-
Elicha te wè yon pakèt cha dife — E ou menm?Toudegad — 2013 | 15 out
-
-
KI SA ELICHA TE WÈ?
Ki jan Bondye te konsidere demann Elicha te fè pou l jwenn de pòsyon nan lespri ki te sou Eliya a? Istwa a fè konnen: “Yo t’ap mache ansanm, yo t’ap pale yonn ak lòt lè yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote [Eliya] moute nan syèl nan yon gwo toubouyon. [Epi Elicha te] wè saa.” Se konsa Jewova te reponn Elicha. Piske Elicha te wè lè Bondye te pran Eliya a, li te resevwa de pòsyon nan lespri ki te sou Eliya a epi l te vin ranplase l antanke pwofèt. — 2 Wa 2:11-14.
-
-
Elicha te wè yon pakèt cha dife — E ou menm?Toudegad — 2013 | 15 out
-
-
Pa gen dout nan sa, sa Elicha te wè lè Eliya t ap monte nan tanpèt van an te gen gwo efè sou li. Epitou, se pa chak jou yon moun konn wè yon cha dife ak chwal dife! Bagay sa yo te montre Jewova te dakò ak demann Elicha a. Lè Bondye ap reponn priyè nou, nou pa wè cha dife ak chwal dife. Men, nou kapab rive wè fason Bondye itilize kokennchenn pouvwa li genyen an pou l asire l volonte l ap fèt. Mete sou sa, lè n ap gade fason Jewova ap beni pati nan òganizasyon l lan ki sou tè a, se kòmsi nou wè cha selès Jewova a k ap aji. — Eze. 10:9-13.
-
-
Elicha te wè yon pakèt cha dife — E ou menm?Toudegad — 2013 | 15 out
-
-
a Se pa nan syèl la, kay espirityèl kote Jewova ansanm ak zanj li yo abite a, Eliya te monte. Gade Toudegad 15 septanm 1997, paj 15 (fransè).
-