BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ki kalite moun Jewova ye?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • 2. Bay kèk nan kalite Jewova genyen yo.

      Byenke Jewova envizib, li se yon moun toutbon e li gen kalite ki fè moun ki konnen l yo renmen l. Bib la di: “Jewova renmen jistis e li pap lage moun ki fidèl ak li yo.” (Sòm 37:28). Mete sou sa, li “gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd” sitou pou moun k ap soufri yo (Jak 5:11). “Jewova toupre moun kè yo ap fann, Li sove moun ki dekouraje yo.” (Sòm 34:18, nòt). Epi, èske w te konnen sa nou fè gen efè sou Jewova? Lè yon moun chwazi fè sa ki mal, sa fè l lapenn (Sòm 78:40, 41). Men, lè yon moun fè sa ki byen, sa fè kè l kontan. — Li Pwovèb 27:11.

  • Ki sa nou ka fè pou nou montre Jewova nou renmen l?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • Ki sa nou ka fè pou nou montre Jewova nou renmen l?

      Depi lè w kòmanse etidye Bib la, èske w santi w pi renmen Bondye? Èske w ta renmen kontinye vin pi bon zanmi l? Si w ta renmen sa, sonje plis Jewova wè w renmen l, se plis li menm l ap renmen w e l ap sansib pou ou. Ki jan w ka montre l ou renmen l?

      1. Ki jan nou ka montre Jewova nou renmen l?

      Nou montre Jewova nou renmen l lè nou obeyi l. (Li 1 Jan 5:3.) Li pa fòse pèsonn obeyi l. Okontrè, li bay chak moun posiblite pou yo chwazi si y ap obeyi l oubyen si yo pap obeyi l. Poukisa? Se paske Jewova vle nou ‘obeyi l ak tout kè nou’. (Women 6:17.) Sa vle di li pa vle ou obeyi l paske w oblije fè sa, men li vle w obeyi l paske w vle fè sa. Yo fè seksyon 3 ak seksyon 4 nan liv sa a pou ede w montre Jewova ou renmen l lè w fè sa ki fè l plezi e w rejte sa k pa fè l plezi.

      2. Sa k ka fè li difisil pou nou montre nou renmen Jewova?

      “Moun ki jis la jwenn anpil pwoblèm.” (Sòm 34:19). Nou tout ap lite ak feblès nou genyen paske nou enpafè. Mete sou sa, nou gendwa ap fè fas ak pwoblèm ekonomik, ak enjistis e ak lòt difikilte. Lè n jwenn pwoblèm sa yo, li ka pa fasil pou nou fè sa Jewova mande nou, paske li pi fasil pou nou fè sa k pa bon. Men, lè w toujou fè efò pou w fè sa Jewova mande w, w ap montre l ou renmen l plis pase nenpòt bagay e w ap montre ou fidèl avè l. Li menm tou l ap fidèl avè w, li pap janm kite w. — Li Sòm 4:3.

      FOUYE PLIS

      Gade poukisa Jewova kontan lè l wè w obeyi l, epi gade ki sa ki ka ede w obeyi l.

      3. Yon kesyon ki konsène w

      Liv Jòb la pale de yon akizasyon Satan te lage sou Jòb. Men, se pa sou Jòb sèlman li te lage akizasyon an, se sou tout moun ki vle sèvi Jewova. Li Jòb 1:1, 6–2:10, epi reponn kesyon sa yo:

      • Selon sa Satan te di, poukisa Jòb te obeyi Jewova? — Gade Jòb 1:9-11.

      • Ki akizasyon Satan lage sou tout moun, e ou ladan l tou? — Gade Jòb 2:4.

      Li Jòb 27:5b, epi reponn kesyon sa a:

      • Ki jan Jòb te montre li renmen Jewova toutbon?

      Satan k ap opoze ak Jewova. Jòb chaje ak gwo bouton sou kò l, yon sè k ap sèvi Jewova nan epòk pa nou an. Satan fè konnen se pou enterè ni Jòb ni sè a fidèl ak Bondye.

      Jòb te montre li renmen Jewova lè l te ret fidèl avè l.

      Nou menm tou, nou montre nou renmen Jewova lè nou ret fidèl avè l.

      4. Fè kè Jewova kontan

      Li Pwovèb 27:11, epi reponn kesyon sa yo:

      • Ki jan Jewova santi l lè w montre w saj e ou obeyi l? Poukisa?

      5. Ou kapab fidèl ak Jewova

      Lanmou nou pou Jewova pouse n pale de li ak lòt moun. E lè nou fidèl avè l, sa fè nou kontinye pale de li menm lè sa pa fasil. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

      VIDEYO: Defann lafwa w malgre opozisyon (5:09)

      • Èske w santi li difisil pou w pale de Jewova ak lòt moun?

      • Nan videyo a, ki sa ki te ede Grayson pou l pa pè ankò?

      Li pi fasil pou n fidèl ak Jewova lè n renmen sa l renmen e lè n rayi sa l rayi. Li Sòm 97:10, epi reponn kesyon sa yo:

      • Selon sa w aprann, bay kèk bagay Jewova renmen ak kèk bagay li rayi.

      • Ki jan w ka aprann renmen sa ki bon epi rayi sa ki mal?

      6. Nou jwenn byenfè lè nou obeyi Jewova

      Li toujou pi bon pou nou lè n obeyi Jewova. Li Ezayi 48:17, 18, epi reponn kesyon sa yo:

      • Èske nou ka sèten Jewova toujou konn sa ki pi bon pou nou? Poukisa?

      • Ki byenfè ou deja jwenn paske w ap etidye Bib la e w ap aprann konnen Jewova, vrè Dye a?

      GEN MOUN KI DI: “Fason nou aji pa enpòtan pou Bondye.”

      • Ki vèsè ou te ka itilize pou w montre fason nou aji kapab fè Bondye kontan oswa tris?

      SA W TE APRANN

      Ou ka montre Jewova ou renmen l lè w obeyi l e lè w rete fidèl avè l menm lè sa pa fasil.

      Revizyon

      • Ki sa w te aprann nan egzanp Jòb?

      • Ki jan w ap montre Jewova ou renmen l?

      • Ki sa k ap ede w rete fidèl ak Jewova?

      Objektif

      APRANN PLIS

      Gade ki jan w ka montre w fidèl ni ak Jewova ni ak kongregasyon an.

      “Ou fidèl ak moun ki fidèl” (16:49)

      Aprann plis sou akizasyon Satan te lage sou do lèzòm.

      “Jòb rete fidèl” (Ki mesaj ki gen nan Bib la?, seksyon 6)

      Gade ki jan menm timoun kapab montre yo renmen Jewova.

      Fè kè Jewova kontan (8:16)

      Ki jan yon jèn kapab kontinye rete fidèl ak Jewova menm lè lòt jèn ap chèche pouse l fè sa k pa bon?

      Reziste anba presyon lòt jèn yo! (3:59)

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje