-
“Lè w fè yon ve, kenbe pawòl ou”Toudegad etid — 2017 | avril
-
-
7. a) Ki ve Ana te fè, e poukisa, epi ki jan sa te fini pou li? b) Ki efè ve Ana te fè a te gen sou Samyèl? (Gade nòt la.)
7 Ana se yon lòt moun ki te ret fidèl ak ve li te fè Jewova a. Li te fè pwomès li a lè l te anba gwo tètchaje ak gwo lapenn paske l pa t ka fè pitit e yo te toujou ap manke l dega (1 Sam. 1:4-7, 10, 16). Ana te ouvri kè l bay Bondye e l te fè yon ve, li te di: “O Jewova, Chèf lame yo, si w wè tray sèvant ou an ap pase e ou sonje m, si w pa bliye sèvant ou an e ou bay sèvant ou an yon pitit gason, m ap ba ou l, Jewova, pou l ka sèvi w pandan tout lavi l. Okenn razwa pap touche tèt lia.” (1 Sam. 1:11). Bondye te bay Ana sa l te mande a, e l te vin fè premye pitit li, yon pitit gason. Se pa ti kontan sa te fè l kontan! Epoutan, Ana pa t bliye ve li te fè Bondye a. Lè l te fè tigason l lan, men sa l te fè konnen: “Se Jewova mwen te mande l.” — 1 Sam. 1:20.
-