BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr23 janvye p. 1-8
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2023
  • Soutit
  • 2-8 JANVYE
  • 9-15 JANVYE
  • 16-22 JANVYE
  • 23-29 JANVYE
  • 30 JANVYE–5 FEVRIYE
  • 6-12 FEVRIYE
  • 13-19 FEVRIYE
  • 20-26 FEVRIYE
  • 27 FEVRIYE–5 MAS
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2023
mwbr23 janvye p. 1-8

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

© 2022 Christian Congregation of Jehovah’s Witnesses

2-8 JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 WA 22-23

“Poukisa nou dwe gen imilite?”

w00-F 15/9 29-30

Lefètke Jozyas te gen imilite, sa te fè l gen favè Jewova

Depi byen bonè nan maten, moun ki t ap repare tanp lan te gentan ap travay avèk dilijans. Se sèten, Jozyas te rekonesan anvè Jewova lefètke travayè yo t ap repare dega kèk nan zansèt li yo ki te mechan te fè nan Kay Bondye a. Pandan travay la t ap avanse, Chafan te vin bay yon rapò. Men, ki rapò sa a? Li te pote yon woulo! Li esplike gran prèt Ilkya te jwenn “liv ki gen Lwa Jewova te bay pa mwayen Moyiz yo”. (2 Kwonik 34:12-18.) Se pa ti dekouvèt sa te ye, sandout se te kopi orijinal Lalwa!

Jozyas te chofe pou l tande chak pawòl ki te nan liv la. Toutpandan Chafan ap li, wa a t ap eseye wè ki rapò chak kòmandman te gen avè l e ansanm ak pèp la. Li te sitou enpresyone lè l te tande fason liv la te mete aksan sou vrè adorasyon an e l te predi si moun nan pèp la ta lage kò yo nan fo adorasyon, flewo t ap tonbe sou yo e yo t ap mennen yo ann egzil. Lè l vin reyalize se pa tout kòmandman Bondye yo yo obeyi, Jozyas chire rad li te gen pa anlè a epi l bay Ilkya, Chafan ak lòt moun yo lòd sa a: ‘Al pale ak Jewova konsènan pawòl ki nan liv sa a; paske Jewova an kòlè anpil kont nou poutèt zansèt nou yo pa t koute pawòl ki nan liv sa a.’ — 2 Wa 22:11-13; 2 Kwonik 34:19-21.

w00-F 15/9 30 § 2

Lefètke Jozyas te gen imilite, sa te fè l gen favè Jewova

Mesaje Jozyas yo te ale Jerizalèm kot Oulda, yon dam ki te pwofèt, e yo te tounen ak yon rapò. Oulda te fè yo konnen pawòl Jewova a, lè l te di yo kalamite ki te ekri nan liv yo te fèk jwenn nan t ap tonbe sou nasyon an ki te aposta. Lefètke Jozyas te imilye tèt li devan Jewova Dye, Jozyas pa t ap gen pou l wè kalamite sa yo. Li t apral menm kote ak zansèt li yo e yo t ap depoze l nan tonm li anpè. — 2 Wa 22:14-20; 2 Kwonik 34:22-28.

Trezò espirityèl

w01-F 15/4 26 § 3-4

Ou ka reyisi kèlkeswa fason w te leve

Malgre Jozyas te leve nan move kondisyon, li te kontinye fè sa ki jis nan je Jewova. Anpalan de rèy li a ki te tèlman reyisi, Bib la fè konnen: “Pa t gen okenn wa anvan l ki te tankou l, ki te retounen vin jwenn Jewova ak tout kè l, ak tout nanm li e ak tout fòs li, ki te suiv tout Lwa Moyiz la jan li te fè l la. Ni pa t gen pèsonn tankou l apre l.” — 2 Wa 23:19-25.

Se pa ti ankourajan egzanp Jozyas la ankourajan pou moun ki petèt te leve nan kondisyon ki difisil! Ki sa nou ka aprann nan egzanp li? Ki sa k te ede Jozyas chwazi bon chemen an e rete ladan l?

9-15 JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 WA 24-25

“Kontinye sonje gen ijans”

w01-F 15/2 12 § 2

Jou jijman Jewova a toupre!

2 Sandout, sa Sofoni t ap pwofetize yo te motive Jozyas ki te jèn pou l wè nesesite pou l elimine adorasyon ki pa pwòp la nan Jida. Men, aksyon wa a t ap fè pou l elimine fo relijyon nan peyi a pa t retire tout mechanste nan mitan pèp la ni yo pa t efase tout peche wa Manase, granpapa l, te fè yo, li menm ki te “fè san moun ki inosan koule nan tout Jerizalèm”. (2 Wa 24:3, 4; 2 Kwonik 34:3.) Donk, se sèten, jou jijman Jewova a t ap vini.

w07-F 15/3 11 § 10

Pwen enteresan ki nan liv Jeremi an

Nou nan ane 607 anv. e. n. Sedesyas te nan 11yèm ane rèy li a. Nebikadneza, wa Babilòn nan te ansèkle Jerizalèm pandan 18 mwa ki te pase yo. Nan setyèm jou nan senkyèm mwa a, nan 19yèm ane rèy Nebikadneza, Nebouzaradan, chèf gad yo, ‘vini’ oswa rive Jerizalèm (2 Wa 25:8). Petèt, depi nan kan l lan ki te pa deyò miray vil la, Nebouzaradan t ap kontwole sitiyasyon an e l planifye pou l aji. Twa jou annapre, nan dizyèm jou nan mwa a, li ‘vini’ oswa li antre Jerizalèm. E l kòmanse mete dife nan vil la. — Jeremi 52:12, 13.

Trezò espirityèl

w05 1/8 21 § 13

Pwen enteresan ki nan dezyèm liv WA yo

24:3, 4. Akoz san Manase te vèse, Jewova “pa t konsanti padone” Jida. Bondye respekte san moun ki inosan. Nou mèt gen konfyans Jewova ap tire revanj pou san inosan ki koule, l ap detwi moun ki responsab zak konsa. — Sòm 37:9-11; 145:20.

16-22 JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 KWONIK 1-3

“Labib, yon liv ki gen verite e ki pa gen lejann”

w09-F 1/9 14 § 1

Èske Adan ak Èv te egziste toutbonvre?

Pa egzanp, ann egzamine lis zansèt Juif yo yo rapòte nan Bib la nan liv 1 Kwonik chapit 1 rive nan chapit 9 la ak nan levanjil Lik chapit 3 a. Lis non moun sa yo bay detay remakab ki etann yo sou 48 jiska 75 jenerasyon byen presi. Lik bay liy fanmi kote Jezi te soti a nan lòd, alòske liv Kwonik yo bay liy fanmi kote wa yo ak prèt yo te soti nan nasyon Izrayèl la. Toude lis sa yo gen non yon seri moun yo byen konnen tankou Salomon, David, Jakòb, Izarak, Abraram, Noye e pou fini, Adan. Tout non ki nan toude lis sa yo se moun ki te egziste toutbon, e Adan se premye moun toutbon ki parèt nan chak lis sa yo.

w08-F 1/6 3 § 4

Noye ak delij la, se verite se pa lejann

Toude istwa ki rapòte liy fanmi ki nan Bib la bay prèv Noye se te yon moun toutbon (1 Kwonik 1:4; Lik 3:36). Ni Ezra ni Lik ki te konpile liy fanmi sa yo, se te de moun ki te konn pran san yo pou yo fè bonjan rechèch. Lik te bay liy fanmi kote Jezi te soti ki mennen nan Noye.

w09-F 1/9 14-15

Èske Adan ak Èv te egziste toutbonvre?

Pa egzanp, ann egzamine ranson an ki se yon doktrin biblik pifò moun ki nan relijyon ancheri. Selon ansèyman sa a, Jezi te bay lavi pafè li a antanke moun kòm ranson pou sove moun anba peche yo fè yo (Matye 20:28; Jan 3:16). Jan nou konnen sa a, yon ranson se yon pri ki koresponn ak valè pou rejwenn oswa rachte yon bagay ki te pèdi. Se sa k fè Bib la dekri Jezi kòm “yon ranson egalego”. (1 Timote 2:6.) Nou ta ka mande, ak ki sa ranson sa a koresponn? Men repons Bib la bay: “Menm jan nan Adan tout moun mouri, se konsa tou nan Kris yo tout pral retounen jwenn lavi.” ​(1 Korentyen 15:22). Lavi pafè Jezi te sakrifye pou rachte moun ki obeyisan yo koresponn ak lavi pafè Adan te pèdi a lè l te peche nan jaden Edenn nan (Women 5:12). Sa klè, si Adan pa t egziste, sakrifis ranson Jezi a pa t ap gen okenn sans.

Trezò espirityèl

it-1-F 977 § 2-3

Lis non fanmi kote moun yo soti

Non medam yo. Pafwa, non kèk medam te parèt nan rejis ki gen lis non fanmi yo lè te gen yon rezon istorik pou yo fè sa. Nan Jenèz 11:29, 30, non Sarayi (Sara) parèt, siman paske se te pa mwayen li menm desandans Bondye te pwomèt la t ap vini, men se pa t pa mwayen yon lòt madanm Abraram. Yo te mete non Milka nan menm pasaj sa a, petèt, paske se li ki te granmè Rebeka, madanm Izarak, sa ki te montre Rebeka te nan liy fanmi Abraram, piske Izarak pa t dwe chwazi yon fi nan lòt nasyon (Jen 22:20-23; 24:2-4). Nan Jenèz 25:1, non Ketoura, madanm Abraram parèt. Sa ki montre Abraram te remarye apre lanmò Sara epi li te toujou ka fè pitit plis pase 40 an apre Jewova te fin fè yon mirak pou l reba yo posiblite sa a (Wm 4:19; Jen 24:67; 25:20). Epitou, sa montre relasyon ki te genyen ant Izrayèl ak moun Madyan yo epi ak moun tribi Arabi yo.

Nou jwenn non Leya, Rachèl, ak madanm sou kote Jakòb yo ansanm ak pitit yo nan lis sa yo tou (Jen 35:21-26). Sa ede nou konprann fason Jewova te boule ansanm ak timoun sa yo annapre. Pou menm rezon sa yo, nou jwenn non lòt fi nan rejis ki gen lis non kote fanmi yo soti yo. Lè gen yon eritye ki soti nan yo, non yo ta dwe parèt (Nb 26:33). Byennantandi, Tama, Rahab, ak Rit te yon seri medam ki te eksepsyonèl. Nan chak ka sa yo, gen yon bagay remakab anrapò ak fason medam sa yo te parèt nan liy zansèt Mesi a, Jezi Kris (Jen 38; Rt 1:3-5; 4:13-15; Mt 1:1-5). Lòt kote yo mansyone non fi nan lis non fanmi kote moun yo soti yo se nan 1 Kwonik 2:35, 48, 49; 3:1-3, 5.

23-29 JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 KWONIK 4-6

“Ki kalite moun priyè m yo montre mwen ye?”

w10-F 1/10 23 § 3-7

Sila a “ki tande lapriyè” a

Jabèz te yon moun ki renmen lapriyè. Pou l kòmanse priyè l la, li te mande Bondye benediksyon L. Apre sa, li mande twa bagay ki montre jan li te gen anpil lafwa.

Premyèman, men sa Jabèz te mande Jewova: “Se pou w fè m jwenn plis tèritwa.” ​(Vèsè 10). Mesye sa a ki te yon bon moun pa t gen entansyon pran tè lòt moun kòmkwa li te gen tanta sou pwopriyete vwazen l yo. Demann sensè sa a te plis konsène moun olye l te gen rapò ak tè moun posede. Petèt li te mande pou tèritwa l la vin pi laj toutpandan gen lapè yon fason pou te ka gen plis moun ki vin adore vrè Dye a.

Dezyèmman, Jabèz te sipliye pou “men” Bondye avè l. Men senbolik Bondye a se pisans li ki ann aksyon, yon pisans li itilize pou ede adoratè l yo (1 Kwonik 29:12). Pou l te ka jwenn demann li te fè ak tout kè l yo, Jabèz te konte sou Bondye paske men Bondye pa twò kout pou ede moun ki demontre lafwa nan li. — Ezayi 59:1.

Twazyèmman, Jabèz te priye konsa: “Se pou w anpeche malè tonbe sou mwen pou bagay mal pa rive m.” Ekspresyon “pou bagay mal pa rive m” nan pa t vle di Jabèz te mande pou Jewova delivre l anba kalamite, men pito li ta ka vle di pou Jewova pwoteje l oswa ede l fè fas ak efè bagay mal te ka gen sou li.

Priyè Jabèz la montre sousi li te gen pou vrè adorasyon an, lafwa ak konfyans li te genyen nan Sila a ki konn tande priyè a. Ki jan Jewova te reponn? Ti istwa kout sa a fini ak pawòl sa yo: “Vrèmanvre, Bondye te fè sa l te mande l la.”

Trezò espirityèl

w05-F 1/10 9 § 7

Pwen enteresan ki nan premye liv Kwonik la

5:10, 18-22. Nan epòk wa Sayil, tribi ki te nan lès Jouden yo te bat Agrit yo, kwak kantite moun Agrit yo te genyen te plis pase de fwa kantite moun yo te genyen yo menm. Sa te rive paske gason vanyan nan tribi sa yo te mete konfyans yo nan Jewova e se nan men l yo te chèche èd. Annou gen yon konfyans total nan Jewova, pandan n ap kontinye gè espirityèl n ap mennen kont ènmi ki plis pase nou yo. — Efezyen 6:10-17.

30 JANVYE–5 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 KWONIK 7-9

“Ou ka akonpli asiyasyon ki difisil yo grasa èd Jewova”

w05 1/10 9 § 8

Pwen enteresan ki nan premye liv Kwonik la

9:26, 27. Levit ki t ap siveye pòt yo te gen yon gwo responsablite. Yo te ba yo kle pòt antre zòn sen nan tanp lan. E nan travay yo te genyen pou yo ouvri pòt yo chak jou, yo te montre yo diy de konfyans. Nou menm, yo konfye nou responsablite pou nou jwenn moun yo nan tèritwa a e pou nou ede yo vin adore Jewova. Èske nou pa ta dwe montre nou serye, montre nou diy de konfyans menm jan ak Levit ki t ap siveye pòt yo?

w11 15/9 32 § 7

Èske w ap imite Fineyas lè w jwenn difikilte?

Fineyas te gen gwo responsablite nan nasyon Izrayèl tan lontan an. Piske l te gen kran ak klèvwayans e li te konte sou Bondye, li te kapab rezoud pwoblèm li te jwenn yo. Jewova te kontan wè jan Fineyas te enterese anpil nan byennèt pèp li a. Anviwon 1 000 an annapre, men sa Bondye te pouse Ezra ekri: ‘Yon lè se Fineyas, pitit Eleyaza a, ki te chèf yo. Senyè a te toujou kanpe avè l.’ ​(1 Kwo. 9:20). Se pou Jewova toujou kanpe ak tout moun ki pran latèt nan mitan pèp li a jodi a, san wete tout lòt kretyen k ap sèvi l fidèlman yo!

Trezò espirityèl

w10 15/12 21 § 6

Ann chante pou Jewova!

6 Donk, se pa mwayen pwofèt yo Jewova te bay moun k ap adore l yo lòd pou yo chante pou yo fè louwanj pou li. Yo te pran dispozisyon pou chantè ki te soti nan tribi prèt yo pa fè travay lòt Levit yo te gen pou yo fè yon fason pou yo te ka gen ase tan pou yo konpoze mizik, e siman pou yo te gen ase tan pou yo fè repetisyon. — 1 Kwo. 9:33

6-12 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 KWONIK 10-12

“Ranfòse dezi w genyen pou w fè volonte Bondye”

w12 15/11 6 § 12-13

“Moutre m jan pou m fè sa ou vle”

12 David te renmen prensip ki nan Lalwa a, li te vle viv ann amoni ak prensip sa yo e li kite yon bèl egzanp pou nou nan sans sa a tou. Annou wè sa k te pase, lè David te fè konnen jan li te anvi bwè “dlo nan pi ki nan pòtay lavil Betleyèm lan”. Gen twa nan mesye l yo ki te met gason sou yo epi yo antre nan vil la pran dlo a pot bay David, alòske se Filisten yo ki te okipe vil la nan moman an. Sepandan, David te “refize bwè dlo a. Li vide l atè, li ofri l bay Senyè a”. Poukisa l te fè sa? Men sa l te di: “Mwen pa gen dwa bwè dlo sa a. Se tankou si m ta bwè san mesye sa yo ki riske lavi yo pou y’al chache l.” — 1 Kwo. 11:15-19.

13 David te konnen, dapre sa ki te ekri nan Lalwa, yon moun pa t gendwa manje san e li te dwe vide l bay Jewova. Li te konnen tou pou ki rezon yon moun te dwe fè sa. David te konnen “nanm chè a se nan san an li ye”. Sepandan, se dlo David te gen nan men l se pa t san. Poukisa li te refize bwè dlo a? Se paske li te renmen prensip ki mache ak sa Lalwa te mande a. Pou David, pa t gen diferans ant san twa mesye yo ak dlo yo t al pran an, toule de te gen menm valè nan je l. Se sa k fè, li te refize bwè dlo a e li te chwazi vide l atè. — Lev. 17:11, NW; Det. 12:23, 24.

w18.06 17 § 5-6

Ann kite lwa ak prensip Bondye yo fòme konsyans nou

5 Pou n jwenn byenfè nan lwa Bondye yo, nou bezwen fè plis pase annik li yo oswa annik konnen yo. Nou dwe gen anpil lanmou ak respè pou yo. Pawòl Bondye a di: “Rayi sa ki mal e renmen sa ki byen.” ​(Amòs 5:15). Men, ki jan n ka rive fè sa? Yon bagay enpòtan nou dwe fè se aprann wè bagay yo jan Jewova wè yo. Ann pran yon egzanp pou n esplike sa: Imajine w gen difikilte pou w dòmi byen. Doktè w mande w pou w suiv yon rejim, pou w fè spò e pou w chanje fason w ap viv. Apre w fin eseye fè sa l di w la, ou wè sa mache! Se sèten w ap gen anpil rekonesans pou doktè w la ki ede w amelyore kalite lavi w

6 Menm jan an tou, Kreyatè nou an ban nou yon seri lwa ki ka pwoteje n kont move efè peche genyen, e konsa, n ap amelyore lavi nou. Fè yon ti reflechi sou byenfè nou jwenn lè n suiv lwa Bib la bay konsènan manti, konplo, vòlè, imoralite seksyèl, vyolans ak bagay ki gen rapò ak movèzespri. (Li Pwovèb 6:16-19; Rev. 21:8.) Lè n wè pakèt benediksyon nou jwenn paske n aji jan Jewova vle l la, se tou natirèlman n ap vin gen plis lanmou ak rekonesans nan kè n pou li e pou lwa l yo.

Trezò espirityèl

it-1-F 492 § 2-3

Kè

Sèvi ak “tout kè”. Kè literal la dwe antye pou l ka byen fonksyone, men kè senbolik la ka divize. Men sa David te di nan yon priyè pou l montre kè yon moun ka divize anrapò ak sa moun nan renmen e ak sa moun nan pè: “Fè se ak tout kè m mwen gen lakrentif pou non w.” ​(Sm 86:11). Moun ki konsa yo ka “pa met tout kè yo nan sa y ap fè”, e yo ka ap sèvi Bondye konsa konsa (Sm 119:113; Re 3:16). Epitou yon moun ka gen “yon kè ki doub” ​(literalman yon kè ak yon kè), l ap eseye sèvi de mèt oswa l ap twonpe tèt li pandan l ap di yon bagay epi l ap panse ak yon lòt bagay (1Kw 12:33; Sm 12:2, nòt). Jezi te byen detèmine lè l t ap denonse kalite ipokrizi sa a ki mache ak yon kè ki doub. — Mt 15:7, 8.

Yon moun k ap sèvi Bondye pa dwe ni sèvi l ak yon kè ki divize ni ak yon kè ki doub, men l ta dwe sèvi l ak tout kè l (1Kw 28:9). Sa mande gwo efò sitou lè n konnen kè a gen tandans twonpe nou oswa pouse nou fè sa ki mal (Jr 17:9, 10; Jen 8:21). Pami bagay nou ka fè pou n genyen epi kenbe yon kè ki konplè, nou jwenn: lapriyè nou fè ak tout kè nou (Sm 119:145; Lm 3:41), etidye Pawòl Bondye a regilyèman (Esd 7:10; Pw 15:28), patisipe nan travay predikasyon an avèk zèl (konpare ak Jr 20:9), epi fè zanmi ak moun ki gen kè yo konplè anvè Jewova tou. — Konpare ak 2Kw 10:15, 16.

13-19 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 KWONIK 13-16

“Lè nou suiv enstriksyon n ap reyisi”

w03 1/5 18 § 12

Èske w mande: “Kote Jewova ye?”

12 Lè yo te retounen ann Izrayèl avèk lach alyans lan, li te fè yon pakèt tan nan yon vil ki rele Kiryat-yeyarim. David te vle transfere Lach la Jerizalèm. Li te chita pale ak chèf ki pami pèp la, e li te di l ap fè transpòte Lach la ‘si sa parèt bon pou yo e si se yon bagay Jewova dakò’. Men, li pa t pran san l pou l te konnen egzakteman ki sa Bondye vle ki pou fèt nan yon ka konsa. Si l te fè sa, yo pa t ap janm mete Lach la nan yon charyo. Se Levit kowatit yo ki t ap pote l sou zepòl yo e se yon bagay Bondye te byen klè sou li. Menmsi David se yon moun ki te konn konsilte Jewova souvan, fwa sa a, li pa t fè sa jan l ta dwe fè l. Yo te peye sa chè. Pi devan, David te vin admèt yo fè fot piske l te di: “Jewova, Bondye nou an, atake nou paske nou pa t chèche l tankou sa fèt nan koutim nou.” — 1 Kwonik 13:1-3; 15:11-13; Nonb 4:4-6, 15; 7:1-9.

w03 1/5 18 § 13

Èske w mande: “Kote Jewova ye?”

13 Finalman, lè Levit yo te pran Lach la lakay Obèd-edòm e yo te pote l Jerizalèm, moun yo te chante yon chante David te konpoze. Nan chante sa a, David te di yon pawòl touchan ki te sèvi moun yo rapèl. Men li: “Chèche Jewova, chèche fòs li, toujou chèche fas li. Sonje travay estrawòdinè li fè yo, sonje mirak li fè ak vèdik ki sot nan bouch li.” — 1 Kwonik 16:11, 12.

Trezò espirityèl

w14 15/1 10 § 14

Ann adore Jewova, WA letènite a

14 David te pote lach alyans lan Jerizalèm. Pandan moman sa a ki te bay anpil kè kontan, Levit yo t ap chante yon chan louwanj ki gen bèl pawòl nou jwenn nan 1 Kwonik 16:31 an (NW) ki di: “Fè nasyon yo konnen ‘Jewova vin Wa!’” Yon moun ta gendwa di: ‘Piske se Jewova ki Wa letènite a, nan ki sans li te vin Wa nan moman sa a?’ Jewova te vin Wa nan sans li te egzèse otorite l oswa li te chwazi yon moun pou reprezante l pandan yon epòk oubyen pou fè fas ak yon sitiyasyon byen presi. Aspè sa a nan otorite Jewova genyen antanke Wa a gen yon kokennchenn enpòtans. Anvan David mouri, Jewova te pwomèt li wayòm li an t ap kontinye egziste pou tout tan gen tan. Men sa Jewova te di l: “M ap fè desandans ou an leve apre w, yon pitit gason w; e vrèman m ap fè wayòm li an solid.” ​(2 Sam. 7:12, 13, NW). Selon pwofesi yo, “desandans” sa a ki t ap soti nan David la ta dwe parèt plis pase 1 000 an annapre. Ki moun li te ye, e ki lè li te vin Wa?

20-26 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 KWONIK 17-19

“Toujou kenbe lajwa w menm lè w jwenn desepsyon”

w06 1/8 13 § 1

Annou konsantre nou sou jan òganizasyon Jewova a bon

NAN tout moun Ekriti ebrayik yo pale de yo, David se youn nan moun ki pi remakab. David se te yon bèje, yon mizisyen, yon pwofèt e yon wa ki te mete tout konfyans li nan Jewova Dye. Pwofon atachman li te gen pou Jewova te reveye lakay li dezi pou l konstwi yon mezon pou Bondye. Mezon sa a, oubyen tanp sa a, t ap vin tounen sant vrè adorasyon an ann Izrayèl. David te konnen dispozisyon anrapò ak tanp lan t ap pote jwa ak benediksyon pou pèp Bondye a. Se poutèt sa, li te di nan yon chante: “Byennere moun ou [Jewova] chwazi a, moun ou fè pwoche a, pou l ka rete nan lakou w. Wi, n ap satisfè pou jan mezon w lan bon, andwa sakre kote tanp ou a ye a.” — Sòm 65:4.

w21.08 22-23 § 11

Chèche jwenn kè kontan nan sa w kapab fè pou Jewova

11 Menm jan an tou, nou kapab gen plis kè kontan lè nou met tout kè nou nan kèlkeswa sa yo ban n fè nan sèvis Jewova a. Se pou nou “okipe anpil” nan travay predikasyon an, e se pou n patisipe ak tout kè nou nan aktivite kongregasyon an (Tra. 18:5; Ebre 10:24, 25). Byen prepare reyinyon yo pou w ka fè kòmantè ki ankourajan. Bay kèlkeswa patisipasyon ou gen nan reyinyon lasemèn nan anpil enpòtans. Si yo mande w fè yon travay nan kongregasyon an, veye pou w pa rive anreta epi byen fè travay la. Lè yo ba w fè yon travay, pa panse li pa enpòtan e w pa bezwen pèdi tan w ladan l. Fè efò pou w byen fè travay ou (Pwo. 22:29). Plis ou travay di pou Jewova, se plis w ap vin zanmi l, e w ap gen plis kè kontan (Gal. 6:4). L ap pi fasil tou pou w rejwi ak moun ki resevwa yon privilèj ou ta renmen genyen. — Wom. 12:15; Gal. 5:26.

Trezò espirityèl

w20.02 12, kare

Nou renmen Jewova, Papa nou an, anpil

Èske Jewova wè m?

Èske w janm mande tèt ou: ‘Pami tout milya moun k ap viv sou tè a, poukisa Jewova ta wè m?’ Si w konn poze tèt ou kesyon sa a, konnen gen anpil bon moun ki te fè sa tou. Men sa wa David te ekri: “O Jewova, ki sa lòm ye pou w wè l? Ki sa lòm ye pou w pran ka l konsa?” ​(Sòm 144:3). David te gen asirans Jewova te konnen l byen (1 Kwo. 17:16-18). E Jewova sèvi ak Pawòl li a ansanm ak òganizasyon l lan pou l ba w asirans li wè lanmou w gen pou li. Ann egzamine kèk deklarasyon nou jwenn nan Pawòl Bondye a ki ka ede w kwè sa:

• Jewova te wè w depi anvan w fèt. — Sòm 139:16.

• Jewova konnen sa k nan kè w, e li konnen sa k nan lespri w. — 1 Kwo. 28:9.

• Se Jewova li menm ki tande chak priyè w fè. — Sòm 65:2.

• Aksyon w gen efè sou santiman Jewova. — Pwo. 27:11.

• Se Jewova li menm ki rale w vin jwenn li. — Jan 6:44.

• Si w mouri, Jewova tèlman konnen w byen, li kapab resisite w. L ap ba w yon lòt kò ak yon lòt lespri ki sanble ak sa w gen kounye a. W ap toujou gen menm memwa ak pèsonalite w te genyen an. — Jan 11:21-26, 39-44; Tra. 24:15.

27 FEVRIYE–5 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 KWONIK 20-22

“Ede sila yo ki pi jèn yo reyisi”

w17.01 29 § 8

“Konfye bagay sa yo bay gason ki fidèl”

8 Li 1 Kwonik 22:5. David te ka panse Salomon pa kalifye pou l sipèvize yon gwo pwojè konsa. Dayè, tanp lan te dwe “bèl anpil anpil”, e nan epòk la, Salomon te “jèn e li [potko] gen eksperyans”. Aktout sa, David te konnen Jewova t ap ede Salomon fè travay la. Se sa k fè, David te konsantre l sou sa l te ka fè pou l bay èd li, li te prepare yon bon kantite materyo pou konstriksyon an.

w17.01 29 § 7

“Konfye bagay sa yo bay gason ki fidèl”

7 David pa t refize bay èd li, e l pa t ret ap panse lè tanp lan fini moun pap di se li ki te fè l. An reyalite, yo te vin rele tanp lan tanp Salomon, yo pa t rele l tanp David. Byenke David te ka santi l tris dèske l pa t rive fè sa l te gen nan kè l pou l fè a, li te soutni pwojè a nèt. Li te òganize gwoup travayè, li te rasanble fè, kuiv, ajan ak lò, ansanm ak bwa sèd, e l te byen kontan fè sa. Annapre, men sa l te di Salomon pou l ankouraje l: “Kounye a, pitit gason m, se pou Jewova avèk ou, se pou w reyisi bati kay Jewova, Bondye w la, jan li te di w ap fè sa a.” — 1 Kwo. 22:11, 14-16.

w18.03 11-12 § 14-15

Paran, èske n ap ede pitit nou fè pwogrè pou yo batize?

14 Antanke bèje espirityèl, ansyen yo nan kongregasyon an ka soutni efò paran yo ap fè lè yo pale yon fason pozitif konsènan objektif espirityèl. Gen yon sè ki te fè plis pase 70 an ap sèvi kòm pyonye ki sonje efè yon konvèsasyon l te genyen ak frè Charles T. Russell te gen sou li lè l te gen sizan sèlman. Men sa l te di: “Li te fè 15 minit ap pale avè m konsènan objektif espirityèl mwen.” Vrèmanvre, pawòl pozitif ak ankourajman nou bay ka gen efè ki dire anpil tan (Pwo. 25:11). Mete sou sa, ansyen yo ka envite paran yo ak pitit yo pou yo patisipe nan pwojè k ap fèt nan Sal Wayòm nan, yo ka bay timoun yo kèk travay pou yo fè selon laj yo ak kapasite yo.

15 Moun nan kongregasyon an ka ede jèn yo lè yo montre yo vrèman enterese nan yo. Sa ka mande pou yo chèche wè pwogrè y ap fè nan domèn espirityèl. Èske yon jèn te fè yon kòmantè byen reflechi ak tout kè l, oswa èske l te patisipe nan pwogram reyinyon ki fèt nan mitan semèn nan? Èske yon jèn te rive fè fas ak yon eprèv ki te teste fidelite l oswa l te pwofite yon okazyon l jwenn pou l bay temwayaj nan lekòl li? Pa pran tan pou n bay bonjan felisitasyon. Poukisa n pa fikse objektif pou n pale ak yon jèn, pou n demontre bonjan enterè pou li, anvan oswa apre yon reyinyon? Nan fason sa yo ak lòt ankò, jèn yo ka vin rann yo kont yo gen plas yo nan “gwo kongregasyon an”. — Sòm 35:18.

Trezò espirityèl

w05 1/10 11 § 6

Pwen enteresan ki nan premye liv Kwonik la

21:13-15. Lefètke Jewova sansib devan soufrans pèp li, li pase zanj lan lòd pou l rete flewo a. Vrèmanvre, “mizèrikòd li yo anpil anpil”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje