BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • “ Dekrè Jewova a ” ap aplike kanmenm
    Toudegad — 2004 | 1ye out
    • Nasyon yo ajite

      4. Ki jan ou ta rezime ide prensipal ki nan Sòm 2:1, 2 a ?

      4 Anpalan de sa nasyon yo ak moun k ap dirije yo ap fè, salmis la kòmanse chante li konpoze a ak pawòl sa yo : “ Poukisa nasyon yo ajite konsa, e kominote nasyonal yo yo menm yo kontinye ap pale yon bagay ki pa itil tou ba ? Wa latè yo pran pozisyon yo, gwo chèf yo yo menm yo rasanble fè yon sèl kont Jewova e kont wen l lan. ” — Sòm 2:1, 2.a

      5, 6. Ki “ bagay ki pa itil ” kominote nasyonal yo ‘ kontinye ap pale tou ba ’ a ?

      5 Ki “ bagay ki pa itil ” kominote nasyonal nan epòk nou an kontinye ap ‘ pale tou ba ’ a ? Olye pou nasyon yo aksepte Wen Bondye a, Mesi a oswa Kris la, yo pito ‘ kontinye ap pale tou ba ’ oswa yo kontinye ap medite sou fason pou yo kontinye egzèse otorite yo. Pawòl sa yo nou jwenn nan dezyèm sòm nan te gen yon aplikasyon tou nan premye syèk epòk nou an, lè otorite juif ak otorite women yo te met tèt yo ansanm pou yo touye Wa Bondye deziyen an, anpalan de Jezi Kris. Sepandan, se an 1914 prensipal akonplisman pawòl sa yo te kòmanse, lè yo te enstale Jezi kòm Wa nan syèl la. Depi lè sa a, pa gen okenn nan gouvènman sou tè a ki rekonèt Wa Bondye mete sou twòn nan.

      6 Ki sa salmis la te vle di lè l mande ‘ poukisa kominote nasyonal yo ap pale yon bagay ki pa itil tou ba ’ a ? Li vle di pwojè yo pa itil. Se anven yo gen yon pwojè konsa, yon pwojè ki deja pran echèk. Yo pa kapab pote lapè ak amoni pou limanite. Men, yo ale tèlman lwen nan aksyon yo, yo menm rive opoze ak otorite Bondye. Anfèt, ansanm, yo gentan pran pozisyon belijeran yo, e yo gentan rasanble kont Trèwo a e kont Wen l lan. Sa a se yon gwo foli !

      Wa Jewova chwazi a ap pote laviktwa

      7. Ki jan premye disip Jezi yo te aplike Sòm 2:1, 2 nan yon priyè ?

      7 Disip Jezi yo te aplike Sòm 2:1, 2 sou Jezi. Nan mitan pèsekisyon yo te jwenn pou fwa yo, men ki sa yo te di nan yon priyè : “ Souvren Seyè [Jewova], se ou menm ki fè syèl la ak tè a ak lanmè a ansanm ak tout bagay ki ladan yo, e ki di pa mwayen lespri sen, nan bouch zansèt nou David, sèvitè w la : ‘ Poukisa nasyon yo vin ajite konsa e poukisa pèp yo medite sou bagay ki pa vo anyen ? Wa ki sou tè a pran pozisyon e dirijan yo rasanble fè yon sèl kont Jewova e kont wen l lan. ’ Annefè, ni Ewòd ni Pons Pilat ansanm ak yon seri de mesye nan nasyon yo ak pèp ki ann Izrayèl yo, yo tout reyèlman yo rasanble nan vil sa a kont Jezi, sèvitè w la ki sen, li menm ou te wenn nan. ” ​(Travay 4:24-27 ; Lik 23:1-12).b Wi, nan premye syèk la, yo te fè yon konplo kont Jezi, sèvitè wen Bondye a. Sepandan, sòm sa a t apral gen yon lòt akonplisman plizyè syèk apre sa.

      8. Ki aplikasyon Sòm 2:3 genyen sou nasyon yo jodi a ?

      8 Lè Izrayèl nan tan lontan an te gen yon wa imen nan tèt li, tankou David pa egzanp, nasyon payen yo ansanm ak dirijan yo te konn rasanble fè yon sèl kont Bondye e kont moun li wenn mete sou twòn nan. Men, e kounye a ? Jodi a, nasyon yo pa vle soumèt yo devan sa Jewova ak Mesi a mande. Se sa k fè, sòm nan dekri yo k ap di : “ Ann kase lànyè yo mare nou yo, ann voye kòd yo jete lwen nou ! ” ​(Sòm 2:3). Nasyon yo opoze ak tout restriksyon Bondye ak Wen l lan bay. Natirèlman, tout efò y ap fè pou kase lànyè sa yo e pou yo voye kòd yo jete se pou granmesi.

  • “ Dekrè Jewova a ” ap aplike kanmenm
    Toudegad — 2004 | 1ye out
    • a Okòmansman, se wa David ki te “ wen ” an, e “ wa latè yo ”, se te dirijan Filisten yo ki te rasanble lame yo kont li.

      b Gen lòt tèks toujou nan Ekriti grèk yo ki montre se Jezi ki Wen Bondye yo pale nan dezyèm sòm nan. Sa parèt klè lè nou konpare Sòm 2:7 ak Travay 13:32, 33, ak Ebre 1:5 ; 5:5. Konpare Sòm 2:9 tou ak Revelasyon 2:27.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje