-
Ki sa Bondye vle pou nou?Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
LESON 25
Ki sa Bondye vle pou nou?
Bib la rekonèt lavi lèzòm “kout e li chaje ak pwoblèm”. (Jòb 14:1.) Èske se sa Bondye vle pou nou? Si se pa sa, kòman Bondye te vle pou nou viv? Èske n ap janm rive viv jan Bondye vle nou viv la? Annou gade repons Bib la bay sou sa, repons k ap ankouraje nou.
1. Ki jan Jewova vle pou nou viv?
Jewova vle nou viv pi bon fason ki te ka genyen an. Lè l te kreye Adan ak Èv, de premye moun yo, li te mete yo nan jaden Edenn nan ki te yon bèl paradi. Apre sa, “Bondye te beni yo e li te di yo: ‘Fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun, epi se pou nou gen pouvwa sou tè a.’” (Jenèz 1:28). Jewova te vle pou yo fè pitit, pou yo fè tout tè a vin yon paradi e pou yo pran swen bèt yo. Li te vle pou tout moun gen yon sante ki pafè e pou yo viv ak kè kontan pou toutan.
Byenke bagay yo pa pase konsaa, objektif Bondye pa chanje (Ezayi 46:10, 11). Li toujou vle moun ki obeyisan yo viv pou toutan e yon fason ki pafè. — Li Revelasyon 21:3, 4.
2. Ki jan nou ka fè lavi nou gen sans depi kounye a?
Jewova kreye nou ak kapasite pou nou ‘pran konsyans nou bezwen l’, sa vle di li kreye nou yon fason pou nou anvi konnen l e pou nou anvi adore l. (Li Matye 5:3-6.) Li vle pou nou bon zanmi l, “pou nou mache nan tout chemen l yo, pou nou renmen l” e pou nou sèvi l “ak tout kè nou”. (Detewonòm 10:12; Sòm 25:14.) Lè nou fè sa, nou kapab gen kè kontan toutbon menm lè nou gen pwoblèm. Lè nou adore Jewova, nou santi lavi nou gen sans toutbon, paske nou viv fason li vle nou viv la.
FOUYE PLIS
Gade ki jan Jewova te demontre anpil lanmou nan fason l te kreye tè a pou nou e nan sa Pawòl li a anseye nou sou fason nou ka viv pi byen.
3. Jewova vle lèzòm viv byen
Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.
Poukisa Bondye te kreye bèl tè n ap viv sou li a?
Li Eklezyas 3:11, epi reponn kesyon sa a:
Ki sa sa aprann ou sou Jewova?
4. Sa Jewova vle pou nou an pa chanje
Li Sòm 37:11, 29 ak Ezayi 55:11, epi reponn kesyon sa a:
Ki jan nou fè konnen Jewova toujou vle pou lèzòm viv byen?
Yon kay ki an movèzeta ka repare. Menm jan an tou, malgre lèzòm pa pran swen tè a, Bondye pral repare l pou moun ki renmen l yo.
5. Lè nou adore Jewova, sa fè lavi nou gen sans toutbon
Lè nou konnen sa Jewova vle pou nou, sa ka fè nou gen kè kontan. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.
Ki byenfè Terumi te jwenn lè l te vin konnen ki sa Jewova vle pou nou?
Li Eklezyas 12:13, epi reponn kesyon sa a:
Lè nou konnen tout sa Jewova fè pou nou ki sa nou ka fè pou nou montre rekonesans nou gen pou li?
SI YON MOUN TA MANDE W: “Poukisa n ap viv?”
Ki jan w t ap reponn?
SA W TE APRANN
Jewova vle nou viv pou toutan yon fason ki pafè sou tè a. Lè nou adore l ak tout kè nou lavi nou gen yon sans toutbon depi kounye a.
Revizyon
Ki sa Jewova te vle pou Adan ak Èv depi okòmansman?
Ki jan nou fè konnen sa Jewova te vle pou lèzòm nan pa chanje?
Ki jan w ka jwenn vrè sans lavi a?
APRANN PLIS
Gade prèv ki montre jaden Edenn nan te egziste toutbon.
“Èske jaden Edenn nan te egziste vre?” (Toudegad 1ye janvye 2011)
Aprann poukisa nou kapab sèten tè a ap la pou toutan.
Gade sa Bib la di sou fason lavi w kapab gen sans toutbon.
Gade ki jan yon mesye ki te panse l gen tout bagay te vin jwenn sa l te manke nan lavi l.
a Nan leson k ap vin apre a, nou pral wè poukisa bagay yo pa fèt jan Bondye te vle l la.
-
-
Ki sa Wayòm Bondye a ye?Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
2. Kiyès ki pral dirije ak Jezi?
Jezi pa pral dirije poukont li. “Moun ki soti nan tout tribi, nan tout lang, nan tout pèp ak nan tout nasyon [...] gen pou yo dirije tè a antanke wa.” (Revelasyon 5:9, 10). Konbyen moun ki pral dirije ak Kris? Soti depi lè Jezi te sou tè a rive jodi a, plizyè milyon moun vin disip li. Men, se 144 000 moun ladan yo sèlman ki pral nan syèl la pou yo dirije ak Jezi. (Li Revelasyon 14:1-4.) Wayòm nan pral dirije tout lòt disip Jezi yo ki sou tè a. — Sòm 37:29.
-
-
Ki sa Wayòm Bondye a pral fèOu kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?
Wayòm Bondye a deja ap dirije nan syèl la. Talè li pral dirije tout tè a e li pral fè gwo chanjman sou li. Annou egzamine kèk bagay Wayòm Bondye a pral fè.
1. Ki jan Wayòm Bondye a pral fè gen lapè ak jistis sou tè a?
Jezi, ki Wa nan Wayòm Bondye a, pral detwi moun ki mechan yo ak gouvènman yo nan gè Amagedon an (Revelasyon 16:14, 16). Lè sa a, men ki pwomès nan Bib la ki pral reyalize: “Talè konsa, mechan yo pap la ankò.” (Sòm 37:10). Pa mwayen Wayòm nan, Jezi pral fè gen lapè ak jistis sou tout tè a. — Li Ezayi 11:4.
2. Ki jan lavi a pral ye lè volonte Bondye ap fèt sou tout tè a?
Lè Wayòm Bondye a pral dirije sou tè a, “moun ki jis yo [ap] posede tè a e [y ap] viv sou li pou toutan”. (Sòm 37:29.) Imajine sa! Tout moun sou tè a se pral bon moun e tout ap renmen Jewova e y ap renmen youn lòt! Pap gen pèsonn k ap malad e tout moun ap viv pou toutan.
3. Ki sa Wayòm Bondye a pral fè lè l fin detwi mechan yo?
Jezi pral dirije pou 1000 an lè l fin detwi mechan yo. Pandan peryòd sa a, li menm ak 144000 mil moun ki pral dirije ansanm avèk li yo pral ede moun sou tè a vin san peche. Nan fen mil an, tè a pral tounen yon bèl paradi, e tout moun k ap viv sou li ap gen kè kontan paske y ap obeyi lwa Jewova yo. Lè sa a, Jezi pral remèt Jewova, Papa l, Wayòm nan. “Non [Jewova pral] vin sen” nan yon nivo li pa t janm ye anvan sa (Matye 6:9, 10). Lè sa a, tout moun ap wè aklè Jewova se yon bon dirijan e li gen sousi pou moun l ap dirije yo. Apre sa, Jewova pral detwi Satan, demon yo ak kèlkeswa moun ki chwazi fè rebèl avè l (Revelasyon 20:7-10). Tout bon bagay Wayòm Bondye a pral fè yo ap dire pou toutan.
FOUYE PLIS
Gade poukisa nou ka gen konfyans Bondye pral sèvi ak Wayòm nan pou l reyalize tout pwomès Bib la fè pou lavni yo.
4. Wayòm Bondye a pral elimine gouvènman lèzòm yo
“Moun domine sou moun pou fè yo soufri.” (Eklezyas 8:9). Pa mwayen Wayòm nan, Jewova pral mete fen nan enjistis sa a.
Li Dànyèl 2:44 ak 2 Tesalonisyen 1:6-8, epi reponn kesyon sa yo:
Ki sa Jewova ak Pitit Gason l lan, Jezi, pral fè moun k ap dirije yo ansanm ak moun k ap soutni moun sa yo?
Ki jan tout sa w konnen sou Jewova ak Jezi yo ba w garanti yo pap janm fè enjistis?
5. Jezi se pi bon Wa ki ka genyen
Antanke Wa nan Wayòm Bondye a, Jezi pral fè anpil bon bagay pou moun li pral dirije sou tè a. Gade VIDEYO a pou w wè ki jan Jezi deja montre li vle ede moun e Bondye ba l pouvwa pou l fè sa.
Lè Jezi te sou tè a li te bay yon apèsi sou sa Wayòm nan pral fè. Pami benediksyon ki vin apre yo, kiyès ladan yo ou plis ap tann ki pou reyalize? Li vèsè ki mache ak chak benediksyon.
LÈ JEZI TE SOU TÈ A LI TE . . .
PANDAN JEZI NAN SYÈL LA LI PRAL . . .
gen kontwòl sou lanati — Mak 4:36-41.
repare tout dega lèzòm lakòz nan anviwònman an. — Ezayi 35:1, 2.
fè mirak pou l bay plizyè milye moun manje. — Matye 14:17-21.
elimine grangou sou tout tè a. — Sòm 72:16.
geri anpil moun ki te malad. — Lik 18:35-43.
fè tout moun gen yon bon sante. — Ezayi 33:24.
fè moun mouri tounen viv ankò. — Lik 8:49-55.
elimine lanmò epi resisite moun ki te mouri yo. — Revelasyon 21:3, 4.
6. Wayòm Bondye a ap fè nou gen yon bèl avni
Grasa Wayòm nan, lèzòm pral viv jan Jewova te vle pou yo viv la. Y ap viv pou toutan sou tè a ki pral tounen yon paradi. Gade VIDEYO a pou w wè ki jan Jewova ap reyalize objektif li pa mwayen Jezi, Pitit Gason l lan.
Li Sòm 145:16, epi reponn kesyon sa a:
Ki jan sa fè w santi w lè w konnen Jewova pral “bay tout sa k vivan sa yo bezwen”?
GEN MOUN KI DI: “Si nou met tèt nou ansanm nou ka rezoud pwoblèm monn nan.”
Ki pwoblèm gouvènman lèzòm yo pa ka rezoud se Wayòm Bondye a ki pral rezoud yo?
SA W TE APRANN
Wayòm Bondye a pral fè sa Bondye te vle l fè a. Li pral fè tout tè a tounen yon paradi ki gen bon moun sèlman ladan l e k ap adore Jewova pou toutan.
Revizyon
Ki jan Wayòm Bondye a pral fè non Jewova vin sen?
Sa k fè nou ka kwè Wayòm Bondye a pral reyalize tout pwomès ki nan Bib la?
Nan tout sa Wayòm Bondye a pral fè yo ki sa ou plis ap tann ki pou reyalize?
APRANN PLIS
Gade pou w wè ki sa Amagedon ye.
Aprann sa k pral rive pandan peryòd 1000 an Jezi pral dirije antanke wa a, e tousuit apre peryòd sa a.
“Ki sa k pral rive nan Jou Jijman an?” (Toudegad oktòb-desanm 2012)
Gade ki jan fanmi yo ka imajine ki jan lavi yo pral ye nan Paradi a.
Gade ki jan yon militan politik te jwenn repons li t ap chèche yo nan atik ki gen tit “Gen anpil kesyon ki t ap boulvèse m” nan.
-