BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Li te ouvri kè l bay Bondye nan lapriyè
    Toudegad — 2010 | 1ye jiyè
    • ANA te okipe nan prepare pou vwayaj la, li t ap eseye pa panse sou pwoblèm li. Sa te sipoze yon moman ki bay kè kontan; Èlkana, mari l, gen abitid vwayaje chak ane ak tout fanmi an pou y al adore Jewova nan tabènak la nan Chilo. Jewova te vle pou okazyon sa yo se okazyon ki bay lajwa (Detewonòm 16:15). E sanble Ana te kontan al nan fèt sa yo lè l te timoun. Men, sa fè kèk ane depi bagay yo chanje.

  • Li te ouvri kè l bay Bondye nan lapriyè
    Toudegad — 2010 | 1ye jiyè
    • Nan premye moman yo, kay la te chaje ak aktivite. Tout moun, menm timoun yo, t ap prepare yo pou vwayaj la. Pou yon gwo fanmi konsa te soti Efrayim, yon zòn ki chaje mòn, pou l al Chilo, yo t ap mache plis pase 30 kmc. Apye, vwayaj sa a te ka pran youn oswa de jou. Ana te gentan konnen ki jan lòt fi a t apral aji. Aktout sa, li pa t rete lakay li. Nan sans sa a, li kite yon bèl egzanp pou sèvitè Jewova yo nan epòk n ap viv la. Li pa saj ditou pou nou kite move konduit lòt moun genyen fè nou sispann adore Bondye. Si nou ta fè sa, nou t ap pèdi benediksyon Bondye yo ki ban nou fòs pou nou andire eprèv nou jwenn.

  • Li te ouvri kè l bay Bondye nan lapriyè
    Toudegad — 2010 | 1ye jiyè
    • c Èlkana te fèt Rama, e sanble se vil sa a yo te vin rele Arimate nan epòk Jezi a. Se sou baz sa a yo kalkile distans lan.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje