ye”, e li gen mizèrikòd (Sm 103:13, 14). Li te konsidere Noye, ki te yon moun fidèl e obeyisan, kòm yon moun ki te “san repwòch pami moun ki t ap viv nan epòk li a”. (Jen 6:9.) Li te di Abraram: “Mache dwat devan m, epi montre w san defo.” ​(Jen 17:1). Malgre toule de mesye sa yo te enpafè e yo te mouri, Jewova ki “wè sa k nan kè yon moun” te konsidere yo kòm moun ki san defo (1Sa 16:7; konpare ak 2Wa 20:3; 2Kw 16:9). Li te di nasyon Izrayèl: “Nou dwe san repwòch devan Jewova, Bondye nou an.” ​(Dt 18:13; 2Sa 22:24). Li te bay Pitit Gason l lan ki te san defo (Eb 7:26) kòm yon ranson, e sou baz ranson sa a, li kapab rele moun ki demontre lafwa ak obeyisans yo moun ki “jis”, oubyen san defo, toutpandan l toujou rete Jij ki jis e ki san defo a. — Wm 3:25, 26; gade INTÉGRITÉ; PERFECTION.

it-1-F 30 § 1

Abraram

Anpil tan gentan pase, e kounye a, yo gen anviwon dizan depi y ap viv nan peyi Kanaran, poutan Sara te toujou pa t ka fè pitit. Donk, li te mande Abraram pou l bay Abraram Aga, sèvant ejipsyen li an, pou l kouche avè l yon fason pou l te ka gen yon pitit pa mwayen Aga. Abraram te dakò. E se konsa, an 1932 anvan epòk nou an, lè Abraram te gen 86 an, li te fè Izmayèl (Jen 16:3, 15, 16). Plis tan te vin pase. An 1919 anvan epòk nou an, lè Abraram te gen 99 an, Jewova te mande pou tout gason lakay Abraram sikonsi, kòm yon siy oubyen yon so ki montre relasyon espesyal ki te gen ant li menm ak Abraram grasa alyans lan. Anmenmtan, Jewova te chanje non l ki te Abram e l te vin rele l Abraram, epi li te di l se “paske m ap fè w vin papa anpil nasyon”. (Jen 17:5, 9-27; Wm 4:11.) Yon ti tan annapre, Abraram te byen akeyi twa zanj ki te pran fòm kò moun, li te akeyi yo kòm moun ki te vini nan non Jewova. Yo te pwomèt Abraram Sara t apral ansent e l t ap fè yon pitit gason, sa t ap fèt egzakteman nan ane k ap vini an! — Jen 18:1-15.

w09-F 1/2 13

Ki sa k kache dèyè yon non?

Gen kèk non moun Jewova te chanje nan objektif pou yo te ka gen yon siyifikasyon ki anonse yon pwofesi. Pa egzanp, li te chanje non Abram, ki vle di “Papa ki gran”, li te rele l Abraram, ki vle di “Papa yon foul moun”. Ann amoni ak non sa a, Abraram te vin papa anpil nasyon (Jenèz 17:5, 6). Ann konsidere madan Abraram tou, Sarayi, petèt non sa a vle di “Ki renmen fè kont”. A la kontan li dwe te kontan lè Bondye te chanje non l e l te rele l “Sara”, ki vle di “Prensès”, sa ki montre li t ap vin zansèt yon seri wa. — Jenèz 17:15, 16.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-1-F 465

Kalkil dat

Jewova te di Abram (Abraram): “Konn sa byen: Desandan w yo pral vin etranje nan yon peyi ki pa pou yo, e pèp nan peyi sa a ap fè yo vin esklav e y ap maltrete yo pandan 400 an.” ​(Jen 15:13; gade tou Tr 7:6, 7). Jewova te di pawòl sa yo anvan Izarak te fèt, eritye oswa “desandan” yo te pwomèt la. An 1932 anvan epòk nou an, Abram te fè Izmayèl ak Aga, sèvant ejipsyen an, e an 1918 anvan epòk nou an, li te fè Izarak (Jen 16:16; 21:5). Si nou ta kalkile 400 an, soti lè yo te kite Ejip la, ki se fen peryòd ‘yo t ap maltrete yo a’ ​(Jen 15:14), sa t ap mennen nou nan ane 1913 anvan epòk nou an, lè sa a Izarak te gen anviwon senkan. Sanble lè sa a Izarak te sevre e l te gentan yon “etranje” nan yon peyi ki pa pou li, epi nan moman sa a li te kòmanse sibi move tretman Jewova te anonse a sou fòm “rizib” Izmayèl t ap pase l, lè sa a Izmayèl te gen anviwon 19 an (Jen 21:8, 9). Menmsi nan epòk nou an yo ka konsidere pase Izmayèl t ap pase eritye Abraram nan nan rizib la kòm yon bagay ki pa gen twòp enpòtans, se pa konsa sa te ye nan epòk patriyach yo. Nou ka wè sa nan fason Sara te reyaji ak dakò Bondye te dakò lè Sara te mande pou Abraram voye Aga ak tout pitit gason lan ale a (Jen 21:10-13). Lefètke Bondye te fè mete sa k te pase a an detay nan istwa li t ap fè ekri, se yon bagay ki montre tou peryòd 400 an li te anonse kote yo t apral maltrete desandan Abraram yo te kòmanse, e li t ap fini jis lè yo te kite peyi Ejip. — Ga 4:29.

it-1-F 844 § 7

Yo kite peyi Ejip

“Nan katriyèm jenerasyon an.” Nou bezwen sonje Jewova te di Abraram nan katriyèm jenerasyon an, desandan l yo t ap retounen Kanaran (Jen 15:16). Pandan tout 430 an an, sa ki te kòmanse lè alyans ak Abraram nan te antre an fonksyon an pou rive lè pèp Izrayèl la te kite peyi Ejip, te gen plis pase kat jenerasyon, menmsi n ta konsidere kantite tan ki long moun yo te konn viv nan epòk sa a, jan istwa a montre sa. Men, an reyalite, Izrayelit yo te fè sèlman 215 an ap viv ann Ejip. Si nou ta pran kòm egzanp yon sèl tribi ann Izrayèl, tankou tribi Levi a, nou ka kontwole ‘kat jenerasyon’ yo apati de lè yo te fin antre ann Ejip la nan fason sa a: 1) Levi, 2) Keyat, 3) Amram ak 4) Moyiz. — Eg 6:16, 18, 20.

17-23 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 18-19

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

w88-F 15/5 23 § 5-6

Èske gen moun ki te wè Bondye?

Li posib pou n konprann rezon ki fè Abraram te pale ak zanj lan, ki te pran fòm kò moun e ki te pòtpawòl Bondye, tankou se te avèk Jewova Dye menm li t ap pale. Piske se sa Bondye te voye zanj lan di Abraram zanj lan t ap di egzakteman, epi zanj lan te reprezante Bondye nan zòn nan, li nòmal pou yo di nan istwa a “Jewova parèt devan Abraram”. — Jenèz 18:1.

Sonje yon zanj ki te pòtpawòl Bondye te ka bay mesaj Bondye te voye l bay la egzakteman menm jan yon moun ka di lòt moun yon pawòl nan telefòn oswa nan radyo. Donk, nou ka konprann sa k fè Abraram, Moyiz, Manowa ak lòt moun ankò te kapab pale ak zanj ki te pran fòm kò moun yo tankou se te avèk Bondye yo t ap pale. Se vre moun sa yo te kapab wè zanj yo ak glwa Jewova ki te parèt sou yo, men yo pa t ka wè Bondye. Kidonk, sa pa an kontradiksyon ditou ak sa apot Jan te di nan Jan 1:18 la, li te di: “Okenn moun pa janm wè Bondye.” Mesye sa yo te wè zanj ki te reprezantan Bondye, men yo pa t wè Bondye.

24 FEVRIYE–1YE MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 20-21

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

w89-F 1/7 20 § 9

Abraram se yon egzanp pou moun k ap chèche vin zanmi Bondye

9 Abram te reyaji lè l te fè yon lòt aksyon ki te demontre li gen lafwa. Nan istwa a, yo di: “Abram bati yon lotèl kote sa a pou Jewova.” ​(Jenèz 12:7). Sanble sa gen ladan l bay sakrifis bèt sou li, paske mo ebre lè yo tradui l yo mete “lotèl” pou li a gen sans “kote yo fè sakrifis”. Annapre, Abram te fè plizyè aksyon menm jan an ki te montre l gen lafwa nan plizyè kote sou tè a. Epi, li te “louwe non Jewova”. (Jenèz 12:8; 13:18; 21:33.) Ekspresyon ebre “louwe non” an vle di “fè konnen (preche) non” an. Ni moun lakay Abram, ni moun Kanaran yo dwe te tande Abram lè l t ap fè yo konnen avèk kran non Bondye l la, ki se Jewova (Jenèz 14:22-24). Menm jan an tou, jodi a, tout moun k ap chèche vin zanmi Bondye dwe louwe non l ak lafwa. Sa gen ladan l preche an piblik, konsa y ap ‘toujou bay Bondye louwanj kòm sakrifis, sa vle di, y ap fè deklarasyon piblik pou non l ak pawòl k ap sot nan bouch yo’. — Ebre 13:15; Women 10:10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje