BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 3
  • Èske w ka fè Bib la konfyans?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w ka fè Bib la konfyans?
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Èske w ka fè Bib la konfyans?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Premye leson pou w etidye Labib
  • Labib: yon liv Bondye ban nou
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Labib: yon liv Bondye ban nou
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Ki jan Bib la ka ede w?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 3
Leson 3. Yon seri maniskri Bib la ki la depi lontan.

LESON 03

Èske w ka fè Bib la konfyans?

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Gen anpil pwomès ak anpil konsèy nan Bib la. Petèt ou ta renmen konnen sa Bib la di, men w ka yon jan renka pou w fè sa. Èske w ka met konfyans ou nan konsèy ak pwomès yon liv ki la lontan konsa? Èske sa Bib la di yo itil pou nou jodi a e èske nou ka kwè nan sa l pwomèt pou lavni yo? Plizyè milyon moun met konfyans yo nan Bib la. Ann wè ki jan ou menm ou ka fè sa tou.

1. Èske istwa yo rakonte nan Bib la se laverite?

Bib la fè konnen sa l di yo se “pawòl ki verite e ki egzak”. (Eklezyas 12:10.) Li pale de evènman ak moun ki te egziste toutbon. (Li Lik 1:3; 3:1, 2.) Gen anpil istoryen ak akeyològ ki jwenn prèv ki montre sa Bib la di anrapò ak yon seri dat, moun, kote ak evènman se laverite.

2. Sa k fè nou ka toujou fè sa k di nan Bib la konfyans menmsi l la depi lontan?

Byen souvan, Bib la pale de yon seri bagay moun nan epòk yo t ap ekri l yo pa t konnen. Pa egzanp, li pale sou yon seri bagay ki gen rapò ak lasyans. Anpil nan bagay Bib la di sou sijè sa yo se pa bagay moun nan epòk la te dakò. Men, jodi a, lasyans montre sa Bib la di yo se laverite. Moun “ap toujou ka fè yo konfyans, ni jodi a, ni pou toutan”. — Sòm 111:8.

3. Poukisa nou ka gen konfyans nan sa Bib la di konsènan lavni?

Gen pwofesia nan Bib la ki anonse “bagay ki poko rive”. (Ezayi 46:10.) Bib la te anonse yon seri bagay anvan menm yo te rive e l te fè sa avèk presizyon. Li esplike sitiyasyon ki gen nan monn nan jodi a yon fason ki detaye. Nan leson sa a, nou pral egzamine kèk nan pwofesi ki nan Bib la. W ap sezi wè jan yo egzak!

FOUYE PLIS

Gade ki jan lasyans nan epòk nou an dakò ak sa Bib la di epi fè rechèch sou kèk bèl pwofesi ki gen nan Bib la.

4. Lasyans ale nan menm sans ak sa Bib la di

Nan tan lontan, pifò moun te kwè tè a chita sou yon bagay. Gade VIDEYO a.

VIDEYO: Tè a pa gen anyen ki kenbe l (1:13)

Gade sa liv Jòb la te di sa gen anviwon 3500 ane. Li Jòb 26:7, epi reponn kesyon sa a:

  • Sa k fè li estrawòdinè pou nou wè Bib la di tè a pandye “san pa gen anyen ki kenbe l”?

Se jis nan ane 1800 yo moun rive konprann ki sa k fèt nan lanati ki fè toujou gen dlo sou tè a. Men, gade sa Bib la te gentan di plizyè milye ane anvan sa. Li Jòb 36:27, 28, epi reponn kesyon sa yo:

  • Sa k fè fason senp Bib la esplike gwo bagay sa a estrawòdinè?

  • Èske vèsè w sot li la yo ede w gen plis konfyans nan Bib la?

Bib la esplike ki sa k fèt nan lanati pou n ka jwenn dlo. Flèch yo vire tankou egwi yon mont yon fason pou montre ki jan dlo a deplase ant tè a ak lè a.

5. Bib la anonse yon seri evènman enpòtan

Li Ezayi 44:27–45:2, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki detay Bib la te anonse 200 an anvan Babilòn tonbe?

Gade VIDEYO a.

VIDEYO: Labib te fè konnen Babilòn ap tonbe (0:58)

Selon listwa, Siris, wa peyi Pès la, ak lame l t ap dirije a, te pran vil Babilòn nan ane 539 anvan epòk nou an. Yo te detounen rivyè ki te pwoteje vil la. Pòt vil la te rete ouvè, yo te antre ladan l e yo te pran vil la san yo pa t menm batay. Jodi a, plis pase 2500 an apre sa, Babilòn toujou kraze. Gade ki jan Bib la te anonse sa.

Li Ezayi 13:19, 20, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan pwofesi sa a te akonpli sou Babilòn?

Restan vil Babilòn nan peyi Irak jodi a.

Foto ki ansanm: Foto ki montre sa Bib la te anonse konsènan ‘dènye jou yo’. 1. Plizyè bilding k ap pran dife. 2. Yon sòlda k ap tire ak yon mitrayèt. 3. Sitwayen k ap batay ak polisye ki abiye ak ekipman espesyal. 4. De mesye k ap vòlè nan yon magazen. 5. Lame k ap sèvi ak yon tank pou kraze yon vilaj. 6. Moun ki grangou ki gen kachne e ki kanpe nan yon liy pou yo tann manje. 7. Yon tè sèch ki fann sou yon distans byen long. 8. Yon kay k ap kraze akoz yon tranblemanntè.

6. Bib la te deja anonse bagay k ap pase jodi a

Bib la fè nou konnen n ap viv nan “dènye jou yo”. (2 Timote 3:1.) Gade sa Bib la te anonse konsènan epòk sa a.

Li Matye 24:6, 7, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan Bib la te di dènye jou yo t ap ye?

Li 2 Timote 3:1-5, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan Bib la di moun yo t ap ye nan dènye jou yo?

  • Kiyès nan konpòtman sa yo ou wè moun yo genyen?

GEN MOUN KI DI: “Sa ki ekri nan Bib la se pa laverite.”

  • Ki sa k fè w sèten nou ka fè Bib la konfyans?

SA W TE APRANN

Ni listwa, ni lasyans, ni pwofesi yo montre ou ka fè Bib la konfyans.

Revizyon

  • Èske istwa yo rakonte nan Bib la se laverite?

  • Bay kèk domèn kote lasyans dakò avèk Bib la.

  • Èske w panse Bib la anonse sa k pral rive? Sa k fè se konsa w reponn?

Objektif

APRANN PLIS

Èske Bib la fè erè lè l ap pale de bagay ki gen rapò ak lasyans?

“Èske lasyans ann akò ak Labib?” (Atik sou Entènèt)

Bay kèk enfòmasyon sou “dènye jou yo”.

“6 prophéties qui se réalisent sous vos yeux” (Toudegad 1ye me 2011)

Gade ki jan pwofesi Bib la bay konsènan dominasyon peyi Lagrès la te reyalize.

“Pawòl ki ekri nan pwofesi yo” ban nou fòs (5:22)

Gade ki jan pwofesi ki nan Bib la te chanje fason yon mesye te konsidere Bib la.

“Mwen pa t kwè Bondye egziste” (Toudegad no 5 2017)

a Pwofesi yo se mesaj Bondye bay ki fè konnen sa k pral rive.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje