BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Rezon ki fè mechanste egziste toujou
    Toudegad — 2007 | 1ye oktòb
    • Bib la di nou sa k pase annapre. Satan Ledyab pwoche bò kot Èv, li sèvi ak yon sèpan pou l pale avè l. Li di l : “ Èske se vre Bondye te di nou pa dwe manje nan tout pyebwa ki nan jaden an ? ” Apre Èv fin repete kòmandman Bondye te bay la, Satan di l : “ Nou pap mouri pyès. Paske Bondye konnen lejou nou manje ladan l, je nou pap manke pa ouvri, e san mank, n ap vin tankou Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal. ” Sa te vin fè pyebwa a tèlman parèt bèl nan je Èv, ‘ li te pran nan fwi ki ladan l epi li te manje l. ’ Bib la di : “ Apre sa li bay mari l ladan l tou lè l vin ansanm avè l epi li [Adan] manje l. ” ​(Jenèz 3:1-6). Konsa, Adan ak Èv te mal itilize libète yo te genyen pou yo deside. Lefètke yo te dezobeyi Bondye, yo te peche kont li.

      Èske w wè jan sa k te pase a se yon bagay ki serye ? Dyab la te kontredi sa Bondye te di Adan an. Nan pawòl Satan te di yo, li te fè konprann Adan ak Èv pa t ap bezwen Jewova pou yo deside sa ki byen ak sa ki mal nan lavi yo. Konsa, Satan te konteste dwa Jewova genyen pou l dirije lèzòm e li te konteste dominasyon l kòmkwa dominasyon sa a pa t jis. Kidonk, kesyon Satan te soulve a, ki gen anpil enpòtans, gen rapò ak dwa Jewova genyen pou l dirije limanite. Ki jan vrè Dye a te reyaji fas ak kontestasyon sa a ?

  • Rezon ki fè mechanste egziste toujou
    Toudegad — 2007 | 1ye oktòb
    • Gen anviwon 6 000 an ki pase depi Satan te konteste dwa Bondye genyen pou li dirije limanite. Ki sa tout tan sa a ki pase a montre ? Ann egzamine de aspè nan akizasyon Satan te lage sou do Bondye a. Satan pa t krenn pou l di Èv : “ Nou pap mouri pyès. ” ​(Jenèz 3:4). Lè l te di Adan ak Èv yo pap mouri si yo manje fwi Bondye te entèdi yo manje a, anfèt, se di li te vle di Jewova se yon mantè. Èske se pa t vrèman yon gwo akizasyon ? Si Bondye te bay manti nan ka sa a, ki jan kreyati l yo t ap ka fè l konfyans nan kèlkeswa sa l ta di ? Sepandan, ki sa tan ki pase a montre ?

      Adan ak Èv te vin ap malad, yo te soufri, yo te vyeyi e finalman yo te mouri. Labib di : “ Tout jou Adan te viv yo te rive nèf san trant an, apre sa li mouri. ” ​(Jenèz 3:19 ; 5:5). Se eritaj sa a Adan kite pou tout limanite (Women 5:12). Tan ki pase a pwouve nonsèlman Satan “ se yon mantè e li se papa manti ”, men li pwouve tou Jewova se “ Bondye verite a ”. — Jan 8:44 ; Sòm 31:5.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje