BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ki jan nou ka pwòp nan je Bondye?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • 2. Si nou vle pwòp ki abitid nou dwe evite?

      Bib la ankouraje nou pou nou “pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a”. (2 Korentyen 7:1.) Se sa k fè nou fè efò pou nou evite tout bagay ki kapab fè dega nan kò nou oswa nan lespri nou. Panse nou dwe fè Jewova plezi. Se sa k fè nou fè tout sa nou kapab pou nou rejte move panse (Sòm 104:34). Mete sou sa, nou veye pou pawòl n ap di toujou pwòp. — Li Kolosyen 3:8.

      Ki lòt bagay ki ka ede nou rete pwòp nan domèn fizik oswa nan domèn moral? Gen yon seri bagay ki kapab sal kò nou. Se sa k fè nou pa fimen, nou pa pran tabak nan dan, nou pa pran tabak nan nen, nou pa pran dwòg e nou pa fè lòt bagay ki sanble ak sa yo. Konsa, nou pi an sante e nou montre nou respekte lavi, ki se yon kado. Nou fè efò pou nou pwòp nan domèn moral tou, lè nou lite pou nou pa tonbe nan yon seri pratik tankou mastibasyon ak pònografi (Sòm 119:37; Efezyen 5:5). Li ka difisil pou yon moun sispann pratike bagay sa yo, men Jewova ka ede nou. — Li Ezayi 41:13.

  • Ki jan nou ka pwòp nan je Bondye?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • 5. Lite pou w pa gen move panse e pou w pa gen abitid ki pa pwòp

      Li Kolosyen 3:5, epi reponn kesyon sa yo:

      • Ki jan nou fè konnen pònografi, sèksting ak mastibasyon se bagay ki pa pwòp nan je Jewova?

      • Èske w panse li rezonab pou Jewova atann pou nou pwòp nan domèn moral? Poukisa?

      Gade ki jan w ka lite pou w pa gen panse ki pa pwòp. Gade VIDEYO a.

      VIDEYO: Fè efò pou w ret pwòp (1:51)

      Jezi te sèvi ak yon egzanp pou l montre nou dwe aji yon fason ki fèm pou nou rete pwòp nan domèn moral. Li Matye 5:29, 30, epi reponn kesyon ki vin apre a:

      • Byenke Jezi pa t vle di nou dwe fè tèt nou mal nan domèn fizik, li te vle fè konprann nou dwe aji yon fason ki fèm. Ki sa yon moun ka fè pou l rejte panse ki pa pwòpb?

      Si w ap lite pou w sispann gen panse ki pa pwòp, Jewova apresye efò w yo. Li Sòm 103:13, 14, epi reponn kesyon sa a:

      • Si w ap lite pou w kite yon move abitid, ki jan vèsè sa yo ka ede w kontinye fè efò?

      Si w tonbe, sa pa vle di w echwe!

      Li ka fasil pou w di w pa reyisi, genlè pito w bay vag. Men, fè yon ti reflechi: si yon moun nan yon kous bite e li tonbe, sa pa vle di li pèdi kous la, ni sa pa vle di li oblije rekòmanse kous la nèt. Menm jan an tou, si w ap lite pou w kite yon move abitid epi w tonbe ladan l ankò, sa pa vle di ou pap ka kite l e sa pa vle di tout pwogrè w te gentan fè yo pa itil anyen. Si w tonbe kèk fwa, sa nòmal. Pa dekouraje! Ou ka rive kite move abitid ou genyen an avèk èd Jewova.

      Yon moun k ap patisipe nan yon kous ki tonbe epi k ap leve.
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje