-
Li te jwenn konsolasyon nan men Bondye l laAnnou imite lafwa yo
-
-
20, 21. a) Esplike ki sa Eli te wè lè li te nan antre gwòt ki te sou Mòn Orèb la. b) Ki sa Eli te aprann sou Jewova nan fason Jewova te demontre pouvwa l?
20 Kòman Jewova te ede Eli jere laperèz li te genyen an ak enkyetid li te genyen yo? Zanj lan te di Eli pou l kanpe nan antre gwòt la. Eli te obeyi san l pa t konnen sa k t apral pase. Bridsoukou, te vin gen yon gwo van ki t ap soufle. Li te fè gwo bri e van an te tèlman fò, li te fann mòn yo e li te pete gwo wòch yo. Imajine Eli k ap eseye bare je l toutpandan l ap kenbe rad lou ki te fèt ak po bèt li a pou gwo van ki t ap soufle a pa pote rad li ale. Apre sa, li dwe te fè tout sa l kapab pou l pa t tonbe paske tè a te pran tranble, li t ap tòde: yon tranblemanntè te souke zòn nan. Apèn Eli te ka konprann sa k t ap pase a, te vin gen yon gwo dife ki te pase devan l. Sa te fè Eli oblije fè bak anndan gwòt la pou l pwoteje tèt li kont gwo chalè dife a. — 1 Wa 19:11, 12.
Jewova te sèvi ak kokennchenn pouvwa l la pou l konsole Eli e pou l ankouraje l.
21 Nan chak gwo evènman natirèl sa yo ki te rive yo, Bib la fè nou sonje Jewova pa t ladan yo. Eli te konnen Jewova pa t yon dye mistik tankou Baal, ki swadizan gen kontwòl sou evènman natirèl yo, jan sèvitè Baal yo te kwè Baal se “moun ki gen pouvwa sou nyaj yo” oubyen moun ki fè lapli tonbe. Se Jewova ki dèyè tout gwo fòs ki genyen nan lanati e l pi pisan lontan pase tout sa l kreye yo. Ata syèl nou ka wè a pa ka kenbe Jewova (1 Wa 8:27)! Kòman tout sa Eli te wè yo te ede l? Sonje, li te pè anpil. Etandone Eli te gen Jewova, yon Dye ki gen yon pouvwa estrawòdinè, bò kote l, Eli pa t bezwen pè ni Ahab ni Jezabèl! — Li Sòm 118:6.
22. a) Kòman “vwa kalm ki te byen ba” a te fè Eli konnen li toujou gen valè nan je Jewova? b) Ki moun petèt ki te pale ak “vwa kalm ki te byen ba” a? (Gade nòt anba paj la.)
22 Apre dife a te fin pase, tousuit apre te vin gen yon gwo silans. Epi, Eli tande “yon vwa kalm ki te byen ba”. Yon lòt fwa ankò, vwa a te envite Eli pou l di sa l santi. Eli te fè sa, li te fè l konnen tout sa k ap enkyete la. Petèt sa te konsole l plis toujou. Pa gen dout nan sa, sa “vwa kalm ki te byen ba” a te di Eli annapre a te konsole l plis toujou. Jewova te fè Eli konnen li te gen anpil valè nan je l. Kòman Jewova te fè sa? Bondye te fè Eli konnen sa l gen pou l fè pi devan kont adorasyon moun yo t ap bay Baal la ann Izrayèl la. Li klè, Eli pa t travay pou granmesi paske Bondye t apral aji pou l fini ak adorasyon Baal la. Anplis de sa, Jewova te fè l konnen li t ap kontinye sèvi avè l kòm pwofèt paske l te ba l yon seri enstriksyon byen presi yon fason pou l te ka kontinye travay li t ap fè a. — 1 Wa 19:12-17.
-
-
Li te jwenn konsolasyon nan men Bondye l laAnnou imite lafwa yo
-
-
a Petèt moun ki te pale ak “vwa kalm ki te byen ba” a se menm zanj Jewova te voye “pale” ak Eli nan vèsè nou jwenn nan 1 Wa 19:9 la. Nan vèsè 15 lan, yo pale de zanj sa a kòmsi se “Jewova” k ap pale. Petèt, sa fè n sonje zanj Jewova te sèvi avè l pou l gide pèp Izrayèl la nan dezè a. Men sa l te di konsènan zanj sa a: “L ap aji nan non m.” (Egz. 23:21). Nòmalman, byenke nou pa ka fin sèten de sa, men, li enteresan pou n konnen Bib la pale de Jezi anvan l te vin sou tè a kòm “Pawòl la”, sètadi yon Pòtpawòl espesyal pou fè sèvitè Jewova yo konnen mesaj Jewova yo. — Jan 1:1.
-