-
Fason ou ka reyisiToudegad — 2007 | 1ye janvye
-
-
Fason ou ka reyisi
MENM jan paran yo gen sousi pou pitit yo e yo vle yo reyisi, se konsa Papa nou ki nan syèl la gen sousi pou nou e li vle nou reyisi. Pou li montre li gen afeksyon pou nou, li ban nou anpil enfòmasyon sou fason nou ka reyisi e sou sa k ka fè nou echwe. Anfèt, anpalan de yon moun ki prete atansyon ak sa Bondye di, men asirans Labib bay : “ Tout sa l fè ap reyisi. ” — Sòm 1:3.
-
-
Fason ou ka reyisiToudegad — 2007 | 1ye janvye
-
-
Imajine yon timoun souriyan ki chita sou janm papa l oswa sou janm manman l ki gen afeksyon pou li e y ap li ansanm yon istwa yo renmen anpil. Kèlkeswa kantite fwa yo te li l anvan sa, yo apresye moman enpòtan sa a. Menm jan an tou, yon moun ki renmen Bondye twouve lekti Labib chak jou se yon eksperyans ki bay plezi, se yon moman agreyab li pase ak Papa li ki nan syèl la. Lè moun sa a suiv konsèy ak direksyon Jewova, li vin “ tankou yon pyebwa ki plante bò kouran dlo, ki bay fwi lè sezon l rive, fèy li pa fennen, e tout sa l fè ap reyisi ”. — Sòm 1:3.
Pyebwa salmis la dekri a pa pouse pa aksidan. Se avèk swen kiltivatè a te plante l bò yon sous e li te okipe l. Menm jan an tou, Papa nou ki nan syèl la ajiste panse nou e li korije yo pa mwayen konsèy ki nan Ekriti yo. Se sa k fè, nou fleri e nou pwodui fwi ki soti nan Bondye.
-