Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
4-10 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 60-68
“Louwe Jewova, Sila a ki tande lapriyè a”
w99-F 15/9 9 § 1-4
Poukisa nou dwe kenbe pwomès nou fè?
Pa gen dout nan sa, lè nou te vwe lavi n bay Bondye se pwomès ki pi enpòtan nou te ka fè. Lè n te pran desizyon sa a, se montre nou te montre nou vle sèvi Jewova pou toutan. Se vre kòmandman Bondye yo pa lou, sepandan, li gendwa pa fasil pou n fè sa l mande nou fè etandone n ap viv nan sistèm sa a ki mechan (2 Timote 3:12; 1 Jan 5:3). Men yon fwa nou fin met ‘men nou nan chari’ a epi nou vwe lavi n bay Jewova pou n sèvi l epi vin disip Pitit gason l lan Jezi Kris, nou pa dwe janm vire gad bagay nou kite dèyè nan monn sa a. — Lik 9:62.
Lè n ap priye Jewova, nou gendwa pwomèt li n ap fè efò pou n konbat yon pwen fèb nou genyen, pou n vin devlope yon kalite oswa pou n amelyore kèk aspè nan aktivite nou antanke kretyen. Ki sa ki kapab ede n kenbe pwomès sa yo? — Konpare ak Eklezyas 5:2-5.
Lè yon moun fè pwomès ki sensè, se nan kè l ak nan lespri l sa soti. Kidonk, annou ouvri kè n bay Jewova. Ann priye l ak tout kè n e ann di l sa n pè, sa nou anvi ak pwen fèb nou yo, e sa ap ede n kenbe pwomès nou te fè l yo. Lè n priye Jewova konsènan yon pwomès nou fè l, sa ap bann plis detèminasyon pou n kenbe pwomès sa a. Nou ta ka konsidere pwomès nou fè Bondye yo tankou se dwe nou dwe l. Lè yon moun gen plizyè gwo dèt sou tèt li, l ap bezwen peye ofiramezi. Menm jan an tou, n ap bezwen tan pou n kenbe anpil nan pwomès nou fè Jewova yo. Men, lè nou ba l sa n kapab chak jou, nou montre l nou vrèman anvi kenbe pawòl nou, e li menm bò kote pa l l ap beni nou poutèt sa.
Lè nou priye souvan konsènan pwomès nou fè yo, e petèt nou fè sa chak jou, nou montre nou bay pwomès sa yo anpil enpòtans. Sa ap montre Papa nou ki nan syèl la nou sensè. Epitou, sa ap sèvi nou kòm rapèl chak jou. David kite yon bèl egzanp pou nou nan sans sa a. Men ki jan l te sipliye Jewova nan yon chante: “O Bondye, koute m lè m ap rele w pou m mande w sekou. Koute priyè m nan. [...] M ap chante louwanj pou non w pou toutan e m ap respekte pwomès mwen fè w yo chak jou.” — Sòm 61:1, 8.
it-2-F 661 § 6
Priyè
Moun Bondye tande. “Tout kalite” moun ka vin devan ‘Sila a ki tande lapriyè’ a, anpalan de Jewova Dye (Sm 65:2; Tr 15:17). Menm nan epòk kote Izrayèl te “byen pa” Bondye, yon pèp li te fè alyans avè l, moun lòt nasyon yo te kapab pwoche bò kot Jewova nan lapriyè akondisyon yo te rekonèt Izrayèl kòm pèp Bondye chwazi epi rekonèt tanp ki Jerizalèm nan kòm kote li chwazi pou moun fè sakrifis (Dt 9:29; 2Kw 6:32, 33; konpare ak Eza 19:22). Annapre, grasa lanmò Kris la, Bondye te retire diferans ki te genyen ant Juif yo ak moun lòt nasyon yo (Ef 2:11-16). Lè Pyè t al lakay Kònèy, ki te moun Itali, men sa l te te fè konnen: “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” (Tr 10:34, 35). Donk, sa k enpòtan an, se kè moun nan epi sa kè l pouse l fè (Sm 119:145; Lm 3:41). Moun ki obeyi kòmandman Bondye yo e ki fè “sa ki fè l plezi” gen asirans “zòrèy” Bondye ouvri pou l koute yo. — 1J 3:22; Sm 10:17; Pw 15:8; 1P 3:12.
18-24 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 74-78
“Sonje aksyon Jewova fè yo”
w04-F 1/3 19-20
Fason nou demontre lanmou pou Bondye
CHÈCHE gen lanmou pou Bondye pa yon senp aktivite entèlektyèl. E sèvitè Bondye yo sou tout tè a konnen byen, vrè lanmou yon moun genyen pou Bondye grandi lè moun sa a chèche konnen pèsonalite Bondye, e lanmou sa a vin pi fò lè moun nan ofiramezi aprann konnen ki sa Bondye renmen ak sa l pa renmen, sa l vle ak sa l mande nou fè.
Avèk amou, Jewova ban nou Pawòl li a, Labib, ki di nou kiyès li ye. Ladan l, nou aprann ki jan Jewova te jere divès sitiyasyon. Menm jan sa fè nou plezi anpil lè n ap li yon lèt yon moun nou renmen voye pou nou, Bib la fè n jwenn kè kontan lè n ap dekouvri nouvo aspè ki gen nan pèsonalite Jewova ladan l.
Toutfwa, jan nou konn wè sa nan travay predikasyon an, moun yo pa toujou vin renmen Bondye lè yo aprann konnen l. Men sa Jezi te di kèk Juif ki pa t montre yo gen rekonesans lè l te sou tè a: “N ap fouye Ekriti yo, paske nou panse grasa yo n ap gen lavi ki pap janm fini an, [...] e mwen byen konnen nou pa gen lanmou pou Bondye nan kè nou.” (Jan 5:39, 42). Gen kèk moun ki pase anpil ane ap etidye aksyon Jewova te fè avèk amou e malgre sa, lanmou yo gen pou li a rete toupiti. Poukisa? Yo pa rive konprann sa sa yo te aprann yo te vle di. Epoutan, gen plizyè milyon moun ki etidye Bib la ki fè konnen lanmou yo genyen pou Bondye kontinye ap grandi. Poukisa? Se paske, menm jan nou menm nou te fè sa, yo suiv egzanp Asaf la. Nan ki domèn?
Medite avèk rekonesans
Asaf te detèmine pou l chèche gen lanmou nan kè l pou Jewova. Li te ekri: “Mwen reflechi nan kè m. [...] M ap sonje aksyon Ja fè yo. Wi, m ap sonje gwo aksyon ou te fè lontan yo. M ap medite sou tout aksyon w yo, m ap reflechi sou fason w boule ak nou.” (Sòm 77:6, 11, 12). Lanmou pou Jewova grandi nan kè moun ki medite sou aksyon l yo menm jan sa te fèt pou Asaf ki te ekri sòm nan.
Anplis de sa, lè n sonje eksperyans nou te fè nan sèvis Jewova a, sa ranfòse relasyon n avè l. Apot Pòl te di nou se “konpayon travay Bondye”, e amitye ki ka vin genyen ant konpayon travay konn vrèman espesyal (1 Korentyen 3:9). Lè nou poze aksyon ki montre n renmen Jewova, li apresye sa, e sa fè kè l kontan (Pwovèb 27:11). Epi, lè n mande Jewova èd e li ede n fè fas ak difikilte n jwenn yo, sa fè nou gen asirans li avèk nou, e lanmou nou gen pou li vin pi fò.
De zanmi vin pi pwòch ofiramezi youn ap vin pi renmen lòt. Menm jan an tou, lè nou di Jewova poukisa n vwe lavi n ba li, se ranfòse n ap ranfòse lanmou nou gen pou li. Nou montre n suiv pawòl Jezi te di yo: “Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lespri w e ak tout fòs ou.” (Mak 12:30). Ki sa n kapab fè pou n kontinye renmen Jewova ak tout kè n, ak tout nanm nou, ak tout lespri n e ak tout fòs nou?
Nou renmen Jewova ak tout kè nou
Bib la fè referans ak kè senbolik la, ki se moun nou ye pa anndan an, sa vle di sa nou vle, fason nou aji ak santiman nou. Donk, lè nou renmen Jewova ak tout kè nou, nou vle fè l plezi plis pase tout bagay (Sòm 86:11). Nou montre nou gen kalite lanmou sa a lè nou travay pou n gen yon pèsonalite ki fè l plezi. Nou fè efò pou nou imite Bondye lè n ‘gen degoutans pou sa ki mal e n rete atache ak sa ki byen’. — Women 12:9.
Lanmou n gen pou Bondye ka afekte fason nou wè bagay yo. Pa egzanp, nou ka twouve travay nou enteresan oubyen nou renmen pase tan ladan l, men èske se la kè n ye? Non. Etandone nou renmen Jewova ak tout kè n, anvan tout bagay, n ap montre nou se sèvitè l. Menmsi nou vle fè paran nou, konjwen n ak patwon n plezi, nou montre nou renmen Jewova ak tout kè n lè n chèche fè l plezi anvan. Epitou, li merite premye plas nan lavi n. — Matye 6:24; 10:37.
Nou renmen Jewova ak tout kè nou
Lè Bib la pale de kè senbolik la, li vle pale de tout moun nan ak lavi l. Donk, renmen Jewova ak tout nanm nou vle di nou itilize lavi nou pou n ba l louwanj e pou n pwouve lanmou n gen pou li.
w06-F 15/7 11 § 2
Pwen enteresan ki nan Sòm yo — twazyèm ak katriyèm liv
75:4, 5, 10 — Ki sa mo “kòn” ki parèt nan nòt yo mete sou mo “fòs” la vle di? Bèt ki gen kòn yo konn itilize yo tankou yon zam ki pisan pou defann tèt yo. Nan sans senbolik, mo “kòn” nan ka vle di pouvwa oubyen fòs. Jewova leve kòn sèvitè l yo, sa ki fè yo gen kè kontan, men li ‘kraze kòn mechan yo’ (nòt). Nou jwenn avètisman pou nou pa ‘vante tèt nou pou kòn nou’ (nòt) pou n pa vin twò fyè de tèt nou oubyen pou n pa vin awogan. Piske se Jewova ki leve moun nan kongregasyon an, nou dwe konsidere se li ki konfye yo responsablite yo genyen nan kongregasyon an. — Sòm 75:7.
it-1-F 1158 § 8
Imilite
Tout moun, gason kou fi, dwe soumèt yo devan moun ki pran latèt yo e yo dwe tann Jewova pou kèlkeswa privilèj ak responsablite yo ta renmen genyen, paske se li menm ki bay bagay sa yo (Sm 75:6, 7). Se sa k fè men sa kèk Levit, pitit gason Kora, te di: “Mwen chwazi pou m rete nan papòt kay Bondye m nan olye pou m al rete nan tant kote y ap fè mechanste yo.” (Sm 84:10). Sa pran tan pou yon moun gen yon imilite konsa. Nan Bib la, lè y ap dekri ki kalite yon moun ki ta vle vin siveyan ta dwe genyen, yo montre yon moun ki fèk konvèti pa ka ranpli fonksyon sa a, yon fason pou l “pa vin gonfle ak ògèy, e pou l pa tonbe anba menm kondanasyon ak Dyab la”. — 1Ti 3:6.
w04-F 1/4 21-22
Èske je w fikse sou rekonpans lan?
Lè n konnen ki jan Jewova enterese nan pèp li a, sa ban nou esperans ki se yon kalite ki gen menm enpòtans ak lafwa (1 Korentyen 13:13). Mo grèk lè yo tradui l yo mete “esperans” pou li a bay ide “tann yon bagay ki bon” ak anpil enpasyans. Se ak kalite esperans sa a apot Pòl t ap reflechi lè l te ekri: “Nou ta renmen pou nou chak demontre menm devouman an, yon fason pou nou ka gen yon asirans total nan esperans lan jiska lafen. Konsa, nou pap vin parese, men n ap imite moun ki eritye pwomès yo grasa lafwa ak pasyans yo te genyen.” (Ebre 6:11, 12). Ou ka note si nou kontinye sèvi Jewova fidèlman, nou ka gen asirans esperans nou genyen an ap reyalize. Kontrèman ak fo pwomès ki gen nan monn nan, esperans sa a “pa mennen nan desepsyon”. (Women 5:5.) Donk, ki jan nou ka kenbe esperans nou an byen klè nan lespri n?
Fason nou kapab ret konsantre sou bagay espirityèl yo
Je nou pa ka gade de bagay nan menm moman an. Menm prensip la valab pou fason nou wè nan domèn espirityèl. Lè n ret konsantre sou bagay sistèm sa a ofri, pa gen dout, sa ap retire lespri n sou pwomès Bondye fè nou pou monn nouvo a. E avèk letan, imaj sa a ka vin flou nan lespri n jiskaske l disparèt nèt. Ala yon trajedi sa t ap ye (Lik 21:34)! Sa vrèman enpòtan pou n ‘kenbe je n fikse sou yon sèl bagay’, sa vle di sou Wayòm Bondye a ak rekonpans lavi ki pap janm fini an! — Matye 6:22.
Li pa toujou fasil pou n kenbe je n fikse sou yon sèl bagay. Pwoblèm nou fè fas ak yo chak jou yo pran anpil nan atansyon nou e pafwa gen bagay ki ka distrè n e nou ka jwenn tantasyon. Nan ka sa yo, ki jan nou ka ret konsantre sou Wayòm Bondye a ak monn nouvo li pwomèt nou an, san nou pa neglije lòt aktivite ki nesesè yo? Ann konsidere twa fason nou ka fè sa.
Se pou n etidye Pawòl Bondye a chak jou. Lè nou pran abitid li Bib la epi etidye piblikasyon ki pale sou Bib la sa ap ede n kenbe lespri n okipe sou relasyon n ak Bondye. Se vre, nou ka gen plizyè ane depi n ap etidye Pawòl Bondye a, men malgre sa nou dwe kontinye etidye l, menm jan nou bezwen kontinye manje manje fizik pou n ka kontinye viv. Nou pa sispann manje tou senpleman paske n te manje plizyè milye fwa anvan sa. Kidonk, kèlkeswa nivo konesans nou gen nan Bib la, nou dwe kontinye amelyore relasyon nou gen ak Bondye, pou nou ka kenbe esperans nou an byen klè nan tèt nou, pou nou ka kenbe lafwa nou ak lanmou nou fèm. — Sòm 1:1-3.
Medite ak rekonesans sou Pawòl Bondye a. Poukisa li enpòtan pou nou medite? Pou de rezon. Premyèman, meditasyon ede n byen konprann sa nou li a epi gen apresyasyon pou sa nou li a. Dezyèmman, meditasyon ede n pou nou pa bliye Jewova, travay li akonpli ak esperans li ban nou an. Pa egzanp, Izrayelit ki te kite Ejip yo ak Moyiz te wè ak pwòp je pa yo fason Jewova itilize pouvwa san parèy li genyen an. Yo te santi pwoteksyon ki chaje lanmou Jewova te ba yo toutpandan li t ap gide yo pou y al nan peyi li te pwomèt yo a. Malgre sa, yo pa t pran tan pou yo te tonbe ap plenyen nan dezè a pandan yo t ap mache pou y al nan peyi Jewova te pwomèt yo a, sa ki te montre yo te manke lafwa (Sòm 78:11-17). Ki pwoblèm yo te genyen?
Moun yo te sispann fikse atansyon yo sou Jewova ak bèl esperans li te met devan yo a e yo te ret ap panse ak jan yo te vle viv alèz nan moman an ak anvi ki mache ak dezi lachè yo. Malgre tout siy ak tout mirak anpil Izrayelit te wè ki te fèt devan pwòp je yo, yo te manke lafwa e yo te pran plenyen. Sòm 106:13 fè konnen: “Yo te bliye sa [Jewova] te fè yo byen vit.” Lefètke yo pa t bay bagay sa yo enpòtans, sa te lakòz jenerasyon sa a pa rantre nan peyi Jewova te pwomèt yo a.
Se sa k fè, lè w ap li Pawòl Bondye a oubyen lòt piblikasyon ki baze sou Bib la, ou dwe rezève tan pou w medite sou sa w ap li a. Meditasyon nesesè pou w gen yon bon relasyon ak Bondye e li ede relasyon an vin pi sere tou. Pa egzanp, lè n ap li pati nan Sòm 106 yo site pi wo a, nou ka medite sou kalite Jewova yo. Gade ki jan l te montre l gen pasyans ak konpasyon pou Izrayelit yo. Gade ki jan l te fè tout sa k te posib pou l te ka ede yo rive nan peyi l te pwomèt yo a. Note ki jan yo te kontinye montre yo rebèl avè l. Reflechi sou jan sa te fè Jewova lapenn e sou jan sa te fè l soufri lè l t ap demontre pasyans ak mizèrikòd nan dènye limit anvè pèp la ki pa t gen okenn rekonesans. Mete sou sa, lè n medite sou vèsè 30 ak 31 an, kote Fineyas te aji ak kouraj pou l pran pozisyon pou sa ki dwat, sa ban nou asirans Jewova pa bliye moun fidèl li yo e li rekonpanse yo anpil.
Aplike prensip Bib la nan lavi w. Pandan n ap suiv prensip ki nan Bib la, nou wè ki jan konsèy Jewova yo fè n jwenn byenfè. Pwovèb 3:5, 6 di: “Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.” Reflechi sou ki jan lavi imoral anpil moun ap mennen jodi a pote move konsekans sou lespri moun, sou santiman yo e jan sa fè yo vin gen pwoblèm sante. Lefètke yo kite plezi ki la pou yon ti moman sèlman pran tèt yo, yo konn soufri pandan plizyè ane e pafwa pandan tout lavi yo. Alòske, moun ki mache nan “wout ki jennen” an kenbe nouvo sistèm nan klè nan tèt yo, e sa ankouraje yo pou yo kontinye sou wout lavi a. — Matye 7:13, 14; Sòm 34:8.
Li ka pa fasil pou n aplike prensip ki nan Bib la. Pafwa, yon konsèy nou jwenn ki pa sot nan Bib la ka sanble pote yon solisyon lapoula pou pwoblèm nou genyen an. Pa egzanp, nan yon peryòd kote nou gen pwoblèm lajan, li kapab fasil pou n mete enterè Wayòm nan nan dezyèm plas. Toutfwa, finalman, “sa ap mache byen pou moun ki gen lakrentif pou vrè Dye a”, piske yo aji ak lafwa epi yo kenbe lespri yo fikse sou relasyon yo ak Bondye (Eklezyas 8:12). Sa ka rive yon kretyen gen pou l travay plis tan, men l ap veye pou l pa vin menm jan ak Ezaou, ki te meprize bagay espirityèl yo, kòmsi yo pa t gen okenn enpòtans. — Jenèz 25:34; Ebre 12:16.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w12-F 1/11 14 § 5
Labib chanje lavi moun
M te vin chanje fason m wè Bondye ofiramezi m t ap etidye Bib la. M te aprann li pa responsab zak mechanste k ap fèt e li menm santi l tris lè moun ap fè sa k pa sa (Jenèz 6:6; Sòm 78:40, 41). M te vin deside pou m pa janm fè Jewova santi l tris. Mwen te vle fè kè l kontan (Pwovèb 27:11). M te sispann bwè twòp alkòl, m te sispann fimen e m te sispann lavi imoral m te genyen an. Nan mwa mas 1994, mwen te batize pou m vin Temwen Jewova.
w11-F 1/7 10
Pwoche bò kote Bondye
Èske Jewova gen santiman?
SI REPONS lan se wi, sa vin soulve yon lòt kesyon: Èske fason n aji afekte Bondye? Oubyen, èske nan fason n aji nou ka fè Jewova kontan oswa fè l tris? Gen kèk ansyen filozòf ki te reponn non. Yo te di pa gen moun ki ka gen enfliyans sou Bondye e Bondye li menm pa ka gen santiman. Men, Bib la bay yon lòt repons, li fè n konnen Jewova gen santiman lakay li e li enterese anpil nan sa n ap fè. Gade pawòl nou jwenn nan Sòm 78:40, 41.
Sòm 78 rakonte istwa ki te pase ant Bondye ak pèp Izrayèl la. Apre Jewova te fin delivre nasyon an nan esklavaj nan peyi Ejip, li te ba yo posiblite pou yo gen yon relasyon espesyal avèk li. Li te pwomèt yo si yo obeyi sa li di yo nan lwa l la, yo t ap vin “byen espesyal” pa l e li t ap itilize yo yon fason espesyal pou l akonpli objektif li. Yo te aksepte e yo te vin fè pati alyans Lalwa a. Èske yo te kenbe ve yo te fè a? — Egzòd 19:3-8.
Men sa moun ki te ekri sòm sa a di: “Se pa ni de ni twa fwa yo te fè rebèl ak li nan dezè a.” (Vèsè 40). Vèsè ki vin apre a di: “Yo pa t sispann teste Bondye.” (Vèsè 41). Ou ka note moun k ap ekri a ap dekri etap yo te suiv nan rebelyon yo a. Vye etadespri yo te genyen an te parèt byen bonè, depi nan dezè a, yon ti tan apre Jewova te delivre yo sot ann Ejip. Pèp la te kòmanse plenyen kont Bondye e yo te gen dout sou kapasite l ak volonte l pou l pran swen yo (Nonb 14:1-4). Gen yon liv referans pou moun k ap tradui Labib ki fè konnen yon lòt fason pi senp yo ka tradui pawòl ki di “yo te fè rebèl kont li” a se “‘yo te fè kè yo di kont Bondye’ oubyen ‘yo te di Bondye “non”’”. Malgre sa, sou baz mizèrikòd Jewova genyen, li te padone pèp li a lè yo te demontre yo repanti. Men apre sa, yo te konn tounen nan vye bagay yo te konn ap fè yo e yo te konn tounen gen atitid rebèl yo a, e se konsa yo te kontinye nètale. — Sòm 78:10-19, 38.
Ki jan Jewova te santi l chak fwa pèp li a te fè rebèl? Vèsè 40 lan di: “Yo te konn fè l gen lapenn.” Gen yon lòt tradiksyon ki fè konnen “yo te aji pou fè l gen lapenn”. Gen yon liv referans sou Bib la ki di: “Sans li bay la a sèke fason Ebre yo te konn aji a te lakòz lapenn, menm jan konduit yon timoun ki dezobeyisan e ki rebèl ka lakòz lapenn.” Menm jan yon timoun ki pa jwenn bonjan koreksyon ka lakòz paran l gen lapenn, Izrayelit rebèl yo te “fè Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, lapenn”. — Vèsè 41.
Ki sa nou ka aprann nan Sòm sa a? Sa ban nou asirans pou n wè jan Jewova atache ak sèvitè l yo e l pa janm kouri abandone yo. Nan menm sans lan, li nòmal pou n konsidere Bondye gen santiman e fason n aji ka gen efè sou li. Ki efè sa gen sou ou lefètke w konn sa? Èske sa motive w pou w fè sa ki byen?
Olye pou n ta ap kontinye fè peche pou n lakòz Jewova gen lapenn nan kè l, nou ka chwazi fè sa ki dwat epi fè kè l kontan. Se egzakteman sa li vle moun ki ap sèvi l yo fè lè l di: “Pitit mwen, montre w saj e fè kè m kontan.” (Pwovèb 27:11). Pa gen anyen ki gen plis valè nou ka bay Jewova pase lè nou viv yon fason ki fè kè l kontan.
25-31 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 79-86
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w06-F 15/7 12 § 5
Pwen enteresan ki nan Sòm yo — twazyèm ak katriyèm liv
79:9. Jewova koute priyè nou, sitou lè priyè nou yo gen rapò ak sangtifikasyon non l.
w06-F 15/7 12 § 9
Pwen enteresan ki nan Sòm yo — twazyèm ak katriyèm liv
86:5. Ala rekonesan nou rekonesan anvè Jewova paske l “dispoze padone”! Li toujou ap chèche nenpòt ki prèv ki t ap ka sèvi l kòm baz pou l fè yon pechè ki repanti favè.