-
Li te vide kè l bay Bondye nan lapriyèAnnou imite lafwa yo
-
-
15, 16. a) Kòman Ana te vin santi l apre l te fin vide kè l bay Jewova pandan l t ap adore l nan tabènak la? b) Kòman nou ka imite egzanp Ana lè n ap goumen ak santiman negatif?
15 Etandone Ana te vide kè l bay Jewova pandan l t ap adore l nan tabènak la, ki efè sa te gen sou li? Men sa nou li nan istwa a: “L ale lakay li, li manje, epi figi l pa t tris ankò.” (1 Sam. 1:18). Men sa tradiksyon Bib la mete nan vèsè sa a: “Li pa t menm moun lan ankò.” Ana te santi l soulaje. Nan yon sans, li te lage pwoblèm li yo sou Papa l ki nan syèl la ki gen yon do ki pi laj e ki gen plis fòs lontan pase l. (Li Sòm 55:22.) Èske gen pwoblèm ki twòp pou Papa nou ki nan syèl la? Non. Pa t janm genyen, pa genyen jodi a e pap janm genyen!
16 Lè n santi chay nou yo twò lou pou nou, yo depase nou, oswa n santi tristès anvayi nou, nou bezwen suiv egzanp Ana e n bezwen vide kè n bay Sila a ki konn “tande lapriyè” a (Sòm 65:2). Si n priye ak lafwa, nou menm tou, nou ka wè nou pa tris ankò paske nou gen “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann” nan. — Fil. 4:6, 7.
-
-
Li te vide kè l bay Bondye nan lapriyèAnnou imite lafwa yo
-
-
18 Jis ki lè Penina te vin rann li kont li pa t ka fè Ana tris ankò? Bib la pa di anyen sou sa, men, ekspresyon “pa t tris ankò” a fè n konprann depi lè sa a Ana te vin gen kè kontan. Antouka, sa pa t pran tan pou Penina vin rann li kont mechanste li t ap fè yo pa t gen efè sou Ana ankò. Apre sa, Bib la pa janm pale de Penina ankò.
-