BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr20 novanm p. 1-6
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2020
  • Soutit
  • 2-8 NOVANM
  • 9-15 NOVANM
  • 16-22 NOVANM
  • 23-29 NOVANM
  • 30 NOVANM–6 DESANM
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2020
mwbr20 novanm p. 1-6

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

2-8 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 39-40

“Moyiz te byen suiv enstriksyon yo”

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-2-F 510 § 4

Po Fòk

Fason Izrayelit yo te fè jwenn li. Si tahach yo pale de li nan Bib la fè referans ak yon kalite bèt ki rele fòk, nou ta ka mande tèt nou kòman li te fè posib pou Izrayelit yo te jwenn po fòk yo. Byenke jeneralman yo pale de fòk yo kòm bèt ki viv nan rejyon Atik ak Antatik, gen kèk espès fòk ki renmen yon klima ki pi cho. Jodi a tou, gen kèk pati nan Lanmè Mediterane a ansanm ak kèk lòt lanmè ki pi cho ki chaje ak kèk espès fòk mwàn. Pandan plizyè syèk, lèzòm te lakòz kantite fòk yo diminye anpil, men nan tan yo t ap ekri Bib la, bèt sa yo te anpil nan Lanmè Mediterane ak nan Lanmè Wouj. Nan ane 1832, men remak yo te fè nan yon diksyonè anglè: “Yo jwenn fòk nan anpil ti zile Lanmè Wouj la, ozalantou penensil Sinayi a.” — Dictionary of the Holy Bible, se Calmet ki fè l (p. 139). Gade tou The Tabernacle’s Typical Teaching, se A. J. Pollock ki fè l, Lonn, p. 47.

9-15 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LEVITIK 1-3

“Rezon ki fè yo te fè sakrifis yo ak ofrann yo”

it-2-F 847

Sakrifis, ofrann

Sakrifis yo boule nèt. Sakrifis yo boule nèt yo se sakrifis kote yo te prezante tout bèt la bay Bondye. Moun ki t ap ofri sakrifis la pa t gen dwa pran okenn pati nan bèt la. (Konpare ak Jj 11:30, 31, 39, 40.) Sakrifis yo boule nèt yo se te yon kalite sakrifis moun yo te konn ofri pou yo mande Jewova pou l aksepte oubyen pou l montre l aksepte sakrifis yo fè pou peche yo. Pafwa, yo te konn fè yo ansanm. Jezi te ofri tout li menm, antanke sakrifis yo boule nèt.

it-2-F 849 § 7

Sakrifis, ofrann

Ofrann manje angren yo. Yo te fè ofrann manje angren yo ansanm ak sakrifis kominyon yo, sakrifis yo boule nèt yo ak sakrifis pou peche yo, e yo te konn bay yo tou kòm premye danre. Pafwa, yo te fè ofrann sa yo poukont yo (Eg 29:40-42; Le 23:10-13, 15-18; Nb 15:8, 9, 22-24; 28:9, 10, 20, 26-28; chapit 29). Ofrann yo te montre se paske Bondye bon ki fè yo jwenn benediksyon sa yo e tout zafè yo t ap byen mache. Ofrann yo te souvan melanje ak lwil e lansan blan ki pa melanje ak anyen. Ofrann manje angren yo te kapab farin bon kalite, grenn griye oswa pen ki gen fòm won oswa bisuit sèk yo te kwit nan fou, sou platin oswa nan yon kaswòl. Yo te mete kèk nan ofrann manje angren sou lotèl pou sakrifis yo boule nèt la, prèt yo te konn manje kèk ladan yo, epitou, adoratè Jewova yo te konn manje nan sakrifis kominyon an (Le 6:14-23; 7:11-13; Nb 18:8-11). Okenn nan manje angren n ap bay Jewova kòm ofrann yo pa dwe gen ledven ladan yo oubyen “siwo” ​(sanble se te siwo ki te fèt ak fig frans oswa ak lòt fwi oubyen se te ji fwi) ki te ka fèmante. — Le 2:1-16.

it-2-F 847 § 5

Sakrifis, ofrann

Sakrifis kominyon yo (oswa ofrann lapè yo). Sakrifis kominyon Jewova te aksepte yo te montre moun yo anpè avè l. Moun ki t ap bay li a ansanm ak moun lakay li te manje ladan l (nan lakou tabènak la. Selon tradisyon an, yo te mete tant pa anndan, toutotou rido ki te bare lakou tabènak la. Te gen salamanje nan tanp lan ki te la pou sa). Prèt ki t ap fè sakrifis la te jwenn yon pòsyon epi lòt prèt ki te la yo te jwenn yon lòt pòsyon. Anfèt, Jewova te pran plezi pran sant lafimen grès ki t ap boule a. Yo te bay Bondye san an, ki reprezante lavi, kòm pòsyon pa l. Donk, se te kòmsi prèt yo, moun ki te bay sakrifis yo ak Jewova t ap manje ansanm, sa montre yo te anpè. Yon moun k ap manje ladan l pandan l pa pwòp (si l te fè nenpòt bagay Lalwa a te di ki te ka fè yon moun pa pwòp) oswa ki te manje vyann nan apre tan yo te dwe manje l la (lè l te fè cho, vyann nan t ap kòmanse gate), yo te dwe touye moun sa a. Yon moun konsa te dezonore repa sa a, sa vle di li te montre li pa gen respè pou li, paske li menm li pa t pwòp oswa li t ap manje sa ki pa t pwòp nan je Jewova. Konsa, li te montre li pa respekte bagay sakre yo. — Le 7:16-21; 19:5-8.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-1-F 1003

Grès

Rezon ki fè yo te bay lwa sa a. Sou alyans Lalwa a, ni san an ni grès la te pou Jewova sèlman. Piske lavi a se nan san an li ye, e se sèlman Jewova ki bay lavi, donk, san se pou Jewova (Le 17:11, 14). Yo te wè grès la kòm pati ki pi enpòtan nan vyann bèt la. Lè yo te ofri grès bèt la, sa te montre byen klè yo rekonèt pi bon pati yo se pou Jewova, li menm ki bay yo anpil bagay, epi sa te montre anvi moun ki t ap sèvi l yo te genyen pou yo ba l sa k pi bon an. Sa te montre tou Izrayelit yo te bay Jewova sa yo gen ki pi bon an. Yo te boule yo sou lotèl la kòm “manje” ak “bon sant” ki fè Jewova plezi (Le 3:11, 16). Lè yon moun manje grès la, li te fè yon aksyon derespektan anvè Bondye ki sen, se te yon atak kont dwa Jewova genyen an. Si yon moun ta manje grès la, yo t ap touye l. Sepandan, kontrèman ak san an, yo te ka itilize grès la pou plizyè bagay, omwen yo te ka fè sa nan ka kote bèt la mouri poukont li oswa yon lòt bèt touye l. — Le 7:23-25.

16-22 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LEVITIK 4-5

“Bay Jewova sa w genyen ki pi bon an”

it-2-F 848 § 12

Sakrifis, ofrann

Sakrifis ki montre yon moun koupab. Sakrifis ki montre yon moun koupab yo se te sakrifis yon moun fè akoz peche l te fè, paske se peche ki te fè yon moun koupab. Sakrifis sa yo te la pou yon seri peche byen klè ki te fè yon moun vin koupab, epitou, yo te gen yon ti diferans parapò ak lòt sakrifis pou peche yo nan sans yo sanble te la pou repare oubyen fè rejwenn yon dwa. Se te kapab dwa Jewova genyen an, oubyen dwa nasyon l lan ki sen genyen an ki te vyole. Yo te fè sakrifis ki montre yon moun koupab la pou fè Jewova plezi pou dwa l yo te vyole a oswa pou moun ki te peche a ki repanti rejwenn kèk nan dwa l te genyen nan alyans lan, e jwenn soulajman anba konsekans peche l te fè a. — Konpare ak Eza 53:10.

w09-F 1/6 26 § 3

Li pran limit nou yo an konsiderasyon

Nan Lwa Bondye te bay la, nou ka wè konsiderasyon ak konpasyon li genyen, lè l di: “Men, si moun nan pa gen ase lajan pou l achte yon mouton, l ap ofri Jewova de toutrèl oswa de jenn pijon kòm sakrifis ki montre li koupab pou peche l fè a.” ​(Vèsè 7). Pou yo tradui pawòl “si moun nan pa gen ase lajan pou l achte” a, yo te ka di tou “si men l pa ka rive”. Si yon Izrayelit te twò malere pou l achte yon mouton pou l bay kòm sakrifis, Bondye te aksepte yon bagay li te ka bay: de toutrèl oswa de pijon.

w09-F 1/6 26 § 4

Li pran limit nou yo an konsiderasyon

E si moun ki peche a pa t menm gen mwayen pou l bay de zwazo? Lalwa te di: “Ebyen l ap ofri yon dizyèm efa [uit ou nèf tas] bon farin pou peche a.” ​(Vèsè 11). Pou moun ki te pi pòv yo, Jewova te chwazi fè yon eksepsyon kote l te aksepte yon sakrifis pou peche ki pa gen san. Ann Izrayèl, povrete pa t retire posiblite yon moun te genyen pou l mande padon pou peche l ak privilèj pou l fè lapè ak Bondye.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-2-F 861 § 8

Sen

Bèt ak danre. Yo te konsidere premye ti towo bèf, premye ti mal mouton ak premye ti kabrit kòm sen pou Jewova e yo pa merite pou yo rachte yo. Yo te dwe sakrifiye yo, epi gen yon pati ki te pou prèt yo ki sen (Nb 18:17-19). Premye fwi yo ak dizyèm yo te sen, menm jan ak tout sakrifis yo ak tout ofrann ki sakre pou sèvis nan tabènak la (Eg 28:38). Tout bagay ki sen pou Jewova se te bagay sakre e yo pa t ka pran yo alalejè oswa itilize yo konsa konsa, oubyen yon fason ki montre yo pwofane yo. Men yon egzanp an rapò ak lwa sou dizyèm nan. Si yon gason te mete yon bagay sou kote pou l bay kòm dizyèm, pa egzanp, nan ble li rekòlte, apre sa, li menm oswa yon moun nan fanmi l pran yon pati ladan l pou kay la san l pa fè espre, tankou yo kuit li, gason sa a koupab, li vyole lwa Bondye ki konsène bagay sakre yo. Lalwa te mande pou l bay tabènak la yon montan ki egal, plis 20 pousan, epitou l ap bay yon jenn ti mal mouton ki pa gen okenn domaj li pran nan twoupo l kòm sakrifis. Donk, moun yo te dwe gen yon gwo respè pou bagay sakre ki te pou Jewova yo. — Le 5:14-16.

23-29 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LEVITIK 6-7

“Yon fason yo te di Jewova mèsi”

w00-F 15/8 15 § 15

Sakrifis ki fè Bondye plezi yo

15 Sakrifis kominyon an se yon lòt ofrann volontè yo esplike nan Levitik chapit 3 a. Yo kapab rele l tou “yon sakrifis [yon moun] bay kòm ofrann lapè”. Ann ebre, mo “lapè a” vle di plis pase lè pa gen lagè oubyen pwoblèm. Men sa liv Etid sou enstitisyon Moyiz yo (anglè) esplike: “Nan Bib la, li gen sans sa a, epitou, li gen sans bonjan relasyon n gen ak Bondye ki fè n santi n anpè avè l, bagay yo byen mache pou nou, nou gen kè kontan ak anpil satisfaksyon.” Donk, yo pa t ofri sakrifis kominynon yo pou yo chèche anpè ak Bondye, kòmsi se te pou kalme l, men yo te ofri yo pou montre rekonesans yo gen pou li oubyen pou yo fete poutèt li te beni yo paske yo anpè avè l, antanke moun Bondye apwouve. Prèt yo ak moun k ap pote sakrifis la manje ladan l apre yo fin ofri Jewova san an ak grès la (Levitik 3:17; 7:16-21; 19:5-8). Yon fason senbolik, moun ki pote ofrann nan, prèt yo ak Jewova Dye te manje sakrifis la, sa vle di yo tout te anpè youn ak lòt.

w00-F 15/8 19 § 8

Sakrifis louwanj ki fè Jewova plezi yo

Ki kalite moun ki kapab fè ofrann? Lalwa te di nenpòt moun k ap vin devan Jewova te dwe pwòp e san defo. Yon moun ki te vin sal pou nenpòt rezon te dwe ofri, toudabò, yon sakrifis pou peche l la oubyen yon sakrifis ki montre li koupab pou l retounen pwòp nan je Jewova, konsa sakrifis li boule nèt la oubyen sakrifis kominyon l fè a t ap akseptab pou Jewova (Levitik 5:1-6, 15, 17). Kidonk, èske nou wè enpòtans sa genyen pou n toujou rete pwòp nan je Jewova? Si nou vle Bondye aksepte adorasyon n ap ba li a, nou dwe aksepte koreksyon l ban nou byen rapid pou nenpòt nan lwa l yo nou vyole. San pran tan, nou ta dwe chèche pwofite mwayen Bondye mete pou ede nou: “ansyen yo nan kongregasyon an” ak Jezi Kris, ki se yon ‘sakrifis pou peche nou, yon sakrifis ki rekonsilye nou ak li’. — Jak 5:14; 1 Jan 2:1, 2.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-1-F 889 § 2

Dife

Nan tabènak la ak nan tanp lan. Yo te konn sèvi ak dife nan adorasyon ki te konn fèt nan tabènak la, annapre yo te vin sèvi ak dife nan tanp lan tou. Chak maten ak nan mitan de swa, gran prèt la te boule lansan sou lotèl pou lansan an (Eg 30:7, 8). Lwa Bondye a te mande pou dife toujou rete limen sou lotèl pou sakrifis yo boule nèt la (Le 6:12, 13). Selon tradisyon juif yo te genyen anvan sa, yo te kwè se yon gwo mirak Bondye te fè pou l limen dife ki te sou lotèl la, men Bib la pa soutni ide sa a. Selon premye kòmandman Jewova te bay Moyiz yo, pitit gason Arawon yo t “ap limen dife sou lotèl la e y ap ranje bwa nan dife a” anvan yo mete sakrifis la sou lotèl la. (Le 1:7, 8) Se te apre yo te fin met Arawon ak pitit li yo nan fonksyon yo antanke prèt, epi apre yo fin mete sakrifis yo te ofri yo, dife ki soti nan Jewova a, petèt pa mwayen nyaj ki pa anlè tabènak la t ap desann epi boule ofrann ki sou lotèl la. Selon pwennvi sa a, dife sa a te fèt pou “boule bèt yo te ofri kòm sakrifis yo boule nèt yo ak moso grès ki te sou lotèl la, men se pa t pou boule bwa ki te sou lotèl la.” Dife sa a ki te kontinye boule sou lotèl la, siman, se dife ki soti nan Bondye a ki te melanje ak dife ki te deja sou lotèl la (Le 8:14–9:24). Menm jan an tou, apre Salomon te fin fè priyè pou vwe tanp lan, pa mwayen yon mirak, Jewova te fè dife ki soti nan li a boule sakrifis yo. — 2Kw 7:1; gade tou Jj 6:21; 1Wa 18:21-39; 1Kw 21:26 pou n jwenn lòt egzanp kote Jewova sèvi ak dife pou l fè mirak lè l aksepte ofrann moun k ap sèvi l yo.

si-F 27 § 15

Liv nan Bib la nimewo 3 — Levitik

3) Yo te mande pou ofri sakrifis pou peche lè yon moun peche san l pa fè espre oubyen li peche akoz yon erè. Yo detèmine kalite bèt yo te dwe ofri a selon moun ki te peche a, sa gen ladan l prèt la, pèp la an jeneral, yon chèf oubyen nenpòt moun nan pèp la. Yon lòt bò, yon moun te ka ofri sakrifis volontè ak sakrifis kominyon si l vle, poutan sakrifis pou peche a obligatwa. — 4:1-35; 6:24-30.

30 NOVANM–6 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LEVITIK 8-9

“Prèv ki montre yo te gen benediksyon Jewova”

it-1-F 1189

Enstalasyon

Moyiz te benyen Arawon ak pitit gason l yo Nadab, Abiyou, Eleyaza ak Itama (oubyen, li te mande yo pou yo benyen) nan basen an kuiv ki nan lakou a, epi li mete abiman espesyal gran prèt la sou Arawon. (Nb 3:2, 3) Anplis de rad espesyal sa yo, Arawon te gen sou li abiman ki reprezante kalite ak responsablite ki mache ak fonksyon l lan. Apre sa Moyiz pran luil onksyon an, li voye sou tabènak la, sou mèb yo ak veso ki nan tabènak la, sou lotèl pou fè sakrifis yo boule nèt yo, sou basen an ak veso y ap sèvi pou fè sèvis yo. Yo fè yo vin sen, yo mete yo apa pou yo itilize sèlman nan sèvis Bondye. Finalman Moyiz vide enpe luil sou tèt Arawon pou l ka mete l apa pou Bondye. — Le 8:6-12; Eg 30:22-33; Sm 133:2.

it-1-F 1190 § 3

Enstalasyon

Nan uityèm jou a, prèt yo te gen tout sa yo t ap bezwen e yo te enstale nan fonksyon yo, yo t ap fè travay yo (san èd Moyiz) pou premye fwa, yo t ap fè yon sèvis pou padon peche nasyon Izrayèl la, Izrayelit yo te sitou bezwen pirifye tèt yo, nonsèlman paske yo se pechè men tou paske yo te dezobeyi nan kesyon ti bèf annò a, sa ki te fè yo te merite sibi kòlè Jewova (Le 9: 1-7; Eg 32: 1-10). Nan fen premye sèvis prèt yo ki te fèk enstale te fè a, Jewova te montre yo gen favè l e l dakò avèk yo nan fonksyon yo a, lè l te voye yon dife pa mwayen yon mirak, sandout ki te soti nan nyaj ki te gen fòm poto a ki te sou tèt tabènak la, dife sa a te boule tout sa k te rete nan sakrifis ki te sou lotèl la. — Le 9: 23, 24.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-2-F 310 § 5

Moyiz

Bondye te fè Moyiz vin medyatè alyans Lalwa ak Izrayèl, yon pozisyon entimite avèk Bondye okenn lòt moun pa t janm genyen, eksepte Jezi Kris, Medyatè nouvo alyans lan. Avèk san bèt yo te konn sakrifye yo Moyiz te wouze liv alyans lan, ki reprezante Jewova “yon pati nan kontra a” e li te wouze pèp la (san dout ansyen yo ki te reprezante Jewova) ki se lòt “pati nan kontra a”. Li li liv alyans lan pou pèp la, ki reponn, “Nou dakò fè tout sa Jewova di nou fè. N ap obeyi l.” ​(Eg 24:3-8; Eb 9:19) Antanke medyatè, Moyiz te gen privilèj pou l dirije konstriksyon tabènak la ak bagay yo t ap fè pou tabènak la, selon modèl Bondye te ba li a, e enstale prèt yo nan fonksyon yo lè l te vide luil espesyal ki fèt pou sa a sou tabènak la ak sou tèt Arawon gran prèt la. Ansuit li te dirije premye sèvis ofisyèl prèt yo ki te nouvo nan sèvis yo antanke prèt. — Eg chap 25-29; Le chap 8, 9.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje